Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Chemen an, verite a, lavi a

Chemen an, verite a, lavi a

Petèt, ou kontan lè w tande yon bon nouvèl. Gen yon bon nouvèl pou ou menm ak pou moun pa w yo ou renmen anpil.

Bon nouvèl sa a nan Bib la, yon liv Jewova, Kreyatè linivè a, te fè ekri sa gen plizyè ane. Nan liv w ap li la a, nou pral konsantre sou kat liv nan Bib la ki gen bonjan nouvèl pou nou tout. Liv sa yo pote non moun Bondye te itilize pou fè ekri yo a, anpalan de Matye, Mak, Lik ak Jan.

Anpil moun pale de kat liv sa yo kòm kat Evanjil. Toule kat liv sa yo pale de evanjil oswa bon nouvèl konsènan Jezi, e yo fè konnen Jezi se sila a Bondye sèvi avè l pou l bay moun lavi a. E antanke Wa nan Wayòm Bondye a ki nan syèl la, Jezi pral pote anpil benediksyon k ap dire pou toutan pou moun ki demontre lafwa nan li yo. — Mak 10:17, 30; 13:13.

POUKISA BONDYE FÈ EKRI KAT EVANJIL?

Petèt ou konn ap mande tèt ou poukisa Bondye fè ekri kat istwa konsènan lavi ak ansèyman Jezi yo.

Nou kapab aprann anpil bagay nan chak istwa sa yo ki pale de sa Jezi te di ak sa l te fè. Pou ede n konprann sa, ann imajine kat mesye sa yo ki kanpe toupre yon anseyan ki gen gwo renome. Mesye ki kanpe devan anseyan an se yon pèseptè. Mesye ki kanpe adwat anseyan an se yon doktè. Sa k ap koute l sou bò goch la se yon pechè pwason e l trè pwòch ak anseyan an. E katriyèm mesye a, kanpe dèyè do l, l ap suiv e li pi jèn pase yo tout. Toule kat mesye sa yo se moun ki onèt, e yo chak gen yon bagay an patikilye ki enterese yo oswa ki atire atansyon yo. Si yo chak ekri yon istwa sou sa anseyan an di ak sou aktivite l, li posib pou gen detay youn bay lòt la pa bay li oswa gen evènman youn rakonte lòt la pa rakonte l. Lè n konsidere toule kat istwa yo, ki pa gen menm objektif, nou kapab pi byen konprann sa anseyan an te di ak sa l te fè. Egzanp sa a ede nou konprann fason nou ka jwenn byenfè nan chak istwa ki pale sou lavi Jezi, Gran Anseyan an.

Ann retounen sou egzanp nou te pran anvan an. Mesye ki pèseptè a vle atire atansyon moun ki se Juif, konsa li rasanble yon seri ansèyman oswa evènman yon fason pou l ka ede moun sa yo an premye. Mesye ki doktè a mete aksan sou gerizon moun ki malad oswa moun ki gen andikap. Se sa k fè, li pa mansyone bagay pèseptè a rakonte yo, oswa li prezante yo nan lòd ki diferan parapò ak fason pèseptè a fè sa. Bon zanmi anseyan an li menm mete aksan sou santiman anseyan an ansanm ak kalite l yo. Istwa pi jèn nan rakonte yo pi kout, e li rakonte l yo yon fason senp men presi. Malgre tout diferans sa yo, chak mesye yo toujou rakonte istwa yo a yon fason ki egzak. Egzanp sa a byen montre enpòtans kat istwa yo rakonte sou lavi Jezi yo genyen: Yo ka ede nou pi byen konprann aktivite Jezi yo, ansèyman l yo ak pèsonalite l.

Gen moun ki konn di ‘Evanjil Matye’ oswa ‘Evanjil Jan’. Se pa yon mal si yo di sa paske yo chak pale konsènan “bon nouvèl sou Jezi Kris”. (Mak 1:1.) Sepandan, an jeneral, gen yon sèl evanjil oswa bon nouvèl konsènan Jezi nou jwenn nan kat istwa yo.

Anpil etidyan Pawòl Bondye a konpare evènman ak detay nou jwenn nan liv Matye, Mak, Lik ak Jan yon fason pou yo ka mete yo nan lòd. Anviwon ane 170 epòk nou an, gen yon ekriven ki rele Tatian ki se yon Siryen ki te fè sa byen. Li te rekonèt kat liv sa yo egzak e se Bondye ki te fè ekri yo. Li te konpile yon liv (Diatessaron) kote li te rakonte istwa lavi Jezi ak aktivite l nan lòd yo te pase.

Liv Jezi se chemen an, verite a, lavi a fè menm bagay la, men li fè sa yon fason ki pi egzak e ki pi konplè. Sa rive posib paske nou vin pi byen konprann akonplisman anpil nan pwofesi ki konsène Jezi yo ak egzanp li yo. Konpreyansyon sa a nou vin genyen an fè nou vin pi byen konprann sa l te di yo, bagay li te fè yo ak lòd evènman yo te pase. Dekouvèt akeyològ yo fè bay eklèsisman tou sou kèk detay ak objektif moun yo ki te ekri Bib la te genyen. Se sèten, pa gen moun ki ka di yo fin byen konnen lòd chak evènman te pase. Men, fason liv Jezi se chemen an, verite a, lavi a prezante yo rezonab epi yo lojik.

CHEMEN AN, VERITE A, LAVI A

Toutpandan w ap li liv sa a, eseye panse sitou ak mesaj ou jwenn pou ou ak pou moun ou renmen yo. Sonje Jezi Kris li menm te di apot Toma: “Se mwen ki chemen an, se mwen ki verite a e se mwen ki lavi a. Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.” — Jan 14:6.

Liv Jezi se chemen an, verite a, lavi a ap ede w wè se Jezi ki “chemen an” toutbonvre. Se sèlman pa mwayen Jezi yon moun ka pwoche bò kote Jewova nan lapriyè. Mete sou sa, Jezi se chemen an pou nou paske li rekonsilye nou ak Bondye (Jan 16:23; Women 5:8). Donk, se sèlman pa mwayen Jezi nou ka gen yon bon relasyon ak Bondye.

Jezi se “verite a”. Jezi te pale e li te viv ann amoni ak laverite, se kòmsi se Jezi ki verite a menm. Li te akonpli anpil pwofesi, yo te vin “‘wi’ grasa li”. (2 Korentyen 1:20; Jan 1:14.) Pwofesi sa yo ede nou wè wòl prensipal Jezi jwe nan akonplisman objektif Bondye. — Revelasyon 19:10.

Jezi Kris se “lavi a”. Li te bay vi l ak san pafè li a kòm ranson, konsa li vin posib pou nou jwenn “lavi toutbon an” sa vle di “lavi ki pap janm fini an”. (1 Timote 6:12, 19; Efezyen 1:7; 1 Jan 1:7.) Li pral pwouve li se “lavi a” lè plizyè milyon moun ki mouri pral leve nan lanmò ak posiblite pou yo viv nan Paradi a pou toutan. — Jan 5:28, 29.

Nou tout dwe apresye wòl Jezi genyen nan objektif Bondye. Nou swete pou nou pran plezi aprann plis bagay konsènan Jezi ki se ‘chemen an, verite a, lavi a’.