Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 109

Jezi denonse opozan relijye yo

Jezi denonse opozan relijye yo

MATYE 22:41–23:24 MAK 12:35-40 LIK 20:41-47

  • PITIT KIYÈS KRIS LA YE?

  • JEZI DEVWALE IPOKRIZI OPOZAN L YO

Opozan relijye yo pa rive fè moun pa kwè nan Jezi, e yo pa rive pran l nan pyèj pou fè l leve kont Women yo (Lik 20:20). Kounye a, pandan Jezi toujou nan tanp lan nan 11 Nizan an, se tou pa l pou l poze yo kesyon e li montre yo kiyès li ye toutbonvre. Li pran lapawòl, li di yo: “Ki sa nou panse de Kris la? Pitit kiyès li ye?” ​(Matye 22:42). Tout moun konnen Kris la, oswa Mesi a t ap soti nan fanmi David, e se repons sa a yo ba l. — Matye 9:27; 12:23; Jan 7:42.

Men sa Jezi esplike: “Ebyen, kòman lespri Bondye fè pouse David rele l Seyè, lè l te di: ‘Jewova di Seyè m nan: “Chita adwat mwen jiskaske mwen mete ènmi w yo anba pye w”’? Ebyen, si David rele l Seyè, kòman l fè pitit li?” — Matye 22:43-45.

Farizyen yo ret an silans, paske yo te panse se te yon desandan David ki t ap ka libere yo anba dominasyon Women yo. Men, Jezi sèvi ak pawòl ki nan Sòm 110:1, 2 a pou l montre Mesi a pa t ap yon senp dirijan imen. Li se Seyè David, e se apre l fin chita adwat Bondye, li t apral dirije. Lè opozan l yo tande repons li bay la, yo ret an silans.

Disip yo ak anpil lòt moun t ap koute. Kounye a, Jezi pale avè yo, li ba yo avètisman kont espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo. Mesye sa yo “chita sou chèz Moyiz la”, y ap anseye Lwa Bondye a. Jezi bay moun k ap koute l yo enstriksyon ki vin annapre yo: “Tout sa yo di nou fè, fè yo, men pa aji menm jan avèk yo, paske sa yo di, se pa sa yo fè.” — Matye 23:2, 3.

Jezi bay egzanp ki montre ki jan yo ipokrit, li di: “Yo fè ti bwat ki gen pasaj Ekriti yo pi gwo, yo mete yo sou fwon yo ak sou bra yo pou pwoteje yo.” Gen kèk Juif ki konn mete ti bwat sa yo, ki gen yon seri ti pasaj ki nan Lalwa, sou fwon yo oswa sou bra yo. Farizyen yo fè ti bwat sa yo pi gwo pou yo fè konprann yo se moun ki renmen Lalwa anpil. Mete sou sa, yo “fè franj rad yo pi long”. Izrayelit yo te dwe fè franj nan rad yo, men Farizyen yo te bat pou franj rad pa yo a pi long (Nonb 15:38-40). Yo te fè tout sa “pou moun ka wè yo”. — Matye 23:5.

Menm disip Jezi yo ka kite anvi pou yo gen gwo pozisyon an pran tèt yo. Se poutèt sa li ba yo konsèy sa a: “Pa fè yo rele nou anseyan, paske se yon sèl Anseyan nou genyen, tandiske nou tout se frè. Anplis de sa, pa rele pèsonn sou latè papa nou, paske sèl Papa nou genyen se Sila a ki nan syèl la. Pa kite yo rele nou gid, paske sèl Gid nou genyen se Kris.” Donk, ki jan disip yo te dwe wè tèt yo e ki jan yo te dwe aji? Men sa Jezi di yo: “Moun ki pi enpòtan pami nou an dwe vin sèvitè nou. Nenpòt moun ki met tèt li byen wo, y ap rabese l, e nenpòt moun ki rabese tèt li, y ap leve l met byen wo.” — Matye 23:8-12.

Apre sa, li lanse yon seri malediksyon kont espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo, ki ipokrit, li di: “Malè pou nou, espè nan Lalwa ak Farizyen, bann ipokrit! paske nou fèmen pòt Wayòm syèl la devan lèzòm. Nou menm nou pap antre, e moun k ap antre yo, nou pa kite yo antre.” — Matye 23:13.

Jezi kondane Farizyen yo paske yo neglije pwen ki pi enpòtan nan je Jewova e sa parèt nan yon seri vye règ yo fè yo. Pa egzanp, yo di: “Si yon moun sèmante sou tanp lan, se pa anyen sa, men si yon moun sèmante sou lò ki nan tanp lan, li oblije respekte sèman an.” Konsa, yo montre jan yo avèg nan domèn moral paske yo met aksan sou lò ki nan tanp lan pase tanp lan li menm, kote yo adore Jewova e yo ka vin pwòch avè l. E yo “neglije pwen ki pi enpòtan nan Lalwa yo, anpalan de jistis, mizèrikòd ak fidelite”. — Matye 23:16, 23; Lik 11:42.

Jezi rele Farizyen yo ‘bann gid je pete! Y ap koule sa y ap bwè pou yo pa bwè yon moustik, men y ap vale yon chamo’. (Matye 23:24.) Yo koule diven y ap bwè pou yo pa bwè yon moustik paske sa ka fè yo vin pa pwòp pou yo fè sèvis Bondye. Epoutan, lefètke yo neglije bagay ki pi enpòtan nan Lalwa yo, se kòmsi yo vale yon chamo, yon bèt ki pi gwo lontan pase yon moustik, ki ka fè yo pa pwòp tou pou yo fè sèvis Bondye. — Levitik 11:4, 21-24.