Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 106

De egzanp ki gen rapò ak jaden rezen

De egzanp ki gen rapò ak jaden rezen

MATYE 21:28-46 MAK 12:1-12 LIK 20:9-19

  • EGZANP DE PITIT GASON YO

  • EGZANP KILTIVATÈ KI NAN JADEN REZEN AN

Jezi nan tanp lan. Li fèk sot lage konfizyon nan tèt chèf relijye yo ki te mande l kiyès ki ba l otorite pou l fè sa l ap fè yo. Repons Jezi ba yo a fè yo fèmen bouch yo. Apre sa, li sèvi ak yon egzanp pou l montre yo ki kalite moun yo ye toutbonvre.

Men sa Jezi di: “Te gen yon mesye ki te gen de pitit. L al jwenn premye a, li di l: ‘Pitit mwen, al travay nan jaden rezen an jodi a.’ Pitit la reponn, li di: ‘Mwen pa prale.’ Men, apre sa, li regrèt epi l ale. Mesye a al jwenn dezyèm pitit li a, li di l menm bagay la. Pitit la reponn, li di: ‘Mwen prale, papa.’ Men, li pa ale. Kiyès nan yo de a ki fè volonte papa l?” ​(Matye 21:28-31). Repons lan klè: se premye pitit gason an ki fè volonte papa l finalman.

Donk, Jezi di opozan l yo: “Anverite m ap di nou sa: Pèseptè yo ak pwostitye yo pran devan nou nan Wayòm Bondye a.” Okòmansman, pèseptè yo ak pwostitye yo pa t ap sèvi Bondye. Men apre sa, menm jan ak premye pitit la, yo vin repanti e yo sèvi Bondye. Yon lòt bò, menm jan ak dezyèm pitit la, chèf relijye yo deklare y ap sèvi Bondye, epoutan yo pa fè sa vre. Men sa Jezi di: “Jan [ki konn batize moun nan] te vini pou l montre nou chemen ki dwat la, men nou pa t kwè nan li. Men, pèseptè yo ak pwostitye yo te kwè nan li, e nou menm, malgre nou te wè sa, nou pa t repanti pou nou vin kwè nan li.” — Matye 21:31, 32.

Jezi bay yon lòt egzanp. Fwa sa a, li montre se pa sèlman paske chèf relijye yo pa sèvi Bondye ki fè yo antò, men se paske yo mechan. Men sa Jezi di: “Gen yon mesye ki fè yon jaden rezen, li fè yon lantouray pou bare l, li fouye yon basen pou près diven an e li bati yon gerit. Apre sa, li kite jaden an nan men kèk kiltivatè pou travay li, epi li vwayaje al nan peyi etranje. Lè sezon rekòt la rive, li voye yon esklav kot kiltivatè yo, yon fason pou yo ka ba l kèk nan fwi jaden rezen an fè. Men, yo pran esklav la, yo bat li, epi yo voye l ale de men vid. Li voye yon lòt esklav kote yo ankò. Sa a menm, yo frape l nan tèt e yo imilye l. Epi, li voye yon lòt esklav, men li menm yo touye l. Li voye anpil lòt ankò, genyen yo bat e genyen yo touye.” — Mak 12:1-5.

Èske moun k ap koute Jezi yo ap rive konprann egzanp li bay la? Bon, petèt yo sonje pawòl Ezayi te di pou kritike yo, li te di: “Jaden rezen Jewova, Chèf lame yo, se pèp Izrayèl la. Moun Jida yo se plantasyon li renmen an. Li t ap tann jistis, Men, gade! Se enjistis ki genyen.” ​(Ezayi 5:7). Egzanp Jezi a sanble ak pawòl sa yo. Mèt tè a se Jewova, e jaden rezen an se nasyon Izrayèl la, ki te gen Lwa Bondye a tankou yon lantouray pou pwoteje yo. Jewova te voye pwofèt yo pou bay pèp li a enstriksyon e pou ede yo pwodui bon fwi.

Men, “kiltivatè yo” malmennen “esklav” yo te voye yo, epi yo touye yo. Men sa Jezi esplike: “[Mèt jaden rezen an] te gen yon lòt moun ankò, yon pitit gason li renmen anpil. Li voye l kote yo an dènye, li di tèt li: ‘Y ap respekte pitit gason m nan.’ Men, kiltivatè yo di youn lòt: ‘Men eritye a! Vini, annou touye l, konsa eritaj la ap pou nou.’ Vrèmanvre, yo pran l, yo touye l.” — Mak 12:6-8.

Kounye a Jezi mande yo: “Ki sa mèt jaden rezen an ap fè?” ​(Mak 12:9). Chèf relijye yo reponn: “Etandone yo mechan, l ap detwi yo nèt e l ap kite jaden rezen an nan men lòt kiltivatè, e kiltivatè sa yo ap ba l fwi pa l lè fwi yo bon.” — Matye 21:41.

Konsa, yo jije tèt yo san yo pa rann yo kont, etandone yo fè pati “kiltivatè” Jewova mete pou travay “jaden rezen” l lan ki se nasyon Izrayèl la. Fwi Jewova atann toutbon pou l jwenn nan men kiltivatè sa yo gen ladan l lafwa nan Pitit li a, ki se Mesi a. Jezi gade chèf relijye yo fiks epi li di: “Èske nou pa t janm li sa yon pasaj nan Ekriti yo di? Li di: ‘Wòch moun k ap bati yo te jete a, se li menm ki vin tounen wòch prensipal ki nan kwen an. Se Jewova ki fè sa rive, e se yon bèl bagay sa ye nan je nou.’” ​(Mak 12:10, 11). Pou l esplike sa l sot di a, li di: “Se poutèt sa, men sa m ap di nou: Y ap retire Wayòm Bondye a nan men nou, e se yon nasyon k ap pwodui fwi Wayòm nan y ap bay li.” — Matye 21:43.

Espè nan Lalwa yo ak prèt an chèf yo rann yo kont se “yo [Jezi] te gen nan tèt li lè li te bay egzanp sa a”. (Lik 20:19.) Lè sa a, yo vin vle touye Jezi plis toujou, li menm ki se vrè “eritye a”. Men, yo pè foul la ki konsidere Jezi kòm yon pwofèt. Se sa k fè yo pa t touye l lamenm.