Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 125

Yo mennen Jezi bay Àn, apre sa yo mennen l bay Kayif

Yo mennen Jezi bay Àn, apre sa yo mennen l bay Kayif

MATYE 26:57-68 MAK 14:53-65 LIK 22:54, 63-65 JAN 18:13, 14, 19-24

  • YO MENNEN JEZI BAY ÀN KI TE GRAN PRÈT YON LÈ

  • SANEDREN AN FÈ YON PWOSÈ KI KONT LALWA

Yo mare Jezi tankou yon kriminèl epi yo mennen l bay Àn, ki te gran prèt lè Jezi te fè anseyan relijye yo nan tanp lan sezi pandan l te jèn (Lik 2:42, 47). Annapre, gen plizyè pitit gason Àn ki te sèvi kòm gran prèt, e kounye a se bofis li Kayif ki nan plas sa a.

Pandan Jezi lakay Àn, Kayif jwenn tan pou l reyini Sanedren an. Tribinal sa a gen 71 manm ladan l, sa gen ladan l gran prèt la ak lòt moun ki te la pou fè travay sa a.

Àn poze Jezi kesyon “sou disip li yo ak sou sa l ap anseye yo”. Jezi reponn li: “Mwen te pale ak monn nan devan tout moun. Mwen te toujou konn anseye nan sinagòg yo ak nan tanp lan, kote tout Juif yo konn rasanble, e mwen pa t di anyen an kachèt. Poukisa se mwen w ap poze kesyon? Mande moun ki te tande sa m te konn di yo.” — Jan 18:19-21.

Gen youn nan gad ki te kanpe toupre l yo ki ba l yon kalòt nan figi l ki di l: “Se konsa w reponn prèt an chèf la?” Men Jezi konnen li pa fè anyen ki mal, li reponn: “Si m mal pale, di m sa m di ki mal la. Men, si m byen pale, poukisa w frape m?” ​(Jan 18:22, 23). Apre sa, Àn voye Jezi bay Kayif, bofis li.

Kounye a, gran prèt la ak ansyen yo ansanm ak espè nan Lalwa yo, anfèt tout Sanedren an, rasanble. Yo reyini kay Kayif. Se yon bagay ki kont Lalwa pou yo fè yon pwosè konsa nan nuit fèt Pak la. Men, sa pa fè chèf relijye yo abandone pwojè malveyan yo genyen an.

Li difisil pou yo ta aji san patipri. Apre Jezi te resisite Laza, Sanedren an te deja pran detèminasyon pou fè touye l (Jan 11:47-53). E sa gen kèk jou depi otorite relijye yo te met tèt yo ansanm pou yo fè yon plan pou yo met men sou Jezi e pou yo touye l (Matye 26:3, 4). Wi, yo gentan kondane Jezi pou yo touye l anvan menm yo jije l!

Anplis de reyinyon sa a ki kont Lalwa, prèt an chèf yo ak lòt moun nan Sanedren an fè tout sa yo kapab pou yo jwenn temwen pou bay fo temwayaj, yon fason pou yo ka jwenn akizasyon pou yo lage sou do Jezi. Yo jwenn anpil temwen, men, temwayaj yo bay yo depaman. Finalman, gen de temwen ki prezante, e yo di: “Nou te tande l k ap di: ‘M ap kraze tanp sa a lèzòm fè ak men yo a, e nan twa jou m ap bati yon lòt, men se pa lèzòm k ap fè l ak men yo.’” ​(Mak 14:58). Sepandan, menm mesye sa yo pa fin dakò youn ak lòt.

Kayif mande Jezi: “Apa w pa reponn anyen? Ou pa tande sa mesye sa yo ap di sou ou?” ​(Mak 14:60). Jezi ret an silans devan fo akizasyon sa a temwen sa yo lage sou do l malgre istwa y ap rakonte yo pa ann amoni youn ak lòt. Se sa k fè Kayif, gran prèt la, eseye yon lòt taktik.

Kayif konnen jan Juif yo renmen estomake lè yon moun pretann li se Pitit Bondye. Anvan sa, lè Jezi te di Bondye se Papa l, Juif yo te vle touye l paske yo fè konnen li pretann ‘li egal ak Bondye’. (Jan 5:17, 18; 10:31-39.) Kayif ki konnen jan Juif yo kapab santi yo, kounye a avèk riz, li mande Jezi: “M ap mande w pou w sèmante devan Bondye vivan an pou w di nou si se ou menm ki Kris la, Pitit Bondye a!” ​(Matye 26:63). Wi, Jezi te fè konnen li se Pitit Bondye (Jan 3:18; 5:25; 11:4). E si l pa ta fè sa nan moman sa a, sa t ap lese konprann li nye li se Pitit Bondye e li se Kris la. Se sa k fè Jezi di: “Wi, se sa m ye. Epi, nou menm, nou pral wè Pitit lòm nan ki chita adwat Sila a ki gen pisans lan e l ap vini avèk nyaj yo nan syèl la.” — Mak 14:62.

Lè sa a, Kayif fè yon kokenn demonstrasyon, li chire rad sou li, li di byen fò: “Misye blasfeme! Èske nou bezwen temwen ankò? Gade! Kounye a, nou menm tou nou tande jan l blasfeme. Ki sa nou panse?” Sanedren an pwononse yon jijman ki enjis, yo di: “Li merite mouri.” — Matye 26:65, 66.

Apre sa, yo kòmanse pase l nan jwèt, yo ba l kout pwen. Gen lòt ki souflete l e yo krache nan figi l. Gen lòt moun ki kouvri figi l e y ap ba l kalòt, pou yo pase l nan rizib, yo di l: “Si w se yon pwofèt, di nou kiyès ki frape w la a?” ​(Lik 22:64). Se konsa, yo te fè yon pwosè ki kont Lalwa nan nuit pou yo te maltrete Pitit Bondye a!