Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 117

Soupe Seyè a

Soupe Seyè a

MATYE 26:21-29 MAK 14:18-25 LIK 22:19-23 JAN 13:18-30

  • YO WÈ JIDA SE YON TRÈT

  • JEZI TABLI MEMORYAL LA

Nan kòmansman sware a Jezi te lave pye apot li yo pou l anseye yo yon leson sou imilite. Kounye a, sanble apre yo fin manje manje Pak la, Jezi site pawòl pwofetik David yo ki di: “Menm bon zanmi mwen te fè konfyans ki te konn manje ansanm avè m nan vire kont mwen.” Apre sa, men sa l esplike: “Gen youn nan nou ki pral livre m.” — Sòm 41:9; Jan 13:18, 21.

Apot yo gade youn lòt, e yo chak mande: “Seyè, se pa mwen, pa vre?” Menm Jida Iskaryòt mande sa tou. Pyè ankouraje Jan ki chita toupre Jezi bò tab la pou l chèche konn kiyès. Donk Jan apiye sou Jezi epi l mande l: “Seyè, kiyès sa a?” — Matye 26:22; Jan 13:25.

Jezi reponn: “Se moun m ap bay moso pen mwen tranpe a.” Li tranpe yon moso pen nan youn nan koup ki sou tab la epi li lonje l bay Jida, li di l: “Pitit lòm nan pral kite nou, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun sa a ki livre Pitit lòm nan! Li t ap pi bon pou moun sa a si l pa t fèt.” ​(Jan 13:26; Matye 26:24). Satan antre nan Jida. Jida, ki te deja kòwonp, lage kò l nèt kounye a pou l fè volonte Dyab la e konsa li vin tounen “pitit destriksyon an”. — Jan 6:64, 70; 12:4; 17:12.

Jezi di Jida: “Sa w ap fè a, fè l pi vit.” Lòt apot yo panse kòm se Jida ki gen kès lajan an nan men l, Jezi di l pou l “achte sa yo bezwen pou fèt la, oswa pou l bay pòv yo yon bagay”. (Jan 13:27-30.) Olye Jida fè sa, li soti e l al livre Jezi.

Nan menm nuit yo te manje manje Pak la, Jezi tabli yon lòt soupe. Li pran yon pen, li di Bondye mèsi, li kase l epi li bay apot li yo pou yo manje, li di: “Sa a reprezante kò m mwen pral bay pou nou. Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” ​(Lik 22:19). Apot yo pase moso pen an epi yo manje ladan l.

Kounye a Jezi pran yon koup ki gen diven, li priye sou li pou l di Bondye mèsi epi li pase l ba yo. Yo chak bwè ladan l. Men sa Jezi di konsènan koup la: “Koup sa a reprezante nouvo alyans lan ki fèt grasa san m ki gen pou koule pou nou.” — Lik 22:20.

Kidonk Jezi tabli yon memoryal pou lanmò l disip li yo t ap gen pou yo selebre chak ane nan dat 14 Nizan an. Sa t apral fè yo sonje sa Jezi ak Papa l te fè pou pèmèt moun ki gen lafwa yo libere anba kondanasyon peche ak lanmò. Li pi enpòtan toujou pase fèt Pak juif la paske li mete aksan sou vrè liberasyon moun ki obeyisan yo pral jwenn.

Jezi di san l pral “koule pou anpil moun [...] jwenn padon pou peche yo”. Apot fidèl yo ak lòt moun ki fidèl tankou yo pami anpil moun ki pral jwenn padon pou peche yo. Yo se moun ki pral ansanm ak Jezi nan Wayòm Papa l la. — Matye 26:28, 29.