Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 110

Dènye jou Jezi nan tanp lan

Dènye jou Jezi nan tanp lan

MATYE 23:25–24:2 MAK 12:41–13:2 LIK 21:1-6

  • JEZI KONDANE CHÈF RELIJYE YO YON LÒT FWA ANKÒ

  • Y AP GEN POU DETWI TANP LAN

  • YON VÈV MALERÈZ KI BAY DE TI PYÈS MONNEN

Jezi vin nan tanp lan yon dènye fwa. Li kontinye montre aklè jan Farizyen yo ak espè nan Lalwa yo ipokrit. Li rele yo ipokrit devan tout moun. Li sèvi ak egzanp pou l pale ak yo, li di: “Nou tankou gode ak asyèt yo netwaye pa deyò, men, anndan nou, nou chaje ak tanta ansanm ak eksè. Farizyen avèg, netwaye anndan koup la ak anndan asyèt la anvan, konsa deyò a ap vin pwòp tou.” ​(Matye 23:25, 26). Farizyen yo ap veye tout ti detay ki gen rapò ak pwòp yo bezwen pwòp lè y ap sèvi Bondye, e yo veye tout ti detay ki gen rapò ak aparans yo, men yo neglije moun yo ye pa anndan an e yo pa rive pirifye kè senbolik yo a.

Ipokrizi yo a parèt aklè tou nan chofe yo chofe pou yo fè tonm pou pwofèt yo e pou yo dekore yo. Vrèmanvre, jan Jezi di sa, yo se “pitit moun ki te asasinen pwofèt yo”. (Matye 23:31.) Nou ka wè sa vre nan jan yo detèmine pou yo touye Jezi. — Jan 5:18; 7:1, 25.

Apre sa, Jezi atire atansyon sou sa k ap rive chèf relijye sa yo si yo pa repanti, li di: “Bann sèpan, ras vipè, ki jan n ap fè chape anba kondanasyon Jeyèn nan?” ​(Matye 23:33). Jeyèn vle di “Vale Inon”. Yo te konn boule fatra nan vale sa a, sa ki byen montre sa k ap tann espè nan Lalwa ak Farizyen mechan sa yo: Yo pral detwi pou toutan.

Disip Jezi yo t apral reprezante l kòm “pwofèt ak moun saj ansanm ak anseyan”. Ki jan yo t apral trete yo? Men sa Jezi di chèf relijye yo: “Gen [nan disip mwen yo] n ap touye e genyen n ap kloure sou poto, genyen n ap bat ak kout fwèt nan sinagòg nou yo e genyen n ap pèsekite sot nan yon vil al nan yon lòt. Konsa, n ap responsab san tout moun jis ki koule sou tè a, soti nan san Abèl, yon moun ki te jis, rive nan san Zakari [...], li menm nou te asasinen.” Men avètisman li bay: “Anverite m ap di nou sa: Chatiman ap tonbe sou jenerasyon sa a pou tout bagay sa yo.” ​(Matye 23:34-36). E se sa k te rive nan ane 70 epòk nou an, lè lame women an te detwi Jerizalèm. Lè sa a te gen plizyè milye Juif ki te mouri.

Pandan Jezi ap panse ak sitiyasyon terib sa a, li vin tris anpil, li di: “Jerizalèm, Jerizalèm, vil k ap touye pwofèt yo e k ap touye moun yo voye kote l yo ak kout wòch, se pa ni de ni twa fwa mwen te vle rasanble pitit ou yo, menm jan yon manman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li! Men, nou pa t vle sa. Gade! Bondye kite kay nou an ban nou.” ​(Matye 23:37, 38). Moun k ap koute l yo ka ap mande tèt yo ki sa l vle di lè l di “kay” la. Èske li posib pou l t ap pale de bèl tanp yo a ki nan Jerizalèm, tanp Bondye sanble ta dwe pwoteje a?

Men sa Jezi di ankò: “Apati jodi a, nou pa gendwa wè m ankò, jiskaske nou di: ‘Benediksyon pou moun ki vini nan non Jewova a!’” ​(Matye 23:39). Jezi site pwofesi ki nan Sòm 118:26 la ki di: “Moun ki vin nan non Jewova a se yon moun ki beni. N ap beni nou detan nou nan kay Jewova a.” Li klè, moun yo pral di pawòl sa yo, men se pap nan tanp lan paske tanp lan pral detwi.

Kounye a, Jezi al nan tanp lan kote ki konn gen kès yo konn met ofrann yo. Moun yo te ka mete ofrann nan ti twou ki pa anlè kès sa yo. Jezi wè gen plizyè Juif ki fè sa. Moun rich yo “mete anpil pyès monnen” kòm ofrann. Men, Jezi wè gen yon vèv malerèz ki mete “de ti pyès monnen ki prèske pa vo anyen”. (Mak 12:41, 42.) Sandout, Jezi konnen jan Bondye kontan pou ofrann vèv la bay la.

Jezi rele disip li yo, li di: “Anverite m ap di nou sa: Byenke vèv sa a pòv, li mete plis pase tout moun ki t ap mete lajan nan kès yo konn met ofrann yo.” Poukisa li di sa? Men sa l esplike: “Yo menm, sa yo mete a pa deranje yo, men dam sa a ki nan nesesite a mete tout sa l te posede, tout sa l te gen pou l viv.” ​(Mak 12:43, 44). Se pa ti diferan atitid li ak aksyon li diferan parapò ak atitid ak aksyon chèf relijye yo!

Jou 11 Nizan an prèske fini, Jezi kite tanp lan pou yon dènye fwa. Youn nan disip li yo di: “Anseyan, gade! Ala bèl wòch yo bèl! Ala bèl konstriksyon!” ​(Mak 13:1). Anfèt, gen kèk nan wòch ki nan tanp lan ki gwo anpil, sa ki fè tanp lan parèt enpresyonan e ki fè l dire pi lontan. Se sèten sa sanble dwòl, men Jezi di: “Ou wè bèl konstriksyon sa yo? Pa gen yon wòch k ap ret sou yon lòt wòch la a pou yo pa vide l atè.” — Mak 13:2.

Apre Jezi fin di bagay sa yo, li menm ak apot li yo travèse Vale Kidwon e yo monte yon kote sou Mòn Oliv. Rive yon lè, li te vin avèk kat nan apot li yo, Pyè, Andre, Jak ak Jan. Yo kapab kontanple bèl tanp lan anba a detan kote yo ye a.