Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pou n imite Jezi, nou bezwen...

Pou n imite Jezi, nou bezwen...

GEN KONPASYON

Antanke moun pafè, Jezi pa t konn rankontre anpil pwoblèm ak enkyetid moun te konn fè fas. Poutan, li te montre l gen gwo konpasyon pou moun. Li te dispoze bay tout li menm pou yo opwen l te konn fè plis pase sa k te nesesè. Vrèmanvre, li te konn aji avèk konpasyon pou l ede lòt moun. Fè yon ti reflechi sou plizyè egzanp ki nan chapit 32, 37, 57, 99.

ABÒDAB

Moun tout laj, timoun kou granmoun, te santi yo alèz pou yo pwoche bò kot Jezi paske li pa t bay enpresyon li se yon moun ki twò okipe e ki pi enpòtan pase lòt moun. Piske moun yo te konnen Jezi enterese nan moun, yo te santi yo byen lè yo bò kote l. Pou w ka wè sa, gade chapit 25, 27, 95.

PRIYE REGILYÈMAN

Jezi te konn fè yon seri priyè ki sot nan fon kè l pou l pale ak Papa l lè l poukont li ak lè l ansanm ak lòt vrè adoratè yo. Se pa sèlman lè l pral manje li te konn priye, men li te konn fè sa nan tout okazyon. Li te konn priye pou l remèsye Papa l, pou l louwe l e pou l chèche direksyon nan men l anvan li pran yon seri desizyon enpòtan. Egzamine egzanp nou jwenn nan chapit 24, 34, 91, 122, 123.

PA WÈ TÈT NOU SÈLMAN

Pafwa, lè Jezi te ka pwofite kèk moman pou l repoze l oswa kèk moman pou l detann li, li te konn mete enterè pa lòt moun anvan pa l. Li pa t konn wè tèt li sèlman. Nan sans sa a tou, li kite yon modèl nou kapab suiv pye pou pye. Gade sa nan chapit 19, 41, 52.

APRANN PADONE

Jezi pa t konn sèlman anseye moun konsènan enpòtans pou yo padone lòt moun, men li te demontre li konn padone nan relasyon li te gen ak disip li yo ansanm ak lòt moun. Medite sou egzanp nou jwenn nan chapit 26, 40, 64, 85, 131.

ZELE

Ekriti yo te anonse pifò Juif yo pa t ap aksepte Mesi a, e ènmi l yo t ap gen pou touye l. Jezi te ka deside pa bay tout fòs li nan sa l ap fè pou lòt moun, men se pa sa li te fè. Okontrè, li te zele nan soutni vrè adorasyon an. Li kite yon bèl egzanp pou tout disip li yo k ap fè fas ak sitiyasyon kote moun pa byen reyaji devan mesaj y ap preche a oswa k ap fè fas ak opozisyon. Gade chapit 16, 72, 103.

GEN IMILITE

Jezi te siperyè lèzòm enpafè nan yon pakèt domèn. Li te gen plis konesans ak sajès pase nou. Lefètke l te pafè se sèten sa te pèmèt li gen plis kapasite mantal ak kapasite fizik pase kèlkeswa lòt moun. Men, sa pa t anpeche l sèvi lòt moun. W ap aprann kèk bagay konsènan kalite sa a nan chapit 10, 62, 66, 94, 116.

GEN PASYANS

Jezi te toujou pran pasyans ak apot li yo ansanm ak lòt moun lè yo pa t rive imite egzanp li oswa aplike sa l te konn anseye yo. Se pa ni de ni twa fwa li te konn pran pasyans avè yo pou l esplike yo sa yo bezwen fè pou yo vin pi pwòch ak Jewova. N ap jwenn kèk egzanp ki montre pasyans Jezi gen lakay li nan chapit 74, 98, 118, 135.