Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 15

Jezi fè premye mirak li

Jezi fè premye mirak li

JAN 2:1-12

  • MARYAJ KI TE FÈT KANA A

  • JEZI FÈ DLO TOUNEN DIVEN

Sa fè twa jou depi Natanayèl te vin youn nan premye disip Jezi yo. Jezi ak kèk nan premye disip li yo, al nan nò distri Galile, kote yo abite a. Yo prale nan vil Kana, kote Natanayèl fèt la. Vil Kana twouve l sou mòn, nan nò vil Nazarèt, kote Jezi te grandi a. Yo te envite yo nan yon resepsyon maryaj k ap fèt nan vil Kana.

Manman Jezi al nan maryaj la tou. Kòm Mari se zanmi fanmi moun k ap marye yo, sanble li te patisipe nan sèvi envite yo ki te anpil. Se sa k fè rapidman li wè gen yon bagay ki manke, e li di Jezi: “Yo pa gen diven ankò.” — Jan 2:3.

Anfèt, lè Mari di sa, se yon fason pou l mande Jezi fè yon bagay, paske pa gen ase diven. Jezi di yon pawòl yon fason pou l montre l sa pa twò konsène l. Men sa l di: “Madanm, ki sa mwen menm avè w gen pou n wè nan sa?” ​(Jan 2:4). Piske Jezi se Wa Bondye chwazi a, se Papa l ki nan syèl la ki pou di l sa pou l fè, men se pa ni fanmi l ni zanmi l. Se sa k fè, avèk sajès, Mari kite se pitit gason l lan ki rezoud pwoblèm nan. Li annik di moun k ap sèvi yo: “Fè tout sa l di nou.” — Jan 2:5.

Gen sis gwo ja an wòch pou met dlo. Yo chak ka kenbe plis pase dis galon dlo. Jezi bay moun k ap sèvi yo lòd, li di yo: “Plen ja yo dlo.” E moun k ap sèvi yo fè sa vre. Apre sa, Jezi di yo: “Kounye a, pran enpe pot bay moun k ap dirije resepsyon an.” — Jan 2:7, 8.

Moun k ap dirije resepsyon an sezi tèlman diven an bon men li pa konnen se grasa yon mirak sa rive fèt. Li rele lemarye a, li di l: “Tout lòt moun mete bon diven an deyò anvan, e lè moun yo sou, yo mete diven ki pa fin bon an deyò. Men ou menm, ou sere pi bon diven an pou jis kounye a.” — Jan 2:10.

Se premye mirak Jezi fè, e lè nouvo disip li yo wè sa, sa fè lafwa yo gen nan li a vin pi djanm. Apre sa, Jezi, al nan vil Kapènawòm, nan nòdwès lanmè Galile ansanm ak manman l, ak frè bò kot manman l yo.