Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SEKSYON 5

Dènye kanpay predikasyon Jezi nan lès Rivyè Jouden an

“Anpil moun [...] te mete lafwa nan li. — Jan 10:42.

Dènye kanpay predikasyon Jezi nan lès Rivyè Jouden an

NAN SEKSYON SA A

CHAPIT 82

Aktivite Jezi nan Pere

Jezi esplike moun k ap koute l yo ki sa pou yo fè pou yo ka sove e rezon ki fè anpil moun echwe. Konsèy li bay la te enpòtan nan epòk li a. Èske l toujou enpòtan jodi a?

CHAPIT 83

Envitasyon pou yon repa

Pandan Jezi ap pran yon repa lakay yon Farizyen, li bay yon egzanp konsènan yon gwo soupe. Li bay yon leson enpòtan pou tout pèp Bondye a. Ki leson sa a?

CHAPIT 84

Ki efò sa mande pou yon moun vin disip Jezi?

Se yon gwo responsablite sa ye pou yon moun vin yon disip Kris. Jezi di tout sa sa mande. Gen kèk nan moun ki ta renmen vin disip li ki choke lè yo tande sa l di.

CHAPIT 85

Se pou nou kontan lè moun ki peche repanti

Farizyen yo ak espè nan Lalwa yo kritike Jezi pou fason l boule ak moun ki nan mas pèp la. Se sa k fè, Jezi sèvi ak kèk egzanp pou l montre jan Bondye moun wè moun k ap pratike peche yo.

CHAPIT 86

Pitit gason ki te pèdi a retounen

Ki leson nou ka aprann nan egzanp Jezi bay konsènan pitit gason ki te pèdi a?

CHAPIT 87

Annou aji avèk sajès lè n ap fè pwojè pou lavni

Pou Jezi anseye yon bèl verite li itilize yon egzanp konsènan yon entandan ki pa jis, ki fè bon planifikasyon.

CHAPIT 88

Yon chanjman pou mesye rich la ak Laza

Sa k ap ede n byen konprann egzanp Jezi a se idantifye kiyès de pèsonaj prensipal yo reprezante.

CHAPIT 89

L ap anseye nan zòn Pere pandan l sou wout pou l al Jide

Li pale konsènan yon kalite ki kapab ede nou padone menm moun ki peche plizyè fwa kont nou.

CHAPIT 90

‘Rezirèksyon an ak lavi a’

Ki sa Jezi te vle di lè l te di moun ki demontre lafwa nan li yo “pap janm mouri ditou”?

CHAPIT 91

Laza resisite

Gen de bagay nan evènman sa a ki fè li enposib pou menm moun ki te opoze ak Jezi yo nye mirak la.

CHAPIT 92

Li geri dis moun ki gen lèp men se yon sèl ki montre l gen rekonesans

Mesye ki te geri a pa montre rekonesans pou Jezi sèlman men li montre rekonesans pou yon lòt moun tou.

CHAPIT 93

Pitit lòm nan ap parèt aklè

Ki jan lè Jezi vini li pral klere tankou zèklè?

CHAPIT 94

Li enpòtan pou n priye e pou n gen imilite

Nan egzanp jij enjis ak vèv la, Jezi mete aksan sou yon kalite byen presi.

CHAPIT 95

Li anseye sou divòs ak lanmou pou timoun

Jezi pa wè timoun piti yo jan disip li yo wè yo. Sa k fè sa?

CHAPIT 96

Jezi reponn yon kesyon yon jèn chèf ki rich poze l

Ki sa k pouse Jezi di li pi fasil pou yon chamo pase nan yon je zegui pase pou yon moun rich antre nan Wayòm Bondye a?

CHAPIT 97

Egzanp travayè ki travay nan jaden rezen yo

Nan ki sans moun ki premye yo ap vin dènye e moun ki dènye yo ap vin premye?

CHAPIT 98

Yon lòt fwa ankò, apot yo ap chèche gen gwo pozisyon

Jak ak Jan ap mande yon pozisyon espesyal nan Wayòm nan, men se pa yo de a sèlman.

CHAPIT 99

Jezi geri de mesye ki avèg e li ede Zache

Ki jan nou ka konprann istwa nou jwenn nan liv Matye ak liv Mak la konsènan mesye avèg Jezi geri toupre Jeriko a, yon istwa ki parèt gen kontradiksyon?

CHAPIT 100

Egzanp li bay konsènan dis pyès monnen ann ajan yo

Ki sa Jezi vle di lè l di: “Moun ki genyen an, y ap ba l plis. Men, moun ki pa genyen an, y ap pran menm sa l genyen an nan men l”?