Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 99

Jezi geri de mesye ki avèg e li ede Zache

Jezi geri de mesye ki avèg e li ede Zache

MATYE 20:29-34 MAK 10:46-52 LIK 18:35–19:10

  • JEZI NAN JERIKO E LI GERI DE MESYE KI AVÈG

  • ZACHE, YON PÈSEPTÈ, VIN REPANTI

Jezi ak foul moun k ap vwayaje avè l yo rive Jeriko. Pou yon moun sot Jerizalèm al Jeriko, li ka fè anviwon yon jounen ap mache. Sanble Jeriko se te yon vil ki te divize an de pati. Gen anviwon yon kilomèt edmi ki separe pati ki pi ansyen an ak nouvo vil la, ki se yon vil women. Pandan Jezi ak foul moun yo ap sot nan youn nan vil yo pou y al nan yon lòt vil, gen de mandyan ki avèg ki tande bri moun yo. Youn nan mandyan yo rele Batime.

Lè Batime ak lòt mandyan ki avè l la aprann se Jezi k ap pase, yo kòmanse rele byen fò, yo di: “Seyè, Pitit David la, gen pitye pou nou!” ​(Matye 20:30). Lè kèk moun nan foul la pale byen di ak yo pou yo pe bouch yo, yo rele pi fò toujou. Lè Jezi tande mandyan yo k ap pale byen fò, li kanpe. Li mande moun ki avè l yo pou yo rele moun k ap rele byen fò yo pou li. Moun yo al kot mandyan ki avèg yo e yo di youn nan yo: “Pran kouraj! Leve, men l ap rele w.” ​(Mak 10:49). Lè sa a, avèg la pa konn kote pou l met kò l, li voye rad ki te sou rad ki sou li a jete, li leve kanpe byen vit, epi l al jwenn Jezi.

Jezi mande yo: “Ki sa nou vle m fè pou nou?” De avèg yo sipliye l, yo di: “Seyè, tanpri, fè nou wè.” ​(Matye 20:32, 33). Jezi pran pitye pou yo, li manyen je yo, li di youn nan yo: “Ale, lafwa w geri w.” ​(Mak 10:52). Menm kote a, mandyan ki avèg yo vin wè, e sandout toule de mesye yo tonbe bay Bondye glwa. Lè tout moun wè sa k pase a, yo menm tou yo louwe Bondye. Menm moman an, mesye ki te avèg yo kòmanse suiv Jezi.

Pandan Jezi ap pase Jeriko, foul moun yo vin ogmante pi plis toujou. Tout moun vle wè kiyès moun sa a ki geri mesye ki te avèg yo. Moun vin toutotou Jezi e yo t ap kwense l. Se sa k fè gen moun ki pa menm ka rive wè l. Pami moun sa yo, gen Zache, yon pèseptè an chèf nan Jeriko ak nan zòn ki ozalantou yo. Li pa ka wè sa k ap pase a paske l twò kout. Donk, Zache kouri pran devan, li monte yon pye sikomò ki bò wout kote Jezi ap pase a. Etan l anlè a, li kapab wè tout sa k ap pase byen klè. Pandan foul moun yo ap pwoche, Jezi rele Zache sou pyebwa a. Li di l: “Zache, fè vit desann, paske fòk mwen rete lakay ou jodi a.” ​(Lik 19:5). Zache desann ak kè kontan e li kouri al lakay li pou l fè preparasyon pou l akeyi vizitè espesyal sa a.

Sepandan, lè moun yo wè sa, yo tout tonbe plenyen. Yo panse li pa nòmal pou Jezi al vizite yon moun yo konsidere kòm yon moun k ap pratike peche. Anfèt, Zache vin rich paske li pran lajan moun yo nan men yo yon fason malonèt nan fè yo peye taks.

Lè Jezi antre lakay Zache, yo tonbe plenyen, yo di: “Apa se lakay yon moun k ap pratike peche li desann!” Epoutan, Jezi gentan wè Zache se yon moun k ap repanti kanmenm. E Zache pa desevwa Jezi, paske li kanpe e li di Jezi: “Gade! Seyè, m ap bay pòv yo mwatye nan byen mwen genyen yo, e kèlkeswa sa mwen te pran nan men nenpòt moun, m ap remèt li kat fwa lavalè.” — Lik 19:7, 8.

Ala yon bèl fason Zache montre li repanti toutbon! Sanble li sèvi ak rapò li te fè sou taks li resevwa yo pou l kalkile konbyen li dwe Juif li te pran afè yo e li pwomèt l ap remèt yo kat fwa lavalè. E li te fè plis pase sa Lwa Bondye a mande (Egzòd 22:1; Levitik 6:2-5). Anplis de sa, Zache pwomèt l ap pran matye nan byen l pou l bay pòv.

Jezi kontan wè jan Zache montre li repanti, li di: “Jodi a, Bondye delivre mesye sa a ak fanmi l, paske li se yon pitit Abraram tou. Paske, se moun ki pèdi yo Pitit lòm nan vin chèche, se yo l vin sove.” — Lik 19:9, 10.

Pa gen twò lontan, nan istwa pitit gason ki pèdi a, Jezi te montre nan ki sitiyasyon ‘moun ki pèdi’ yo ye (Lik 15:11-24). Kounye a, li sot bay yon egzanp reyèl, egzanp yon moun ki te pèdi yo jwenn. Byenke chèf relijye yo ak moun k ap suiv chèf sa yo gendwa ap plenyen kont Jezi e y ap kritike l poutèt li enterese ak moun ki tankou Zache yo, Jezi kontinye chèche pitit Abraram ki pèdi yo pou l ede yo retounen vin jwenn Bondye.