Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 93

Pitit lòm nan ap parèt aklè

Pitit lòm nan ap parèt aklè

LIK 17:20-37

  • WAYÒM BONDYE A NAN MITAN YO

  • KI JAN SA AP YE LÈ JEZI PARÈT AKLÈ?

Jezi toujou nan Samari oswa nan Galile. Kounye a, Farizyen yo poze l kesyon sou fason Wayòm nan ap vini. Yo kwè l ap vini yon fason pou fè moun wè epi ap gen gwo seremoni. Sepandan, men sa Jezi di: “Wayòm Bondye a pap vini yon fason pou tout moun wè l, ni moun pap di: ‘Men l isit la!’ oswa: ‘Men l la a!’ Paske, gade! Wayòm Bondye a nan mitan nou.” — Lik 17:20, 21.

Gen kèk moun ki ka panse Jezi vle di Wayòm nan se nan kè sèvitè Bondye yo li ye. Sepandan, sa pa t ap ka konsa paske Wayòm Bondye a pa t ap ka nan kè Farizyen ki t ap koute Jezi yo. Men, Wayòm nan te nan mitan yo paske Wa Bondye chwazi a, anpalan de Jezi, te la nan mitan yo. — Matye 21:5.

Genlè se apre Farizyen yo fin ale Jezi bay disip li yo plis detay konsènan fason Wayòm nan ap vini. Men avètisman li bay konsènan prezans li nan Wayòm nan ki gen pouvwa: “Gen yon lè k ap rive kote n ap anvi wè youn nan jou Pitit lòm nan, men nou pap wè l.” ​(Lik 17:22). Jezi fè konnen se alavni Pitit lòm nan t ap gen pou l dirije. Anvan lè sa a rive, gen kèk disip ki te ka ap bay tèt yo pwoblèm pou yo konnen lè sa a, men, yo t ap gen pou yo kontinye tann jiskaske moman Bondye chwazi pou Pitit lòm nan vini an rive.

Jezi kontinye pou l di: “Moun pral di nou: ‘Men l isit la!’ oswa: ‘Men l la a!’ Pa soti al gade, pa kouri dèyè yo. Paske, menm jan lè yon zèklè flache, li klere sot nan yon pati nan syèl la rive nan yon lòt, se konsa Pitit lòm nan ap ye nan jou pa l la.” ​(Lik 17:23, 24). Ki jan disip Jezi yo te jwenn pwoteksyon pou yo pa suiv moun ki vle fè konprann yo se mesi? Jezi fè konnen vini vrè Mesi a ap vini an tankou zèklè moun ka wè nan yon gwo espas. Prèv ki montre prezans li nan Wayòm nan ki gen pouvwa t ap parèt byen klè pou tout moun.

Apre sa, Jezi fè konparezon ak sa k te pase nan tan lontan pou montre ki jan moun yo ap konpòte yo pandan prezans li an: “Menm jan sa te ye nan epòk Noye a, se konsa sa ap ye nan jou Pitit lòm nan [...]. Se menm bagay la tou ki te rive nan epòk Lòt la: moun yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap achte, yo t ap vann, yo t ap plante, yo t ap bati. Men, jou Lòt te kite Sodòm, dife ak souf sot nan syèl la tonbe sou yo tankou lapli, e yo detwi yo tout. Se konsa sa ap ye jou Pitit lòm nan gen pou l parèt aklè a.” — Lik 17:26-30.

Jezi pa di moun nan epòk Noye a ak moun nan epòk Lòt la te detwi paske yo t ap mennen aktivite nòmal, tankou manje, bwè, achte, vann, plante ak bati. Omwen Noye ak Lòt ansanm ak fanmi yo te konn fè kèk nan bagay sa yo tou. Men, lòt moun yo te konn mennen aktivite sa yo chak jou san yo pa t enterese ditou nan fè volonte Bondye, e yo pa t rive konprann nan ki epòk yo t ap viv. Se sa k fè Jezi ankouraje disip yo pou yo enterese anpil nan fè volonte Bondye epi pou yo fè sa ak tout yo menm. Donk, li montre yo fason pou yo sove, sa vle di fason yo ka kontinye viv, lè Bondye pral fè destriksyon an alavni.

Disip yo ap bezwen veye pou yo pa kite bagay ki nan monn nan, “bagay [yo] kite dèyè yo” fè yo vin distrè. Men sa Jezi di: “Jou sa a, se pou moun ki sou do kay la ki gen zafè l anndan kay la pa desann al pran bagay sa yo. Menm jan an tou, moun ki nan jaden pa dwe retounen nan bagay li kite dèyè yo. Sonje madan Lòt.” ​(Lik 17:31, 32). Li te vin tounen yon poto sèl.

Jezi kontinye pale sou fason sitiyasyon an ap ye lè Pitit lòm nan pral dirije antanke Wa. Men sa l di disip li yo: “Nan nuit sa a, de moun ap nan yon kabann, y ap pran youn, y ap kite lòt la.” ​(Lik 17:34). Kidonk, gen moun ki pral jwenn lavi e gen lòt y ap kite, sa vle di k ap pèdi lavi yo.

Men sa disip yo mande l: “Seyè, ki kote sa ap fèt?” Jezi reponn: “Kote kadav la ye a, se la èg yo ap rasanble tou.” ​(Lik 17:37). Wi, gen kèk moun k ap tankou èg ki wè lwen. Disip sa yo ap ansanm ak vrè Kris la, Pitit lòm nan. Nan moman sa a, Jezi pral bay disip li yo verite k ap sove lavi moun ki gen lafwa yo.