Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 12

Jezi aprann nou priye

Jezi aprann nou priye

ÈSKE w konn pale ak Jewova Dye? — Li vle w pale avèk li. Lè w ap pale ak Bondye, se priye w ap priye l. Jezi te konn pale souvan ak Papa li ki nan syèl la. Pafwa, li te konn prefere rete poukont li pou l fè sa. Selon sa Bib la di, yon lè, “li monte poukont li nan mòn nan pou l priye. Aktout li te fin ta, li te la poukont li”. — Matye 14:23.

Ki kote w ka ale pou w priye Jewova poukont ou? — Petèt ou ka jwenn posiblite priye Jewova poukont ou aswè anvan w al dòmi. Men sa Jezi te di: “Lè w ap priye, antre nan chanm ou epi, apre w fin fèmen pòt ou, priye Papa w.” ​(Matye 6:6). Èske w priye Jewova chak swa anvan w al dòmi? — Ou dwe fè sa.

Jezi te konn priye lè l poukont li... e lè l avèk lòt moun.

Jezi te konn priye lè l avèk lòt moun tou. Lè Laza, zanmi Jezi a, te mouri, Jezi te priye devan lòt moun ki te nan zòn kote yo te mete Laza a (Jan 11:41, 42). E Jezi te konn priye tou lè l te konn reyini avèk disip li yo. Èske w konn al nan reyinyon kote yo lapriyè? — An jeneral, nan reyinyon sa yo, yon moun ki pi gran pase w konn fè lapriyè. Li bon pou w koute sa l ap di a avèk atansyon, paske l ap pale ak Bondye pou ou. E nan fen priyè a, w ap kapab di “Amèn”. Èske w konnen sa sa siyifi lè w di “Amèn” nan fen yon priyè? — Sa vle di ou renmen priyè a, ou dakò avè l e se priyè sa a ou ta fè tou.

Poukisa w dwe byen koute priyè k ap fèt nan reyinyon yo?

Jezi te konn priye tou anvan l manje. Li te konn di Jewova mèsi pou manje l ap manje. Èske w toujou priye anvan w manje? — Li bon pou nou di Jewova mèsi pou manje li ban nou anvan nou kòmanse manje. Petèt yon moun ka fè lapriyè lè w ap manje ansanm ak lòt moun. Men, e si w ap manje poukont ou, oswa w ap manje bò kote moun ki pa gen abitid remèsye Jewova? — Nan ka sa yo, w ap bezwen priye poukont ou.

Èske w toujou oblije priye pou moun tande? Oswa èske Jewova ka tande w si w priye an silans? — Nou ka jwenn repons lan lè nou konsidere sa k te rive Neyemya a. Neyemya se te yon adoratè Jewova ki t ap travay nan palè wa Atazèsès, yon wa peyi Pès. Yon jou, Neyemya te vin tris anpil paske li aprann miray Jerizalèm nan, pi gran vil ki gen nan peyi l, te vide atè.

Ki lè w ka priye an silans, menm jan ak Neyemya?

Lè wa a mande Neyemya sa k fè li tris, Neyemya tou fè yon priyè an silans. Apre sa, li di wa a sa k fè l tris la, e li mande l pèmisyon pou l al Jerizalèm pou l al rebati miray la. Èske w konn ki sa k te vin pase? —

Bondye te reponn priyè Neyemya a. Wa a di l li mèt ale! Wa a menm bay Neyemya yon pakèt pyebwa pou l sèvi pou l fè miray la. Donk, vrèman, Bondye ka reponn priyè nou yo, menm lè nou fè yo an silans. — Neyemya 1:2, 3; 2:4-8.

Kounye a, reflechi sou pwen sa a: èske w dwe bese tèt ou lè w ap priye? Èske w dwe met ajenou? Sa w panse? — Gende lè, Jezi te konn met ajenou pou l priye. Pafwa, li konn priye kanpe. Kèk fwa, li leve tèt li nan syèl la pandan l ap priye, tankou l te fè sa lè l t ap priye pou Laza a.

Donk, ki sa sa montre? — Sa montre se pa pozisyon n ap priye a ki enpòtan. Pafwa, li bon pou nou bese tèt nou epi pou nou fèmen je nou. Nou gendwa menm deside met ajenou, jan Jezi te konn fè sa. Men, pa bliye, nou ka priye Bondye nenpòt lè nan jounen an oswa lannuit, e l ap tande nou. Sa ki enpòtan, se pou nou kwè toutbonvre Jewova ap koute nou. Èske w kwè Jewova tande priyè w yo? —

Ki sa w ka di Bondye lè w ap priye?

Ki sa nou dwe di lè n ap priye Jewova? — Esplike m ki sa w konn di Bondye lè w ap priye? — Jewova ban nou yon pakèt bon bagay. Li bon pou nou di l mèsi pou sa, sa w di? — Nou ka remèsye l pou manje n ap manje. Men, èske w janm di l mèsi pou syèl ble a, pou pyebwa ki fre yo e pou bèl flè yo? — Se li ki fè bagay sa yo tou.

Yon lè, disip Jezi yo te mande Jezi pou l montre yo priye. Donk, gran Anseyan an te fè sa, e li montre yo pou ki bagay ki pi enpòtan yo dwe priye. Èske w konn ki bagay sa yo? — Pran bib ou, epi ouvri l nan Matye chapit 6. Soti nan vèsè 9 rive nan vèsè 13, nou jwenn priyè anpil moun rele Nòtrepè a. Annou li l ansanm.

Nan priyè sa a, Jezi aprann nou pou nou priye pou non Bondye. Li di pou nou priye pou non Bondye sangtifye, oswa pou yo konsidere l kòm sen. Ki non Bondye? — Se Jewova, e nou dwe renmen non sa a.

Dezyèmman, Jezi anseye nou pou nou priye pou Wayòm Bondye a vini. Wayòm sa a enpòtan, paske l ap pote lapè sou tè a, e l ap fè tè a tounen yon paradi.

Twazyèmman, gran Anseyan an di pou nou priye pou volonte Bondye fèt sou tè a menm jan l fèt nan syèl la. Si n ap priye pou sa, nou dwe fè sa Bondye vle nou fè.

Apre sa, Jezi aprann nou pou nou priye pou manje nou bezwen pou jounen an. Li di tou nou dwe fè Bondye konnen nou regrèt nou fè sa ki mal, e nou mande l padon pou sa. Men, anvan Bondye padone nou, nou dwe padone moun ki fè nou mal. Èske l fasil pou w padone moun? —

Finalman, Jezi di nou nou dwe priye Jewova pou l pwoteje nou anba men mechan an, Satan Ledyab. Donk, tout bagay sa yo, se bon bagay nou ka mande Bondye lè n ap priye.

Nou dwe gen konfyans Jewova tande priyè nou yo. Nou ka mande Jewova pou l ede nou, men tou, li bon pou nou pran abitid di l mèsi. Si nou reflechi toutbon sou sa n ap di nan priyè nou yo, e si nou mande sa ki kòrèk, l ap kontan e l ap ban nou bagay sa yo. Èske w kwè sa? —

N ap jwenn lòt bon konsèy toujou sou lapriyè nan Women 12:12; 1 Pyè 3:12; ak nan 1 Jan 5:14.