Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 30

Ki sa k ap ede nou konbat laperèz?

Ki sa k ap ede nou konbat laperèz?

ÈSKE w twouve li fasil pou w sèvi Jewova? — Gran Anseyan an pa t di se t ap yon bagay ki fasil. Lavèy jou yo t apral touye Jezi a, nan aswè, li te di apot li yo: “Si monn nan rayi nou, nou konnen li te rayi m anvan li rayi nou.” — Jan 15:18.

Pyè te vante tèt li kòmkwa li pa t ap janm kite Jezi. Men, Jezi te fè Pyè konnen, nan menm jou swa sa a, Pyè t apral renye l twa fwa. E se egzakteman sa Pyè te fè (Matye 26:31-35, 69-75)! Ki jan yon bagay konsa te fè rive Pyè? — Sa te rive paske Pyè te vin pè menm jan ak lòt apot yo.

Èske w konn poukisa apot yo te vin gen laperèz? — Gen yon bagay enpòtan yo pa t fè. Li bon pou nou konn ki sa, paske sa ka ede nou sèvi Jewova kèlkeswa sa yon moun ka di nou, kèlkeswa sa yon moun ka fè nou. Men, pou kòmanse, annou egzamine sa k te rive nan dènye nuit Jezi te pase ak apot li yo.

Toudabò, yo selebre fèt Pak la ansanm. Se te yon repa espesyal yo te konn fè chak ane pou pèp Bondye a sonje delivrans yo nan esklavaj yo te ye nan peyi Ejip. Apre sa, Jezi montre yo kòman pou yo selebre yon nouvo repa espesyal. (N ap repale de sa nan yon lòt chapit, e n ap esplike ki jan repa sa a ap ede nou sonje Jezi.) Apre repa sa a, e apre Jezi fin di apot li yo kèk pawòl pou ankouraje yo, li mennen yo nan jaden Jetsemane. Se yon kote yo te renmen ale souvan.

Jezi fè yon ti deplase l al yon kote poukont li nan jaden an pou l priye. E li di Pyè, Jak ak Jan pou yo priye tou. Men, dòmi pran yo. Twa fwa, Jezi deplase al priye, e chak fwa l retounen, li jwenn Pyè ansanm ak lòt apot yo ap dòmi (Matye 26:36-47)! Èske w konn poukisa yo ta dwe rete je klè e yo ta dwe ap priye? — Nou pral wè rezon an.

Poukisa Pyè, Jak ak Jan te dwe rete je klè?

Jida Iskaryòt te ansanm avèk Jezi ak lòt apot yo lè yo t ap selebre Pak la yon ti tan anvan sa, nan menm sware a. Siman ou sonje sa, Jida te gentan montre l se yon vòlè. Kounye a, li vin yon trèt. Li konn ki kote nan jaden Jetsemane a Jezi abitye ale ak apot li yo. Donk, se la Jida mennen sòlda yo pou yo arete Jezi. Lè yo rive, Jezi mande yo: “Kiyès n ap chèche?”

Sòlda yo reponn: “Jezi.” Jezi pa pè, se sa k fè li reponn: ‘Se mwen menm.’ Sòlda yo tèlman etone pou kouraj Jezi genyen, yo fè bak, e yo tonbe atè. Jezi di: ‘Si se mwen n ap chèche, kite apot mwen yo ale.’ — Jan 18:1-9.

Lè sòlda yo met men sou Jezi e yo mare l, apot yo vin pè e yo kouri. Men, Pyè ak Jan vle wè sa k ap pase. Se konsa, yo suiv gwoup la a distans. Finalman, yo mennen Jezi lakay Kayif, gran prèt la. Piske gran prèt la konn Jan, moun ki nan baryè a kite Jan ak Pyè antre nan lakou a.

Prèt yo gentan rasanble lakay Kayif pou yo jije Jezi. Yo vle kondane l amò. Donk, yo mennen yon seri temwen ki bay manti sou Jezi. Moun yo bay Jezi kout pwen e yo ba l kalòt. Pyè pa t twò lwen pandan tout bagay sa yo ap pase.

Sèvant ki te nan baryè a, li menm ki te fè Pyè ak Jan antre a, gade Pyè, li di: “Ou menm tou, ou te avèk Jezi!” Men, Pyè di li pa menm konn Jezi. Apre yon ti moman, yon lòt fi rekonèt Pyè e li di moun ki kanpe nan zòn nan konsa: “Mesye sa a te avèk Jezi.” Yon lòt fwa ankò, Pyè di li pa konn Jezi. Yon ti moman apre, yon gwoup moun wè Pyè e yo di l: “Se sèten, ou menm tou ou se youn nan yo.” Pou yon twazyèm fwa, Pyè nye sa, li di: “Mwen pa konnen misye!” Pyè menm rive sèmante pou l fè konnen sa l ap di a se laverite. Se nan moman sa a, Jezi vire gade l. — Matye 26:57-75; Lik 22:54-62; Jan 18:15-27.

Sa k fè Pyè te pè jis li rive bay manti, li di li pa konn Jezi?

Èske w konn poukisa Pyè te bay manti? — Se paske li te pè. Men, poukisa l te pè? Ki sa li pa t fè ki fè l te manke kouraj? Fè yon ti reflechi. Ki sa Jezi te fè ki te ba l kouraj? — Li te priye Bondye, e Bondye te ede l jwenn kouraj. Epi, pa bliye, an twa fwa, Jezi te di Pyè pou l priye, pou l rete je klè e pou l kontinye veye. Men, ki sa k te rive? —

Chak fwa, dòmi te pran Pyè. Li pa t priye, e li pa t kontinye veye. Donk, se te yon sipriz pou li lè yo te vin arete Jezi. Apre sa, nan tribinal la, lè yo te frape Jezi e yo t ap konplote pou yo touye l, Pyè te vin panike. Epoutan, kèk èdtan sèlman anvan sa, ak ki sa Jezi te di apot li yo pou yo atann yo? — Jezi te fè yo konnen, menm jan monn nan rayi l la, se konsa monn nan t ap rayi yo tou.

Nan ki sitiyasyon ki sanble ak pa Pyè a ou ta ka twouve w?

Kounye a, annou reflechi sou yon sitiyasyon ki ta ka rive nou ki sanble ak sa k te rive Pyè a. Imajine ou anndan yon klas, epi yo kòmanse ap kritike moun ki pa salye drapo oswa ki pa fete fèt Nwèl, epi yon moun lonje dwèt sou ou li mande w: “Èske se vre ou menm ou pa salye drapo?” Oswa, ann sipoze gen moun ki di: “Nou tande yo di ou pa menm fete fèt Nwèl!” Èske w t ap pè di laverite? — Èske w t ap anvi bay manti, menm jan ak Pyè? —

Annapre, se pa ti regrèt Pyè te regrèt li te renye Jezi. Lè l pran konsyans de sa l sot fè a, li sot deyò l al kriye. Wi, li te repanti e li te kontinye suiv Jezi (Lik 22:32). Kounye a, fè yon ti reflechi. Ki sa ki ka ede nou pou nou pa vin gen laperèz, nan pwen pou nou fè menm jan ak Pyè? — Pa bliye, Pyè pa t priye, e li pa t kontinye veye. Donk, dapre ou menm, ki sa nou dwe fè pou nou vin disip gran Anseyan an? —

Se sèten, nou dwe priye Jewova pou l ede nou. Lè Jezi te priye, ou konn ki sa Bondye te fè pou li? — Li te voye yon zanj pou fòtifye l (Lik 22:43). Èske zanj Bondye yo ka ede nou? — Men sa Bib la di: “Zanj Jewova a kanpe toutotou moun ki krenn li, e li delivre yo.” ​(Sòm 34:7). Men, pou Bondye ede nou, nou pa dwe kontante nou priye sèlman. Èske w konn ki lòt bagay nou dwe fè? — Jezi te di disip li yo pou yo rete je klè e pou yo kontinye veye. Dapre ou menm, ki jan nou ka fè sa? —

Nou dwe byen koute sa yo di nan reyinyon yo e nou dwe prete atansyon ak sa nou li nan Bib la. Men tou, nou bezwen priye Jewova regilyèman e nou bezwen mande l pou l ede nou sèvi l. Si nou fè sa, n ap resevwa èd pou nou konbat laperèz. Lè sa a, n ap kontan lè nou jwenn yon posiblite pou nou pale de gran Anseyan an e pou nou pale de Papa l ak lòt moun.

Vèsè sa yo ka ede nou pou nou pa janm kite krent pou lòt moun anpeche nou fè sa ki dwat: Pwovèb 29:25; Jeremi 26:12-15, 20-24; ak Jan 12:42, 43.