Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 35

Nou ka reveye nan lanmò!

Nou ka reveye nan lanmò!

SI NOU mouri, èske Bondye ap vle resisite nou, sa vle di, èske l ap vle ban nou lavi ankò? — Gen yon bon moun ki te rele Jòb, ki te kwè Bondye vle sa. Se sa k fè, lè Jòb te panse li t apral mouri, li te di Bondye: “W ap rele m, e mwen menm m ap reponn ou.” Jòb te di se pa ti anvi Jewova Dye t ap anvi resisite l. — Jòb 14:14, 15.

Jezi menm jan ak Papa l, Jewova Dye. Li vle ede nou. Lè yon mesye ki gen lèp te di l: “Si w vle, ou ka pirifye m.” Jezi te reponn: “Mwen vle.” E li te geri mesye sa a ki te gen lèp la. — Mak 1:40-42.

Ki jan Jewova te montre li renmen timoun piti yo?

Jezi renmen timoun. Li pran sa bò kot Papa l. Sa gen lontan, pandan de fwa, Jewova te sèvi ak kèk sèvitè li pou l resisite timoun piti. Eliya te sipliye Jewova pou l resisite pitit gason yon dam ki te aji byen anvè l. E Jewova te fè sa. Epitou, Jewova te itilize sèvitè l Elicha pou l resisite yon tigason. — 1 Wa 17:17-24; 2 Wa 4:32-37.

Èske se pa yon bèl bagay pou nou konnen nan ki pwen Jewova renmen nou anpil? — Li pa sonje nou sèlman pandan nou vivan. Menmsi nou mouri, li sonje nou toujou. Jezi te di, moun Papa l renmen yo e ki mouri yo, pou Papa l se tankou yo vivan (Lik 20:38)! Bib la fè konnen ‘ni lanmò ni lavi, ni bagay ki la kounye a ni bagay k ap vini, pap kapab separe nou ak lanmou Bondye’. — Women 8:38, 39.

Lè Jezi te sou tè a, li te montre ki jan Jewova sansib pou timoun piti yo. Ou sonje, Jezi te konn pran tan l pou l pale de Bondye ak timoun yo. Men, èske w te konnen Bondye bay Jezi pouvwa pou l resisite timoun ki mouri? — Annou gade sa k te rive lè Jezi te resisite yon tifi 12 an, pitit yon mesye ki rele Jayiris.

Jayiris ansanm ak madanm li ak sèl pitit yo genyen an ap viv toupre lanmè Galile. Yon jou, tipitit la vin malad anpil, e Jayiris rann li kont li pral mouri. Li vin panse a Jezi, yon moun enpresyonan li aprann ki ka geri moun. Donk, Jayiris al chèche kote l ye. Li jwenn Jezi k ap anseye anpil moun arebò lanmè Galile.

Jayiris fofile kò l nan mitan foul la e li tonbe nan pye Jezi. Li di l: ‘Tipitit fi m nan malad grav. Silvouplè, èske w ka vin ede l? Tanpri, vini non.’ Menm kote a, Jezi ale avèk Jayiris. Foul la ki vin wè gran Anseyan an pran wout la tou. Men, apre yon sèten distans, gen kèk mesye lakay Jayiris ki vin rive e yo di l: “Pitit fi w la mouri! Sa w bezwen deranje anseyan an ankò?”

Jezi tande sa mesye yo di. Li konnen nan ki pwen sa fè Jayiris mal pou l pèdi sèl pitit li genyen an. Donk, li di l: ‘Ou pa bezwen pè. Sèlman, montre w gen lafwa nan Bondye e pitit fi w la ap anfòm.’ Yo kontinye mache jiskaske yo rive lakay Jayiris. Yo jwenn zanmi fanmi an k ap kriye. Moun yo tris paske ti zanmi yo a mouri. Men, Jezi di yo: ‘Sispann kriye. Tipitit la pa mouri, men se dòmi l ap dòmi.’

Lè Jezi di sa, moun yo tonbe ri, paske yo konnen se mouri tifi a mouri. Men, poukisa dapre ou menm Jezi di se dòmi l ap dòmi? — Ki leson w panse li vle anseye moun yo? — Li vle yo konnen lanmò kapab tankou yon pwofon somèy. Li vle anseye yo pwen sa a: grasa pouvwa Bondye ba li, li ka resisite yon moun ki mouri byen fasil, menm jan nou ka reveye yon moun k ap dòmi.

Jezi te resisite pitit fi Jayiris la. Ki sa rezirèksyon sa a aprann nou?

Jezi fè tout moun kite kay la eksepte Pyè, Jak ak Jan, apot li yo, ansanm ak papa tifi a ak manman tifi a. Apre sa, li antre kote tipitit la ye a. Li pran men l epi li di: ‘Tifi, leve!’ E tousuit, tifi a leve e li kòmanse mache! Se pa ti kontan papa l ak manman l kontan. — Mak 5:21-24, 35-43; Lik 8:40-42, 49-56.

Kounye a, reflechi sou pwen sa a: piske Jezi te ka resisite tifi a, èske l ka resisite lòt moun menm jan an tou? — Èske w panse l ap fè sa toutbon? — Wi, l ap fè sa. Jezi li menm te di: “Lè a ap vini kote tout moun ki nan tonm souvni yo pral tande vwa [mwen] epi y ap soti.” — Jan 5:28, 29.

Dapre ou menm, èske Jezi vle resisite moun yo? — N ap pran yon lòt egzanp nan Bib la pou ede nou reponn kesyon sa a. Gen yon bagay ki rive yon jou etan Jezi te toupre vil Nayin, e sa montre ki jan Jezi gen konpasyon pou moun ki nan lapenn nan antèman.

Gen yon dam ki te nan antèman pitit gason l. Foul moun ki nan antèman an ap kite vil Nayin. Kèk tan anvan sa, mari dam nan te mouri, e kounye a, sèl pitit li a vin mouri. Ou pa bezwen mande ki jan l tris! Anpil moun Nayin ap suiv antèman an pandan y ap kite vil la ak kò pitit gason dam nan. Dam nan ap kriye, e moun yo pa ka fè anyen pou yo konsole l.

Jou sa a, Jezi ansanm ak disip li yo vin ap antre nan vil Nayin. Toupre baryè vil la, yo rankontre foul la ki pral antere pitit gason dam nan. Lè Jezi wè dam nan k ap kriye, li gen pitye pou li. Kè Jezi fè l mal lè l wè gwo chagren dam nan genyen. Li vle ede l.

Donk, avèk tandrès, men avèk yon fèmte ki fè dam nan koute l, li di: “Sispann kriye.” Fason l konpòte l ak fason l aji fè tout moun ap obsève l avèk atansyon. Etan Jezi ap avanse sou kò a, tout moun dwe ap mande tèt yo sa l pral fè. Jezi pran lapawòl, li di: “Jenòm, mwen di w: Leve!” Menm kote a, misye leve chita! E li kòmanse pale. — Lik 7:11-17.

Imajine ki jan dam nan dwe te santi l! Ki jan w ta santi w si yon moun pwòch ou ki mouri ta retounen viv ankò? — Èske sa pa montre nou jan Jezi vrèman renmen moun yo, jan li vle ede yo? — Reflechi pou w wè jan sa pral bèl pou nou akeyi moun k ap resisite nan monn nouvo Bondye a! — 2 Pyè 3:13; Revelasyon 21:3, 4.

Ki sa rezirèksyon sèl pitit dam sa a te genyen an montre?

Nan epòk sa a, gen nan moun k ap resisite yo, se moun nou te konnen anvan sa, e pami yo ap gen timoun. N ap ka rekonèt yo, menm jan Jayiris te rekonèt pitit fi l la lè Jezi te resisite l. Gen lòt moun ki te mouri, sa gen plizyè santèn ane oswa plizyè milye ane, k ap resisite tou. Men, se pa paske yo te viv sa gen trè lontan pou Bondye ta bliye yo pou sa.

Èske se pa yon bagay ki estrawòdinè pou nou konnen Jewova ak Pitit Gason l lan, Jezi, renmen nou nan pwen sa a? — Yo vle nou viv, pa sèlman pou kèk ane, men pou toutan!

Konsènan bèl espwa Bib la bay pou moun ki mouri yo, silvouplè, li Izayi 25:8; Travay 24:15; ak 1 Korentyen 15:20-22.