Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 26

Rezon ki fè li difisil pou moun fè sa ki byen

Rezon ki fè li difisil pou moun fè sa ki byen

LÈ SOL t ap fè sa ki mal, kiyès sa te fè plezi? — Se te Satan Ledyab. Men, sa te fè chèf relijye juif yo kontan tou. Apre sa, lè Sol vin disip gran Anseyan an, e li vin rele Pòl, chèf relijye sa yo vin rayi l. Donk, èske w konprann sa k fè li difisil pou yon disip Jezi fè sa ki byen? —

Ki sa Pòl te sibi lè l te vin ap fè sa ki byen?

Te gen yon lè, Ananyas, gran prèt la, te bay kèk mesye lòd pou yo frape Pòl nan figi. Ananyas te menm eseye fè mete Pòl nan prizon. Pòl te soufri anpil lè l te vin disip Jezi. Pa egzanp, gen moun mechan ki te bat li e yo te voye gwo wòch sou li pou yo eseye touye l. — Travay 23:1, 2; 2 Korentyen 11:24, 25.

Anpil moun gen pou yo eseye fè w fè yon seri bagay ki pa fè Bondye plezi. Donk, reflechi sou pwen sa a: jis nan ki pwen ou renmen sa ki byen? Èske w tèlman renmen l, w ap kontinye fè sa ki byen, menmsi gen moun ki rayi w pou sa? Sa mande kouraj pou w aji konsa, pa vre? —

Petèt, w ap mande tèt ou: ‘Poukisa pou yo ta rayi yon moun paske l ap fè sa ki byen? Èske yo pa ta dwe kontan pito?’ Se sa w ta panse! Dayè, moun yo te renmen Jezi pou bon bagay li te konn fè. Gen yon lè, tout moun nan yon vil te rasanble devan pòt kay kote Jezi te rete a. Yo te vini paske Jezi t ap geri moun ki malad. — Mak 1:33.

Men, pafwa, moun yo pa t renmen sa Jezi t ap anseye. Byenke li te toujou ap anseye sa ki dwat, gen moun ki te vrèman rayi l paske l t ap di laverite. Se sa k te rive yon jou, nan Nazarèt, vil kote Jezi te grandi a. Li te antre nan sinagòg la, yon kote Juif yo te konn reyini pou yo adore Bondye.

Jezi te sèvi ak Ekriti yo pou l bay yon bèl diskou nan sinagòg la. Okòmansman, moun yo te renmen diskou a. Yo te etone pou bèl pawòl k ap sot nan bouch li. Yo te mal pou kwè se te menm jennonm sa a ki te leve nan pwòp vil yo a ki te devan yo.

Men, apre sa, Jezi pale de yon lòt bagay. Li pale de epòk lè Bondye te bay yon seri moun ki pa t Juif yon favè espesyal. Lè Jezi di sa, moun yo ki nan sinagòg la vin fache. Ou konn poukisa? — Yo te panse se yo menm sèl ki gen favè espesyal Bondye. Yo te panse yo pi bon pase lòt moun yo. Donk, yo vin rayi Jezi pou sa l te di a. Ou konn ki sa yo te eseye fè li? —

Men sa Bib la di: ‘Yo met men sou Jezi e yo kouri avè l pa deyò vil la. Yo mennen l sou tèt yon mòn e yo t apral lage l nan yon falèz pou yo touye l. Men, Jezi chape anba men yo.’ — Lik 4:16-30.

Poukisa moun sa yo ap eseye touye Jezi?

Si se ou menm sa te rive, èske w t ap janm retounen al pale ak moun sa yo de Bondye? — Sa t ap mande kouraj, pa vre? — Ebyen, anviwon yon ane apre, Jezi retounen Nazarèt ankò. Bib la di: “Li kòmanse anseye yo nan sinagòg yo a.” Jezi pa t sispann pale laverite kòmkwa li ta pè moun ki pa t renmen Bondye yo. — Matye 13:54.

Yon lòt jou, se te yon jou saba, Jezi te nan yon zòn kote te gen yon mesye ki te kokobe nan men. Bondye te bay Jezi pouvwa pou l geri mesye a. Men, gen nan mesye ki te la yo ki te vle bay Jezi pwoblèm. Ki jan w panse gran Anseyan an t apral reyaji? — Toudabò, li mande yo: ‘Si nou gen yon mouton ki tonbe nan yon gwo twou yon jou saba, èske nou t ap retire l?’

Se nòmal, yo t ap fè sa pou yon mouton, menmsi se ta yon jou saba, yon jou kote yo te sipoze repoze. Donk, Jezi di yo: ‘Li pi bon toujou pou nou ede yon moun jou saba, piske yon moun gen plis valè pase yon mouton!’ Se te yon bagay ki te klè: Jezi te dwe geri mesye sa a pou l ede l.

Jezi di mesye a pou l lonje men l, e tousuit, men an vin bon. Ala kontan mesye a te kontan! Men, e lòt mesye yo? Èske yo menm tou, yo te kontan? — Non. Yo te rayi Jezi plis toujou. Yo soti, e yo fè plan pou yo touye l! — Matye 12:9-14.

Se menm bagay la tou jodi a. Kèlkeswa sa nou fè, nou pap janm fè tout moun plezi. Se sa k fè, se nou ki pou deside kiyès vrèman nou vle fè plezi. Si se Jewova Dye ak Jezi Kris, Pitit Gason l lan, lè sa a, nou dwe toujou fè sa yo mande. Men, si nou fè sa, kiyès k ap rayi nou? Kiyès k ap fè li difisil pou nou fè sa ki byen? —

Se Satan Ledyab. Men, ki lòt moun ankò? — Se moun Dyab la twonpe, moun li fè kwè nan manti. Men sa Jezi te di chèf relijye nan epòk li a: “Nou soti nan papa nou Dyab la, e nou vle akonpli volonte papa nou.” — Jan 8:44.

Gen anpil moun Dyab la renmen. Jezi rele yo “monn nan”. De ki “monn” ou panse Jezi t ap pale? — Ebyen, ann gade sa ki ekri nan Jan chapit 15, vèsè 19. Nan vèsè sa a, nou li pawòl sa yo Jezi te di: “Si nou te fè pati monn nan, monn nan ta atache ak sa ki pou li. Kounye a, paske nou pa fè pati monn nan, e paske mwen chwazi nou nan mitan monn nan, se sa ki fè monn nan rayi nou.”

Donk, monn ki rayi disip Jezi yo se tout moun ki pap suiv ansèyman li yo. Poukisa monn nan rayi disip Jezi yo? — Fè yon ti reflechi: Kiyès ki chèf monn nan? — Bib la di: “Lemonnantye anba pouvwa mechan an.” Mechan sa a, se Satan Ledyab. — 1 Jan 5:19.

Èske w wè kounye a poukisa li difisil anpil pou nou fè sa ki byen? — Satan ak monn li an rann sa difisil. Men, gen yon lòt rezon. Èske w sonje ki sa? — Nan chapit 23 nan liv sa a, nou te aprann nou tout, nou fèt ak peche. Èske se pap yon bèl bagay lè ni peche, ni Dyab la, ni monn li an pa la ankò? —

Lè monn sa a ap detwi, ki sa k ap rive moun k ap fè sa ki byen yo?

Men pwomès nou jwenn nan Bib la: “Se pase monn nan ap pase.” Sa vle di tout moun ki pa disip gran Anseyan an pap egziste ankò. Yo pap pèmèt yo viv pou toutan. Èske w konnen kiyès ki pral viv pou toutan? — Bib la kontinye pou l di: “Moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan.” ​(1 Jan 2:17). Wi, se sèl moun k ap fè sa ki byen, k ap fè “volonte Bondye” ki pral viv pou toutan nan monn nouvo Bondye a. Nan ka sa a, menmsi sa difisil, nou vle fè sa ki byen, pa vre? —

Annou li vèsè sa yo ki montre poukisa sa pa fasil pou nou fè sa ki byen: Matye 7:13, 14; Lik 13:23, 24; ak Travay 14:21, 22.