Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 17

Sa ki bay kè kontan

Sa ki bay kè kontan

Poukisa yo rele Jewova “Bondye ki gen kè kontan an”?

NOU tout, nou ta renmen viv ak kè kontan, pa vre? — Epoutan, pa gen anpil moun vrèman ki gen kè kontan. Ou konn sa k fè sa? — Se paske yo pa aprann sekrè ki bay kè kontan an. Yo panse pou yon moun viv ak kè kontan, fòk li posede anpil bagay. Men, lè yo fin gen bagay sa yo, kè kontan yo a pa dire.

Ki sekrè k ap pèmèt yon moun viv ak kè kontan? Men sa gran Anseyan an te di: “Gen plis kè kontan lè w bay pase lè w resevwa.” ​(Travay 20:35). Donk, ki sa ki bay kè kontan? — Sekrè a se bay lòt moun nan sa w genyen, epi rann yo sèvis. Ou te konn sa? —

Annou chita sou pwen sa a yon ti jan plis toujou. Èske Jezi te di yon moun pap kontan si l resevwa yon kado? — Non, se pa sa l te di. Ou renmen resevwa kado, pa vre? — Tout moun renmen sa. Nou kontan lè nou resevwa bèl kado.

Men, Jezi di nou kontan plis toujou lè nou bay. E kiyès dapre w ki bay moun plis pase nenpòt lòt moun? — Se Jewova Dye.

Bib la di Bondye “bay tout moun lavi ak souf ak tout bagay”. Li ban nou lapli ki sot nan syèl la e li ban nou solèy tou, yon fason pou plant yo grandi e pou nou jwenn manje pou nou manje (Travay 14:17; 17:25). Nou pa etone dèske Bib la rele Jewova “Bondye ki gen kè kontan an”. (1 Timote 1:11.) Youn nan rezon ki fè Bondye gen kè kontan, se paske li konn bay. E lè nou bay, n ap gen kè kontan nou menm tou.

Ki sa k ka fè w gen plis kè kontan olye w manje tout bonbon w yo poukont ou?

Men, ki sa nou ka bay konsa? Sa w ta di? — Pafwa, yon kado koute lajan. Si se nan yon magazen w ale pou w jwenn kado sa a, w ap oblije peye pou sa. Donk, si se kado sa a ou vle bay, petèt w ap bezwen sere kòb jiskaske w gen kont kòb pou w achte kado a.

Men, Se pa tout kado ou oblije achte. Pa egzanp, lè l fè cho anpil, yon bon vè dlo glase se yon bon bagay! Donk, si w fè yon moun ki swaf kado yon bon vè dlo glase, w ap kontan poutèt ou te ba l yon bagay.

Ann sipoze yon jou, ou menm ak manman w nou fè kèk bonbon. Se bèl bagay. Men, pou w gen plis kè kontan, ki sa w ka fè ak kèk nan bonbon sa yo, olye w manje tout poukont ou? — Ou ka fè youn nan zanmi w yo kado kèk nan yo. Ou ta renmen fè sa yon lè? —

Gran Anseyan an ak apot li yo te konn bay e sa te fè yo kontan. Èske w konnen ki sa yo te konn bay? — Se te meyè bagay ki egziste a! Yo te konnen laverite sou Bondye, e yo te kontan pataje bon nouvèl sa a ak lòt moun. Yo te konn fè sa gratis, san yo pa aksepte lajan pou sa yo te bay la.

Yon jou, apot Pòl ak disip Lik, bon zanmi li, te rankontre yon dam ki te vle bay ak kè kontan, li menm tou. Yo te rankontre l arebò yon rivyè. Pòl ak Lik te vin nan zòn sa a paske yo te tande se te yon kote moun te konn vin lapriyè. E vrèmanvre, lè yo rive, yo jwenn kèk medam k ap priye.

Pòl kòmanse bay medam sa yo bon nouvèl la konsènan Jewova Dye ak Wayòm li an. Gen youn nan medam yo ki te rele Lidi, e li t ap koute Pòl avèk anpil atansyon. Apre sa, Lidi te vle fè yon bagay pou l montre vrèmanvre li te apresye bon nouvèl li te tande a. Se sa k fè li ensiste pou l di Pòl ak Lik: “Si nou wè mwen fidèl devan Jewova, antre lakay mwen epi rete la.” Epi li fòse yo antre lakay li. — Travay 16:13-15.

Ki sa Lidi ap di Pòl ak Lik la a?

Lidi te kontan akeyi sèvitè Bondye sa yo lakay li. Li te renmen yo paske yo te ede l aprann konnen Jewova ak Jezi Kris pi byen, e yo te ede l konnen ki jan moun ka viv pou toutan. Sa te fè l plezi pou l wè li gen posiblite bay Pòl ak Lik manje pou yo manje ak kote pou yo pran yon ti repo. Men, si Lidi te gen kè kontan, se paske li te bay ak tout kè l. Sa a se yon bagay nou pa dwe bliye. Petèt, yon moun ka mande nou pou nou bay yon kado. Men, si nou pa anvi bay li ak tout kè nou, nou mèt bay li, sa pap fè nou gen kè kontan pou sa.

Poukisa Lidi byen kontan resevwa Pòl ak Lik?

Imajine ou gen kèk bonbon ou te vle manje poukont ou, epi mwen di w pou w bay yon lòt timoun nan bonbon sa yo, èske w t ap kontan fè sa? — Bon. E si se ou menm poukont ou ki deside pataje yo ak yon bon zanmi w ou renmen anpil, ou pa panse sa ap fè kè w kontan? —

Pafwa, nou konn tèlman renmen yon moun, nou vle ba l tout sa nou genyen, san nou pa kenbe anyen pou nou. Se sa nou dwe fè pou Bondye si nou renmen l anpil.

Poukisa dam pòv sa a te kontan bay tout sa l te genyen?

Nan tanp Jerizalèm nan, gran Anseyan an te rankontre yon dam pòv ki te renmen Bondye tankou jan nou sot di la a. Tout sa dam sa a te genyen, se te sèlman de ti pyès monnen. Men, li mete toule de nan bwat la, kòm ofrann oswa kado pou tanp lan. Pèsonn pa t fòse l fè sa. Dayè, pifò moun pa t konnen sa l te fè a. Si l te fè sa, se paske l te vle fè l, e se paske li te renmen Jewova toutbon. Sa te fè l plezi dèske l gen posiblite bay. — Lik 21:1-4.

Gen divès fason nou ka bay. Ou ka site kèk? — Si nou bay paske nou anvi bay toutbon, n ap gen kè kontan. Se poutèt sa, gran Anseyan an di nou: “Pran abitid bay.” ​(Lik 6:38). Si nou fè sa, n ap fè kè lòt moun kontan, e nou menm, n ap gen plis kè kontan toujou!

Annou li plis toujou sou fason nou ka jwenn kè kontan lè nou bay, nan Matye 6:1-4; Lik 14:12-14; ak nan 2 Korentyen 9:7.