Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 20

Èske w vle se ou ki pou toujou devan?

Èske w vle se ou ki pou toujou devan?

ÈSKE w konn kèk moun ki vle se yo ki pou toujou devan? — Lè gen moun ki nan yon liy, moun sa yo konn pouse lòt moun pou yo ka pase anvan. Ou konn wè sa? — Gran Anseyan an te menm wè kèk granmoun ki t ap eseye jwenn premye plas oswa plas ki pi enpòtan. E li pa t renmen sa. Ann gade kòman sa te pase.

Èske w konn wè moun k ap eseye pase anvan?

Bib la di nou yo te envite Jezi nan yon gwo repa ki t ap fèt lakay yon Farizyen. (Farizyen yo se te gwo chèf relijye.) Lè Jezi rive, li kòmanse suiv lòt envite yo k ap antre e k ap chwazi pi bèl plas yo. Poutèt sa, li rakonte envite yo yon istwa. Ou ta renmen tande istwa sa a? —

Jezi di: ‘Lè yon moun envite w nan yon resepsyon maryaj, pa chwazi pi bèl plas la.’ Ou konn poukisa Jezi te di sa? — Selon sa li esplike, petèt yo te envite yon moun ki pi enpòtan. Donk, jan ou wè l nan foto a, moun k ap òganize resepsyon an ap vini epi l ap di: ‘Bay mesye sa a plas la, epi ou menm, ale lòtbò a.’ Ki jan envite sa a ap santi l lè sa a? — L ap santi l wont, paske tout lòt envite yo ap gade l k ap deplase al nan yon plas ki mwens anfòm.

Jezi vle ede moun yo konprann li pa byen pou y ap chèche gen pi bèl plas la. Donk, li di yo: ‘Lè yo envite w nan yon resepsyon maryaj, al chita nan dènye plas la. Lè sa a, moun ki envite w la ka vini epi li di w: “Zanmi m, monte pi wo.” Lè sa a, pandan w pral nan pi bon plas la, w ap jwenn onè devan tout lòt envite yo.’ — Lik 14:1, 7-11.

Ki leson Jezi te anseye anrapò ak moun ki te konn pran pi bèl plas yo?

Èske w pran sans istwa Jezi rakonte a? — Ann pran yon egzanp pou n wè si w byen pran sans li. Imajine ou pral monte nan yon bis kote ki gen anpil moun. Èske w ta dwe kouri chita epi ou kite yon granmoun kanpe? — Èske Jezi t ap kontan si w ta aji konsa? —

Gen moun ki ka di Jezi pa enterese nan sa n ap fè. Men, èske w kwè se vre? — Lè Jezi te nan gwo repa lakay Farizyen an, li t ap suiv moun yo ki t ap chwazi plas. Ou pa panse, menm jan an tou, li enterese nan sa n ap fè jodi a? — Piske Jezi nan syèl la kounye a, li byen plase pou l suiv fason n ap aji.

Lè yon moun ap chèche pase devan, sa ka lakòz pwoblèm. Byen souvan, konn gen diskisyon e moun fache. Sa konn rive lè timoun ap monte nan yon bis. Kou yo fè sa yo ouvri pòt bis la, timoun yo fonse pou yo ka antre anvan. Yo vle jwenn pi bon plas yo, sa ki toupre fenèt yo. Ki sa k ka rive nan okazyon sa yo? — Yo ka fè kont youn ak lòt.

Lè yon moun vle devan, sa ka lakòz anpil pwoblèm. Sa te menm rive pami apot Jezi yo. Tankou nou te aprann sa nan chapit 6 liv sa a, yo t ap diskite antre yo pou yo konnen kiyès nan yo ki pi gran. Ki sa Jezi te fè? — Li te korije yo. Men, apre sa, yo te fè lòt diskisyon ankò. Ann gade ki jan sa te fè rive.

Jezi nan wout pou l al Jerizalèm yon dènye fwa. Apot yo akonpaye l ansanm ak kèk lòt moun. Jezi sot pale avèk yo sou Wayòm li an. Donk, Jak ak Jan gentan wè tèt yo k ap dirije kòm wa ansanm avè l. Yo menm pale de sa ak manman yo Salome (Matye 27:56; Mak 15:40). Etan yo nan wout pou y al Jerizalèm, Salome vin kot Jezi, li bese devan l e li mande l yon favè.

Jezi mande l: “Ki sa w vle?” Li fè konnen li ta renmen pou pitit gason l yo chita toupre Jezi nan Wayòm li an, youn adwat, youn agoch. Dapre ou menm, ki jan dis apot yo te reyaji lè yo aprann sa Jak ak Jan te fè manman yo mande a? —

Ki sa Salome mande Jezi, e ki rezilta sa bay?

Yo fache anpil kont Jak ak Jan. Jezi tou pwofite bay tout apot li yo yon bon konsèy. Jezi di yo chèf ki nan nasyon yo renmen pou yo gen pouvwa e pou yo parèt enpòtan. Yo renmen pou yo gen gwo pozisyon kote tout moun ap obeyi yo. Men, Jezi di disip li yo sa pa dwe konsa nan mitan yo. Okontrè, Jezi di yo: “Nenpòt moun ki vle premye pami nou dwe esklav nou.” Ou wè sa! — Matye 20:20-28.

Èske w konn ki travay yon esklav ap fè? — L ap sèvi lòt moun, li pa atann pou lòt moun sèvi l. Li pran dènye plas la, li pa pran premye plas la. Li aji kòm moun ki gen mwens enpòtans, li pa aji kòm moun ki gen plis enpòtans. Epi pa bliye, Jezi di si yon moun vle vin premye, li dwe aji tankou yon esklav anvè lòt moun.

Dapre ou menm, ki sa sa vle di pou nou? — Èske yon esklav ap diskite ak mèt li konsènan kiyès k ap jwenn pi bon plas la? Oswa, èske l ap diskite pou konnen kiyès k ap manje anvan? Sa w panse? — Jezi esplike yon esklav toujou wè avantaj mèt li anvan l wè avantaj pa l. — Lik 17:7-10.

Donk, olye pou n eseye pran devan, ki sa n dwe fè? — Nou dwe aji tankou esklav pou lòt moun. E sa siyifi wè avantaj lòt moun anvan nou wè avantaj pa nou. Sa vle di nou dwe konsidere lòt moun yo pi enpòtan pase nou. Èske w wè ki jan nou ka fè sa? — Annou retounen nan paj 40 ak paj 41 nan liv la pou nou jwenn kèk egzanp.

Sonje sa: gran Anseyan an te konn wè avantaj lòt moun anvan l wè avantaj pa l lè li te konn rann yo sèvis. Dènye swa li te pase ak apot li yo, li te menm bese li lave pye yo. Si nou menm tou, nou mete lòt moun yo anvan lè nou rann yo sèvis, n ap fè ni gran Anseyan an, ni Papa l Jewova, plezi.

Annou li kèk lòt vèsè nan Bib la ki ankouraje nou pou nou kite lòt moun pase anvan nou: Lik 9:48; Women 12:3; ak Filipyen 2:3, 4.