Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

4YÈM PATI

Yo te koute Satan: Ki rezilta sa bay?

Yo te koute Satan: Ki rezilta sa bay?

Adan ak Èv pa t obeyi Bondye, se sa k fè yo mouri. Jenèz 3:6, 23

Èv te koute sèpan an e li te manje nan fwi a. Apre sa, li te bay Adan ladan l, e Adan te manje l.

Sa yo te fè a te mal, se te yon peche. Bondye te fè yo soti nan Paradi a, kote yo te abite a.

Lavi a te vin rèd pou yo menm ak pitit yo. Yo te vin vyeyi e yo mouri. Yo pa t ale nan yon monn envizib. Yo pa t egziste ankò.

Menm jan ak pousyè, moun ki mouri yo pa gen vi nan yo. Jenèz 3:19

Nou mouri paske nou tout soti nan Adan ak Èv. Moun ki mouri yo pa ka wè, yo pa ka tande e yo pa ka fè anyen. — Eklezyas 9:5, 10.

Jewova pa t vle pou moun mouri. Talè konsa, li pral fè moun mouri retounen viv ankò. Si yo koute l, y ap viv pou toutan.