Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

10YÈM PATI

Ki benediksyon moun ki koute Bondye yo pral jwenn?

Ki benediksyon moun ki koute Bondye yo pral jwenn?

Pifò moun ki mouri ap resisite pou yo viv sou tè a. Travay 24:15

Imajine kantite benediksyon ou pral jwenn si w koute Jewova! W ap gen yon sante pafè. Pa gen moun k ap malad oswa k ap enfim. Pap gen move moun, e w ap ka fè tout moun konfyans.

Pap gen doulè, pap gen chagren oswa kriye. Pa gen moun k ap vyeyi e k ap mouri.

Tout moun k ap la yo se pral zanmi w ak fanmi w. Lavi a pral bèl nan Paradi a.

Moun pap pè. Moun pral viv ak kè kontan toutbon.

Wayòm Bondye a pral fè tout soufrans fini. Revelasyon 21:3, 4