Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

11YÈM PATI

Èske Jewova koute priyè nou?

Èske Jewova koute priyè nou?

Bondye tande priyè nou. 1 Pyè 3:12

Jewova “tande priyè” moun fè (Sòm 65:2). Li vle nou di l sa k nan kè nou.

Priye Jewova, pa priye okenn lòt moun.

Nou ka priye pou anpil bagay. 1 Jan 5:14

Priye pou volonte Bondye fèt ni nan syèl la ni sou tè a.

Mande Jewova pou l ede w fè sa ki byen. Ou ka priye tou pou w jwenn manje, travay, kote pou w rete, rad ak sante.

Priye nan non Jezi pou w montre ou bay sa li te fè pou ou a anpil valè.