Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

1YE PATI

Ki jan nou ka koute Bondye?

Ki jan nou ka koute Bondye?

Bondye pale avèk nou pa mwayen Labib. 2 Timote 3:16

Vrè Dye a te fè yon seri mesye ekri panse l yo nan yon liv sakre. Liv sa a se Labib. Li gen enfòmasyon enpòtan Bondye vle w konnen.

Bondye konnen sa ki pi bon pou nou e se nan li menm tout vrè sajès soti. Si nou koute l, n ap vin gen sajès toutbon. — Pwovèb 1:5.

Bondye vle pou tout moun sou tè a li Labib. Li disponib kounye a nan anpil lang.

Si w vle koute Bondye, ou dwe li Labib e ou dwe chèche konprann li.

Moun toupatou ap koute. Matye 28:19

Temwen Jewova yo ka ede w konprann Labib.

Toupatou sou tè a, yo anseye laverite sou Bondye.

Ou pa gen pou w peye anyen pou fòmasyon sa a. Ou ka aprann anpil bagay tou sou Bondye nan Sal Wayòm Temwen Jewova ki nan zòn nan.