Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

3YÈM PATI

Ki jan lavi a te ye nan Paradi a?

Ki jan lavi a te ye nan Paradi a?

Jewova te bay Adan ak Èv anpil bon bagay. Jenèz 1:28

Jewova te fè Èv, premye fi a, e li te bay Adan Èv kòm madanm. — Jenèz 2:21, 22.

Lè Jewova te kreye yo, lespri yo ak kò yo te pafè, san okenn defo.

Yo te abite nan Paradi a, sètadi nan jaden Edenn nan. Se te yon kote ki te bèl anpil, te gen yon gwo rivyè ak pye fwi ak bèt nan jaden an.

Jewova te konn pale avèk yo, li te aprann yo anpil bagay. Si yo te koute l, yo t ap viv pou toutan nan Paradi a sou tè a.

Gen youn nan pyebwa yo Bondye te di pou yo pa manje fwi l. Jenèz 2:16, 17

Jewova te montre Adan ak Èv yon pye fwi nan jaden an e li te di yo si yo manje fwi nan pyebwa sa a, y ap mouri.

Youn nan zanj yo te antre nan fè rebèl ak Bondye. Zanj mechan sa a se Satan Ledyab.

Satan pa t vle Adan ak Èv obeyi Jewova. Konsa, li te sèvi ak yon sèpan pou l di Èv si li manje fwi nan pyebwa sa a, li pap mouri, men l ap vin tankou Bondye. Se te yon manti kri. — Jenèz 3:1-5.