2YÈM PATI
Kiyès vrè Dye a ye?
Gen yon sèl vrè Dye, e non l se Jewova (Sòm 83:18). Li se yon Espri, nou pa ka wè l. Li renmen nou e li vle nou renmen l tou. Li vle pou nou renmen lòt moun tou (Matye 22:35-40). Se li menm ki Toupisan an, se li ki kreye tout bagay.
Premye sa Bondye te kreye se yon espri pisan yo te vin rele Jezi Kris annapre. Jewova te kreye zanj yo tou.