Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 11

Apre jou maryaj la

Apre jou maryaj la

“Lanmou pa janm fayi.” — 1 KORENTYEN 13:8.

1, 2. Si yon maryaj gen pwoblèm, èske sa vle di maryaj la pa reyisi? Esplike.

MARYAJ se yon kado Jewova bay. Maryaj ka fè yon moun vin gen plis kè kontan. Malgre sa, tout maryaj gen pwoblèm pa yo. De moun ki marye ka menm gen enpresyon pwoblèm yo pap janm fini, e yon mari ak madanm li ka pa santi yo pwòch youn ak lòt jan yo te ye anvan an.

2 Nou pa dwe sezi si nou gen pwoblèm nan maryaj nou detanzantan. Men, pwoblèm pa vle di maryaj nou echwe. Menm moun marye ki gen gwo pwoblèm nan maryaj yo konn rive jwenn fason pou yo amelyore relasyon yo e pou yo fè maryaj yo vin pi solid. Ki jan yo fè sa?

CHÈCHE VIN PI PWÒCH BONDYE E CHÈCHE VIN PI PWÒCH YOUN AK LÒT

3, 4. Ki sa k ka rive pafwa nan yon maryaj?

3 Maryaj mete de moun ki diferan ansanm, yo chak gen bagay yo renmen ak bagay yo pa renmen, yo gen ide ki diferan e yo chak gen fason pa yo pou yo fè yon seri bagay. E de moun yo konn pa gen menm kilti. Sa mande tan ak efò pou de moun marye yo rive konn youn lòt byen e pou youn byen konprann lòt.

4 Tank tan ap pase, yon mari ak yon madanm kapab tèlman okipe nan aktivite pa yo, sa fè youn vin pran distans ak lòt. Se kòmsi yo chak ap viv lavi pa yo apa. Ki sa k ka ede yo vin pi pwòch?

Konsèy Bib la bay yo nesesè pou yon maryaj reyisi.

5. a) Ki sa ki ka ede yon kretyen vin pi pwòch moun li marye avè l la? b) Selon sa nou jwenn nan Ebre 13:4, ki jan n dwe konsidere maryaj?

5 Jewova bay bonjan konsèy ki ka ede ou menm ak moun ou marye avè l la pou n vin pi pwòch li e pou n vin pi pwòch youn lòt (Sòm 25:4; Ezayi 48:17, 18). Li di: “Se pou tout moun onore maryaj.” (Ebre 13:4). Yon bagay ou onore se yon bagay ou bay anpil valè. Ou pwoteje l e w pa konsidere l kòm yon bagay konsa konsa. Se fason sa a Jewova vle pou nou konsidere maryaj.

LANMOU POU JEWOVA KA EDE W NAN MARYAJ OU

6. Ki sa Matye 19:4-6 fè nou konnen sou fason Jewova konsidere maryaj?

6 Se Jewova ki te fè premye maryaj la. Jezi, Pitit Gason l lan, te di: “Èske nou pa li Sila a ki te kreye lòm depi nan kòmansman an te fè ni gason ni fi, e li te di: ‘Se pou rezon sa a, yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li, e yo de a ap vin yon sèl chè’? Konsa, yo pa de ankò, men yo se yon sèl chè. Kidonk, sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” (Matye 19:4-6). Depi okòmansman, Jewova te vle pou maryaj dire. Li te vle pou moun nan fanmi yo pwòch youn ak lòt, pou yo gen kè kontan e pou yo pwofite lavi a ansanm.

7. Ki jan mari yo ak madanm yo kapab fè maryaj yo vin solid?

7 Nan epòk nou an moun ki marye yo fè fas ak plis strès e ak plis presyon pase lòt epòk yo. Pafwa, presyon an konn tèlman fò, sa fè moun yo panse yo pa ka sove maryaj la e sa fè yo bay vag. Men, lè nou konprann fason Jewova konsidere maryaj, sa ka ede nou. — 1 Jan 5:3.

8, 9. a) Nan ki moman sitou nou dwe suiv direksyon Jewova bay sou maryaj? b) Ki jan nou ka montre maryaj nou gen valè pou nou?

8 Direksyon Jewova bay toujou bon pou nou. Jan nou te wè sa, li di nou: “Se pou tout moun onore maryaj.” (Ebre 13:4; Eklezyas 5:4). Si nou suiv direksyon Jewova bay menm lè sa difisil, sa ap bon pou nou san mank. — 1 Tesalonisyen 1:3; Ebre 6:10.

9 Kòm maryaj nou gen anpil valè pou nou, n ap evite fè oswa di kèlkeswa bagay ki ka kreye pwoblèm ladan l. Se sa k fè, nou fè efò pou relasyon nou ak moun nou marye avè l la vin pi solid. Ki jan nou ka fè sa?

ONORE MARYAJ OU NAN SA W AP DI AK NAN SA W AP FÈ

10, 11. a) Ki gwo pwoblèm ki konn gen nan kèk maryaj? b) Sa k fè fason nou pale ak mari nou oswa madanm nou enpòtan?

10 Gen anpil fason yon moun kapab lakòz moun li marye avè l la soufri. Nou konnen yon kretyen pa dwe janm bay moun li marye avè l la kou ni fè anyen pou l fè l mal nan domèn fizik. Poutan, nou youn ka fè lòt mal ak pawòl nou. Pawòl kapab tounen zam. Men sa yon dam di: “Mari m kale m ak bouch li. Mwen gendwa pa gen mak sou kò m, men li blese santiman m akoz l ap plede di m yon seri pawòl imilyan tankou: ‘Ou se yon pwa lou pou mwen!’ ‘Ou pa vo anyen!’” Gen yon mari ki fè konnen madanm li toujou ap rabese l ak pawòl nan bouch li e li plede ba l non. Mari a di: “Mwen pa ka repete bagay li di m yo devan moun. Sa lakòz mwen pa ka pale avè l. E se poutèt sa, mwen ret nan travay mwen byen ta. Sa pi bon lontan pase pou m rantre lakay mwen.” Joure moun, di moun pawòl ki pou blese yo ak pawòl ki di ki lakòz moun soufri se bagay ki kouran jodi a.

11 Lè yon mari ak madanm li di youn lòt pawòl pou blese yo, sa lakòz yo blese santiman youn lòt e blese sa yo pran tan pou yo geri. Li klè, se pa konsa Jewova vle yon mari ak madanm li trete youn lòt. Men, li posib pou nou blese moun nou marye avè l la san nou pa rann nou kont. Ou ka santi ou janti avè l, men èske li menm li santi sa? Si w abitye di yon bagay ki blese moun ou marye avè l la, èske w dispoze chanje? — Galat 5:15; li Efezyen 4:31.

12. Ki sa k ka gen efè sou relasyon yon moun ki marye genyen ak Jewova?

12 Fason w pale ak moun ou marye avè l la, kit se devan moun, kit se lè n poukont nou, gen enpòtans pou Jewova. (Li 1 Pyè 3:7.) Men sa Jak 1:26 fè nou sonje: “Si yon moun panse l ap adore Bondye, epoutan li pa bride lang li, se twonpe l ap twonpe tèt li, e adorasyon l ap bay la pa gen valè.”

13. Ki lòt fason yon moun kapab fè moun li marye avè l la mal?

13 Gen lòt fason ankò de moun ki marye dwe gen konsiderasyon youn pou lòt. Pa egzanp, ki jan moun ou marye avè l la ap santi l si w kòmanse pase anpil tan ak yon lòt moun? Menmsi se kapab pou yon bon rezon, tankou travay ansanm ak moun nan nan predikasyon oswa ede l ak yon pwoblèm, èske sa pap fè moun ou marye avè l la mal? Men sa yon kretyèn ki marye di: “Sa fè m mal lè m wè mari m pase tout tan sa a ak yon sè nan kongregasyon an, lè m wè li ba l tout atansyon sa a. Sa fè m santi m pa gen valè.”

14. a) Ki verite de baz nou jwenn nan Jenèz 2:24? b) Ki kesyon nou dwe poze tèt nou?

14 Antanke kretyen, nou dwe paran nou ak frè ak sè nan kongregasyon nou yon seri bagay. Men, lè nou marye, se mari nou oswa madanm nou ki gen priyorite. Jewova di yon mari “pral atache ak madanm li”. (Jenèz 2:24.) Santiman moun nou marye avè l la dwe gen anpil enpòtans pou nou. Nou ta dwe mande tèt nou: ‘Èske m bay moun mwen marye avè l la tan, atansyon ak afeksyon li bezwen e li merite?’

15. Sa k fè kretyen ki marye yo dwe evite vin twò bon zanmi ak yon moun ki pa mari yo oswa madanm yo?

15 Si nou vin twò bon zanmi ak yon moun ki pa mari nou oswa madanm nou, sa ap mete strès nan maryaj la. Nou ka vin atache ak moun nan e nou ka vin kòmanse gen santiman pou li (Matye 5:28). Santiman sa yo ka vin fò e yo ka lakòz nou fè yon bagay ki dezonore maryaj nou.

“SE POU KABANN MARYAJ LA SAN SALTE”

16. Ki lòd Bib la bay anrapò ak maryaj?

16 Apre Bib la fin di “se pou tout moun onore maryaj”, li di: “Se pou kabann maryaj la san salte, paske Bondye pral jije ni moun k ap fè imoralite seksyèl, ni moun k ap fè adiltè.” (Ebre 13:4). Nan ka sa a, “kabann maryaj la” vle di relasyon seksyèl ant yon mari ak madanm li (Pwovèb 5:18). Ki jan nou ka demontre respè pou relasyon sa a e ki jan nou ka fè pou n pa sal li?

17. a) Ki jan anpil moun konsidere adiltè jodi a? b) Ki jan kretyen yo dwe konsidere adiltè?

17 Jodi a, gen moun ki panse pa gen anyen mal si yo pa fidèl ak moun yo marye avè l la. Nou pa ka kite mantalite sa a gen efè sou nou. Jewova fè konnen aklè li rayi imoralite seksyèl ak adiltè. (Li Women 12:9; Ebre 10:31; 12:29.) Si nou ta gen relasyon seksyèl ak yon moun ki pa mari nou oswa madanm nou, nou t ap sal maryaj nou. Nou t ap montre nou pa gen respè pou prensip Jewova yo, e sa t ap gen move efè sou relasyon nou gen avè l la. Se sa k fè, nou dwe evite fè ata premye pa ki ka fè nou fè adiltè. Sa gen ladan l evite gen panse ki pa pwòp sou yon moun ki pa mari nou oswa madanm nou. — Jòb 31:1.

18. a) Poukisa adiltè se tankou adore fo dye? b) Ki jan Jewova konsidere adiltè?

18 Nan Izrayèl tan lontan an, nan Lwa Bondye te bay Moyiz la, li te fè konnen adiltè se yon peche ki grav, menm jan ak adore fo dye. Si yon moun te fè youn oswa lòt nan peche sa yo, kòm santans se touye yo t ap touye l (Levitik 20:2, 10). Nan ki sans adiltè menm jan ak adore fo dye? Si yon Izrayelit te adore fo dye, li pa t ap respekte pwomès li te fè pou l fidèl ak Jewova a. Si l te fè adiltè, li pa t ap respekte pwomès li te fè pou l fidèl ak moun li marye avè l la. (Egzòd 19:5, 6; Detewonòm 5:9; li Malachi 2:14.) Li klè, nan tan lontan, Jewova te konsidere adiltè kòm yon peche ki grav anpil.

19. Ki sa ki ka ede nou pran detèminasyon pou n pa fè adiltè?

19 E jodi a? Se vre nou pa sou Lalwa Moyiz ankò, men Jewova toujou konsidere adiltè menm jan an. Menm jan nou pap janm al adore fo dye, se konsa tou nou pa dwe janm pa fidèl ak moun nou marye avè l la (Sòm 51:1, 4; Kolosyen 3:5). Si nou pa ta fidèl avè l, nou t ap dezonore maryaj nou e n t ap dezonore Bondye nou an, Jewova. — Gade nòt 26.

FASON POU N FÈ MARYAJ NOU PI SOLID

20. Ki jan sajès kapab ede nan yon maryaj?

20 Ki jan w ka fè maryaj ou vin pi solid? Pawòl Bondye a di: “Se grasa sajès y ap bati yon kay, e se bon jijman k ap fè l rete djanm.” (Pwovèb 24:3). Yon kay kapab frèt e l ka vid oswa li ka agreyab, konfòtab e li fè moun ki ladan l yo santi yo an sekirite. Se menm bagay la pou yon maryaj. Yon moun ki gen sajès ap asire l maryaj li agreyab, li bay kè kontan e moun ki marye avè l la santi l an sekirite.

21. Ki jan konesans ka fè yon maryaj vin pi solid?

21 Men sa Bib la di konsènan yon kay ki agreyab: “Se grasa konesans chanm li yo ap plen ak tout kalite bon bagay ki gen valè.” (Pwovèb 24:4). Sa w aprann nan Pawòl Bondye a kapab fè maryaj ou vin pi bon (Women 12:2; Filipyen 1:9). Lè ou menm ak moun ou marye avè l la ap li Bib la ak piblikasyon yo ansanm, pale sou fason nou ka aplike sa nou aprann yo. Gade ki fason youn ka montre lòt la li renmen l, li respekte l, li janti avè l e li gen konsiderasyon pou li. Mande Jewova pou l ede w vin gen kalite k ap fè maryaj la vin pi solid e k ap fè moun ou marye avè l la vin renmen w plis. — Pwovèb 15:16, 17; 1 Pyè 1:7.

Konte sou Jewova pou n jwenn direksyon l nan adorasyon an fanmi an.

22. Poukisa nou dwe demontre lanmou ak respè pou moun nou marye avè l la, e nou dwe onore l?

22 Nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou demontre lanmou ak respè pou mari nou oswa madanm nou, e pou n onore l. Lè sa a, maryaj nou ap vin pi agreyab e l ap vin pi solid. E sa k pi enpòtan an, n ap fè kè Jewova kontan. — Sòm 147:11; Women 12:10.