Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 7

Èske w bay lavi anpil valè menm jan ak Bondye?

Èske w bay lavi anpil valè menm jan ak Bondye?

“Se ou menm ki sous lavi a.” — SÒM 36:9.

1, 2. a) Ki kado ki gen anpil valè Jewova ban nou? b) Ki lòt bagay ki gen valè Jewova ban nou pou ede n gen pi bèl vi ki te ka genyen an?

JEWOVA bay nou chak yon bèl kado. Kado sa a se lavi (Jenèz 1:27). Li vle nou gen pi bèl vi ki te ka genyen an. Se sa k fè li ban nou prensip k ap montre n ki jan nou ka pran bon desizyon. Nou ta dwe sèvi ak prensip sa yo pou ede n “fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal”. (Ebre 5:14.) Lè nou fè sa, nou kite Jewova antrene nou pou n konn ki jan pou n byen reflechi. Tank n ap viv selon prensip Bondye yo e tank n ap wè jan yo fè lavi nou vin pi bon, se tank n ap vin konprann jan yo vrèman gen valè.

2 Lavi a konn vrèman konplike. Byen souvan, gen sitiyasyon ki parèt devan nou kote pa gen yon lwa byen presi nan Bib la nou ka suiv. Pa egzanp, nou ka bezwen pran desizyon anrapò ak tretman medikal ki gen rapò ak san. Ki jan nou ka pran desizyon k ap fè Jewova plezi? Labib gen prensip ki fè n konnen fason Jewova konsidere lavi ak san. Si nou konprann prensip sa yo, n ap kapab pran bon desizyon, e konsyans nou ap rete klè (Pwovèb 2:6-11). Kounye a, ann wè kèk nan prensip sa yo.

KI JAN BONDYE KONSIDERE LAVI AK SAN?

3, 4. a) Ki jan Bondye fè n konnen fason li konsidere san? b) Ki sa san reprezante?

3 Labib fè n konnen san sakre paske li reprezante lavi. E lavi gen anpil valè pou Jewova. Lè Kayen te touye frè l la, Jewova te di l: “Men san frè w la atè a ap rele m pou l mande jistis.” (Jenèz 4:10). San Abèl te reprezante lavi l. Lè Jewova te pale de san Abèl, li t ap pale de lavi Abèl.

4 Apre delij la, ki te fèt nan epòk Noye, Bondye te di lèzòm yo ka manje vyann. Men, li te di byen klè: “Nou pa dwe manje bèt ki ak tout san l nan li.” (Jenèz 9:4). Lòd sa a valab pou tout desandan Noye yo, e nou ladan l tou. Li klè, pou Jewova, san reprezante lavi. Nou dwe konsidere san menm jan an. — Sòm 36:9.

5, 6. Ki jan Lwa Moyiz la montre fason Jewova konsidere lavi ak san?

5 Nan Lwa Jewova te bay Izrayelit yo pa mwayen Moyiz la, li te di: “Si yon [moun] [...] manje san, kèlkeswa san an, m ap vire do bay moun ki manje san an, e m ap retire l nan mitan pèp la. Paske lavi se nan san an li ye.” — Levitik 17:10, 11.

6 Lwa Moyiz la te fè konnen lè yon moun te touye yon bèt pou l manje, li te dwe vide san an atè. Sa te montre lavi bèt la sakre e se pou Jewova, li menm ki Kreyatè a, lavi a ye (Detewonòm 12:16; Ezekyèl 18:4). Men, Jewova pa t atann pou Izrayelit yo retire tout ti gout san nan yon bèt. Depi yo te fè san an soti, yo te ka manje vyann nan ak yon konsyans ki klè. Lè yo te demontre respè pou san bèt la, yo te demontre respè pou Jewova, Bondye ki bay lavi a. Mete sou sa, selon Lalwa, Izrayelit yo te dwe ofri bèt kòm sakrifis pou kouvri peche yo. — Gade nòt 19 ak nòt 20.

7. Ki jan David te demontre respè pou san?

7 Nou ka wè tout enpòtans san genyen lè nou egzamine yon bagay David te fè lè l t ap goumen ak moun Filisti yo. Mesye ki te avèk David yo te wè David swaf anpil, yo ale nan yon zòn ki danjere kote ènmi yo te ye, epi yo te riske lavi yo pou yo pran dlo pou li. Men, lè yo pote dlo a bay David, li te refize bwè l e “li te vide l atè pou Jewova”. Li di: “O Jewova, sa pa t ap janm vin nan lide m pou m fè yon bagay konsa! Èske m te ka bwè san mesye sa yo ki t al riske lavi yo pou y al pran dlo a?” David te konprann jan lavi ak san gen anpil valè pou Bondye. — 2 Samyèl 23:15-17.

8, 9. Jodi a, ki jan kretyen yo dwe konsidere san?

8 Nan epòk premye kretyen yo, pèp Bondye a pa t gen pou l fè sakrifis bèt ankò. Men, yo te dwe toujou konsidere san yon fason ki kòrèk. Youn nan pati nan Lalwa Jewova mande kretyen yo pou yo obeyi se pati ki mande pou moun “evite [...] san” an. Menm jan li te enpòtan pou yo evite imoralite seksyèl oswa idolatri, se konsa tou li te enpòtan pou yo evite san. — Travay 15:28, 29.

Ki jan m t ap esplike desizyon m pran anrapò ak fraksyon san?

9 Se menm bagay la tou jodi a. Antanke kretyen, nou konnen se Jewova ki Sous lavi a e nou konnen tout sa ki vivan se pou li. Nou vin konprann tou san se yon bagay ki sakre e li reprezante lavi. Se sa k fè, nou dwe asire n nou egzamine prensip ki nan Bib la lè nou gen nenpòt desizyon pou n pran anrapò ak tretman kote yo sèvi ak san.

FASON LAMEDSIN SÈVI AK SAN

10, 11. a) Ki jan Temwen Jewova yo konsidere kesyon pran san oswa pran nenpòt nan kat pati ki pi enpòtan nan san an? b) Ki desizyon pèsonèl chak kretyen gen pou l pran?

10 Temwen Jewova yo konprann lè Bondye di “evite [...] san” an, li vle di plis pase pa manje san oswa pa bwè l. Li vle di pou yo pa pran san (transfizyon san), bay san pa yo ak stoke pwòp san pa yo pou yo ba yo l annapre. Sa vle di tou pou yo pa pran okenn nan kat pati ki pi enpòtan nan san an, anpalan de globil wouj, globil blan, plakèt ak plasma.

11 Yo konn retire eleman ki pi piti nan kat pati ki pi enpòtan nan san an. Yo rele eleman sa yo fraksyon san. Se chak kretyen ki pou deside si l ap aksepte oswa si l pap aksepte fraksyon san. Menm prensip la valab tou pou teknik medikal kote yo sèvi ak san pasyan an. Se chak kretyen ki pou deside fason yo dwe sèvi ak san l pandan yon operasyon, yon tès medikal oswa yon tretman l ap suiv. — Gade nòt 21.

12. a) Sa k fè desizyon nou pran selon konsyans nou enpòtan pou Jewova? b) Ki jan nou ka pran bon desizyon anrapò ak teknik e ak tretman medikal?

12 Èske Jewova enterese vre nan desizyon nou pran selon konsyans nou? Wi, li enterese nan yo. Panse nou ak entansyon nou enpòtan pou Jewova. (Li Pwovèb 17:3; 24:12.) Kòm nou konn sa, lè n ap pran desizyon anrapò ak tretman e ak teknik medikal, nou dwe priye Jewova pou l gide nou epi nou dwe fè rechèch sou kesyon an. Apre sa, nou dwe kite konsyans nou ki fòme grasa Bib la ede n pran desizyon an. Nou pa dwe mande lòt moun ki sa yo t ap fè si yo te nan plas nou, ni lòt moun pa dwe eseye fè n chanje desizyon nou. Chak kretyen ap “pote pwòp chay pa l”. — Galat 6:5; Women 14:12.

LWA JEWOVA YO MONTRE LI RENMEN NOU

13. Lè nou wè lwa ak prensip Jewova bay konsènan san, ki sa sa aprann nou sou li?

13 Tout sa Jewova mande nou fè se pou byen nou e yo montre li renmen nou (Sòm 19:7-11). Men, nou pa obeyi Jewova sèlman paske sa l mande nou fè yo bon pou nou. Nou obeyi l paske nou renmen l. Lanmou nou gen pou Jewova pouse n pou n pa pran san (Travay 15:20). Sa pwoteje sante nou tou. Jodi a, pifò moun okouran kèk danje ki genyen nan pran san, e gen anpil doktè ki kwè li pi bon pou sante malad yo pou yo pa ba yo san lè y ap opere yo. Li klè, sa Jewova mande nou fè yo se bagay ki bon pou nou e ki demontre lanmou l gen pou nou. — Li Ezayi 55:9; Jan 14:21, 23.

14, 15. a) Site kèk lwa Jewova te bay pèp li a pou pwoteje yo. b) Ki jan w ka suiv prensip kote lwa sa yo soti yo?

14 Jewova toujou bay lwa pou byen pèp li a. Li te bay Izrayèl nan tan lontan an yon seri lwa pou pwoteje yo kont gwo aksidan. Pa egzanp, gen yon lwa ki te egzije pou yon mèt kay mete yon ti mi toutotou tèt kay li si tèt kay la te plat, dekwa pou pèsonn pa t sot sou tèt kay la tonbe anba (Detewonòm 22:8). Gen yon lòt lwa ki te gen rapò ak bèt. Si yon moun te gen yon towo bèf ki mechan, li te gen responsablite pou l anpeche bèf la atake oswa touye moun (Egzòd 21:28, 29). Si yon Izrayelit pa t obeyi lwa sa yo, li t ap koupab si yon moun ta mouri akoz sa.

15 Lè nou reflechi sou lwa sa yo, nou ka wè lavi gen anpil valè pou Jewova. Ki efè sa dwe gen sou nou? Nou dwe montre nou respekte lavi nan fason nou pran swen kay nou ak machin nou, nan fason nou kondui ak fason nou chwazi detann nou. Gen kèk moun, sitou jèn yo, ki panse anyen mal pa ka rive yo, konsa, yo pran risk e yo fèmen je sou danje ki ka prezante. Men, se pa konsa Jewova vle nou aji. Li vle nou aji yon fason ki montre nou bay ni lavi pa nou ni lavi lòt moun enpòtans. — Eklezyas 11:9, 10.

16. Ki jan Jewova konsidere kesyon jete pitit la?

16 Lavi tout moun enpòtan pou Jewova. Menm yon tibebe ki poko fèt gen valè pou li. Selon Lwa Moyiz la, si yon moun te frape yon fi ansent pa aksidan, e si fi a oswa tibebe ki nan vant li a mouri, Jewova te konsidere moun sa a koupab paske l touye yon moun. Sa vle di, menmsi se pa aksidan yon moun te touye yon moun, li te oblije bay lavi pa l pou peye pou lavi moun nan. (Li Egzòd 21:22, 23.) Pou Bondye, menm yon tibebe ki poko fèt se yon moun ki deja ap viv. Kidonk, ki jan w panse li konsidere kesyon jete pitit la? Ki jan w panse li santi l lè l wè y ap touye plizyè milyon tibebe ki nan vant chak ane?

17. Ki konsolasyon yon fi ki te jete pitit anvan l konn Jewova ka jwenn?

17 E si yon fi te jete pitit anvan l te aprann konn fason Jewova konsidere sa? Li ka gen asirans Jewova kapab padone l sou baz sakrifis Jezi a (Lik 5:32; Efezyen 1:7). Si yon fi te fè yon erè konsa e li vrèman regrèt sa l te fè a, li pa bezwen kontinye santi l koupab. “Jewova gen mizèrikòd ak konpasyon [...]. Menm jan kote solèy la leve a lwen kote li kouche a, se konsa tou li mete peche nou yo lwen nou.” — Sòm 103:8-14.

EVITE MOVE PANSE

18. Poukisa nou dwe fè tout sa n kapab pou n chase move panse?

18 Se nan fon kè nou pou n kòmanse gen respè pou lavi Bondye ban nou an ki se yon kado. Youn nan bagay k ap montre respè sa a se fason nou konsidere lòt moun. Apot Jan te ekri: “Yon moun ki rayi frè l se yon asasen.” (1 Jan 3:15). Nou ka vin rayi yon moun anvan menm nou rann nou kont sa, alòske okòmansman se jis san nou ki pa t ale avè l. Lahèn ka fè yon moun derespekte lòt moun, sa ka fè l lage fo akizasyon sou do yo, oswa menm swete pou yo mouri. Jewova konnen ki jan nou konsidere lòt moun (Levitik 19:16; Detewonòm 19:18-21; Matye 5:22). Si nou wè nou gen move panse, panse ki demontre nou rayi yon moun, nou dwe fè gwo efò pou n chase panse sa yo. — Jak 1:14, 15; 4:1-3.

19. Ki lòt fason nou ka montre nou bay lavi enpòtans?

19 Gen yon lòt fason nou ka montre nou bay lavi enpòtans. Nan Sòm 11:5, nou aprann Jewova “rayi nenpòt moun ki renmen vyolans”. Si nou chwazi divètisman ki vyolan, petèt sa montre nou renmen vyolans. Èske l t ap bon pou n mete pawòl, lide ak imaj ki vyolan nan lespri nou? Olye de sa, nou dwe mete panse ki pwòp nan lespri nou ak panse k ap ankouraje n fè lapè. — Li Filipyen 4:8, 9.

PA FÈ PATI ÒGANIZASYON KI PA RESPEKTE LAVI

20-22. a) Ki jan Jewova konsidere monn Satan an? b) Ki jan pèp Bondye a montre yo “pa fè pati monn nan”?

20 Monn Satan an pa gen respè pou lavi, e Jewova konsidere l koupab, sa vle di li konsidere l kòm asasen. Pandan syèk ki pase yo, politik lakòz lanmò plizyè milyon moun, e pami yo gen anpil sèvitè Jewova. Labib pale de gouvènman sa yo kòm bèt fewòs ki sovaj (Dànyèl 8:3, 4, 20-22; Revelasyon 13:1, 2, 7, 8). Jodi a, kesyon vann zam nan se yon gwo biznis. Gen moun ki fè anpil lajan nan vann zam k ap touye moun. Li klè, “lemonnantye anba pouvwa Mechan an”. — 1 Jan 5:19.

21 Men, vrè kretyen yo “pa fè pati monn nan”. Pèp Jewova a pa nan politik e yo pa nan lagè. Yo pa touye moun e yo pa soutni okenn òganizasyon k ap touye moun (Jan 15:19; 17:16). Lè yo pèsekite kretyen yo, yo pa reyaji ak vyolans. Jezi te fè konnen nou dwe renmen menm ènmi nou yo. — Matye 5:44; Women 12:17-21.

22 Relijyon tou lakòz plizyè milyon moun mouri. Men sa Bib la di konsènan Gran Babilòn nan, sa vle di tout fo relijyon ki nan monn nan: “Yo jwenn san pwofèt yo lakay li, ak san moun ki sen yo, ak san tout moun yo touye sou tè a.” Èske w konprann poukisa Jewova ban nou lòd sa a: “Sot ladan l, pèp mwen”? Moun k ap adore Jewova yo pa mele ak fo relijyon. — Revelasyon 17:6; 18:2, 4, 24.

23. Ki sa sa mande pou yon moun “sot” nan Gran Babilòn nan?

23 Pou yon moun “sot” nan Gran Babilòn nan, sa mande pou l asire l li pa fè pati okenn fo relijyon ankò. Pa egzanp, nou ka oblije asire nou non nou pa sou lis manm yon legliz ankò. Men, gen lòt bagay pou n fè toujou. Nou bezwen rayi bagay mal fo relijyon yo ap fè yo epi rejte yo. Fo relijyon yo aksepte imoralite seksyèl, politik ak tanta e yo ankouraje moun nan bagay sa yo. (Li Sòm 97:10; Revelasyon 18:7, 9, 11-17.) Sa lakòz plizyè milyon moun pèdi lavi yo pandan ane ki pase yo.

24, 25. Lefètke nou konnen Jewova, ki jan sa fè nou gen lapè ak yon konsyans ki klè?

24 Anvan nou te konnen Jewova, nou tout te soutni move bagay monn Satan an ap fè yo yon fason oubyen yon lòt. Men, kounye a nou chanje. Nou aksepte ranson an e nou vwe lavi nou bay Bondye. Nou vin ap pwofite ‘tan soulajman Jewova bay la’. Nou gen lapè ak yon konsyans ki klè paske nou konnen nou fè Bondye plezi. — Travay 3:19; Ezayi 1:18.

25 Menmsi gen yon lè nou te fè pati yon òganizasyon ki pa respekte lavi, Jewova ka padone nou sou baz ranson an. Nou vrèman apresye lavi ki se yon kado Jewova ban nou. Nou montre apresyasyon sa a lè nou fè tout sa nou kapab pou nou ede lòt moun konn Jewova, pou yo kite monn Satan an, e pou yo vin bon zanmi Bondye. — 2 Korentyen 6:1, 2.

FÈ LÒT MOUN KONN WAYÒM NAN

26-28. a) Ki travay espesyal Jewova te bay Ezekyèl fè? b) Ki sa Jewova mande nou fè jodi a?

26 Nan Izrayèl tan lontan an, Jewova te di pwofèt Ezekyèl pou l fè pèp la konnen Jerizalèm t ap detwi anvan lontan e pou l te fè yo konnen sa pou yo fè pou yo chape. Si Ezekyèl pa t avèti pèp la, Jewova t ap rann li responsab lavi yo (Ezekyèl 33:7-9). Ezekyèl te montre li bay lavi anpil enpòtans lè l te fè tout sa l kapab pou l pataje mesaj enpòtan sa a avèk yo.

27 Jewova mande n pou nou fè moun yo konnen talè konsa monn Satan an pral detwi e pou nou ede yo konnen Jewova ak fason pou yo chape pou yo ka viv nan monn nouvo a (Ezayi 61:2; Matye 24:14). Nou vle fè tout sa nou kapab pou nou pataje mesaj sa a ak lòt moun. Nou ta renmen di menm jan ak Pòl: “Mwen pa responsab san pèsonn, paske mwen pa t ezite fè nou konnen tout sa Bondye deside.” — Travay 20:26, 27.

28 Natirèlman, pou nou rete nan lanmou Bondye nou dwe fè plis pase konsidere lavi ak san menm jan Jewova konsidere yo. Nou bezwen rete pwòp nan je l tou. Nou pral egzamine sijè sa a nan chapit ki vin apre a.