Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 3

Fè zanmi ak moun ki renmen Bondye

Fè zanmi ak moun ki renmen Bondye

“Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès.” — PWOVÈB 13:20.

1-3. a) Ki sa Pwovèb 13:20 aprann nou? b) Poukisa nou bezwen byen chwazi zanmi nou?

ÈSKE W konn wè jan yon tibebe ap gade paran l? Menm lè li poko konn pale, li aprann anpil bagay grasa sa l wè ak sa l tande. Toutpandan l ap grandi, li kòmanse imite paran l san l pa rann li kont. Sa pa fè nou sezi pou n wè menm granmoun kapab kòmanse panse oswa aji menm jan ak moun yo pase anpil tan avèk yo.

2 Men sa nou li nan Pwovèb 13:20: “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès.” Nan vèsè sa a, ide “mache ak” yon moun gen ladan l chwazi pase tan ak moun nan. Sa vle di plis pase annik avèk moun nan. Gen yon moun ki fè etid sou lang yo te ekri Bib la ki fè konnen mache ak yon moun gen ladan l renmen moun nan epi santi w pwòch avè l. Li pi fasil pou moun nou pase anpil tan avèk yo gen efè sou nou, sitou si nou pwòch avèk yo.

3 Zanmi nou ka gen yon bon oswa yon move efè sou nou. Men sa Pwovèb 13:20 di ankò: “Moun ki annafè ak moun ki sòt, sa ap mal pou li.” Nan lang ebre a, lè yo di yon moun “annafè ak” yon lòt, sa ka vle di li fè zanmi ak moun nan (Pwovèb 22:24). Si zanmi nou renmen Bondye, y ap ankouraje n rete fidèl avè l. Pou ede nou byen chwazi zanmi nou, nou pral pale sou kalite moun Jewova chwazi kòm zanmi l.

KI MOUN KI ZANMI BONDYE?

4. Sa k fè se yon gwo onè pou yon moun zanmi Bondye? Sa k fè Jewova te rele Abraram “zanmi m”?

4 Jewova, Mèt linivè a, ban nou posiblite pou n vin zanmi l. Se yon gwo onè sa ye! Jewova byen chwazi zanmi l. Li chwazi moun ki renmen l e ki gen lafwa nan li. Ann pran egzanp Abraram. Li te pare pou l fè nenpòt bagay pou Bondye. Plizyè fwa, Abraram te montre li gen lafwa e li obeyisan. Li te menm dispoze bay Izarak, pitit gason l lan, kòm sakrifis. Abraram te gen konfyans “Bondye te ka menm leve [Izarak] sot nan lanmò”. (Ebre 11:17-19; Jenèz 22:1, 2, 9-13.) Abraram te fidèl e li te obeyisan, se pou sa Jewova te rele l “zanmi m”. — Ezayi 41:8; Jak 2:21-23.

5. Ki jan Jewova konsidere moun ki fidèl avè l yo?

5 Jewova bay zanmi l yo anpil valè. Zanmi Jewova yo se moun ki bay fidelite yo avè l plis enpòtans pase tout lòt bagay. (Li 2 Samyèl 22:26.) Yo fidèl ak Bondye e yo obeyi l paske yo renmen l. Labib fè konnen Bondye “bon zanmi ak moun ki dwat”, moun ki obeyi l (Pwovèb 3:32). Jewova envite zanmi l yo pou yo vin nan “tant” li kòm envite espesyal li. Li envite yo adore l e priye l nenpòt lè. — Sòm 15:1-5.

6. Ki jan nou ka montre nou renmen Jezi?

6 Jezi te di: “Si yon moun renmen m, l ap obeyi pawòl mwen, Papa m ap renmen l.” (Jan 14:23). Donk, pou nou vin zanmi Jewova, nou dwe renmen Jezi tou epi fè sa Jezi te anseye nou pou n fè yo. Pa egzanp, nou obeyi lòd Jezi te bay pou n preche bon nouvèl la e pou n fè disip la (Matye 28:19, 20; Jan 14:15, 21). Kòm nou renmen Jezi, nou “suiv tras li pye pou pye”. (1 Pyè 2:21.) Jewova kontan lè l wè n ap fè tout sa n kapab pou n imite Pitit li a nan tout sa n ap di ak sa n ap fè.

7. Poukisa nou dwe asire n zanmi nou yo se zanmi Jewova?

7 Zanmi Jewova yo fidèl, yo obeyisan e yo renmen Pitit li a. Èske moun ki zanmi nou se menm kalite moun Jewova chwazi kòm zanmi l? Si zanmi w yo imite Jezi e yo okipe nan anseye lòt moun Wayòm Bondye a, yo ka ede w vin yon pi bon moun epi rete fidèl ak Jewova.

KÈK MOUN NAN BIB LA KI BAN NOU EGZANP

8. Ki sa w pi renmen nan amitye Rit te genyen ak Nawomi an?

8 Nan Bib la, yo pale de anpil amitye, tankou amitye Rit te genyen ak Nawomi, bèlmè l la. De medam sa yo pa t soti nan menm peyi e yo pa t leve menm jan, epi Nawomi te pi gran lontan pase Rit. Men, yo te vin bon zanmi paske yo toude te renmen Jewova. Lè Nawomi t ap kite peyi Mowab pou l tounen ann Izrayèl, Rit te “rete ansanm ak bèlmè l” la. Li te di Nawomi: “Pèp ou a ap pèp mwen, e Bondye w la ap Bondye m.” (Rit 1:14, 16). Rit te vrèman byen viv ak Nawomi. Lè yo te rive ann Izrayèl, Rit te travay di pou l te ede zanmi l lan. Nawomi te renmen Rit anpil e li te ba l bon konsèy. Rit te koute l, sa ki te pèmèt yo toude jwenn anpil benediksyon. — Rit 3:6.

9. Ki sa ki plis touche w nan amitye David te genyen ak Jonatan an?

9 Amitye David ak Jonatan se yon lòt bèl egzanp kote toude moun yo te fidèl ak Jewova. Jonatan te gen anviwon 30 an anplis David e se li menm ki te dwe vin wa ann Izrayèl apre papa l (1 Samyèl 17:33; 31:2; 2 Samyèl 5:4). Poutan, lè l vin aprann Jewova chwazi David kòm wa, li pa t vin jalou David ni li pa t antre nan konpetisyon avè l. Men, Jonatan te fè tout sa l te kapab pou l ede David. Pa egzanp, lè David te an danje, Jonatan te ede l “vin gen plis konfyans nan Jewova”. Li te menm riske lavi l pou David (1 Samyèl 23:16, 17). David li menm tou te yon zanmi ki fidèl. Li te pwomèt l ap pran swen fanmi Jonatan e li te kenbe pwomès li, menm apre Jonatan fin mouri. — 1 Samyèl 18:1; 20:15-17, 30-34; 2 Samyèl 9:1-7.

10. Ki sa egzanp twa Ebre yo aprann nou sou amitye?

10 Chadrak, Mechak ak Abednego se twa Ebre ki te zanmi. Yo te pran yo e yo te mennen yo Babilòn lè yo te jèn. Pandan yo te lwen fanmi yo, youn te ede lòt rete fidèl ak Jewova. Annapre, lè yo vin gran, lafwa yo te pase anba eprèv lè wa Nebikadneza te ba yo lòd pou yo adore yon imaj annò. Chadrak, Mechak ak Abednego pa t dakò adore imaj la e yo te di wa a: “Nou pap sèvi dye w yo, e nou pap adore estati annò ou fè met kanpe a.” Lè lafwa twa zanmi sa yo te pase anba eprèv, yo te rete fidèl ak Bondye yo t ap sèvi a. — Dànyèl 1:1-17; 3:12, 16-28.

11. Ki jan Pòl ak Timote te fè vin bon zanmi?

11 Lè apot Pòl te rankontre Timote, ki te jèn lè sa a, li te ka wè Timote renmen Jewova e li gen sousi toutbon pou kongregasyon an. Donk, Pòl te bay Timote fòmasyon yon fason pou Timote te ka ede frè ak sè diferan kote (Travay 16:1-8; 17:10-14). Timote te tèlman travay di, men sa Pòl di: “Li travay ansanm avèk mwen tankou yon esklav pou bon nouvèl la ka pwogrese.” Pòl te konnen Timote t ap ‘gen sousi toutbon’ pou frè ak sè yo. Toutpandan Pòl ak Timote t ap travay di pou Jewova, yo te vin bon zanmi. — Filipyen 2:20-22; 1 Korentyen 4:17.

FASON POU N CHWAZI ZANMI NOU

12, 13. a) Poukisa nou dwe byen chwazi zanmi nou menm nan kongregasyon an? b) Poukisa apot Pòl te bay konsèy nou jwenn nan 1 Korentyen 15:33 a?

12 Nou ka aprann anpil bagay nan men frè ak sè yo nan kongregasyon an e youn ka ede lòt rete fidèl. (Li Women 1:11, 12.) Men, menm nan kongregasyon an, nou bezwen fè atansyon ak moun n ap chwazi kòm bon zanmi nou. Frè ak sè nou yo soti nan divès kilti e yo pa t leve menm jan. Kèk nan yo nouvo nan kongregasyon an alòske gen lòt ki gen plizyè ane depi y ap sèvi Jewova. Menm jan yon fwi pran tan pou l mi, se konsa tou sa pran tan pou relasyon yon moun gen ak Jewova grandi. Donk, nou bezwen demontre pasyans ak lanmou youn pou lòt e n dwe toujou byen chwazi zanmi nou yo. — Women 14:1; 15:1; Ebre 5:12–6:3.

13 Pafwa, yon gwo pwoblèm ka met pye nan kongregasyon an, e lè sa a, n ap bezwen fè plis atansyon. Yon frè oswa yon sè gendwa ap fè yon seri bagay Labib kondane. Oswa yon moun kapab vin kòmanse ap plenyen, sa ki ka gen move efè sou kongregasyon an. Sa pa fè nou sezi, paske menm nan premye syèk la, te konn gen pwoblèm nan kongregasyon an. Anfèt, apot Pòl te bay kretyen yo nan epòk la avètisman, li te di: “Pinga nou twonpe tèt nou. Move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen.” (1 Korentyen 15:12, 33). Pòl te di Timote tou pou l byen chwazi moun k ap bon zanmi l. Nou dwe fè menm bagay la jodi a. — Li 2 Timote 2:20-22.

14. Ki jan moun nou chwazi kòm zanmi kapab gen efè sou relasyon nou ak Jewova?

14 Nou dwe pwoteje relasyon nou gen ak Jewova a. Se bagay ki gen plis valè nou genyen. Kidonk, nou dwe evite twò byen ak kèlkeswa moun ki ka fè lafwa nou vin fèb e ki ka gen yon move efè sou relasyon nou ak Jewova. Menm jan si nou plonje yon eponj nan vinèg, nou pap atann pou se dlo li rann, konsa tou, nou pa ka gen zanmi k ap fè bagay ki pa bon epi pou n atann l ap fasil pou n fè sa ki byen. Nou bezwen byen chwazi bon zanmi nou yo. — 1 Korentyen 5:6; 2 Tesalonisyen 3:6, 7, 14.

Ou ka jwenn bon zanmi ki renmen Jewova.

15. Ki sa w ka fè pou w gen bon zanmi nan kongregasyon an?

15 Ou ka jwenn moun ki vrèman renmen Jewova nan kongregasyon an. Yo ka vin bon zanmi w (Sòm 133:1). Pa chèche fè zanmi sèlman ak moun ki gen menm laj avè w oswa moun menm kilti avè w. Sonje Jonatan te pi gran lontan pase David e Rit te pi piti lontan pase Nawomi. Nou vle suiv konsèy Bib la bay ki di: “Ouvri kè nou.” (2 Korentyen 6:13; li 1 Pyè 2:17). E plis n ap imite Jewova, se plis lòt moun ap anvi vin zanmi nou.

LÈ YOUN GEN PWOBLÈM AK LÒT

16, 17. Si yon moun nan kongregasyon an fè nou fache, ki sa nou ta dwe evite fè?

16 Nan yon fanmi, tout moun pa gen menm pèsonalite, menm opinyon e yo pa aji menm jan. Se menm bagay la nan yon kongregasyon. Diferans sa yo fè lavi a enteresan e youn ka aprann anpil bagay nan men lòt. Men, pafwa, diferans sa yo kapab lakòz nou pa konprann frè ak sè nou yo e nou ka fache sou yo. Pafwa, sa ka fè kontrarye nou e sa ka blese santiman nou (Pwovèb 12:18). Èske n ta dwe kite pwoblèm konsa dekouraje n oswa fè n kite kongregasyon an?

17 Non. Menmsi yon moun fè nou yon bagay ki fè nou mal, nou pa dwe kite kongregasyon an. Se pa Jewova ki fè nou mal. Li ban nou lavi ak tout lòt bagay. Li merite pou n renmen l e pou n fidèl avè l (Revelasyon 4:11). Kongregasyon an se yon kado Jewova ban nou pou ede lafwa nou rete djanm (Ebre 13:17). Nou pa vle jete kado sa a poutèt yon moun fè nou yon bagay nou pa renmen. — Li Sòm 119:165.

18. a) Ki sa k ap ede nou antann nou ak frè ak sè nou yo? b) Poukisa youn dwe padone lòt?

18 Nou renmen frè ak sè nou yo e nou vle antann nou avèk yo. Jewova pa atann pou pèsonn pafè e n pa dwe atann sa nonplis (Pwovèb 17:9; 1 Pyè 4:8). Nou tout fè erè, men lanmou ap ede “youn kontinye padone lòt ak tout kè l”. (Kolosyen 3:13). Lanmou ap anpeche n fè yon ti mezantant tounen yon gwo pwoblèm. Se vre, lè yon moun fè nou yon bagay, li ka difisil pou n bliye sa. Li fasil pou n fache e pou n kenbe moun nan nan kè. Men, sa pap ranje anyen, sèl bagay k ap rive sèke nou pap gen kè kontan e n ap vin gen rankin. Yon lòt bò, lè nou padone moun ki fè nou fache, lespri nou ap anpè, kongregasyon an ap ini, e sa ki pi enpòtan an, n ap gen yon bon relasyon ak Jewova. — Matye 6:14, 15; Lik 17:3, 4; Women 14:19.

LÈ YON MOUN ESKOMINYE

19. Ki lè nou bezwen sispann zanmi yon moun nan kongregasyon an?

19 Nan yon fanmi kote youn renmen lòt, chak moun jwe wòl pa l pou l fè lòt yo gen kè kontan. Imajine gen yon moun k ap fè rebèl. Tout moun nan fanmi an eseye ede l plizyè fwa, men li pa koute. Li ka deside kite kay la oswa chèf fanmi an ka mande l kite kay la. Nan yon sans, menm bagay la ka rive nan kongregasyon an. Yon moun ka chwazi kontinye fè yon seri bagay ki pa fè Jewova plezi e ki pa bon pou kongregasyon an. Li pa aksepte èd yo ba li, e fason l aji montre li pa vle fè pati kongregasyon an ankò. Li ka chwazi kite kongregasyon an oswa yo ka eskominye l. Si sa rive, Labib di byen klè nou dwe “sispann frekante” l. (Li 1 Korentyen 5:11-13; 2 Jan 9-11.) Sa kapab vrèman difisil si se yon zanmi nou oswa yon moun nan fanmi nou. Men, nan yon sitiyasyon konsa, fidelite nou ak Jewova dwe vin anvan fidelite nou ak kèlkeswa moun nan. — Gade nòt 8.

20, 21. a) Nan ki sans dispozisyon yo pran pou eskominye moun nan demontre lanmou? b) Sa k fè l enpòtan pou n byen chwazi zanmi nou?

20 Dispozisyon Jewova pran pou yo eskominye moun nan demontre jan l gen lanmou. Sa pèmèt kongregasyon an jwenn pwoteksyon kont moun ki pa renmen prensip Jewova yo (1 Korentyen 5:7; Ebre 12:15, 16). Sa ede n demontre lanmou pou non Jewova ki sen, pou prensip li yo ki wo nivo e pou Jewova (1 Pyè 1:15, 16). E dispozisyon sa a demontre lanmou pou moun ki pa fè pati kongregasyon an ankò a. Gwo disiplin sa a kapab ede l konprann sa l ap fè a pa bon e sa ka pouse l chanje. Gen anpil moun ki te eskominye ki tounen vin jwenn Jewova e yo jwenn bèl akèy nan kongregasyon an. — Ebre 12:11.

21 Zanmi nou yo ap detenn sou nou yon fason oswa yon lòt. Se sa k fè, li enpòtan pou n byen chwazi zanmi n ap fè yo. Si nou renmen moun Jewova renmen, n ap gen anpil moun nan antouraj nou k ap kapab ede n rete fidèl avè l pou toutan.