Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 6

Fason pou n chwazi detant nou

Fason pou n chwazi detant nou

“Fè tout bagay pou glwa Bondye.” — 1 KORENTYEN 10:31.

1, 2. Poukisa nou dwe fè atansyon lè n ap chwazi detant?

IMAJINE W pral manje yon fwi epi w rann ou kont li gen yon pati ki gate. Ki sa w ap fè? Èske w ap annik manje l? Èske w ap jete l? Oswa èske w ap koupe pati ki pa bon an epi w manje sa k bon an?

2 Nan anpil sans, detant menm jan ak fwi sa a. Kèk pati ladan l ka enteresan, men pifò ladan l gate paske yo imoral, yo vyolan e yo gen rapò ak demon. Donk, lè w ap chwazi detant, èske w di tèt ou: “Se afè ki gade m. M ka chwazi detant m vle”? Oswa èske w di: “Pa gen yon detant ki bon”? Oubyen èske w byen pran san w pou w chwazi detant ou, sa vle di ou evite sa ki pa bon an e w pwofite sa ki bon an?

3. Ki sa nou dwe sonje lè n ap chwazi detant?

3 Nou tout bezwen yon ti detant e nou vle byen chwazi. Nan ka sa a, nou dwe mande tèt nou ki efè detant nou chwazi yo ka genyen sou adorasyon n ap bay Jewova a.

“FÈ TOUT BAGAY POU GLWA BONDYE”

4. Bay yon prensip nan Bib la ki ka ede nou chwazi detant nou yo.

4 Lè nou vwe lavi nou bay Jewova, nou pwomèt li n ap ba l lavi nou pou n sèvi l. (Li Eklezyas 5:4.) Nou pwomèt n ap “fè tout bagay pou glwa Bondye”. (1 Korentyen 10:31.) Sa vle di, se pa lè nou nan reyinyon ak lè n ap patisipe nan travay predikasyon an sèlman nou pou Jewova, nou pou li menm lè n ap distrè nou oswa n ap pran detant.

5. Ki kalite adorasyon nou dwe bay Jewova?

5 Tout sa n ap fè nan lavi a gen yon efè sou adorasyon n ap bay Jewova a. Pòl te esplike sa lè l te di: “Prezante kò nou kòm yon sakrifis ki vivan, ki sen, ki fè Bondye plezi.” (Women 12:1). Jezi te di: “Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou.” (Mak 12:30). Nou vle toujou bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an. Nan Izrayèl tan lontan an, lè pèp la te konn fè sakrifis bèt bay Jewova, Jewova te atann pou yo ba l yon bèt ki pa gen okenn domaj. Si te gen yon bagay ki pa t bon nan bèt la, Bondye pa t ap aksepte sakrifis la (Levitik 22:18-20). Menm jan an tou, Jewova ka pa aksepte adorasyon n ap ba li a. Sa k fè sa?

6, 7. Nan ki sans detant nou gen efè sou adorasyon n ap bay Jewova a?

6 Jewova di nou: “Nou dwe sen, paske mwen menm, mwen sen.” (1 Pyè 1:14-16; 2 Pyè 3:11). Sèl fason pou Jewova aksepte adorasyon n ap ba li a se si adorasyon an sen, sa vle di li pwòp (Detewonòm 15:21). Adorasyon n ap bay Jewova a pap pwòp si n ap fè yon seri bagay Jewova rayi, tankou bagay ki imoral, ki vyolan oswa ki gen rapò ak demon (Women 6:12-14; 8:13). E sa pa t ap fè Jewova plezi nonplis si nou ta pran plezi nan detant ki gen bagay sa yo. Sa t ap lakòz adorasyon n ap bay Jewova a pa pwòp, li pa t ap aksepte l, e sa t ap gen gwo konsekans sou relasyon nou avè l.

7 Donk, ki fason nou ka byen chwazi detant nou? Ki prensip k ap ede nou wè byen klè ki detant ki akseptab ak detant ki pa akseptab?

RAYI SA KI MAL

8, 9. Ki kalite detant nou dwe evite, e poukisa?

8 Gen plizyè kalite detant jodi a. Gen kèk ladan yo ki akseptab pou yon kretyen, men anpil ladan yo pa bon. Anvan, ann wè ki kalite detant nou dwe evite.

9 Gen anpil fim, sit Entènèt, emisyon nan televizyon, jwèt videyo ak chante ki imoral, ki vyolan e ki gen rapò ak demon. Byen souvan, yo prezante bagay ki pa bon yo yon fason ki parèt inosan e pafwa menm yon fason ki komik. Men, kretyen yo dwe veye pou yo rejte detant ki depaman ak prensip Jewova yo ki pwòp (Travay 15:28, 29; 1 Korentyen 6:9, 10). Lè nou rejte kalite detant sa yo, nou montre Jewova nou rayi sa ki mal. — Sòm 34:14; Women 12:9.

10. Ki konsekans sa ka genyen si n chwazi detant ki pa bon?

10 Gen kèk moun ki kwè pa gen anyen mal nan detant ki vyolan, ki imoral oswa ki gen rapò ak demon. Yo di tèt yo: ‘Ki mal ki gen nan sa? Mwen pap janm fè bagay sa yo.’ Si nou panse konsa se tèt nou n ap twonpe. Labib di: “Kè a pi trèt pase tout lòt bagay, e li pa bon menm.” (Jeremi 17:9). Si nou pran plezi nan bagay Jewova pa aksepte, èske nou ka di nou rayi bagay sa yo? Plis nou pran plezi ladan yo, se plis n ap konsidere yo kòm bagay ki nòmal. Rive yon lè, konsyans nou ap vin fèb e l ap sispann avèti nou lè n ap pran move desizyon. — Sòm 119:70; 1 Timote 4:1, 2.

11. Ki jan Galat 6:7 kapab ede nou chwazi detant nou?

11 Pawòl Bondye a di nou: “Kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou.” (Galat 6:7). Pa gen manti nan sa, si nou pran plezi nan bagay ki mal, rive yon lè nou ka fè yo. Pa egzanp, detant ki imoral konn tèlman detenn sou kèk kretyen, sa lakòz yo fè imoralite. Men, Jewova ban nou èd pou n byen chwazi detant nou.

SÈVI AK PRENSIP KI NAN BIB LA POU N PRAN DESIZYON

12. Ki sa k ap ede nou pran bon desizyon anrapò ak detant?

12 Gen kèk detant nou ka wè aklè yo pa fè Jewova plezi e nou konnen nou dwe evite yo. Men, e detant nou pa fin wè si yo bon yo? Jewova pa ban nou yon lis règ anrapò ak sa n ka gade, sa n ka koute oubyen sa n ka li. Men, li vle nou sèvi ak konsyans nou ki fòme grasa Bib la. (Li Galat 6:5.) Jewova ban nou prensip, sa vle di verite fondamantal yo, pou fè nou konnen fason li wè bagay yo. Prensip sa yo fòme konsyans nou. Yo ede nou konnen “sa volonte Jewova ye” yon fason pou n ka fè chwa ki fè l plezi. — Efezyen 5:17.

Prensip ki nan Bib la ede nou chwazi detant nou.

13. Sa k fè kretyen yo pa chwazi menm detant? Men, ki sa ki enpòtan pou tout kretyen?

13 Byen souvan, sa yon kretyen chwazi kòm detant pa menm ak sa yon lòt kretyen chwazi. Sa k fè sa? Se paske nou tout pa renmen menm bagay. Epitou, sa k ka akseptab pou yon moun ka pa akseptab pou yon lòt. Menm lè sa, tout kretyen dwe kite prensip ki nan Bib la gide yo si yo vle byen chwazi (Filipyen 1:9). Prensip sa yo ap ede nou chwazi detant ki akseptab nan je Bondye. — Sòm 119:11, 129; 1 Pyè 2:16.

14. a) Ki bagay ki enpòtan nou dwe konsidere anrapò ak fason nou sèvi ak tan nou? b) Ki konsèy Pòl te bay kretyen yo?

14 Yon lòt bagay pou n konsidere se kantite tan nou pase nan detant. Sa ka montre ki enpòtans nou bay detant. Antanke kretyen, sa k pi enpòtan pou nou se sèvis n ap bay Jewova a. (Li Matye 6:33.) Men, san nou pa rann nou kont, de jou an jou, nou ka kite detant pran pifò nan tan nou. Men ki konsèy Pòl te bay kretyen yo: “Byen veye sou fason n ap mache a, pou nou pa mache tankou moun ki pa saj, men pou nou mache tankou moun ki saj. Se pou nou byen sèvi ak tan nou.” (Efezyen 5:15, 16). Donk, nou dwe kontwole kantite tan n ap pase nan detant e nou dwe toujou asire nou sèvis n ap bay Bondye a gen premye plas nan lavi nou. — Filipyen 1:10.

15. Ki sa n ka fè pou n pwoteje tèt nou kont detant ki ka gen move efè sou relasyon nou ak Jewova?

15 Li klè, nou dwe rejte detant nou konnen ki pa fè Jewova plezi. Men, ki sa n dwe fè ak detant nou gen dout sou yo? Èske nou dwe pran prekosyon kanmenm? Fè yon ti reflechi: si w ap monte yon mòn ki gen falèz, èske w ap mache arebò falèz la? Non. Si w renmen lavi w, w ap fè sa w kapab pou w rete byen lwen danje a. Se menm bagay la tou pou detant n ap chwazi. Pawòl Bondye a di nou: “Fè pye w ret lwen sa ki mal.” (Pwovèb 4:25-27). Donk, se pa detant nou konnen ki pa bon n ap evite sèlman, men tou n ap rete lwen tout detant nou sispèk ki ka pa bon pou nou e ki ka gen move efè sou relasyon nou ak Jewova.

CHÈCHE WÈ BAGAY YO MENM JAN AK JEWOVA

16. a) Site kèk bagay Jewova rayi. b) Ki jan nou ka montre nou rayi sa Jewova rayi?

16 Men sa youn nan moun ki te ekri liv Sòm yo di: “Nou menm ki renmen Jewova, rayi sa ki mal.” (Sòm 97:10). Labib fè nou konnen fason Jewova panse ak santiman l. Mande tèt ou: ‘Ki jan sa m aprann yo kapab ede m wè bagay yo menm jan ak Jewova?’ Pa egzanp, nou te aprann Jewova rayi “lang moun k ap bay manti, men moun k ap fè san inosan koule, kè moun k ap fè konplo pou fè sa ki mal, pye moun k ap prese al fè mechanste”. (Pwovèb 6:16-19.) Nou aprann nou dwe evite “imoralite seksyèl, [...] idolatri, pratik ki gen rapò ak movèzespri, [...] jalouzi, kòlè san kontwòl, [...] anvye sò moun, bwè pou sou, banbòch ak lòt bagay menm jan an”. (Galat 5:19-21.) Èske w wè ki jan prensip sa yo ki nan Bib la kapab ede w chwazi detant? Nou vle suiv prensip Jewova yo nan tout sa n ap fè nan lavi a, ni lè gen moun bò kote nou ni lè nou poukont nou (2 Korentyen 3:18). Anfèt, byen souvan chwa nou fè lè n poukont nou montre ki kalite moun nou ye toutbonvre. — Sòm 11:4; 16:8.

17. Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou anvan nou chwazi yon detant?

17 Lè w ap chwazi yon detant, mande tèt ou: ‘Ki efè detant mwen chwazi a ap genyen sou relasyon m ak Jewova? Ki efè l ap genyen sou konsyans mwen?’ Ann wè kèk lòt prensip ki ka ede nou byen chwazi detant nou.

18, 19. a) Ki konsèy Pòl te bay kretyen yo? b) Ki prensip k ap ede nou chwazi detant nou?

18 Lè n ap chwazi detant, se chwazi n ap chwazi sa n ap kite antre nan lespri nou. Men sa Pòl te ekri: “Kontinye reflechi sou tout bagay ki vrè, tout bagay ki merite konsiderasyon, tout bagay ki jis, tout bagay ki pwòp, tout bagay ki merite pou yo renmen yo, tout bagay ki gen bon repitasyon, tout bagay ki bon e tout bagay ki merite louwanj.” (Filipyen 4:8). Lè nou mete bon bagay sa yo nan lespri nou, n ap kapab di: “Se pou pawòl ki sot nan bouch mwen ak refleksyon m ap fè nan kè m fè w plezi, o Jewova.” — Sòm 19:14.

19 Mande tèt ou: ‘Ki sa m ap mete nan lespri m? Lè m fin gade yon fim oswa yon emisyon, èske se bon panse m genyen, panse ki ban m fòs? Èske m santi m anpè, e èske konsyans mwen klè (Efezyen 5:5; 1 Timote 1:5, 19)? Èske m santi m alèz pou m priye Jewova? Oswa èske m santi m mal? Èske detant sa a fè m panse ak bagay ki vyolan oswa bagay ki imoral (Matye 12:33; Mak 7:20-23)? Selon detant mwen chwazi, èske se pa konfòme m ap konfòme m ak sistèm sa a? (Women 12:2.)’ Si nou bay repons ki sensè, sa ap ede nou wè ki sa nou dwe fè pou relasyon nou ak Jewova rete solid. Nou vle fè menm priyè ak moun ki te ekri pawòl ki apre yo: “Pa kite je m ret ap gade sa k pa vo anyen.” * — Sòm 119:37.

SA NOU CHWAZI GEN EFÈ SOU LÒT MOUN

20, 21. Poukisa nou dwe bay santiman lòt moun valè lè n ap chwazi detant?

20 Men yon lòt prensip ki enpòtan pou nou sonje: “Nou gen dwa fè tout bagay, men se pa tout bagay ki fòtifye moun. Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men avantaj pa lòt moun.” (1 Korentyen 10:23, 24). Se pa paske nou gen dwa fè yon bagay ki vle di nou oblije fè l. Nou dwe byen reflechi sou efè sa nou chwazi ka genyen sou frè ak sè nou yo.

21 Tout moun pa gen menm konsyans. Pa egzanp, konsyans ou ka pèmèt ou gade yon pwogram nan televizyon. Men apre sa, ou vin konnen menm pwogram sa a twouble konsyans yon frè oswa yon sè. Ki sa w ap fè? Byenke ou gen dwa gade pwogram nan, ou ka deside pa gade l. Poukisa? Paske w pa vle ‘peche kont frè w’, oubyen sa k pi grav la, pou w ta peche kont Kris (1 Korentyen 8:12). Nou pa vle fè anyen ki ka fè yon kretyen parèy nou peche. — Women 14:1; 15:1; 1 Korentyen 10:32.

22. Ki jan nou ka montre nou rezonab anrapò ak sa lòt kretyen chwazi fè?

22 Kounye a, e si konsyans pa w pa pèmèt ou gade, li oswa fè yon bagay yon lòt kretyen twouve ki akseptab? Kòm ou renmen frè w la e w gen respè pou li, ou pap fòse l chwazi menm bagay avè w. Yon moun k ap kondui yon machin konnen gen lòt chofè ki kondui pi vit oswa pi dousman pase l, men ki bon chofè kanmenm. Menm jan an tou, ou menm ak yon lòt kretyen kapab ap suiv prensip ki nan Bib la, epoutan nou pa fin gen menm opinyon sou detant ki akseptab. — Eklezyas 7:16; Filipyen 4:5.

23. Ki sa k ap ede nou byen chwazi detant nou?

23 Donk, ki sa k ap ede nou byen chwazi detant nou? Lè nou sèvi ak konsyans nou ki fòme grasa prensip ki nan Bib la, e lè nou gen bonjan sousi pou frè ak sè nou yo, n ap byen chwazi detant nou. E n ap kontan paske nou konnen nou “fè tout bagay pou glwa Bondye”.

^ § 19 N ap jwenn plis prensip ki ka ede nou chwazi detant nou nan Pwovèb 3:31; 13:20; Efezyen 5:3, 4 ak Kolosyen 3:5, 8, 20.