Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 13

Èske se tout fèt ki fè Bondye plezi?

Èske se tout fèt ki fè Bondye plezi?

“Se pou nou kontinye verifye sa k ap fè Seyè a plezi.” — EFEZYEN 5:10.

1. Ki sa nou dwe fè pou n asire nou adorasyon n ap bay Jewova a fè l plezi, e poukisa?

JEZI te di: “Vrè adoratè yo pral adore Papa a avèk lespri ak laverite, paske, vrèmanvre, se moun konsa Papa a ap chèche pou adore l.” (Jan 4:23; 6:44). Nou chak dwe “kontinye verifye sa k ap fè Seyè a plezi”. (Efezyen 5:10.) Sa pa toujou fasil. Satan ap eseye twonpe n pou l fè n fè yon seri bagay ki pa fè Jewova plezi. — Revelasyon 12:9.

2. Esplike sa k te pase toupre Mòn Sinayi.

2 Ki jan Satan eseye twonpe nou? Youn nan fason li fè sa se lè li lage nou nan konfizyon konsènan sa ki byen ak sa ki mal. Remake sa k te rive nasyon Izrayèl la lè yo te monte tant yo toupre Mòn Sinayi. Moyiz te monte sou mòn nan, e pèp la t ap tann li tounen nan kan an. Rive yon lè, yo te vin bouke tann li e yo te mande Arawon pou l fè yon dye pou yo. Li te fè yon zidòl annò ki gen fòm yon ti bèf. Lè sa a, pèp la te fè yon fèt. Yo te danse toutotou ti bèf la e yo te bese devan l. Yo te kwè lè yo te bese devan ti bèf la, se Jewova yo t ap adore. Men, se pa paske pèp la te konsidere fèt yo te fè a kòm “yon fèt pou Jewova” ki fè fèt la te bon. Jewova te konsidere l kòm idolatri, e anpil nan Izrayelit yo te mouri (Egzòd 32:1-6, 10, 28). Ki leson nou ka aprann nan sa? Pa twonpe tèt nou. Nou pa dwe “manyen anyen ki sal”, sa vle di nou pa dwe annafè ditou ak fo relijyon, men, nou dwe kite Jewova anseye nou sa ki byen ak sa ki mal. — Ezayi 52:11; Ezekyèl 44:23; Galat 5:9.

3, 4. Sa k fè li bon pou nou egzamine kote anpil nan fèt moun fete yo soti?

3 Lè Jezi te sou tè a, li te bay apot li yo fòmasyon pou yo pratike adorasyon ki pwòp la. Apre Jezi fin mouri, apot yo te kontinye anseye nouvo disip yo prensip Jewova yo. Men, apre apot yo fin mouri, kèk fo anseyan te kòmanse vin ak fo ansèyman nan kongregasyon an ansanm ak koutim ak fèt payen. Yo te menm bay kèk nan fèt payen sa yo lòt non pou fè yo parèt kòm fèt kretyen (2 Tesalonisyen 2:7, 10; 2 Jan 6, 7). Anpil moun toujou fete pifò nan fèt sa yo jodi a, e fèt sa yo kontinye ap gaye fo kwayans, menm kwayans ki gen rapò ak demon. * — Revelasyon 18:2-4, 23.

4 Toupatou sou tè a, fèt yo gen anpil valè pou moun yo. Men, pandan w ap kontinye aprann kòman Jewova konsidere bagay yo, ou ka wè l nesesè pou w fè chanjman nan fason w konsidere kèk fèt. Petèt sa pap fasil, men ou mèt sèten Jewova ap ede w. Ann wè kote kèk fèt moun yo selebre soti pou n ka konprann fason Jewova konsidere yo.

KOTE FÈT NWÈL SOTI?

5. Ki prèv ki montre Jezi pa t fèt 25 desanm?

5 Anpil kote sou tè a, yo fete Nwèl 25 desanm, e pifò moun panse se dat Jezi te fèt. Labib pa di ki dat oswa menm nan ki mwa Jezi te fèt, men li fè nou konnen nan ki peryòd anviwon nan ane a li te fèt. Lik te fè konnen lè Jezi te fèt Betleyèm, “te gen bèje ki te pase nuit yo deyò” ap pran swen twoupo yo (Lik 2:8-11). Nan mwa desanm, Betleyèm fè frèt anpil, gen lapli e gen lanèj, kidonk, bèje yo pa t ap ka pase nuit lan deyò ak twoupo yo. Ki sa sa aprann nou? Jezi te fèt nan yon peryòd kote tanperati a te agreyab, li pa t fèt an desanm. Ni Bib la ni listwa montre Jezi te fèt ant mwa ki rele septanm ak oktòb jodi a.

6, 7. a) Ki kote anpil nan koutim ki gen nan fèt Nwèl yo soti? b) Ki rezon ki ta dwe pouse nou bay moun kado?

6 Ki kote fèt Nwèl soti? Li soti nan yon seri fèt payen tankou fèt Women yo te konn fete ki rele Satinal la, yon fèt yo te konn fè pou Satin, dye agrikilti yo a. Men sa yon ansiklopedi fè konnen: “Anpil nan koutim fèt Nwèl gen ladan l soti nan fèt Satin, yon fèt Women yo te konn fete nan mitan mwa desanm. Pa egzanp, se nan koutim fèt Satin yo yo pran kesyon fè gwo resepsyon, fè echanj kado, epi limen balèn.” (The Encyclopedia Americana). Epitou, yo te konn fete anivèsè nesans dye peyi Pès ki rele Mitra a 25 desanm.

7 Men, pifò moun ki fete Nwèl jodi a pa reflechi sou lefètke fèt la soti nan koutim payen. Yo senpleman ap tann epòk Nwèl la kòm yon epòk pou yo ka ansanm ak fanmi yo, pou yo manje bon manje e pou youn bay lòt kado. Natirèlman, nou renmen fanmi n ak zanmi n, e Jewova vle pou sèvitè l yo pataje sa yo genyen youn ak lòt. Jan nou jwenn sa nan 2 Korentyen 9:7 la: “Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan.” Jewova pa vle nou fè lòt moun kado nan okazyon espesyal sèlman. Pèp Jewova a kontan bay youn lòt kado e yo renmen pase moman ak zanmi e ak fanmi nenpòt lè nan ane a, san yo pa atann y ap jwenn anyen anretou. Youn bay lòt kado paske youn renmen lòt. — Lik 14:12-14.

Lè nou konnen kote yon fèt soti, sa ka ede n konnen poukisa nou pa dwe patisipe ladan l.

8. Èske astwològ yo te bay Jezi kado lè l te fèk fèt? Esplike.

8 Pou anpil moun ka soutni ide ki fè yo bay kado lè fèt Nwèl la, yo fè konnen gen twa wa maj ki te pote kado pou Jezi lè l te fèt kote yo bay bèt manje a. Se vre, gen yon gwoup gason ki te vizite Jezi e ki te pote kado pou li. Nan epòk yo t ap ekri Bib la, se te yon bagay ki kouran pou yo pote kado pou yon moun ki enpòtan (1 Wa 10:1, 2, 10, 13). Men, èske w te konnen Bib la di mesye sa yo se astwològ yo te ye, yon seri moun ki t ap pratike maji e ki pa t ap adore Jewova? Epitou, yo pa t vizite Jezi lè Jezi te fèk fèt, lè l te kote yo bay bèt manje a. Men, yo te vizite l annapre, lè l te yon “tipitit” ki t ap viv nan yon kay. — Matye 2:1, 2, 11.

KI SA BIB LA DI SOU ANIVÈSÈ NESANS?

9. Ki fèt anivèsè nesans Bib la pale de yo?

9 Jou yon tibebe fèt se yon jou ki bay kè kontan (Sòm 127:3). Men, sa pa vle di nou dwe fete anivèsè nesans. Fè yon ti reflechi: Se sèlman de anivèsè nesans Bib la pale de yo. Youn ladan yo se te anivèsè nesans yon Farawon ann Ejip, e lòt la se te anivèsè nesans wa Ewòd Antipas. (Li Jenèz 40:20-22; Mak 6:21-29.) Ni youn ni lòt nan dirijan sa yo pa t sèvitè Jewova. Anfèt, nou pa janm wè yon kote nan Bib la yo di gen yon sèvitè Jewova ki te fete anivèsè nesans li.

10. Ki jan kretyen yo nan premye syèk la te konsidere anivèsè nesans?

10 Gen yon ansiklopedi ki fè konnen premye kretyen yo te “konsidere fete anivèsè nesans kèlkeswa moun nan kòm yon koutim payen”. (The World Book Encyclopedia.) Koutim konsa soti nan fo kwayans. Pa egzanp, Grèk nan tan lontan yo te kwè chak moun gen yon espri k ap pwoteje l, e espri sa a te la lè moun nan t ap fèt. Yo te konn fete anivèsè nesans paske yo te panse sa t ap fè dye yo pwoteje moun k ap fete fèt nesans li a. Nonsèlman anivèsè nesans gen rapò ak kwayans payen sa yo, men li gen rapò tou ak astwoloji e ak owoskòp.

11. Ki jan Jewova konsidere kesyon renmen bay la?

11 Anpil moun santi jou anivèsè nesans yo se yon jou espesyal kote moun dwe demontre apresyasyon ak lanmou pou yo. Men, nou ka demontre lanmou pou moun nan fanmi nou ak zanmi nou pandan tout ane a, se pa nan yon dat byen presi pou n fè sa. Jewova vle nou janti e pou nou renmen bay lòt moun toutan. (Li Travay 20:35.) Nou genyen Jewova rekonesans chak jou pou lavi li ban nou ki se yon kado ki gen anpil valè, se pa sèlman jou n fèt la nou fè sa. — Sòm 8:3, 4; 36:9.

Vrè kretyen yo bay lòt moun kado paske yo renmen moun yo.

12. Nan ki sans jou lanmò yon moun pi bon pase jou l fèt la?

12 Men sa Eklezyas 7:1 di: “Yon bon repitasyon pi bon pase yon bon pafen, e jou lanmò yon moun pi bon pase jou l te fèt la.” Nan ki sans jou lanmò yon moun pi bon pase jou l fèt la? Lè nou fèt, nou poko fè anyen ak lavi nou, ni byen ni mal. Men, lè nou itilize lavi nou pou n sèvi Jewova e pou n fè byen pou lòt moun, nou vin gen “yon bon repitasyon” e Jewova ap sonje nou menm apre nou fin mouri (Jòb 14:14, 15). Pèp Jewova a pa fete ni fèt pa yo ni fèt pa Jezi. Anfèt, sèl evènman Jezi te ban nou lòd pou n fete se Memoryal lanmò l. — Lik 22:17-20; Ebre 1:3, 4.

KI KOTE FÈT PAK LA SOTI?

13, 14. Sa k fè vrè kretyen yo pa fete Pak?

13 Pak se yon fèt moun ki di yo se kretyen yo fete pou selebre rezirèksyon Jezi. Men, èske Kris te bay lòd pou yo fete rezirèksyon l? Non, li pa t fè sa. Gen liv sou listwa ki fè konnen premye kretyen yo pa t konn fete fèt Pak la e se yon fèt ki baze sou yon seri pratik payen nan tan lontan. Men sa yon ansiklopedi fè konnen: “Nan Nouvo Testaman an, pa gen okenn kote ki montre yo te konn fete Pak [...]. Premye kretyen yo pa t konn kesyon gen yon epòk espesyal ki sen [pandan ane a].” — The Encyclopœdia Britannica.

14 Lè Jewova wè moun yo ap melanje koutim ki nan fo relijyon ak rezirèksyon Pitit Gason l lan, ou panse sa fè l plezi? Non (2 Korentyen 6:17, 18). Anfèt, Jewova pa t janm mande nou fete rezirèksyon Jezi.

LATOUSEN AK FÈT DÈMÒ

15. Poukisa vrè kretyen yo pa fete Latousen e yo pa suiv kèk koutim ki gen rapò ak mò?

15 Gen divès fèt ki gen rapò ak mò. Pami fèt sa yo, gen Latousen ak fèt dèmò. Nan dat 1ye novanm ak 2 novanm, moun yo konn mete manje ak bwason sou tab oswa yo konn al mete yo nan simityè sou tonm moun pa yo ki mouri. Tout fèt ak koutim ki anrapò ak mò, tankou bay mò yo manje oswa priye yo, soti nan fo kwayans e yo pa gen okenn rapò ak Bondye. Etandone mò yo pa konn anyen, moun ki vle fè Bondye plezi pa pran pa ak okenn nan koutim sa yo ki gen rapò ak adorasyon mò. — Eklezyas 9:5, 10.

MARYAJ KI FÈ BONDYE PLEZI

16, 17. Sou ki sa nou dwe reflechi lè n ap planifye maryaj nou?

16 Maryaj se yon okazyon ki bay kè kontan. Yo fè maryaj diferan fason toupatou sou tè a. An jeneral, moun yo pa reflechi sou kote koutim ki gen rapò ak maryaj yo soti, se sa k fè yo ka pa konnen gen kèk koutim ki soti nan kwayans relijyon payen. Men, de kretyen k ap planifye maryaj yo dwe asire yo maryaj la ap fè Jewova plezi. Si yo konnen kote koutim ki gen rapò ak maryaj yo soti, sa ap ede yo pran bon desizyon. — Mak 10:6-9.

17 Gen kèk koutim moun suiv lè gen maryaj paske yo panse sa ap bay moun k ap marye yo ‘chans’. (Ezayi 65:11). Pa egzanp, gen kèk kote moun yo voye diri oswa lòt bagay sou moun k ap marye yo. Yo kwè sa ap fè moun k ap marye yo fè pitit, y ap gen kè kontan, y ap viv lontan e sa ap anpeche bagay mal rive yo. Men, kretyen yo fè efò pou yo evite koutim ki gen rapò ak fo relijyon. — Li 2 Korentyen 6:14-18.

18. Ki lòt prensip nan Bib la ki gen rapò ak maryaj?

18 De kretyen k ap marye ta renmen pou moman maryaj la se yon bon moman pou tout moun, e se yon moman ki gen diyite. Moun ki vin asiste maryaj de kretyen e ki gen pou yo pran lapawòl pa dwe di bagay ki pa janti, pawòl ki gen rapò ak sèks oswa remak ki pa demontre respè pou moun k ap marye yo oswa pou lòt moun ki la yo (Pwovèb 26:18, 19; Lik 6:31; 10:27). Lè de moun ki kretyen ap marye, yo pa ta dwe fè ‘egzibisyon ak mwayen yo genyen pou yo viv’. (1 Jan 2:16.) Si w ap planifye pou w marye, asire w seremoni an ap kite bon souvni pou ou. — Gade nòt 28.

KI KOTE KESYON TOKE VÈ OSWA LEVE VÈ ANLÈ A SOTI?

19, 20. Ki kote kesyon toke vè oswa leve vè anlè a soti?

19 Yon bagay moun fè souvan nan maryaj ak nan lòt okazyon espesyal se toke vè oswa leve vè anlè. Lè konsa, gen yon moun k ap fè swè pandan lòt moun yo leve vè yo. Ki jan kretyen yo dwe konsidere sa?

20 Gen yon liv (International Handbook on Alcohol and Culture) ki fè konnen li pwobab pou koutim sa a se yon koutim payen yo te konn suiv “kote yo te konn vide yon likid sakre bay dye yo”. Yo te konn suiv koutim sa a dekwa pou dye yo “fè sa moun yo swete a, sa yo mande nan priyè a lè yo di ‘se pou w viv lontan!’ oswa ‘sante!’” Nan tan lontan, moun yo te konn leve vè yo pou yo mande dye yo benediksyon. Men, se pa konsa Jewova bay benediksyon. — Jan 14:6; 16:23.

“NOU MENM KI RENMEN JEWOVA, RAYI SA KI MAL”

21. Ki lòt kalite fèt kretyen yo dwe evite?

21 Pou w konnen si w dwe patisipe nan yon fèt, reflechi sou ki panse ak konduit fèt la ankouraje moun genyen. Pa egzanp, gen kèk fèt ak gwo anbyans tankou kanaval ki gen moun k ap danse yon fason pou leve anvi seksyèl lakay moun, kote moun yo bwè san kontwòl e konn menm gen imoralite. Mòd fèt sa yo konn fè pwopagann pou omoseksyèl oswa yo konn ankouraje moun pou yo nasyonalis. Si nou patisipe nan kalite fèt sa yo, èske nou ka di nou rayi sa Jewova rayi toutbon? — Sòm 1:1, 2; 97:10; 119:37.

22. Ki sa ki ka ede yon kretyen pou l konnen si l ka patisipe nan yon fèt?

22 Kretyen yo dwe vrèman fè atansyon pou yo evite fèt ki dezonore Bondye. Apot Pòl te di: “Kit n ap manje, kit n ap bwè, kit n ap fè nenpòt lòt bagay, fè tout bagay pou glwa Bondye.” (1 Korentyen 10:31; gade nòt 29). Natirèlman, se pa tout fèt ki gen rapò ak imoralite, fo relijyon oswa nasyonalis. Si yon fèt pa depaman ak prensip ki nan Bib la, se nou chak ki pou deside si n ap patisipe ladan l oswa si nou pap patisipe ladan l. Nou dwe reflechi tou sou efè desizyon nou ap gen sou lòt moun.

ONORE JEWOVA NAN SA N AP DI AK SA N AP FÈ

23, 24. Ki jan nou ka esplike moun nan fanmi nou ki pa Temwen desizyon nou pran pou n pa fete kèk fèt?

23 Siman ou sispann patisipe nan fèt ki dezonore Jewova yo. Men, gen kèk moun nan fanmi w ki pa Temwen Jewova ki ka panse ou pa renmen yo oswa ou pa vle pran pa avèk yo ankò. Pou yo menm, petèt fèt yo se sèl moman kote tout fanmi an reyini. Nan ka sa a, ki sa w ka fè? Gen plizyè fason ou ka ba yo asirans ou renmen yo e yo enpòtan pou ou (Pwovèb 11:25; Eklezyas 3:12, 13). Ou ka envite yo pase yon ti tan avè w nan lòt okazyon.

24 Si fanmi w vle konnen poukisa ou twouve kèk fèt pa akseptab ankò, ou kapab chèche enfòmasyon nan piblikasyon nou yo ak sou jw.org k ap ede w esplike yo rezon yo. Pa fè yo santi se diskisyon ou vle fè avèk yo pou w genyen yo oswa se fòse w ap fòse yo panse menm jan avè w. Ede fanmi w konprann ou te egzamine kesyon an anvan w pran yon desizyon. Rete kalm, e “se pou pawòl [ou] toujou bèl, se pou l sizonnen ak sèl”. — Kolosyen 4:6.

25, 26. Ki jan paran yo kapab ede pitit yo renmen prensip Jewova yo?

25 Li enpòtan pou nou tout byen konprann rezon nou genyen pou n pa patisipe nan kèk fèt (Ebre 5:14). Sa nou vle se fè Jewova plezi. E si nou se paran, nou dwe pran tan pou n ede pitit nou konprann prensip ki nan Bib la e pou yo renmen yo. Lè yo konsidere Jewova kòm yon moun toutbon, yo menm tou y ap vle fè l plezi. — Ezayi 48:17, 18; 1 Pyè 3:15.

26 Jewova kontan lè l wè n ap fè tout sa nou kapab pou nou sèvi l yon fason ki pwòp e ki onèt (Jan 4:23). Men, gen anpil moun ki panse li pa posib pou yon moun onèt toutbon nan monn sa a kote pifò moun pa onèt. Èske se vre? Nou pral pale sou sa nan chapit ki vin apre a.

^ § 3 Ou ka jwenn enfòmasyon sou yon seri fèt byen presi nan Index des publications des Témoins de Jéhovah, nan Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch ak sou sit jw.org/ht.