Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 12

Di pawòl “ki bon pou fòtifye moun”

Di pawòl “ki bon pou fòtifye moun”

“Pa kite okenn pawòl pouri sot nan bouch nou, men sèl pawòl ki dwe sot nan bouch nou se pawòl ki bon pou fòtifye moun.” — EFEZYEN 4:29.

1-3. a) Site youn nan bon kado Jewova ban nou. Ki jan nou ka mal sèvi avè l? b) Ki jan nou ta dwe sèvi ak kapasite n genyen pou n pale a ki se yon kado?

IMAJINE yon papa ki bay pitit gason l ki adolesan yon bekàn. Li kontan bay pitit la yon bèl kado konsa. Men, ki jan papa a t ap santi l si pitit la ta monte bekàn nan avèk neglijans, li ta frape yon moun e li blese moun nan oswa l fè moun nan mal yon fason kèlkonk?

2 Jewova se sous “tout bèl don ak tout kado pafè”. (Jak 1:17.) Youn nan bèl kado li ban nou se kapasite n genyen pou nou pale a. Kapasite n genyen pou nou pale a ban nou posiblite fè lòt moun konn sa n panse ak sa n santi. Nou kapab di pawòl pou fè moun santi yo byen. Men, sa nou di kapab fè lòt moun mal tou e sa ka fè yo soufri.

3 Pawòl gen gwo pouvwa, e Jewova montre nou fason pou n byen sèvi ak kapasite n genyen pou nou pale a. Li di: “Pa kite okenn pawòl pouri sot nan bouch nou, men sèl pawòl ki dwe sot nan bouch nou se pawòl ki bon pou fòtifye moun lè sa nesesè, yon fason pou pawòl sa a pote sa ki bon pou moun ki tande l yo.” (Efezyen 4:29). Ann wè ki jan nou ka sèvi ak kado sa a Bondye ban nou an yon fason k ap fè l plezi e k ap ankouraje lòt moun.

VEYE SOU SA W AP DI

4, 5. Ki sa kèk pwovèb ki nan Bib la ka aprann nou sou pouvwa pawòl genyen?

4 Pawòl yo gen pouvwa, se sa k fè nou dwe fè atansyon ak sa n ap di e ak fason n ap di l. Pwovèb 15:4 di: “Yon lang ki kalm se yon pyebwa ki bay lavi, men, pawòl kwochi fè moun pèdi espwa.” Menm jan yon bèl pyebwa bay fòs ak lavi, se konsa tou pawòl ki janti bay moun ki tande l fòs. Yon lòt bò, pawòl ki di blese santiman moun e yo fè yo santi yo mal. — Pwovèb 18:21.

Lè nou pale yon fason ki kalm, sa bay fòs.

5 Selon Pwovèb 12:18: “Pawòl moun di san reflechi tankou kout epe.” Pawòl ki pa janti kapab fè moun soufri e yo ka kraze relasyon moun gen ak lòt moun. Petèt ou sonje yon pawòl yon moun te di w ki pa t janti e ki te fè w mal anpil. Men, apre sa, pwovèb la di: “Lang moun ki gen sajès la geri moun.” Lè n byen reflechi anvan nou pale, sa kapab tankou yon pansman sou kè yon moun nou te blese e sa ka ranje amitye ki te gen pwoblèm akoz youn te mal konprann lòt. (Li Pwovèb 16:24.) Si nou sonje pawòl nou di gen efè sou lòt moun, n ap byen sèvi avè yo.

6. Sa k fè l difisil pou n kontwole sa n ap di?

6 Yon lòt rezon ki fè nou dwe pran prekosyon ak pawòl nou se paske nou tout enpafè. “Tandans lòm gen nan kè l se fè sa k mal”, e byen souvan, pawòl nou montre sa k nan kè nou (Jenèz 8:21; Lik 6:45). Li ka vrèman difisil pou n kontwole sa n ap di. (Li Jak 3:2-4.) Men, nou bezwen kontinye fè efò pou nou amelyore fason nou pale ak lòt moun.

7, 8. Ki jan pawòl nou kapab gen efè sou relasyon nou ak Jewova?

7 Nou bezwen fè atansyon ak pawòl n ap di tou paske nou gen kont pou n rann Jewova pou sa nou di ak fason nou di yo. Jak 1:26 di: “Si yon moun panse l ap adore Bondye, epoutan li pa bride lang li, se twonpe l ap twonpe tèt li, e adorasyon l ap bay la pa gen valè.” Mo orijinal yo mete “pa gen valè” pou li a kapab vle di tou “pa itil anyen”. (1 Korentyen 15:17.) Donk, si nou pale san nou pa fè atansyon, nou ka gate oswa menm kraze relasyon nou ak Jewova. — Jak 3:8-10.

8 Li klè, nou gen bonjan rezon pou nou fè atansyon ak sa n ap di e ak fason n ap di yo. Sa k ap ede nou sèvi ak kapasite n genyen pou nou pale a jan Jewova vle nou sèvi avè l la se lè nou konnen ki kalite pawòl nou dwe evite di.

PAWÒL POU KRAZE MOUN

9, 10. a) Ki kalite pawòl ki vrèman kouran nan monn nan jodi a? b) Poukisa nou pa dwe di mo sal?

9 Se yon bagay ki kouran jodi a pou moun di mo sal oswa di betiz. Gen anpil moun ki panse fò yo di vye mo oswa betiz pou yo fè moun konprann yo. Souvan, komedyen yo bay blag betiz e yo di mo sal pou fè moun ri. Men, apot Pòl te di: “Kanta pou kòlè, raj, mechanste, jouman, voye tout bagay sa yo jete lwen nou nèt, e mo sal pa dwe soti nan bouch nou.” (Kolosyen 3:8). Li te di tou vrè kretyen yo “pa dwe menm pale de [...] blag betiz”. — Efezyen 5:3, 4.

10 Ni Jewova ni moun ki renmen Jewova yo rayi pawòl betiz paske pawòl sa yo pa pwòp. Nan Bib la, “konduit ki pa pwòp” yo fè pati “zèv lachè yo”. (Galat 5:19-21.) “Konduit ki pa pwòp” yo kapab gen ladan yo yon pakèt peche, e yon abitid ki pa pwòp kapab mennen nan yon lòt. Si yon moun gen abitid di pawòl ki vrèman sal, e li pa vle chanje, sa ka montre li pa dwe fè pati kongregasyon an ankò. — 2 Korentyen 12:21; Efezyen 4:19; gade nòt 23.

11, 12. a) Ki jan konvèsasyon nou ka vin tounen tripotay? b) Poukisa nou dwe evite fè medizans?

11 Nou dwe evite tripotay tou. Li nòmal pou nou enterese nan lòt moun e pou n pataje nouvèl sou zanmi nou, fanmi nou ak lòt moun. Kretyen yo tou nan premye syèk la te vle gen nouvèl frè ak sè yo e yo te vle konnen sa yo te ka fè pou ede yo (Efezyen 6:21, 22; Kolosyen 4:8, 9). Men, li fasil pou konvèsasyon nou vin tounen tripotay. Si nou repete sa lòt moun di, nou kapab di pawòl ki pa laverite oswa nou ka pale bagay ki te dwe rete prive. Si nou pa fè atansyon, pawòl sa a nou repete ki pa laverite a kapab tounen fo akizasyon oswa medizans. Farizyen yo te fè medizans sou Jezi lè yo te akize l pou yon seri bagay li pa t fè (Matye 9:32-34; 12:22-24). Medizans sal repitasyon yon moun, li mennen nan diskisyon ak soufrans, e li kraze amitye. — Pwovèb 26:20.

12 Jewova vle nou sèvi ak pawòl nou pou n ede lòt moun e pou n ankouraje yo, men pa pou n fè zanmi vin ènmi. Jewova rayi “moun k ap simen divizyon nan mitan frè”. (Pwovèb 6:16-19.) Premye moun ki te fè medizans se Satan Ledyab, li te fè medizans sou Bondye (Revelasyon 12:9, 10). Nan monn nan jodi a, li kouran pou moun fè manti sou lòt moun. Men, sa pa ta dwe rive nan kongregasyon an (Galat 5:19-21). Se sa k fè, nou dwe veye sa n ap di e nou dwe toujou reflechi anvan nou pale. Anvan w repete yon bagay ou tande sou yon lòt moun, mande tèt ou: “Èske sa m pral repete a se laverite? Èske li janti? Èske l ap ede lòt moun? Èske m ta renmen moun mwen pral pale de li a tande sa m ap di a? Ki jan m t ap santi m si yon moun ta di sa sou mwen?” — Li 1 Tesalonisyen 4:11.

13, 14. a) Ki efè jouman kapab gen sou moun? b) Poukisa kretyen yo dwe evite joure moun?

13 Sa rive nou tout, pafwa nou di yon bagay epi nou regrèt sa annapre. Men, nou pa vle pran abitid kritike lòt moun oswa di pawòl ki pa janti oswa pawòl ki ka blese santiman lòt moun. Joure pa gen plas nan lavi nou. Pòl te di: “Se pou nou retire tout kalite rankin malveyan lakay nou ansanm ak kòlè ak move san. Sispann rele sou moun, sispann joure moun.” (Efezyen 4:31). Gen lòt Bib ki mete “move pawòl”, “pawòl ki denigre moun” ak “pawòl ki vekse moun” pou yo tradui “joure” a. Lè moun joure moun, sa fè moun yo joure a pèdi diyite l e sa fè l santi l pa vo anyen. Timoun frajil anpil, se sa k fè nou dwe fè anpil atansyon pou nou pa kraze yo ak pawòl n ap di. — Kolosyen 3:21.

14 Bib la avèti nou pou nou evite denigre moun, e sa se yon fòm jouman ki grav. Denigre moun se lè y ap plede joure moun nan nan entansyon pou yo kraze l. Se pa ti tris sa t ap tris si yon moun ta aji konsa ak moun li marye avè l la oswa ak pitit li. Anfèt, yon moun ki refize sispann denigre moun pap kalifye pou l fè pati kongregasyon an ankò (1 Korentyen 5:11-13; 6:9, 10). Jan nou te aprann sa, si nou di pawòl ki sal, si nou bay manti oubyen si nou pa janti, sa ka gen move efè sou relasyon nou ak Jewova e sou relasyon nou ak lòt moun.

PAWÒL KI FÒTIFYE MOUN

15. Ki kalite pawòl ki ede moun vin pwòch youn ak lòt?

15 Ki jan nou ka sèvi ak kapasite Jewova ban nou pou nou pale a jan Jewova vle l la? Menm lè Bib la pa di nou sa nou dwe di ak sa nou pa dwe di, li fè n konnen sèl pawòl ki dwe sot nan bouch nou se “pawòl ki bon pou fòtifye moun lè sa nesesè”. (Efezyen 4:29.) Pawòl ki fòtifye moun se pawòl ki pwòp, ki janti e ki verite. Jewova vle nou sèvi ak pawòl nou pou n ankouraje lòt moun e pou n ede yo. Sa ka pa fasil. Pou nou rive di bon pawòl, olye nou di pawòl k ap fè moun mal oswa pawòl san nou pa reflechi, sa mande pou n fè efò (Tit 2:8). Ann wè kèk fason nou ka ankouraje lòt moun ak sa n ap di.

16, 17. a) Poukisa nou dwe felisite lòt moun? b) Ki moun nou dwe felisite?

16 Ni Jewova ni Jezi felisite moun anpil. Nou dwe imite yo (Matye 3:17; 25:19-23; Jan 1:47). Pou nou felisite moun yon fason k ap ankouraje yo toutbon, sa mande pou n gen konsiderasyon pou yo e pou n enterese nan yo. Pwovèb 15:23 di: “Lè yon moun di yon pawòl nan moman l dwe di l la, se pa ti bon sa bon!” Lè yon moun felisite nou ak tout kè l pou yon bagay nou te fè anpil efò pou n fè oswa li fè nou konnen li apresye yon bagay nou te fè, sa ankouraje nou. — Li Matye 7:12; gade nòt 27.

17 Si nou pran abitid chèche bon bagay lakay lòt moun, l ap pi fasil pou n felisite yo ak tout kè nou. Petèt ou ka remake yon moun nan kongregasyon an ki te byen prepare yon diskou li te genyen oswa li fè efò pou l fè kòmantè nan reyinyon yo. Petèt gen yon jèn ki pran pozisyon pou laverite nan lekòl li oswa yon moun ki granmoun ki patisipe nan travay predikasyon an regilyèman. Pawòl w ap di yo pou w felisite yo se kapab egzakteman sa yo te bezwen kòm ankourajman. Epitou, li vrèman enpòtan pou yon mari di madanm li li renmen l e pou l di l li gen valè pou li (Pwovèb 31:10, 28). Menm jan plant bezwen limyè ak dlo, se konsa tou moun bezwen santi yo gen valè pou lòt moun. Timoun yo sitou bezwen sa. Chèche okazyon pou w felisite yo pou bèl kalite yo genyen ak efò yo fè. Lè w felisite yo, sa ka fè yo gen kouraj, yo ka gen konfyans nan tèt yo, e sa ka fè yo fè plis efò pou yo fè sa ki byen.

Grasa sa n ap di ak fason nou di yo, nou ka ankouraje lòt moun e nou ka konsole yo.

18, 19. Poukisa nou dwe fè tout sa n kapab pou n ankouraje lòt moun e pou n konsole yo? Ki jan nou ka fè sa?

18 Lè nou ankouraje lòt moun e lè nou konsole yo, nou suiv egzanp Jewova. Li gen anpil sousi pou “moun ki piti yo” e pou “moun ki kraze yo”. (Ezayi 57:15.) Jewova vle pou nou “youn kontinye ankouraje lòt”, pou nou “youn kontinye fòtifye lòt” e pou nou “pale yon fason pou nou konsole moun ki tris yo”. (1 Tesalonisyen 5:11, 14.) Lè nou fè efò pou n fè sa, li wè efò nou fè yo e li ba yo valè.

19 Ou ka remake yon moun nan kongregasyon an ki dekouraje oswa ki tris. Ki sa w ka di pou w ede l? Petèt ou pa ka rezoud pwoblèm nan, men ou ka fè l konnen ou sousye de li. Ou gendwa aranje w pou w pase tan avè l. Ou ka li yon vèsè nan Bib la avè l e w ka menm mande l pou w priye avè l (Sòm 34:18; Matye 10:29-31). Ba yo asirans frè ak sè yo nan kongregasyon an renmen yo (1 Korentyen 12:12-26; Jak 5:14, 15). Epi, pale avè yo yon fason ki montre ou vrèman kwè sa w ap di a. — Li Pwovèb 12:25.

20, 21. Ki sa k fè l pi fasil pou moun aksepte konsèy?

20 Nou kapab ankouraje lòt moun tou lè nou ba yo bon konsèy. Antanke moun ki enpafè, nou tout bezwen konsèy detanzantan. Pwovèb 19:20 di: “Koute konsèy epi aksepte disiplin pou w ka vin gen sajès demen.” Se pa ansyen yo sèlman ki ka bay konsèy. Paran yo bezwen bay timoun yo direksyon (Efezyen 6:4). E sè yo kapab bay youn lòt bon konsèy (Tit 2:3-5). Kòm nou renmen frè ak sè nou yo, nou vle asire n nou ba yo konsèy yon fason ki pap fè yo santi yo mal. Ki sa k ap ede n fè sa?

21 Petèt ou sonje yon lè yon moun te ba w yon konsèy yon fason ki te fè l fasil pou w aksepte l. Ki sa k fè konsèy la te bon konsa? Sandout se paske w te santi moun nan sousye de ou toutbon. Oswa petèt se paske l te pale yon fason ki janti avè w e li montre l renmen w (Kolosyen 4:6). Siman konsèy la te baze sou Labib (2 Timote 3:16). Kit nou site pawòl ki nan Bib la jan yo ye a, kit nou pa fè sa, konsèy n ap bay yo ta dwe baze sou Bib la. Pèsonn pa dwe fòse lòt moun suiv opinyon l, ni li pa dwe tòde vèsè yo pou l fè ide pa l pase. Lè w sonje fason yo te ba w yon konsèy, sa ka ede w lè w ap bay lòt moun konsèy.

22. Ki jan w ta renmen sèvi ak kapasite w genyen pou w pale a?

22 Kapasite n genyen pou nou pale a se yon kado Bondye ban nou. Lanmou nou gen pou Bondye ta dwe pouse n byen sèvi ak kapasite sa a. Sonje, pawòl yo gen pouvwa pou yo kraze moun e yo gen pouvwa pou yo fòtifye moun. Se sa k fè, annou tout fè sa n kapab pou n fòtifye lòt moun ak pawòl nou e pou n ankouraje yo.