Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 9

“Kouri pou imoralite seksyèl”

“Kouri pou imoralite seksyèl”

“Se poutèt sa, fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak imoralite seksyèl, salte, dezi seksyèl san kontwòl, anvi pou nou fè sa ki mal, e anrapò ak tanta, ki se idolatri.” — KOLOSYEN 3:5.

1, 2. Ki jan Balaam te eseye fè pèp Jewova a mal?

IMAJINE yon moun ki pral peche pwason. Li ale nan zòn kote li konnen l ap jwenn pwason li vle a. Li pran pyèj li bezwen an, li lage liy li nan dlo a. Li ret tann byen trankil, e lè pwason an mòde zen an, li fè kwòk la antre nan machwè pwason an epi li rale pwason an vin jwenn li.

2 Menm jan ak pwason, yo ka pran moun nan pyèj. Pa egzanp, lè Izrayelit yo te monte tant yo nan Plèn Mowab yo, yo te prèske antre nan peyi Bondye te pwomèt l ap ba yo a. Wa Mowab la te pwomèt yon mesye ki rele Balaam yon pakèt lajan si misye te lage malediksyon sou Izrayèl. Finalman, Balaam te jwenn yon fason pou l fè Izrayelit yo rale malediksyon sou pwòp tèt yo. Li te pran san l pou l chwazi pyèj la. Li te voye yon seri jèn medam moun peyi Mowab nan kan Izrayelit yo pou sedui mesye yo. — Nonb 22:1-7; 31:15, 16; Revelasyon 2:14.

3. Ki jan Izrayelit yo te tonbe nan pyèj Balaam nan?

3 Èske pyèj Balaam nan te mache? Wi. Plizyè milye gason Izrayelit te fè “imoralite seksyèl ak medam peyi Mowab yo”. Epitou, yo te kòmanse adore fo dye, tankou Baal ki nan Peyò a, yon dye ki bay degoutans moun te konsidere kòm dye sèks. Konsekans sa te bay sèke 24 000 Izrayelit te mouri yon tikras tan anvan yo antre nan peyi Bondye te pwomèt yo a. — Nonb 25:1-9.

4. Sa k fè plizyè milye Izrayelit te fè imoralite?

4 Sa k fè tout Izrayelit sa yo te pran nan pyèj Balaam nan? Se paske se ak plezi yo ka jwenn sèlman yo t ap panse, e yo te bliye tout sa Jewova te fè pou yo. Izrayelit yo te gen anpil rezon pou yo fidèl ak Jewova. Li te libere yo anba esklavaj nan peyi Ejip, li te ba yo manje nan dezè a e li te mennen yo sennesòf nan papòt peyi li te pwomèt yo a (Ebre 3:12). Poutan, yo te kite imoralite seksyèl atire yo. Men sa apot Pòl te ekri: “Annou pa pratike imoralite seksyèl, menm jan kèk nan yo te fè imoralite seksyèl, sa ki te lakòz [...] yo tonbe.” — 1 Korentyen 10:8.

5, 6. Ki sa nou ka aprann nan sa k te pase nan Plèn Mowab yo?

5 Monn nouvo a vrèman toupre. Nan yon sans, nou menm jan ak Izrayelit yo ki te nan papòt peyi Bondye te pwomèt yo a (1 Korentyen 10:11). Jodi a, lespri moun nan monn nan plis sou sèks pase lespri moun peyi Mowab yo. Li fasil pou fason yo wè bagay yo gen efè sou pèp Bondye a. Dayè, pyèj Dyab la itilize plis e ki mache pi byen se imoralite seksyèl. — Nonb 25:6, 14; 2 Korentyen 2:11; Jid 4.

6 Mande tèt ou: ‘Èske m pito pran plezi pou yon tikras tan nan imoralite seksyèl olye m viv pou toutan nan monn nouvo a?’ Èske esperans nou genyen pou n viv pou toutan an pa merite pou n fè tout sa n kapab pou n obeyi lòd Jewova bay pou n “kouri pou imoralite seksyèl” la? — 1 Korentyen 6:18.

KI SA IMORALITE SEKSYÈL YE?

7, 8. Ki sa imoralite seksyèl ye? Sa k fè se yon bagay grav?

7 Gen anpil moun jodi a ki aji yon fason ki derespektan e yo montre aklè yo pa bay lwa Bondye bay sou sèks yo okenn enpòtans. Nan Bib la, imoralite seksyèl gen rapò ak aktivite seksyèl ant gason ak fi ki pa marye youn ak lòt selon Bib la. Sa gen ladan l aktivite seksyèl ant fi ak fi, gason ak gason oswa ant moun ak bèt. Aktivite seksyèl yo kapab relasyon seksyèl, sèks nan bouch, sèks nan dèyè oswa manyen pati seksyèl yon lòt moun pou fè l gen dezi seksyèl. — Gade nòt 23.

8 Labib fè konnen aklè si yon moun kontinye ap fè imoralite seksyèl, li pa kapab rete nan kongregasyon an (1 Korentyen 6:9; Revelasyon 22:15). Mete sou sa, yon moun ki imoral pa gen respè pou tèt li e lòt moun pa fè l konfyans. Imoralite toujou lakòz pwoblèm. An jeneral, sa lakòz moun gen move konsyans, e byen souvan, sa lakòz fi ansent san yo pa vle, sa lakòz pwoblèm nan maryaj, maladi e menm lanmò. (Li Galat 6:7, 8.) Si yon moun byen reflechi sou konsekans imoralite, gen anpil chans pou l pa fè imoralite. Men, byen souvan, lè yon moun fè premye pa k ap mennen nan imoralite a, sèl sa ki nan tèt li se jwenn sa l anvi a. E an jeneral, premye pa sa a se pònografi.

PÒNOGRAFI SE YON PREMYE PA

9. Sa k fè pònografi danjere?

9 Yo fè pònografi pou eksite anvi moun genyen pou yo fè sèks. Jodi a, nou jwenn pònografi tout kote: nan magazin, nan liv, nan mizik, nan emisyon televizyon e sou Entènèt. Anpil moun panse pa gen danje nan gade oswa koute pònografi, men anfèt, se yon bagay ki danjere anpil. Li ka lakòz yon moun vin esklav sèks e li ka vin gen dezi ki pa nòmal. Yonfwa yon moun kòmanse nan pònografi, li pran yon wout ki ka mennen l nan mastibasyon, ki ka lakòz pwoblèm nan maryaj li e ki ka menm mennen nan divòs. — Women 1:24-27; Efezyen 4:19; gade nòt 24.

Li saj pou nou fè atansyon lè n ap sèvi ak Entènèt.

10. Ki jan prensip nou jwenn nan Jak 1:14, 15 lan kapab ede nou evite imoralite?

10 Li enpòtan pou nou konprann ki jan imoralite seksyèl kapab atire nou. Men ki avètisman nou jwenn nan Jak 1:14, 15: “Chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l, lè l kite pwòp dezi l sedui l. Epi dezi a, lè yo nouri l, li bay peche, e peche a li menm, lè l fin fèt, li bay lanmò.” Se sa k fè, lè move lide pase nan tèt nou, se pou nou voye yo ale tousuit. Si sa rive je w tonbe sou imaj ki ka leve dezi seksyèl lakay ou, vire je w! Fèmen òdinatè a oswa vire chèn televizyon an. Pa kite move dezi anvayi w. Si w pa fè sa, move dezi yo ap vin tèlman fò, sa ap fè li vrèman difisil pou w kontwole yo. — Li Matye 5:29, 30.

11. Ki jan Jewova ka ede nou lè nou gen move panse?

11 Jewova konnen nou pi byen pase tèt nou. Donk, li konnen jis nan ki pwen nou gen defo. Men, li konnen tou nou ka kontwole move dezi yo. Men sa Jewova di nou: “Se poutèt sa, fè manm kò nou ki sou tè a mouri anrapò ak imoralite seksyèl, salte, dezi seksyèl san kontwòl, anvi pou nou fè sa ki mal, e anrapò ak tanta, ki se idolatri.” (Kolosyen 3:5). Menm lè sa pa fasil, Jewova pran pasyans avè nou e l ap ede nou (Sòm 68:19). Gen yon jèn frè ki te pran nan pyèj gade pònografi epi fè mastibasyon. Pou zanmi nan lekòl li yo, bagay sa yo te nòmal pou yon jèn gason, men li di: “Sa te gen move efè sou konsyans mwen, e m te vin lage kò m nan imoralite.” Li te vin rann li kont li bezwen kontwole dezi li genyen yo, e grasa èd Jewova, li te rive sispann vye abitid li te genyen yo. Si w gen panse ki imoral, mande Jewova pou l ba w “pisans ki depase yon pisans nòmal” pou w ka kenbe panse w pwòp. — 2 Korentyen 4:7; 1 Korentyen 9:27.

12. Sa k fè nou bezwen ‘pwoteje kè nou’?

12 Men sa Salomon te ekri: “Plis pase tout lòt bagay, pwoteje kè w, paske se ladan l sous ki bay lavi yo soti.” (Pwovèb 4:23). “Kè” nou se moun nou ye pa anndan an, moun Jewova wè a. Sa nou gade ka gen yon gwo efè sou nou. Jòb, ki te yon moun fidèl, te di: “Mwen fè yon alyans ak je m. Bon, ki jan pou m ta fè gade yon fi ak move lide?” (Jòb 31:1). Menm jan ak Jòb, nou bezwen kontwole sa n ap gade ak sa n ap panse. Epi, ann fè menm priyè ak youn nan moun ki te ekri Sòm yo: “Pa kite je m ret ap gade sa k pa vo anyen.” — Sòm 119:37.

MOVE CHWA DINA TE FÈ

13. Ki kalite zanmi Dina te genyen?

13 Zanmi nou kapab gen gwo efè sou nou, kit se nan bon sans, kit se nan move sans. Si w chwazi zanmi k ap suiv prensip Bondye yo, yo ka ede w fè menm bagay la. (Pwovèb 13:20; li 1 Korentyen 15:33.) Nou ka wè jan kesyon chwazi zanmi an se yon bagay ki enpòtan lè nou konsidere sa k te rive Dina a. Dina se te youn nan pitit fi Jakòb yo, sa vle di li te leve nan yon fanmi k ap sèvi Jewova. Li pa t yon moun ki imoral, men li te vin bon zanmi ak kèk medam nan peyi Kanaran ki pa t ap sèvi Jewova. Fason moun Kanaran yo te konsidere sèks te diferan nèt ak fason pèp Bondye a te konsidere l, e moun sa yo te gen repitasyon moun ki imoral (Levitik 18:6-25). Pandan Dina ansanm ak zanmi l yo, li rankontre yon jèn gason moun peyi Kanaran ki rele Sichèm, ki te twouve l bèl. E Sichèm se moun “yo te pi respekte” nan fanmi l. Men, li pa t renmen Jewova. — Jenèz 34:18, 19.

14. Ki sa k te rive Dina?

14 Sichèm te fè yon bagay li te twouve ki nòmal e ki te akseptab pou li. Kòm li te santi Dina atire l, li “met men sou li e li vyole l”. (Li Jenèz 34:1-4.) Aksyon sa a te vin lakòz yon seri lòt aksyon ki te terib ni pou Dina ni pou tout fanmi l. — Jenèz 34:7, 25-31; Galat 6:7, 8.

15, 16. Ki jan nou ka vin gen sajès?

15 Nou pa bezwen fè menm erè ak Dina pou n konnen prensip Jewova yo bon pou nou. “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès, men, moun ki annafè ak moun ki sòt, sa ap mal pou li.” (Pwovèb 13:20). Fikse objektif pou w rive konprann “tout sa ki byen”, konsa w ap evite lapenn ak soufrans ki pa nesesè. — Pwovèb 2:6-9; Sòm 1:1-3.

16 Nou kapab vin saj lè nou etidye Pawòl Bondye a, lè nou priye Bondye anvan nou pran yon desizyon e lè nou suiv bon konsèy esklav fidèl ki prevwayan an ban nou (Matye 24:45; Jak 1:5). Se vre, nou konnen nou tout nou gen feblès e nou gen defo (Jeremi 17:9). Men, ki jan w ap reyaji si yon moun ta fè w konnen ou sou wout pou w fè imoralite? Èske w t ap estomake oswa èske w t ap mete w tou piti pou w aksepte èd? — 2 Wa 22:18, 19.

17. Bay yon egzanp ki montre ki jan konsèy yon lòt kretyen ban nou kapab ede nou.

17 Imajine sitiyasyon ki vin annapre a. Nan travay yon sè, gen yon mesye ki montre li enterese nan li e ki envite l soti avè l. Mesye a pap sèvi Jewova, men, li parèt yon bon moun e li janti. Gen yon lòt sè ki wè yo ansanm e annapre li fè yon ti pale ak sè a pou l avèti l. Ki jan sè a ap reyaji? Èske l ap kòmanse defann tèt li oswa èske l ap wè sajès ki nan konsèy la? Petèt sè a renmen Jewova e li vle fè sa ki byen. Men, si l kontinye soti ak mesye sa a, èske l ap “kouri pou imoralite seksyèl” oswa èske “li kwè nan tèt li”? — Pwovèb 22:3; 28:26; Matye 6:13; 26:41.

SA EGZANP JOZÈF LA APRANN NOU

18, 19. Esplike ki jan Jozèf te kouri pou imoralite.

18 Jozèf te esklav ann Ejip lè l te jèn gason. Chak jou, madanm mèt li t ap mande l fè sèks avè l, men Jozèf te konnen si l te fè sa se t ap yon move bagay. Jozèf te renmen Jewova e l te vle fè l plezi. Se sa k fè, menm lè fi a te eseye sedui Jozèf plizyè fwa, Jozèf pa t ba l bò. Kòm se yon esklav li te ye, li pa t ka annik kite kay mèt la. Yon jou, lè madanm mèt la te eseye fòse l fè sèks avè l, “kouri sot deyò”. — Li Jenèz 39:7-12.

19 Si Jozèf te konn ap reflechi sou bagay ki imoral oswa li te konn ap panse ak fi a, sa te ka pa pase konsa. Men, relasyon Jozèf te gen ak Jewova a te pi enpòtan pou Jozèf pase tout lòt bagay. Li te di fi a: “Mèt mwen ban m pouvwa sou tout bagay, sof sou ou paske w se madanm li. Ki jan pou m ta ka fè gwosè mechanste sa a e pou m ta peche kont Bondye?” — Jenèz 39:8, 9.

20. Ki jan nou fè konnen Jewova te pran plezi nan fidelite Jozèf?

20 Malgre Jozèf te byen lwen fanmi l e l te lwen lakay li, li te rete fidèl ak Jewova, e Jewova te beni l (Jenèz 41:39-49). Jewova te pran plezi nan fidelite Jozèf (Pwovèb 27:11). Li kapab difisil pou yon moun reziste devan imoralite. Men, sonje pawòl ki vin annapre yo: “Nou menm ki renmen Jewova, rayi sa ki mal. Li pwoteje lavi moun ki fidèl ak li yo, li sove yo anba men mechan yo.” — Sòm 97:10.

21. Ki jan yon jèn frè te imite Jozèf?

21 Chak jou, moun ki fè pati pèp Jewova a mete kran sou yo pou yo demontre yo “rayi sa ki mal” e yo “renmen sa ki byen”. (Amòs 5:15.) Kèlkeswa laj ou, ou kapab fidèl ak Jewova. Lafwa yon jèn frè te pase anba eprèv pandan l te lekòl. Gen yon tifi ki te di l l ap fè sèks avè l si l ede l fè yon tès matematik. Ki sa frè a te fè? Li fè menm jan ak Jozèf. Li di: “Mwen refize menm kote a. Rete m te rete fidèl la, sa fè m kenbe diyite m ak respè tèt mwen.” Byen souvan, kèlkeswa ‘plezi moun pran pou yon ti tan’ nan imoralite ap mennen nan lapenn ak soufrans (Ebre 11:25). Lè yon moun obeyi Jewova, sa ap toujou pote kè kontan nètale. — Pwovèb 10:22.

KITE JEWOVA EDE W

22, 23. Ki jan Jewova ka ede nou menm lè n fè peche ki grav?

22 Satan ap eseye pran nou nan pyèj ak imoralite seksyèl, e sa kapab difisil pou n reziste. Sandout, nou tout konn gen move panse detanzantan (Women 7:21-25). Jewova konprann sa e li sonje “se pousyè nou ye”. (Sòm 103:14.) Men, e si yon kretyen fè imoralite ki se yon peche ki grav? Èske pa gen espwa pou li? Wi. Si moun nan repanti toutbon, Jewova ap padone l. Bondye “dispoze padone”. — Sòm 86:5; Jak 5:16; li Pwovèb 28:13.

23 Epitou, Jewova ban nou “gason kòm kado”, sa vle di ansyen yo ki renmen nou e ki gen sousi pou nou (Efezyen 4:8, 12; Jak 5:14, 15). Li ban nou frè sa yo pou ede nou ranje relasyon nou avè l. — Pwovèb 15:32.

SÈVI AK “BONSANS” OU

24, 25. Ki jan “bonsans” kapab ede nou evite imoralite?

24 Pou nou pran bon desizyon, nou bezwen konprann ki jan lwa Jewova yo bon pou nou. Nou pa vle aji menm jan ak jèn gason yo pale de li nan Pwovèb 7:6-23 a. Kòm li te manke “bonsans”, li te pran nan pyèj imoralite seksyèl. Bonsans plis pase entèlijans. Lè nou gen bonsans, nou eseye konprann fason Bondye panse e nou eseye aji ann amoni ak fason l panse chak jou nan lavi nou. Sonje pawòl sajès sa yo: “Yon moun ki vin gen bonsans se yon moun ki renmen tèt li. Moun ki bay bon jijman valè ap reyisi.” — Pwovèb 19:8.

25 Èske w gen bonjan konviksyon prensip Bondye yo dwat? Èske w kwè toutbon lè w suiv yo, w ap gen kè kontan (Sòm 19:7-10; Ezayi 48:17, 18)? Si w poko sèten, reflechi sou tout bon bagay Jewova fè pou ou. “Goute e n a wè jan Jewova bon.” (Sòm 34:8). Plis ou fè sa vèsè sa a di a, se plis w ap vin renmen Bondye. Renmen sa l renmen, epi rayi sa l rayi. Mete bon panse nan tèt ou, sa vle di panse ak bagay ki vrè, ki dwat, ki pwòp, ki merite pou yo renmen yo e ki bon (Filipyen 4:8, 9). Menm jan ak Jozèf, sajès Jewova kapab bon pou nou. — Ezayi 64:8.

26. Sou ki sa nou pral pale nan chapit ki vin apre a?

26 Kit ou poukont ou, kit ou marye, Jewova vle w pwofite lavi a e l vle w gen kè kontan. De chapit ki vin apre yo gen enfòmasyon ki ka ede nou fè maryaj nou byen mache.