Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 1

Lanmou Bondye la pou toutan

Lanmou Bondye la pou toutan

“Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo. Epoutan, kòmandman l yo pa lou.” — 1 JAN 5:3.

1, 2. Poukisa w renmen Jewova?

ÈSKE W renmen Bondye? Petèt ou tèlman renmen l sa fè w vwe lavi w ba li. Ou ka santi li se pi bon Zanmi w genyen. Men, Jewova te gentan renmen w depi anvan w renmen l. Men sa nou li nan Bib la: “Nou demontre lanmou, paske li te demontre lanmou pou nou an premye.” — 1 Jan 4:19.

2 Reflechi sou tout fason Jewova montre l renmen nou. Li ban nou tè a ki bèl pou nou abite ak tout sa nou bezwen pou nou viv byen (Matye 5:43-48; Revelasyon 4:11). Li vle nou gen bon relasyon avè l, epi li ban nou posiblite pou nou aprann konnen l. Lè n ap li Labib, nou koute Jewova. Epi, lè n ap priye l, se li menm ki koute nou (Sòm 65:2). Li gide nou e li ban nou fòs pa mwayen lespri sen l ki pisan (Lik 11:13). Li te menm voye Pitit li a, li renmen anpil, sou tè a pou l ka libere n anba peche ak lanmò. — Li Jan 3:16; Women 5:8.

3. Ki jan nou ka kontinye gen yon bon relasyon ak Jewova?

3 Fè yon ti reflechi ak youn nan bon zanmi w yo, yon moun ki te toujou la pou ou nan bon kou nan move moman. Pou yon amitye rete solid konsa, sa mande efò. Menm jan an tou, nou bezwen fè efò pou n kontinye zanmi Jewova, pi bon Zanmi nou te ka genyen an. Nou kapab zanmi l pou toutan. Se poutèt sa Labib di nou: “Rete nan lanmou Bondye.” (Jid 21). Ki jan nou ka fè sa? Men repons Bib la bay: “Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo. Epoutan, kòmandman l yo pa lou.” — 1 Jan 5:3.

“MEN SA LANMOU POU BONDYE VLE DI”

4, 5. a) Ki sa “lanmou pou Bondye” vle di? b) Ki sa k te fè w kòmanse renmen Jewova?

4 Ki sa Bib la vle di lè l pale de “lanmou pou Bondye”? Li vle pale de bonjan santiman nou gen pou Bondye. Èske w sonje lè w te fèk kòmanse renmen Jewova?

Lè w vwe lavi w bay Jewova e w batize, ou montre ou renmen l e w vle obeyi l pou toutan.

5 Sonje jan w te santi w premye fwa w te aprann Jewova vle pou w viv pou toutan nan monn nouvo l la. Ou te aprann tout sa l te fè pou sa te ka vin posib, epi w te vin konprann lè Jewova te voye Pitit li a sou tè a se yon kado ki gen anpil valè li te ban nou (Matye 20:28; Jan 8:29; Women 5:12, 18). Lè w te aprann nan ki pwen Jewova renmen w, sa te touche kè w, e w te kòmanse renmen l tou. — Li 1 Jan 4:9, 10.

6. Ki sa renmen yon moun mande? Ki sa lanmou w gen pou Bondye te pouse w fè?

6 Lanmou sa a ou te santi w gen pou Bondye a se te jis yon kòmansman. Pa egzanp, lè w renmen yon moun, ou pa annik di l: “Mwen renmen w.” Men, ou vle fè sa k ap fè kè l kontan. Menm jan an tou, kòm nou renmen Jewova, nou vle viv yon fason pou nou fè kè l kontan. Tank lanmou sa a t ap grandi, petèt ou te vwe lavi w ba li e w te batize. Lè w te fè sa, se pwomèt ou te pwomèt Jewova pou w sèvi l pou toutan. (Li Women 14:7, 8.) Ki sa w ka fè pou w respekte pwomès sa a?

“NOU OBEYI KÒMANDMAN L YO”

7. Ki sa n ap fè si nou renmen Jewova? Bay kèk nan kòmandman l yo.

7 Piske nou renmen Jewova, “nou obeyi kòmandman l yo”. Nan Bib la, nou aprann fason Jewova vle pou nou viv. Pa egzanp, li fè nou konnen se yon bagay ki mal pou n bwè pou n sou, pou n vòlè oswa bay manti, pou n gen relasyon seksyèl ak yon moun nou pa marye avè l, oubyen pou n bay yon moun oswa yon bagay adorasyon se sèl Jewova nou dwe bay li a. — 1 Korentyen 5:11; 6:18; 10:14; Efezyen 4:28; Kolosyen 3:9.

8, 9. Ki jan nou ka konnen sa Jewova vle nou fè nan yon sitiyasyon kote Labib pa bay yon kòmandman byen presi? Bay yon egzanp.

8 Pou nou fè kè Jewova kontan, nou pa dwe annik obeyi kòmandman l yo. Li pa ban nou yon lis kòmandman ki pale sou tout sitiyasyon n ka rankontre nan lavi a. Donk, pafwa, nou ka rankontre sitiyasyon kote pa gen yon kòmandman byen presi nan Bib la ki di sa pou n fè. Ki sa n ka fè pou n pran bon desizyon (Efezyen 5:17)? Nan Bib la, nou jwenn prensip, sa vle di yon seri verite fondamantal ki anseye nou ki jan Jewova wè bagay yo. Epi, ofiramezi n ap li Bib la, n ap aprann konnen Jewova antanke yon Moun ki reyèl. N ap aprann fason l panse, sa gen ladan l sa l renmen ak sa l rayi. — Li Sòm 97:10; Pwovèb 6:16-19; gade nòt 1.

9 Pa egzanp, ki jan n fè konnen sa pou n gade nan televizyon ak sou Entènèt? Jewova pa di nou egzakteman sa pou n fè. Men, prensip li ban nou yo ede n pran bon desizyon. Jodi a, gen anpil detant ki gen vyolans ak sèks ladan yo. Nan Bib la, Jewova fè n konnen “li rayi nenpòt moun ki renmen vyolans” e li ‘pral jije moun k ap fè imoralite seksyèl’. (Sòm 11:5; Ebre 13:4.) Ki jan prensip sa yo ka ede n pran bon desizyon? Yonfwa nou fin konnen Jewova rayi yon bagay oswa li konsidere l kòm yon bagay ki pa pwòp, nou dwe evite l.

10, 11. Poukisa nou obeyi Jewova?

10 Poukisa nou obeyi Jewova? Èske se pou nou annik evite pinisyon oswa pwoblèm nou ka jwenn lè nou pran yon move desizyon (Galat 6:7)? Non, nou obeyi Jewova paske nou renmen l. Menm jan ak timoun ki vle fè kè papa yo kontan, nou menm tou nou vle fè kè Papa nou ki nan syèl la kontan. Pa gen anyen ki ka pi bon pase lè nou konnen nou fè kè Jewova kontan! — Sòm 5:12; Pwovèb 12:2; gade nòt 2.

11 Nou pa obeyi Jewova sèlman lè sa fasil oswa lè nou pa gen lòt posiblite. Epitou, nou pa chwazi kiyès nan kòmandman l yo oswa nan prensip li yo n ap suiv (Detewonòm 12:32). Okontrè, nou obeyi l nan tout bagay. Nou santi nou menm jan ak youn nan moun ki te ekri Sòm yo ki te di: “Mwen renmen kòmandman w yo, wi, mwen renmen yo.” (Sòm 119:47; Women 6:17). Nou ta renmen menm jan ak Noye, ki te montre li renmen Jewova lè l te fè tout bagay jan Jewova te di l la. Labib di: “Se egzakteman sa l te fè.” (Jenèz 6:22). Èske w pa ta renmen pou Jewova di menm bagay la pou ou tou?

12. Ki jan nou ka fè kè Jewova kontan?

12 Ki jan Jewova santi l lè nou obeyi l? Nou “fè kè l kontan”. (Pwovèb 11:20; 27:11.) Imajine sa! Nou fè kè Kreyatè a kontan lè nou obeyi l. Men, li pa janm fòse n fè sa. Okontrè, li ban nou libète pou n deside. Sa vle di nou gen libète pou nou chwazi fè sa ki bon oubyen sa ki mal. Jewova vle pou lanmou nou gen pou li a pouse n obeyi l lè nou pran bon desizyon, e sa ap fè n gen pi bon lavi ki ka genyen an. — Detewonòm 30:15, 16, 19, 20; gade nòt 3.

“KÒMANDMAN L YO PA LOU”

13, 14. Ki jan nou fè konnen kòmandman Bondye yo pa twò difisil pou n obeyi yo? Bay yon egzanp.

13 E si nou panse kòmandman Jewova yo twò difisil pou n obeyi, oswa y ap retire nan libète nou genyen? Labib di byen klè: “Kòmandman l yo pa lou.” (1 Jan 5:3). Gen lòt vèsè kote yo sèvi ak mo “lou” a pou yo pale de yon bagay ki pa rezonab oswa pou yo pale de moun k ap eseye kontwole lòt moun e ki fè yo soufri (Matye 23:4; Travay 20:29, 30). Men sa tradiksyon Labib ki rele Bib Kreyòl La di: “Kòmandman li yo pa yon chay.” Kòmandman Jewova yo pa “lou”, sa vle di yo pa twò difisil pou n obeyi. Sa l mande nou yo toujou rezonab.

14 Ann pran yon egzanp. Imajine w ap ede yon zanmi w bwote pou l al rete nan yon lòt kay. Li mete tout bagay li genyen nan bwat. Gen bwat ki lejè yon sèl moun ka pote byen fasil, men genyen ki lou ki bezwen de moun pou leve yo. Èske zanmi w lan t ap mande w pou w pote bwat ki lou yo poukont ou? Non, li pa t ap fè sa. Poukisa? Paske li pa ta renmen pou anyen mal rive w. Menm jan ak zanmi sa a, Jewova pa t ap janm mande nou fè yon bagay ki twò difisil (Detewonòm 30:11-14). Jewova konnen nou. Li “byen konnen ki jan nou fèt. Li sonje se pousyè nou ye”. — Sòm 103:14.

15. Ki jan nou ka gen asirans kòmandman Jewova bay yo se pou byen nou?

15 Moyiz te fè pèp Izrayèl la konnen kòmandman Jewova yo te la “pou tout bagay ka toujou ale byen” pou yo e si yo te obeyi yo, sa t ap pèmèt yo “rete an vi”. (Detewonòm 5:28-33; 6:24.) Se menm bagay la tou jodi a. Tout sa Jewova mande nou fè ap ede n viv pi byen. (Li Ezayi 48:17.) Antanke Papa nou, Jewova toujou konnen sa k pi bon pou nou (Women 11:33). Men sa Labib di: “Bondye se lanmou.” (1 Jan 4:8). Sa vle di se lanmou ki pouse Jewova di oswa fè tout bagay.

16. Ki jan nou fè konnen nou kapab obeyi Jewova menmsi nou enpafè e n ap viv nan yon monn ki mechan?

16 Li pa toujou fasil pou n obeyi Bondye. N ap viv nan yon monn ki mechan ki anba pouvwa Dyab la. L ap eseye pouse moun fè sa ki mal (1 Jan 5:19). Kòm nou enpafè, nou oblije fè efò tou pou n pa fè sa panse n ak santiman n di nou paske yo ka fè n dezobeyi Bondye (Women 7:21-25). Men, lanmou nou gen pou Jewova ban nou fòs pou n fè sa ki byen. Jewova wè efò n ap fè pou n obeyi l, e li ede nou pa mwayen lespri sen l ki pisan (1 Samyèl 15:22, 23; Travay 5:32). Lespri sen ede nou vin gen bèl kalite k ap fè l pi fasil pou n obeyi Bondye. — Galat 5:22, 23.

17, 18. a) Ki sa nou pral aprann nan liv sa a? b) Ki sa nou pral wè nan chapit ki vin apre a?

17 Nan liv sa a, nou pral aprann fason pou n viv pou n fè Jewova plezi. Nou pral aprann fason pou n aplike prensip li yo nan lavi nou. Pa bliye, Jewova pa janm fòse nou obeyi l. Lè nou chwazi obeyi l, n ap viv pi byen e n ap gen yon bèl avni k ap tann nou. Sa k pi enpòtan an, sèke lè n obeyisan n ap montre Bondye jis nan ki pwen nou renmen l. — Gade nòt 4.

18 Pou Jewova ede nou konnen sa ki byen ak sa ki mal, li bay nou chak yon konsyans. Si nou fòme konsyans nou, li ka ede n “obeyi kòmandman [Jewova] yo”. Men, ki sa konsyans lan ye e ki jan nou ka fòme l? Se sa n pral wè.