Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 10

Maryaj se yon kado Bondye bay

Maryaj se yon kado Bondye bay

“Yon kòd ki trese an twa pap kase fasil.” — EKLEZYAS 4:12.

1, 2. a) Ki sa moun ki fèk marye yo ap tann? b) Ki kesyon n ap reponn nan chapit sa a?

IMAJINE de moun k ap marye. Yo kontan anpil paske yo pral viv ansanm, yo espere anpil bagay e yo gen anpil rèv yo vle reyalize ansanm. Yo espere maryaj yo ap gen kè kontan e l ap dire lontan.

2 Men, anpil maryaj ki byen kòmanse pa kontinye byen mache. Pou yon maryaj dire lontan e pou moun yo gen kè kontan, yo bezwen direksyon nan men Bondye. Se poutèt sa nou pral pale sou repons Bib la bay pou kesyon ki annapre yo: Ki avantaj konsa maryaj gen ladan l? Si w vle marye, ki jan w ka byen chwazi moun w ap marye avè l la? Ki sa w ka fè pou w yon bon mari oswa yon bon madanm? Epi, ki sa k ka pèmèt yon maryaj dire lontan? — Li Pwovèb 3:5, 6.

ÈSKE M DWE MARYE?

3. Èske w panse fòk yon moun marye pou l gen kè kontan? Esplike.

3 Gen moun ki panse si yon moun pa marye, li pa ka gen kè kontan. Men, se pa vre. Jezi te fè konnen lè yon moun pa marye, sa ka yon don (Matye 19:11, 12). E apot Pòl te di gen avantaj lè yon moun pa marye (1 Korentyen 7:32-38). Se ou menm ki pou chwazi si w ap marye oswa si w pap marye. Ou pa dwe kite zanmi w, fanmi w oswa kilti w fè w santi ou dwe marye.

4. Bay kèk avantaj ki genyen lè yon maryaj ap mache byen.

4 Labib fè konnen maryaj tou se yon kado Bondye bay e li gen avantaj ladan l. Men sa Jewova te di konsènan Adan: “Li pa bon pou gason an kontinye rete poukont li. Mwen pral fè yon moun pou ede l, pou sèvi l konpay.” (Jenèz 2:18). Jewova te kreye Èv pou l vin madanm Adan, e yo de a te vin fòme premye fanmi sou tè a. Si de moun ki marye gen pitit, maryaj yo ta dwe sèvi kòm yon anviwònman ki stab kote yo ka leve timoun yo. Men, se pa pou fè pitit sèlman Bondye mete maryaj. — Sòm 127:3; Efezyen 6:1-4.

5, 6. Ki jan yon maryaj kapab tankou “yon kòd ki trese an twa”?

5 Men sa wa Salomon te ekri: “De pi bon pase youn, piske yo gen yon bon rekonpans pou travay di yo fè. Paske, si youn nan yo tonbe, lòt la kapab ede zanmi l lan kanpe. Men, ki sa k ap rive yon moun ki tonbe ki pa gen pèsonn pou ede l leve? [...] Epitou, yon kòd ki trese an twa pap kase fasil.” — Eklezyas 4:9-12.

6 Yon maryaj k ap mache kapab se rezilta amitye ant de moun ki bon zanmi youn ak lòt, k ap ede youn lòt, k ap konsole youn lòt e k ap pwoteje youn lòt. Lanmou kapab fè yon maryaj vin solid, men maryaj la ap vin pi solid toujou si mari a ak madanm nan ap sèvi Jewova. Maryaj yo kapab vin tankou “yon kòd ki trese an twa”, yon kòd twa branch ki trese byen sere. Yon kòd konsa pi solid pase yon kòd ki gen de branch sèlman. Yon maryaj ap vin solid lè Jewova ladan l.

7, 8. Ki konsèy Pòl te bay sou maryaj?

7 Lè de moun fin marye, youn kapab satisfè dezi nòmal lòt la genyen pou l fè sèks (Pwovèb 5:18). Men, si yon moun vle marye sèlman pou l kapab satisfè anvi li genyen pou l fè sèks, sa ka fè l pa fè yon bon chwa. Se poutèt sa Labib di fòk yon moun “pa twò jèn” pou l marye, sa vle di fò l pa nan peryòd nan lavi l kote anvi li genyen pou l fè sèks la vrèman fò (1 Korentyen 7:36). Li pi bon pou moun nan tann anvi sa yo kalme anvan l marye. Lè sa a, moun nan ka panse pi klè e li ka fè yon pi bon chwa. — 1 Korentyen 7:9; Jak 1:15.

8 Si w panse marye, li bon pou w reyalis e pou w konnen tout maryaj gen pwoblèm. Pòl te di moun ki marye yo “ap jwenn tribilasyon nan lavi yo”. (1 Korentyen 7:28.) Menm maryaj k ap pi byen mache a ap gen moman difisil. Donk, si w chwazi marye, veye pou w byen chwazi moun ou pral marye avè l la.

AK KI MOUN MWEN DWE MARYE?

9, 10. Ki sa k ap rive si nou marye ak yon moun ki pap sèvi Jewova?

9 Men yon prensip nan Bib la ki enpòtan pou nou sonje lè n ap chwazi yon moun pou nou marye: “Pa mete tèt nou anba menm jouk ak moun ki pa kwayan.” (2 Korentyen 6:14). Egzanp jouk la baze sou yon aktivite yo konn fè nan jaden. Si de bèt pa gen menm gwosè oswa menm fòs, yon moun k ap travay tè pap mete yon jouk sou yo pou yo travay ansanm nan jaden. Sa pa t ap bon pou okenn nan bèt yo paske yo toude t ap soufri. Menm jan an tou, lè yon moun k ap sèvi Jewova marye ak yon moun ki pap sèvi Jewova, gen anpil posiblite pou sa bay anpil pwoblèm. Se sa k fè, Bib la ban nou konsèy pou n marye ak yon moun “sèlman si moun sa a nan Seyè a”. — 1 Korentyen 7:39.

10 Pafwa, gen kèk kretyen ki santi pito yo marye ak yon moun ki pap sèvi Jewova pase pou yo rete poukont yo. Men, lè nou pa suiv konsèy Bib la bay, byen souvan, sa bay lapenn ak tristès. Antanke moun k ap adore Jewova, bagay ki pi enpòtan nan lavi nou se sèvis n ap ba li a. Ki jan w t ap santi w si w pa ta ka pataje bagay sa a ki pi enpòtan nan lavi w la ak moun ou marye avè l la? Gen anpil moun ki chwazi rete poukont yo pase pou yo marye ak yon moun ki pa renmen Jewova e ki pap sèvi l. — Li Sòm 32:8.

11. Ki jan w ka byen chwazi yon moun pou w marye?

11 Sa pa vle di depi yon moun ap sèvi Jewova l ap yon bon mari oswa yon bon madanm pou ou. Si w vle marye, chèche yon moun ou vrèman apresye e ou antann ou byen avè l. Ret tann jis ou jwenn yon moun ki vle fè menm bagay avè w e ki mete sèvis l ap bay Bondye a an premye nan lavi l. Esklav fidèl ki prevwayan an bay bon konsèy sou maryaj nan piblikasyon nou yo, pran tan pou w li yo epi medite sou yo. — Li Sòm 119:105.

12. Ki sa nou ka aprann konsènan maryaj nan Bib la kote se paran ki chwazi moun pou pitit yo marye?

12 Nan kèk kilti, li nòmal pou se paran ki chwazi moun pou pitit yo marye. Yo panse paran yo pi byen konnen kiyès k ap pi bon pou pitit yo. Sa te konn fèt souvan nan epòk yo t ap ekri Bib la tou. Donk, si fanmi w deside suiv koutim sa a, Bib la ka ede paran w konnen ki kalite pou yo chèche lakay moun nan. Pa egzanp, lè Abraram t ap chwazi yon madanm pou Izarak, pitit gason l, sa k te gen plis enpòtans pou li se te pou fi a renmen Jewova, se pa t ni lajan, ni ran sosyal. — Jenèz 24:3, 67; gade nòt 25.

KI JAN M KA PREPARE M POU MARYAJ?

13-15. a) Ki jan yon gason ka prepare l pou l yon bon mari? b) Ki jan yon fi ka prepare l pou l yon bon madanm?

13 Si w panse marye, asire w ou pare pou sa. Ou ka panse w pare, men ann fè yon ti pale sou sa sa vle di prepare pou maryaj toutbon. Ou ka sezi wè repons lan.

Pran tan pou w li konsèy Pawòl Bondye a bay sou maryaj epi medite sou yo.

14 Jan Bib la montre sa, mari ak madanm pa gen menm wòl nan fanmi an. Donk, nou tou konprann fason yon gason ap prepare l pou maryaj pap menm ak fason yon fi ap prepare l pou sa. Si yon gason vle marye, li dwe mande tèt li si l pare pou l vin yon chèf fanmi. Jewova vle pou yon mari pran swen madanm li ak pitit li nan domèn materyèl e pou l ba yo afeksyon ak atansyon. Sa k pi enpòtan an, yon mari dwe pran latèt nan sèvis fanmi l ap bay Bondye. Labib fè konnen yon gason ki pa pran swen fanmi l “pi mal pase yon moun ki pa gen lafwa”. (1 Timote 5:8.) Se sa k fè, si w se yon gason e w vle marye, reflechi sou fason prensip nan Bib la nou pral site la a kapab itil ou: “Prepare travay ou gen deyò, epi pare tout bagay nan jaden w. Apre sa, ou mèt bati kay ou.” Sa vle di, anvan w marye se pou w asire w w ap kapab fè sa Jewova vle pou mari yo fè. — Pwovèb 24:27.

15 Yon fi ki vle marye dwe mande tèt li si l pare pou l pran responsablite yon madanm e petèt yon manman genyen. Labib pale sou fason yon bon madanm dwe pran swen mari l ak pitit li (Pwovèb 31:10-31). Jodi a, gen anpil gason ak anpil fi ki panse sèlman ak sa moun ki pral marye avè yo a ap fè pou yo. Men, Jewova vle nou panse sou sa nou ka fè pou moun nou marye avè l la.

16, 17. Si w vle marye, sou ki sa ou ta dwe medite?

16 Anvan w marye, medite sou sa Jewova di konsènan mari yo ak madanm yo. Lefètke yon gason se chèf fanmi l, sa pa vle di li kapab maltrete moun nan fanmi an ni nan domèn fizik ni nan fason l pale avèk yo ni nan fason l trete yo. Yon bon chèf fanmi imite Jezi, li menm ki toujou demontre lanmou ak bonte pou moun ki sou kont li yo (Efezyen 5:23). Madanm nan bò kote pa l bezwen reflechi sou sa sa vle di pou l soutni desizyon mari l e pou l kolabore avè l (Women 7:2). Li bezwen mande tèt li si l ap kapab soumèt li anba yon gason ki pa pafè e pou l kontinye gen kè kontan. Si l panse li pap kapab, petèt li ka twouve li pi bon pou l rete poukont li toujou.

17 Yon mari ak yon madanm dwe sousye yo plis pou yo fè kè youn lòt kontan olye pou se kè kontan pa yo y ap chèche. (Li Filipyen 2:4.) Men sa Pòl te ekri: “Nou chak dwe renmen madanm nou menm jan nou renmen tèt nou. Madanm nan, bò kote pa l, dwe gen yon gwo respè pou mari l.” (Efezyen 5:21-33). Ni gason an ni fi a dwe santi youn renmen lòt e youn gen respè pou lòt. Men, pou yon maryaj mache byen, li enpòtan anpil pou gason an wè madanm li respekte l e pou fi a santi mari l renmen l.

18. Poukisa de moun ki renmen dwe fè atansyon pandan peryòd yo renmen an?

18 Peryòd kote de moun renmen, kote youn ap aprann konn lòt, ta dwe bay kè kontan. Men, se yon peryòd tou kote moun yo bezwen wè bagay yo jan yo ye a e yo bezwen onèt ak tèt yo pou yo deside si yo vrèman vle pase tout lavi yo ansanm. Pandan peryòd sa a, gason an ak fi a aprann kominike youn ak lòt e yo chèche konnen ki sa lòt moun nan gen nan kè l toutbon. Plis relasyon an ap vin serye, se plis li nòmal pou youn santi lòt la atire l nan domèn fizik. Men, yo bezwen kontwole fason y ap demontre santiman sa yo anvan yo marye dekwa pou yo pa fè yon bagay ki imoral. Si youn renmen lòt toutbon, sa ap ede yo metrize tèt yo e sa ap anpeche yo fè yon bagay ki kapab gate relasyon yo youn ak lòt e relasyon yo ak Jewova. — 1 Tesalonisyen 4:6.

Yon gason ak yon fi ka aprann kominike youn ak lòt pandan yo renmen.

KI SA M KA FÈ POU MARYAJ MWEN DIRE?

19, 20. Ki jan kretyen yo konsidere maryaj?

19 Nan fen anpil liv ak anpil fim, yo montre yon gwo maryaj kote moun yo kontan. Men, nan lavi a, lè de moun ap marye, sa se yon kòmansman. Jewova vle pou maryaj la dire nèt. — Jenèz 2:24.

20 Jodi a, anpil moun wè maryaj kòm yon aranjman pou yon ti tan. Li fasil pou moun marye e l fasil pou yo divòse. Gen kèk moun ki santi depi kòmanse gen pwoblèm, sa vle di li lè pou yo kite moun yo marye avè l la e pou yo mete yon fen nan maryaj la. Men, sonje egzanp Bib la pran konsènan yon kòd solid ki trese an twa a. Yon kòd konsa pap kase menm lè yo fè gwo presyon sou li. Lè nou chèche èd nan men Jewova, maryaj nou kapab dire. Jezi te di: “Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” — Matye 19:6.

21. Ki sa k ap ede yon mari ak madanm li renmen youn lòt?

21 Nou tout nou gen kalite nou ak defo nou. Li vrèman fasil pou n konsantre sou defo lòt moun, sitou defo moun nou marye avè l la. Men, si nou fè sa, nou pap gen kè kontan. Yon lòt bò, si nou konsantre sou kalite moun nou marye avè l la gen lakay li, nou kapab gen kè kontan nan maryaj nou. Èske li posib pou nou konsantre sou kalite moun nou marye avè l la, yon moun ki enpafè? Wi! Jewova konnen jis nan ki pwen nou enpafè, poutan li konsantre sou kalite nou yo. Imajine si l pa t fè sa? Men sa youn nan moun ki te ekri Sòm yo di: “O Ja, si se erè ou t ap gade, kiyès ki t ap ka kanpe devan w, o Jewova?” (Sòm 130:3). Mari yo ak madanm yo kapab imite Jewova lè yo chèche bon bagay lòt la gen lakay li epi yo dispoze padone. — Li Kolosyen 3:13.

22, 23. Ki bèl egzanp Abraram ak Sara kite pou moun ki marye yo?

22 Tank ane ap pase, maryaj la kapab vin pi solid. Maryaj Abraram ak Sara te dire lontan e li te ba yo kè kontan. Lè Jewova te di Abraram pou l kite kay li nan vil Ou, petèt Sara te gen plis pase 60 an. Imajine jan sa te difisil pou li pou l kite kay li, kote li te alèz, pou l al viv anba tant. Men, Sara te yon bon zanmi, yon bon konpay pou mari l e li te respekte mari l toutbon. Se sa k fè li te soutni desizyon Abraram te pran yo e li te ede l pou l reyalize sa l te deside yo. — Jenèz 18:12; 1 Pyè 3:6.

23 Natirèlman, se pa paske yon maryaj ap mache byen ki vle di mari a ak madanm nan ap toujou dakò sou tout bagay. Gen yon lè, Abraram pa t dakò ak Sara, e Jewova te di Abraram: “Koute l”. Abraram te fè sa, e sa te bay bon rezilta (Jenèz 21:9-13). Si ou menm ak moun ou marye avè l la pa antann nou pafwa, pa kite sa dekouraje w. Sa ki enpòtan, se pou nou youn toujou aji ak lòt avèk lanmou e avèk respè menm lè nou pa dakò youn ak lòt.

Fè plas pou Pawòl Bondye a depi lè nou fèk marye.

24. Ki jan maryaj nou kapab onore Jewova?

24 Nan kongregasyon yo, gen plizyè milye moun ki marye e ki gen kè kontan. Si w vle marye, se pou w sonje youn nan desizyon ki pi enpòtan w ap gen pou w pran se chwazi moun w ap marye avè l la. Sa ap gen efè sou tout rès vi w, donk, chèche direksyon nan men Jewova. Konsa, w ap ka byen chwazi moun w ap marye avè l la, w ap byen prepare w pou maryaj la e w ap kapab travay pou maryaj ou solid, pou l bay kè kontan, sa k ap onore Jewova.