Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nòt

Nòt

 1 PRENSIP

Lwa Bondye yo chita sou prensip li yo. Prensip sa yo se verite fondamantal ki nan Bib la. Yo ede n konprann fason Bondye panse ak santiman l. Yo ede n pran bon desizyon nan lavi a e yo ede n fè sa ki dwat. Yo ede nou sitou lè nou devan sitiyasyon kote Bondye pa bay yon lwa byen presi.

Chapit 1, paragraf 8

 2 OBEYISANS

Nou obeyi Jewova lè nou fè sa l di nou fè san fòse. Jewova vle nou obeyi l paske nou renmen l (1 Jan 5:3). Si nou renmen Bondye e si nou kwè nan li, n ap suiv konsèy li yo nan tout sitiyasyon. N ap obeyi l menm lè sa pa fasil pou nou. Lè nou obeyi Jewova, sa bon pou nou, paske Jewova aprann nou fason pou n viv byen depi kounye a e l pwomèt nou n ap jwenn anpil benediksyon alavni. — Ezayi 48:17.

Chapit 1, paragraf 10

 3 LIBÈTE POU MOUN DESIDE

Jewova bay chak moun libète pou yo deside, sa vle di kapasite pou yo deside sa y ap fè. Li pa kreye nou pou n tankou wobo (Detewonòm 30:19; Jozye 24:15). Nou ka sèvi ak libète nou genyen an pou n deside sa ki byen. Men, si nou pa veye, nou ka pran move desizyon. Libète nou genyen pou nou deside a vle di se nou chak ki dwe deside si nou vle rete fidèl ak Jewova e se nou chak ki dwe montre si nou renmen l toutbonvre.

Chapit 1, paragraf 12

 4 PRENSIP MORAL

Jewova ban nou prensip moral oswa direksyon sou konduit nou ak aksyon nou. Nou ka aprann prensip sa yo nan Bib la e n ka aprann fason yo ka ede n viv byen (Pwovèb 6:16-19; 1 Korentyen 6:9-11). Prensip sa yo ede n konnen sa Bondye konsidere ki byen ak sa l konsidere ki mal. Epitou, yo ede n konnen fason pou n demontre lanmou pou lòt moun, fason pou n pran desizyon ak fason pou n aji byen ak lòt moun. Byenke prensip yo nan monn nan kontinye ap degrade, prensip Jewova yo pa chanje (Detewonòm 32:4-6; Malachi 3:6). Si nou suiv yo, n ap evite anpil soufrans ni nan kò nou ni nan lespri nou.

Chapit 1, paragraf 17

 5 KONSYANS

Konsyans nou se kapasite nou gen nan nou ki pèmèt nou konnen sa ki byen ak sa ki mal. Jewova bay nou chak yon konsyans (Women 2:14, 15). Pou konsyans nou byen fonksyone, nou dwe sèvi ak prensip moral Jewova yo pou n fòme l. Lè n fòme konsyans nou, li ka ede nou pran desizyon ki fè Bondye plezi (1 Pyè 3:16). Konsyans nou ka avèti nou lè nou pral pran yon move desizyon oubyen li ka fè nou santi yon gwo remò apre nou fin fè yon bagay mal. Konsyans nou ka vin pa fonksyone byen, men avèk èd Jewova, nou ka fè l vin klè ankò. Lè konsyans nou klè, sa ka fè lespri nou anpè e sa ka fè n gen respè pou tèt nou.

Chapit 2, paragraf 3

 6 LAKRENTIF POU BONDYE

Lè nou gen lakrentif pou Bondye, sa vle di nou tèlman renmen l e nou tèlman gen respè pou li sa fè nou pa vle fè anyen ki pap fè l plezi. Lakrentif pou Bondye ede nou fè sa ki byen e li anpeche n fè sa ki mal (Sòm 111:10). Li fè n byen koute tout sa Jewova di. Epitou, li ede nou respekte pwomès nou fè l paske nou gen gwo respè pou li. Lakrentif pou Bondye gen efè sou fason nou panse, fason nou boule ak lòt moun ak desizyon n ap pran chak jou.

Chapit 2, paragraf 9

 7 REPANTANS

Repantans gen ladan l gwo tristès yon moun genyen lè l fè yon bagay ki mal. Moun ki renmen Bondye konn santi yo regrèt sa yo te fè lè yo wè yo te fè yon bagay ki depaman ak prensip Jewova yo. Si nou fè yon bagay ki mal, nou dwe sipliye Jewova pou l padone nou sou baz sakrifis Jezi te bay kòm ranson an (Matye 26:28; 1 Jan 2:1, 2). Lè nou repanti toutbon e nou sispann fè sa ki mal, nou kapab gen konfyans Jewova ap padone nou. Nou pa bezwen kontinye santi nou koupab pou sa nou te fè lontan (Sòm 103:10-14; 1 Jan 1:9; 3:19-22). Nou dwe fè anpil efò pou n pran leson nan erè n fè yo, pou n chanje move mantalite n genyen e pou n viv ann akò ak prensip Jewova yo.

Chapit 2, paragraf 18

 8 ESKOMINIKASYON

Lè yon moun fè peche grav, li pa repanti e l refize suiv prensip Jewova yo, li pa ka fè pati kongregasyon an ankò. Yo dwe eskominye l. Lè yo eskominye yon moun, nou pa gen relasyon avè l ankò e nou sispann pale avè l (1 Korentyen 5:11; 2 Jan 9-11). Dispozisyon pou eskominye moun ki pa repanti yo pwoteje non Jewova e l pwoteje kongregasyon an (1 Korentyen 5:6). Lè yo eskominye yon moun ki pa repanti se yon disiplin tou ki ka ede moun nan repanti pou l ka retounen vin jwenn Jewova. — Lik 15:17.

Chapit 3, paragraf 19

 9 DIREKSYON AK KONSÈY

Jewova renmen nou e l vle ede nou. Se sa k fè li ban nou direksyon ak konsèy nan Bib la e li sèvi ak moun ki renmen l pou l fè sa. Antanke moun ki enpafè, nou vrèman bezwen èd sa a (Jeremi 17:9). Lè nou koute moun Jewova mete pou gide nou yo e n respekte yo, nou montre n gen respè pou Jewova e nou vle obeyi l. — Ebre 13:7.

Chapit 4, paragraf 2

 10 ÒGÈY AK IMILITE

Kòm nou enpafè, li fasil pou n egoyis e pou n gen ògèy. Men, Jewova vle nou gen imilite. Byen souvan, nou kòmanse aprann imilite lè n konpare tèt nou ak Jewova e n konprann jan nou piti (Jòb 38:1-4). Yon lòt bagay ki enpòtan nan imilite se aprann panse plis ak lòt moun e ak sa k ap bon pou yo pase nou panse ak tèt nou e ak sa k ap bon pou nou. Souvan, ògèy fè yon moun kwè li pi bon pase lòt moun. Yon moun ki gen imilite wè tèt li jan l ye a e li wè ni pwen fò li genyen ni pwen fèb li. Li pa pè rekonèt erè l fè, li pa pè mande padon ni l pa pè aksepte ide ak konsèy yo ba l. Yon moun ki gen imilite konte sou Jewova e l suiv direksyon l bay. — 1 Pyè 5:5.

Chapit 4, paragraf 4

 11 OTORITE

Otorite se dwa yon moun genyen pou l bay lòd e pou l pran desizyon. Jewova se moun ki gen pi gwo otorite ni nan syèl la ni sou tè a. Kòm se li menm ki kreye tout bagay, li se Moun ki pi pisan ki egziste nan linivè. Li toujou sèvi ak otorite l pou l fè byen pou lòt moun. Jewova bay kèk moun responsablite pou yo veye sou nou. Pa egzanp, paran yo, ansyen yo nan kongregasyon an ak moun nan gouvènman yo gen otorite e Jewova vle nou kowopere avèk yo (Women 13:1-5; 1 Timote 5:17). Men, lè lwa lèzòm yo opoze ak lwa Bondye, nou obeyi Bondye olye nou obeyi lèzòm (Travay 5:29). Lè n soumèt devan moun ki gen otorite yo, nou montre Jewova nou respekte desizyon l yo.

Chapit 4, paragraf 7

 12 ANSYEN

Jewova sèvi ak ansyen yo, ki gen eksperyans, pou l pran swen kongregasyon an (Detewonòm 1:13; Travay 20:28). Mesye sa yo ede n kontinye gen bon relasyon ak Jewova epi yo ede n adore l nan lapè e nan lòd (1 Korentyen 14:33, 40). Pou lespri sen nome ansyen yo, yo dwe ranpli yon seri kondisyon ki nan Bib la (1 Timote 3:1-7; Tit 1:5-9; 1 Pyè 5:2, 3). Nou gen konfyans nan òganizasyon Bondye a e n ap soutni l, se sa k fè nou kontan kolabore ak ansyen yo. — Sòm 138:6; Ebre 13:17.

Chapit 4, paragraf 8

 13 CHÈF FANMI

Jewova bay paran yo responsablite pou yo pran swen timoun yo ak moun lakay yo. Men, Labib fè konnen se mari a ki chèf fanmi an. Si pa gen papa nan kay la, se manman an ki vin chèf la. Pa egzanp, chèf fanmi an gen responsablite pou l bay fanmi an manje, rad ak yon kote pou l rete. Li enpòtan anpil pou chèf fanmi an pran latèt nan ede fanmi an sèvi Jewova. Pa egzanp, l ap veye pou yo asiste reyinyon kongregasyon an regilyèman, pou yo patisipe nan travay predikasyon an e pou yo etidye Labib ansanm. Chèf fanmi an pran latèt tou nan pran desizyon. Li toujou ap chèche imite Jezi lè l montre li gen bonte e li rezonab, li pa janm aji mal avèk yo e li pa janm di avèk yo. Sa fè gen yon anbyans ki gen lanmou nan fanmi an, konsa, tout moun nan fanmi an ka santi yo byen e yo ka vin gen pi bon relasyon ak Jewova.

Chapit 4, paragraf 12

 14 KOLÈJ SANTRAL LA

Kolèj santral la se yon gwoup frè ki gen esperans pou y al viv nan syèl la Bondye itilize pou l dirije travay pèp li a ap fè a. Nan premye syèk la, Jewova te itilize yon kolèj santral pou l dirije premye kongregasyon kretyen an nan adorasyon yo t ap ba li a ak travay predikasyon yo t ap fè a (Travay 15:2). Jodi a, gwoup frè ki sèvi kòm Kolèj santral la pran latèt pou dirije pèp Bondye a, pou ba l direksyon epi pwoteje l. Lè frè sa yo ap pran desizyon, yo suiv Pawòl Bondye a e yo kite lespri sen Bondye gide yo. Jezi te pale de gwoup frè sa yo ki gen esperans pou y al viv nan syèl la kòm “esklav fidèl ki prevwayan an”. — Matye 24:45-47.

Chapit 4, paragraf 15

 15 KOUVRI TÈT

Pafwa, yo ka bay yon sè nan kongregasyon an fè yon bagay nòmalman se frè ki konn fè l. Lè sè a ap fè travay sa a, l ap montre l gen respè pou dispozisyon Jewova pran lè l mete yon bagay sou tèt li pou l kouvri tèt li. Men, li bezwen kouvri tèt li sèlman nan kèk sitiyasyon. Pa egzanp, yon sè ap bezwen kouvri tèt li si l ap kondui yon etid biblik devan mari l oswa devan yon frè ki batize. — 1 Korentyen 11:11-15.

Chapit 4, paragraf 17

 16 POZISYON NET

Lè nou rete net, nou pa mele nan politik monn nan (Jan 17:16). Pèp Jewova a soutni Wayòm Jewova a. Nou rete net nan afè monn nan, menm jan ak Jezi.

Jewova mande nou pou n “soumèt devan gouvènman yo ak otorite yo”. (Tit 3:1, 2; Women 13:1-7.) Men, lwa Bondye a fè n konnen tou nou pa dwe touye moun. Donk, konsyans yon kretyen pap pèmèt li al nan lagè. Si yon kretyen jwenn posiblite pou l fè yon travay antanke sitwayen nan plas sèvis militè, li dwe gade si konsyans li pèmèt li fè sa.

Se Jewova sèlman nou adore, paske se li ki Kreyatè nou. Byenke nou respekte senbòl nasyonal yo, nou pa salye drapo ni chante im nasyonal (Ezayi 43:11; Dànyèl 3:1-30; 1 Korentyen 10:14). Epitou, sèvitè Jewova yo pran desizyon pèsonèl pou yo pa vote ni pou okenn pati politik ni pou okenn kandida nan eleksyon k ap fèt. Rezon an se paske nou deja pran pozisyon pou gouvènman Bondye a. — Matye 22:21; Jan 15:19; 18:36.

Chapit 5, paragraf 2

 17 LESPRI MONN NAN

Lespri monn nan ankouraje moun panse menm jan ak Satan. An jeneral, se fason sa a moun ki pa renmen Jewova, ki pap imite l e ki pa bay prensip li yo regle anyen pou yo panse (1 Jan 5:19). Yo pale de fason moun yo panse a ak fason l pouse moun yo aji kòm lespri monn nan (Efezyen 2:2). Pèp Jewova a veye pou lespri monn nan pa antre nan yo (Efezyen 6:10-18). Okontrè, nou renmen fason Jewova aji yo e nou fè anpil efò pou n toujou panse menm jan ak Jewova.

Chapit 5, paragraf 7

 18 APOSTAZI

Apostazi se lè yon moun pran pozisyon kont verite ki nan Bib la. Aposta yo fè rebèl ak Jewova ak Jezi, Wa Bondye mete nan Wayòm nan, epi yo chèche rale lòt moun pou fè yo vin jwenn yo (Women 1:25). Yo vle mete dout nan lespri moun k ap adore Jewova yo. Gen kèk moun nan kongregasyon kretyen premye syèk la ki te vin aposta, e sa rive jodi a tou (2 Tesalonisyen 2:3). Moun ki fidèl ak Jewova pa gen okenn relasyon ak aposta. Nou pap janm kite anvi pou n konnen oubyen presyon lòt moun ap fè sou nou fè nou li oswa koute anyen aposta fè. Nou fidèl ak Jewova e se li sèlman n ap adore.

Chapit 5, paragraf 9

 19 PADON POU PECHE

Sou Lwa Moyiz la, nasyon Izrayèl la te konn mande Jewova padon pou peche yo. Yo te konn pote manje angren, luil ak bèt nan tanp lan pou yo fè sakrifis pou yo jwenn padon. Konsa, Izrayelit yo te ka sonje Jewova dispoze padone peche yo, ni peche nasyon an fè, ni peche chak moun nan nasyon an fè. Annapre, lè Jezi te fin bay lavi l pou l kouvri peche nou yo, li pa t nesesè ankò pou yo fè sakrifis sa yo pou mande padon. Jezi te ofri sakrifis ki pafè a “yon fwa pou tout”. — Ebre 10:1, 4, 10.

Chapit 7, paragraf 6

 20 RESPÈ POU BÈT

Sou Lwa Moyiz la, Bondye te pèmèt pèp la manje bèt. Li te ba yo lòd pou yo bay bèt kòm sakrifis tou (Levitik 1:5, 6). Men, Jewova pa t janm bay pèp li a dwa maltrete bèt (Pwovèb 12:10). Anfèt, Lalwa te gen yon seri lwa ki te anpeche moun fè bèt mechanste. Izrayelit yo te dwe pran swen bèt yo nòmalman. — Detewonòm 22:6, 7.

Chapit 7, paragraf 6

 21 FRAKSYON SAN, TEKNIK MEDIKAL AK TRETMAN MEDIKAL

Fraksyon san. Gen kat pati ki pi enpòtan nan san an: globil wouj, globil blan, plakèt ak plasma. Yo konn pran yon seri eleman ki pi piti nan kat pati ki pi enpòtan sa yo. Yo rele eleman sa yo fraksyon san *.

Kretyen yo pa aksepte ni pran san okonplè, ni pran okenn nan kat pati ki pi enpòtan ki ladan l yo. Men, èske yo ka aksepte fraksyon san yo? Labib pa bay presizyon sou sa. Se sa k fè, se chak kretyen ki dwe pran pwòp desizyon l sou kesyon sa a selon konsyans li ki fòme grasa Bib la.

Gen kèk kretyen ki pa aksepte okenn fraksyon san. Rezònman yo ka fè sèke Lalwa Bondye te mande pèp Izrayèl la pou yo “vide” tout san ki soti nan yon bèt “atè”. — Detewonòm 12:22-24.

Gen lòt ki pa pran menm desizyon an. Konsyans yo pèmèt yo aksepte kèk fraksyon san. Rezònman yo ka fè sèke ti fraksyon sa yo pa reprezante lavi moun yo pran san nan li a ankò.

Lè n ap pran desizyon anrapò ak fraksyon san, reflechi sou kesyon ki vin apre yo:

  • Èske m rann mwen kont si m refize tout fraksyon san nèt, sa vle di gen kèk medikaman ki ka konbat maladi oswa ki ka ede rete yon emoraji mwen pap aksepte pran?

  • Ki jan m ap esplike yon doktè rezon ki fè m dakò oswa pa dakò pran youn oswa plizyè fraksyon san?

Teknik medikal. Antanke kretyen, nou pa ni bay san, ni stoke san nou anvan nou fè yon operasyon. Men, gen kèk lòt teknik kote se san pasyan yo itilize. Chak kretyen dwe deside ki jan l vle yo itilize san l pandan yon operasyon, yon tès medikal oswa yon tretman l ap suiv. Nan teknik sa yo, yo kapab retire san pasyan an e yo mete l apa nèt pandan yon ti tan. — Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade Toudegad 15 oktòb 2000 (fransè), paj 30-31.

Pa egzanp, gen yon teknik ki rele emodilisyon, kote yo pran yon pati nan san pasyan an egzakteman yon ti tan anvan operasyon an epi yo ranplase l ak yon likid pou ogmante kantite san an. Annapre, swa pandan operasyon an, swa yon ti tan apre operasyon an, yo mete san an nan kò pasyan an ankò.

Gen yon lòt teknik yo rele rekiperasyon san. Nan teknik sa a, yo pran san yon moun ap pèdi pandan y ap opere l, yo netwaye san an, apre sa, yo bay malad la san an ankò pandan operasyon an oswa yon ti tan apre operasyon an.

Tout doktè pa suiv teknik sa yo menm jan. Se poutèt sa, anvan yon kretyen aksepte fè yon operasyon, yon tès medikal oswa suiv yon tretman, li dwe konnen egzakteman ki jan yo pral itilize san l.

Lè n ap pran desizyon konsènan teknik medikal kote yo pral itilize san nou, poze tèt nou kesyon ki vin apre yo:

  • Si yo pral fè yon pati nan san m sot nan kò m pase yon lòt kote e yo ka menm fè san an sispann sikile pandan yon ti tan, selon konsyans mwen, èske m ap toujou konsidere san sa a fè pati kò m, sa vle di yo pa oblije “vide l atè”? — Detewonòm 12:23, 24.

  • Èske konsyans mwen ki fòme grasa Labib pap twouble si yo retire yon pati nan san m pandan y ap aplike yon teknik medikal, yo fè yon travay ladan l epi yo mete l nan kò m ankò (oswa sou kò m)?

  • Èske m rann mwen kont si m di mwen pa aksepte okenn teknik medikal kote yo pral itilize pwòp san m, sa vle di mwen pa aksepte pou yo fè tès san pou mwen, mwen pa aksepte emodyaliz oswa pou yo fè san m pase nan yon machin pou l al nan lòt pati nan kò m pandan y ap fè m yon operasyon nan kè?

Anvan n pran kèlkeswa desizyon konsènan fraksyon san ak tretman medikal kote yo pral itilize san nou, nou bezwen priye Jewova pou l gide nou epi fè rechèch (Jak 1:5, 6). Apre sa, nou dwe pran desizyon an ann amoni ak konsyans nou ki fòme grasa Labib. Nou pa dwe mande lòt moun ki sa yo t ap fè si yo te nan plas nou, nitou lòt moun pa dwe eseye fè nou pran yon desizyon oswa yon lòt. — Women 14:12; Galat 6:5.

Chapit 7, paragraf 11

 22 PWÒPTE MORAL

Nou pwòp nan domèn moral lè nou gen yon konduit ki pwòp e nou fè aksyon ki pwòp nan je Bondye. Pwòpte nan domèn moral gen ladan l tou sa n ap panse, sa n ap di ak sa n ap fè. Jewova mande n pou n evite tout kalite konduit seksyèl ki pa pwòp oswa imoralite (Pwovèb 1:10; 3:1). Nou dwe chwazi suiv prensip Jewova yo menm lè n nan sitiyasyon kote n jwenn tantasyon pou n fè sa ki mal. Nou bezwen toujou priye Bondye pou l ede n kenbe panse nou pwòp epi nou dwe pran desizyon pou n rejte tantasyon pou n fè bagay ki imoral. — 1 Korentyen 6:9, 10, 18; Efezyen 5:5.

Chapit 8, paragraf 11

 23 KONDUIT DERESPEKTAN AK KONDUIT KI PA PWÒP

Konduit derespektan se lè yon moun pale oswa aji yon fason ki montre li pa respekte prensip Bondye yo ditou, e fason li aji montre li pa jennen. Moun ki aji konsa a montre li pa gen respè pou lwa Bondye yo. Lè yon moun gen yon konduit ki derespektan, yon komite disiplin ap gen pou l regle kesyon an. Konduit ki pa pwòp gen ladan l diferan kalite move aksyon. Selon jan sitiyasyon an grav, gen kèk bagay ki gen rapò ak konduit ki pa pwòp se yon komite disiplin ki dwe regle yo nan kongregasyon an. — Galat 5:19-21; Efezyen 4:19; pou w jwenn plis enfòmasyon, gade “Kesyon lektè yo poze” nan Toudegad 15 jiyè 2006 (fransè).

Chapit 9, paragraf 7; Chapit 12, paragraf 10

 24 MASTIBASYON

Jewova te kreye relasyon seksyèl kòm yon bagay ki pwòp ki ta dwe montre lanmou yon mari ak madanm li gen youn pou lòt. Men, lè yon moun mastibe tèt li oswa li mal sèvi ak ògàn seksyèl li pou l jwenn plezi, li sèvi ak sèks yon fason ki pa pwòp. Pratik sa a ka gen move efè sou relasyon moun nan gen ak Jewova. Li ka fè moun nan vin gen yon seri dezi ki deprave, e sa ka lakòz li wè relasyon seksyèl yon fason ki pa kòrèk (Kolosyen 3:5). Gen kèk moun ki gen abitid sal sa a e ki santi l difisil pou yo kite l (Sòm 86:5; 1 Jan 3:20). Si se konsa sa ye pou ou, priye Jewova ak tout kè w epi mande l ede w. Evite bagay tankou pònografi k ap fè w gen panse ki pa pwòp. Pale ak yon paran w ki kretyen oswa ak yon zanmi w ki gen matirite ki respekte lwa Jewova yo (Pwovèb 1:8, 9; 1 Tesalonisyen 5:14; Tit 2:3-5). Ou mèt gen konfyans Jewova wè efò w ap fè pou w rete pwòp nan domèn moral e li bay efò sa yo anpil valè. — Sòm 51:17; Ezayi 1:18.

Chapit 9, paragraf 9

 25 GEN PLIZYÈ MADANM OSWA PLIZYÈ MARI

Gen gason ki gen plis pase yon madanm e gen madanm ki gen plis pase yon mari. Pou Jewova, maryaj dwe fèt ant yon gason ak yon fi. Nan Izrayèl tan lontan an, Bondye te pèmèt yon gason gen plizyè madanm, men se pa sa ki te objektif li okòmansman. Jodi a, Jewova pa pèmèt pou gason ak fi ki fè pati pèp li a gen plizyè madanm oswa plizyè mari. Yon mari dwe gen yon sèl madanm e yon madanm dwe gen yon sèl mari. — Matye 19:9; 1 Timote 3:2.

Chapit 10, paragraf 12

 26 DIVÒS AK SEPARASYON

Jewova te vle pou yon mari ak yon madanm rete ansanm toutotan y ap viv (Jenèz 2:24; Malachi 2:15, 16; Matye 19:3-6; 1 Korentyen 7:39). Li pèmèt mari ak madanm divòse sèlman si youn ladan yo fè adiltè. Nan ka sa a, Jewova bay moun ki inosan an dwa pou l deside si l ap divòse oswa si l pap divòse. — Matye 19:9.

Pafwa, gen kèk madanm ak mari ki kretyen ki konn deside separe menm lè youn nan yo pa fè imoralite seksyèl (1 Korentyen 7:11). Men kèk rezon ki ka fè yon kretyen vle separe ak moun li marye a:

  • Mari a refize pran swen fanmi an: Yon mari refize pran swen fanmi l nan domèn materyèl nan pwen fanmi an pa gen ni lajan ni manje. — 1 Timote 5:8.

  • Gwo vyolans fizik: Lè youn fè vyolans fizik sou lòt la nan pwen li mete sante lòt la oswa lavi l an danje. — Galat 5:19-21.

  • Relasyon moun nan ak Jewova an danje: Yon mari oswa yon madanm fè l enposib pou lòt la sèvi Jewova. — Travay 5:29.

Chapit 11, paragraf 19

 27 FELISITASYON AK ANKOURAJMAN

Nou tout bezwen felisitasyon ak ankourajman (Pwovèb 12:25; 16:24). Nou ka fòtifye youn lòt e n ka ankouraje youn lòt ak bon pawòl ki demontre lanmou. Pawòl sa yo ka ede frè ak sè n yo andire anba gwo pwoblèm yo jwenn epi kontinye sèvi Jewova (Pwovèb 12:18; Filipyen 2:1-4). Si yon moun dekouraje anpil, nou ta dwe koute l avèk respè epi chèche konprann ki jan l santi l. Sa ka ede n konnen sa pou n di l oubyen sa pou n fè pou n ede l (Jak 1:19). Chèche konnen frè ak sè n yo byen pou n ka konnen sa yo bezwen toutbon. Apre sa, nou ka ankouraje yo pwoche bò kote Sila a ki se sous konsolasyon ak ankourajman an pou yo ka jwenn bonjan fòs nan men l. — 2 Korentyen 1:3, 4; 1 Tesalonisyen 5:11.

Chapit 12, paragraf 16

 28 MARYAJ

Labib pa bay lwa ki byen presi sou fason pou yo fè maryaj. Koutim yo ak sa lalwa mande konn diferan, selon zòn yo (Jenèz 24:67; Matye 1:24; 25:10; Lik 14:8). Pati ki pi enpòtan nan yon maryaj se ve de moun k ap marye yo fè devan Jewova a. Gen anpil moun k ap marye ki chwazi pou fanmi yo ak bon zanmi yo la nan moman y ap fè ve a e pou yon ansyen bay yon diskou ki baze sou Labib nan okazyon an. Se moun k ap marye yo ki dwe deside ki kalite resepsyon y ap fè apre maryaj la, si yo deside fè youn (Lik 14:28; Jan 2:1-11). Kèlkeswa sa de moun k ap marye yo deside sou fason y ap fè maryaj yo, yo ta dwe asire yo sa ap bay Jewova glwa (Jenèz 2:18-24; Matye 19:5, 6). Prensip ki nan Bib la ka ede yo pran bon desizyon (1 Jan 2:16, 17). Si moun k ap marye yo deside sèvi bwason ki gen alkòl nan resepsyon y ap fè a, yo ta dwe asire yo gen moun k ap byen sipèvize tout bagay pou yo (Pwovèb 20:1; Efezyen 5:18). Si yo deside pase mizik oswa si ap gen lòt anbyans, yo ta dwe asire yo bagay sa yo ap bay Jewova glwa. De moun ki pral marye dwe konsantre yo sou relasyon yo ak Bondye ansanm ak relasyon yo gen youn ak lòt olye yo konsantre yo sou jou maryaj la. — Pwovèb 18:22; pou w jwenn plis konsèy, gade Toudegad 1ye novanm 2006, paj 8-17 ak Toudegad 15 oktòb 2006, paj 28-31 (fransè).

Chapit 13, paragraf 18

 29 FASON POU N PRAN BON DESIZYON

Nou vle pran bon desizyon ki baze sou prensip ki nan Pawòl Bondye a. Pa egzanp, madanm yon frè oswa mari yon sè ki pa Temwen Jewova ka mande l pou l pran yon repa ak lòt moun nan fanmi l pandan yon fèt moun yo fete nan monn nan. Si se sitiyasyon pa w, ki sa w ap fè? Si konsyans ou pèmèt ou ale, ou ka esplike madanm ou oswa mari w ki pa Temwen si gen koutim relijyon payen pandan repa a, ou pap patisipe ladan yo. Ou dwe egzamine tou pou w wè si lòt moun pap bite lefètke w al nan repa a. — 1 Korentyen 8:9; 10:23, 24.

Oubyen patwon w ka ofri w yon bonis nan epòk yon fèt. Èske w ta dwe refize bonis lan? Ou pa oblije. Anfèt, se selon fason patwon w wè bagay la k ap pèmèt ou pran desizyon pou w aksepte l oswa pou w pa aksepte l. Èske l konsidere bonis lan makònen ak fèt la? Oswa èske l jis konsidere l kòm yon fason pou l montre l apresye travay ou? Si w reflechi sou pwen sa a ak lòt pwen ankò, w ap ka deside si w ap aksepte bonis lan oubyen si w pap aksepte l.

Nan yon lòt ka, yon moun ka ba w yon kado pandan yon epòk fèt e li di w: “Mwen konnen w pa fete fèt sa a, men m te vle ba w sa a.” Petèt moun nan vle annik montre l janti avè w. Yon lòt bò, èske gen rezon pou w panse moun nan ap chèche teste lafwa w oubyen l ap chèche fè w mele nan fèt la? Apre w fin reflechi sou sa, se ou ki pou deside si w ap aksepte kado sa a oswa si w pap aksepte l. Kèlkeswa desizyon n ap pran an, nou vle pou konsyans nou klè e nou vle montre nou fidèl ak Jewova. — Travay 23:1.

Chapit 13, paragraf 22

 30 BIZNIS AK BAGAY LEGAL

Souvan, lè nou regle pwoblèm yo byen rapid e nan lapè, nou pa kite yo vin pi grav (Matye 5:23-26). Sa ki ta dwe pi enpòtan pou tout kretyen se bay Jewova glwa epi ede kongregasyon an rete ini. — Jan 13:34, 35; 1 Korentyen 13:4, 5.

Si gen kretyen ki gen yon mezantant nan kesyon biznis, yo dwe chèche regle sa san youn pa rele lòt nan tribinal. Nan 1 Korentyen 6:1-8, apot Pòl te bay konsèy sou kesyon pou kretyen rele kretyen parèy yo nan tribinal. Lè n rele frè nou nan tribinal, sa ka gen move efè ni sou Jewova ni sou kongregasyon an. Nan Matye 18:15-17, Jezi te bay twa demach kretyen yo dwe fè pou yo regle kèk sitiyasyon ki grav tankou lè yo akize yon kretyen kòm medizan oswa kòm moun k ap fè fwod: 1) Yo dwe eseye rezoud pwoblèm nan antre yo anvan. 2) Si sa pa mache, yo ka mande youn oswa de moun nan kongregasyon an ede yo. 3) Apre sa, si sa nesesè, yo ka mete sitiyasyon an devan gwoup ansyen an pou yo regle l. Si bagay la rive nan pwen sa a, ansyen yo ap sèvi ak prensip ki nan Bib la pou eseye ede tout moun ki konsène yo jwenn yon antant nan lapè. Si gen nan moun ki konsène yo ki pa vle suiv prensip ki nan Bib la, li ka bon pou ansyen yo fè yon komite disiplin pou yo.

Gen kèk sitiyasyon kote li ka nesesè pou yo mennen yon ka nan tribinal, petèt sitiyasyon kote dwe gen divòs, lè pou yo konnen nan men kiyès timoun yo dwe ye, ki kantite kòb pou yo bay pou okipe timoun yo, kòb asirans, fayit oswa testaman. Si yon kretyen al nan tribinal pou l regle kalite pwoblèm sa yo e l fè tout posib li pou sa fèt nan lapè, se pa meprize li meprize konsèy Pòl te bay la.

Si gen yon move zak ki pa legal ki te fèt tankou vyòl, abi seksyèl sou timoun, yon atak, gwo vòl, oswa touye moun, lè sa a si yon kretyen fè otorite yo konn sa k pase a se pa meprize li meprize konsèy Pòl te bay la.

Chapit 14, paragraf 14

 31 PYÈJ SATAN YO

Depi nan jaden Edenn, Satan ap eseye twonpe lèzòm (Jenèz 3:1-6; Revelasyon 12:9). Li konnen si l rive fè nou panse yon fason ki pa kòrèk, li ka fè nou fè sa k mal (2 Korentyen 4:4; Jak 1:14, 15). Li sèvi ak politik, relijyon, komès, detant, lekòl ak lòt bagay ankò pou l fè moun panse menm jan avè l e pou l fè fason l panse a parèt nòmal. — Jan 14:30; 1 Jan 5:19.

Satan konnen li pa gen anpil tan ankò pou l twonpe moun. Se sa k fè, l ap fè tout sa l kapab pou l twonpe plis moun posib. Moun li plis vle twonpe se moun k ap sèvi Jewova yo (Revelasyon 12:12). Si nou pa fè atansyon, Dyab la kapab fè nou vin wè bagay yo yon move fason tikras pa tikras (1 Korentyen 10:12). Pa egzanp, Jewova vle lè de moun marye, pou yo rete ansanm nètale (Matye 19:5, 6, 9). Men, anpil moun jodi a konsidere maryaj kòm yon antant konsa konsa yo ka kraze byen fasil. Gen anpil fim ak emisyon nan televizyon tou ki ankouraje moun yo wè bagay yo konsa. Nou dwe veye pou n pa kite fason monn nan konsidere maryaj detenn sou nou.

Yon lòt fason Satan eseye twonpe nou se lè l ankouraje nou gen lespri endepandans (2 Timote 3:4). Si nou pa fè atansyon, nou ka vin pa respekte otorite moun Jewova mete sou tèt nou yo. Pa egzanp, yon frè ka kòmanse pa vle suiv direksyon ansyen yo nan kongregasyon an (Ebre 12:5). Oswa yon sè ka kòmanse gen pwoblèm ak dispozisyon Jewova pran pou se mari a ki chèf fanmi an. — 1 Korentyen 11:3.

Nou dwe pran detèminasyon pou nou pa kite fason Dyab la panse detenn sou fason nou panse. Men, nou vle imite fason Jewova panse e nou vle kontinye “fikse lespri nou sou bagay ki anwo yo”. — Kolosyen 3:2; 2 Korentyen 2:11.

Chapit 16, paragraf 9

 32 TRETMAN MEDIKAL

Nou tout vle viv an sante, e lè nou malad, nou ta renmen jwenn pi bon swen sante ki disponib yo (Ezayi 38:21; Mak 5:25, 26; Lik 10:34). Jodi a, gen anpil teknik medikal ak tretman medikal doktè oswa lòt moun ka pwopoze nou. Lè n ap deside ki tretman pou n suiv, li enpòtan pou nou suiv prensip ki nan Bib la. Nou dwe sonje se sèl Wayòm Bondye a k ap geri nou nèt. Nou pa ta renmen pou n vin tèlman konsantre sou sante nou pou sa ta fè nou neglije adorasyon n ap bay Jewova a. — Ezayi 33:24; 1 Timote 4:16.

Nou dwe fè anpil atansyon pou n evite tout tretman ki sanble gen rapò ak demon (Detewonòm 18:10-12; Ezayi 1:13). Se sa k fè, anvan nou aksepte kèlkeswa tretman oswa medikaman an, nou dwe chèche konnen tout sa ki kache dèyè tretman sa a oswa medikaman sa a ak panse kiyès y ap ankouraje nou genyen (Pwovèb 14:15). Nou pa dwe bliye Satan ta renmen twonpe nou pou l fè nou gen rapò ak demon. Menmsi se sispèk nou sispèk yon tretman gen rapò ak demon, li pi bon pou nou evite l. — 1 Pyè 5:8.

Chapit 16, paragraf 18

^ § 98 Gen kèk doktè ki kapab konsidere kat pati ki pi enpòtan nan san an kòm fraksyon. Se sa k fè, ou ka bezwen esplike desizyon w pran pou w pa aksepte ni san okonplè ni kat pati ki pi enpòtan li genyen yo, sa vle di globil wouj, globil blan, plakèt ak plasma.