Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 16

Opoze ak Dyab la

Opoze ak Dyab la

“Opoze ak Dyab la, e l ap kouri kite nou.” — JAK 4:7.

1, 2. Ki sa nou bezwen konprann konsènan Satan ak demon yo?

LAVI nan monn nouvo Jewova pwomèt la pral bèl anpil! N ap resi kapab viv jan Bondye te vle nou viv la. Men, pou kounye a, n ap viv nan monn nan ki anba pouvwa Satan ak demon l yo (2 Korentyen 4:4). Menm lè nou pa ka wè yo, yo egziste e yo gen anpil fòs.

2 Nan chapit sa a, nou pral pale sou fason nou ka rete pwòch ak Jewova ak fason nou ka pwoteje tèt nou kont Satan. Jewova pwomèt l ap ede nou. Men, nou bezwen konprann taktik Satan ak demon l yo itilize pou yo twonpe nou e pou yo atake nou.

“TANKOU YON LYON K AP GWONDE”

3. Ki sa Dyab la vle fè nou?

3 Satan fè konprann se paske lèzòm jwenn avantaj ki fè y ap adore Jewova, e depi bagay yo vin twò difisil pou yo y ap sispann sèvi Jewova. (Li Jòb 2:4, 5.) Lè yon moun vle konnen Jewova, Satan ak demon yo wè sa e yo eseye anpeche l fè sa. Yo fache lè yon moun vwe lavi l bay Jewova epi li batize. Labib konpare Dyab la ak “yon lyon k ap gwonde [k] ap chèche devore yon moun”. (1 Pyè 5:8.) Satan vle kraze relasyon nou ak Jewova. — Sòm 7:1, 2; 2 Timote 3:12.

Satan fache lè nou vwe lavi nou bay Jewova.

4, 5. a) Ki sa Satan pa ka fè? b) Ki sa sa vle di “opoze ak Dyab la”?

4 Nou pa bezwen pè Satan ak demon l yo. Jewova mete yon limit nan sa yo kapab fè. Jewova fè konnen ap gen “yon gwo foul” vrè kretyen k ap pase “gwo tribilasyon an” vivan (Revelasyon 7:9, 14). Dyab la pa ka fè anyen pou l anpeche sa, paske Jewova ap pwoteje pèp li a.

5 Si nou rete pwòch ak Jewova, Satan pa kapab kraze relasyon nou avè l. Men asirans Pawòl Bondye a ban nou: “Jewova ap avèk nou toutotan nou rete avèk li.” (2 Kwonik 15:2; li 1 Korentyen 10:13.) Gen anpil gason ak fi nan tan lontan ki te fidèl, tankou Abèl, Enòk, Noye, Sara ak Moyiz. Yo te opoze ak Dyab la paske yo te rete pwòch ak Jewova (Ebre 11:4-40). Nou ka fè menm bagay la. Pawòl Bondye a di: “Opoze ak Dyab la, e l ap kouri kite nou.” — Jak 4:7.

“NOU NAN YON KONBA”

6. Ki jan Satan atake nou?

6 Menm lè Satan konnen Jewova mete limit sou sa l ka fè nou, li toujou ap eseye fè nou pa gen relasyon sere ak Bondye. Jodi a, Dyab la atake nou anpil fason e li sèvi ak yon seri manèv l ap itilize depi plizyè milye ane. Ann wè kèk nan manèv li yo.

7. Poukisa Satan ap atake pèp Jewova a?

7 Men sa apot Jan ekri: “Lemonnantye anba pouvwa Mechan an.” (1 Jan 5:19). Satan gen monn mechan sa a anba kontwòl li e li ta renmen kontwole pèp Jewova a tou (Miche 4:1; Jan 15:19; Revelasyon 12:12, 17). Dyab la konnen li pa ret anpil tan, se sa k fè l ap fè gwo presyon sou nou chak pou nou pa rete fidèl ak Bondye. Pafwa, Dyab la sèvi ak atak dirèk, men gen lòt fwa, li sèvi ak atak anba anba.

8. Ki sa chak kretyen bezwen konprann?

8 Men sa nou li nan Efezyen 6:12: “Nou nan yon konba [“yon lit”, nòt] [...] kont espri mechan yo ki nan syèl la.” Chak kretyen nan yon konba kont Dyab la ak demon yo. Nou bezwen konprann tout moun ki vwe lavi yo bay Jewova nan konba sa a. Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen Efèz yo, li te ankouraje yo twa fwa pou yo “kenbe fèm”. — Efezyen 6:11, 13, 14.

9. Ki sa Satan ak demon yo ap eseye fè nou?

9 Satan ak demon yo ap eseye twonpe nou plizyè fason. Se pa paske nou te rive reziste kont Satan yon fason ki fè li pa ka pote laviktwa sou nou yon lòt fason. Dyab la ap chèche konn feblès nou yon fason pou l konn ki pyèj pou l tann pou nou. Men, nou pa oblije pran nan pyèj li yo, paske Bib la fè nou konnen ki pyèj Dyab la itilize (2 Korentyen 2:11; gade nòt 31). Youn nan pyèj sa yo se bagay ki gen rapò ak demon yo.

RETE LWEN DEMON YO

10. a) Ki sa bagay ki gen rapò ak demon yo ye? b) Ki jan Jewova konsidere bagay ki gen rapò ak demon yo?

10 Bagay ki gen rapò ak demon yo gen ladan yo bagay mistik ki fè moun gen kontak ak demon, tankou lè moun ap fè konnen sa k pral rive, maji, fè maji dèyè moun oswa eseye pale ak mò. Labib fè nou konnen bagay ki gen rapò ak demon yo se bagay ki ‘ba l degoutans’, e nou pa kapab gen rapò ak demon, epi anmenmtan pou n ap adore Jewova (Detewonòm 18:10-12; Revelasyon 21:8). Kretyen yo dwe evite tout sa ki gen rapò ak demon nèt sou kèlkeswa fòm nan. — Women 12:9.

11. Si nou anvi konn sa k gen nan bagay mistik, ki kote sa ka mennen nou?

11 Satan konnen si n anvi konn sa k gen bagay mistik l ap fasil pou l atire nou nan bagay ki gen rapò ak demon yo. Kèlkeswa bagay nou ta mele ladan l ki gen rapò ak demon, sa ap kraze relasyon nou ak Jewova.

SATAN AP CHÈCHE TWONPE NOU

12. Ki jan Satan ta renmen enfliyanse fason nou panse?

12 Satan eseye lage konfizyon nan panse moun yo. Tikras pa tikras, li mete dout nan lespri yo, jiskaske moun yo panse “sa k bon an pa bon e [...] sa k pa bon an bon”. (Ezayi 5:20.) Dyab la gaye ide pou fè kwè konsèy Bib la bay yo pa mache e nou t ap pi kontan si nou pa t suiv prensip Bondye yo.

13. Ki jan Satan eseye mete dout nan lespri moun?

13 Youn nan taktik Satan genyen ki mache pi byen se mete dout nan lespri moun. Sa fè lontan l ap sèvi ak taktik sa a. Nan jaden Edenn nan, li te mete dout nan lespri Èv lè l te di: “Èske se vre Bondye di nou pa dwe manje fwi nan tout pyebwa ki nan jaden an?” (Jenèz 3:1). Nan epòk Jòb la, Satan te mande Jewova devan zanj yo: “Èske se pou granmesi Jòb gen lakrentif pou Bondye?” (Jòb 1:9). Apre Jezi te fin batize, Satan te ba l defi lè l te di l: “Si w se yon pitit Bondye, di wòch sa yo pou yo tounen pen.” — Matye 4:3.

14. Ki jan Satan fè moun gen dout konsènan danje ki genyen nan bagay ki gen rapò ak demon yo?

14 Jodi a, Dyab la kontinye fè moun gen dout. Li fè moun pa fin kwè si bagay ki gen rapò ak demon yo pa bon vre paske li fè kèk ladan yo parèt kòm bagay ki san danje. Gen kèk kretyen ki menm vin pa wè danje ki gen nan yo (2 Korentyen 11:3). Nan ka sa a, ki sa n ka fè pou n pwoteje tèt nou? Ki jan nou ka veye pou nou pa pran nan pyèj Satan yo? Ann wè de domèn kote nou ka pran nan pyèj: detant ak tretman medikal.

SATAN SÈVI AK DEZI KI NATIRÈL LAKAY NOU POU L TWONPE NOU

15. Ki jan nou ka vin annafè ak demon pa mwayen detant?

15 Jodi a, anpil fim, videyo, pwogram nan televizyon, jwèt videyo sou òdinatè ak sit Entènèt gen sèn sou demon, sou maji ak pouvwa mistik. Anpil moun konsidere bagay sa yo kòm bagay ki amizan e ki san danje, san yo pa reyalize danje ki genyen lè yo kite demon antre nan lavi yo. Yon moun kapab vin gen rapò ak demon tou pa mwayen owoskòp, li pla men moun, pase kat ak boul kristal. Dyab la kache danje ki gen nan bagay sa yo, li eseye fè yo parèt yon fason pou fè moun anvi konnen sa k ladan yo e li eseye fè yo parèt enteresan. Yon moun ta ka menm panse pa gen anyen mal nan gade bagay ki gen rapò ak demon oswa bagay mistik depi l pa pratike bagay sa yo. Sa k fè yon panse konsa danjere? — 1 Korentyen 10:12.

16. Sa k fè nou dwe rejte detant ki gen rapò ak bagay mistik?

16 Satan ak demon yo pa kapab li panse nou. Men, yo ka konnen sa nou renmen ak fason nou panse lè yo suiv sa nou chwazi pou tèt nou e pou fanmi nou, san wete sa nou chwazi nan domèn detant. Si nou chwazi fim, mizik oswa liv ki gen rapò ak ougan, ak fè maji, moun ki gen demon sou yo, sòsye, vanpi oswa lòt bagay nan menm sans lan, Satan ak demon yo ap konnen nou enterese nan bagay sa yo. Lè sa a, yo gendwa eseye fè nou antre pi fon nan bagay ki gen rapò ak demon. — Li Galat 6:7.

17. Ki jan Satan ka sèvi ak anvi nou genyen pou nou gen bon sante?

17 Satan ka sèvi tou ak anvi nou genyen pou nou gen bon sante. Jodi a, gen anpil moun ki pa gen bon sante. Yon moun ka eseye plizyè tretman epi youn pa mache (Mak 5:25, 26). Li ka menm vin dezespere e li ka vle eseye nenpòt bagay. Men, antanke kretyen, nou dwe fè atansyon pou n pa chwazi suiv okenn tretman ki gen rapò ak “maji”. — Ezayi 1:13.

Konte sou Jewova lè w malad.

18. Ki tretman medikal kretyen yo dwe evite?

18 Nan Izrayèl tan lontan an, gen kèk moun ki te konn fè “maji”. Jewova te di yo: “Lè n ouvè men nou, mwen bare je m pou m pa wè nou. Malgre n ap fè anpil priyè, mwen pap koute nou.” (Ezayi 1:15). Fè yon ti reflechi: Jewova pa t menm vle koute priyè yo! Nou pa ta renmen fè anyen ki ka gen move efè sou relasyon nou ak Jewova, sitou lè nou malad, e k ap fè l pa ede nou (Sòm 41:3). Donk, nou dwe chèche konnen si yon tretman nou ta renmen suiv pa gen rapò yon fason oubyen yon lòt ak demon oswa bagay mistik (Matye 6:13). Si ta menm gen yon posiblite pou tretman an gen rapò ak sa, nou dwe evite l! — Gade nòt 32.

ISTWA SOU DEMON

19. Ki sa k lakòz anpil moun pè Dyab la?

19 Gen kèk moun ki panse Dyab la ak demon yo pa egziste vre, alòske gen lòt moun ki konnen yo egziste akoz eksperyans yo fè. Anpil moun pè demon e yo esklav yon seri sipèstisyon. Gen lòt moun ki chita ap fè moun pè nan rakonte yo tout vye bagay demon konn fè moun. An jeneral, moun renmen tande istwa sa yo e yo renmen rakonte lòt moun istwa sa yo. E souvan, istwa sa yo fè moun pè Dyab la.

20. Ki jan nou ka tonbe nan ede Satan gaye manti?

20 Fè yon ti reflechi sou sa: Satan vle moun pè l (2 Tesalonisyen 2:9, 10). Li se yon mantè ki konn ki jan pou l jwe nan lespri moun ki enterese nan bagay ki gen rapò ak demon e pou l fè yo kwè yon seri bagay ki konn pa egziste vre. Moun sa yo kapab ap rakonte istwa sou bagay yo panse yo te wè oswa yo panse yo te tande. Plis moun ap rakonte istwa sa yo, se plis yo mete pase genyen ladan yo. Nou pa vle ede Satan fè moun pè lè nou repete mòd istwa sa yo. — Jan 8:44; 2 Timote 2:16.

21. Olye nou rakonte istwa sou demon, sou ki sa nou ka pale?

21 Si yon Temwen Jewova te fè eksperyans ak demon, li pap rakonte istwa sa yo pou l amize moun. Pèp Jewova a pa bezwen pè sa Satan ak demon yo ka fè. Okontrè, nou bezwen konsantre lespri nou sou Jezi ak pouvwa Jewova ba li (Ebre 12:2). Jezi pa t konn rakonte disip li yo istwa sou demon yo. Li te konsantre l sou mesaj Wayòm nan ak “bagay estrawòdinè Bondye fè” yo. — Travay 2:11; Lik 8:1; Women 1:11, 12.

22. Ki sa w detèmine pou w fè?

22 Nou pa dwe bliye sa Satan vle se kraze relasyon nou gen ak Jewova. L ap eseye fè tout bagay pou l rive fè sa. Men, nou konn manèv Dyab la e nou detèmine pou n reziste kont tout kalite bagay ki gen rapò ak demon. Nou pap “kite jwen pou Dyab la” kraze detèminasyon nou. (Li Efezyen 4:27.) Wi, si nou opoze ak Dyab la, nou pap pran nan pyèj li yo e n ap an sekirite paske Jewova ap pwoteje nou. — Efezyen 6:11.