Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 8

Jewova vle pou pèp li a pwòp

Jewova vle pou pèp li a pwòp

“Ou aji byen ak moun ki gen kè yo pwòp.” — SÒM 18:26.

1-3. a) Poukisa yon manman asire l pitit li pwòp? b) Poukisa Jewova vle pou pèp li a pwòp?

IMAJINE yon manman k ap prepare pitit gason l li renmen pou pitit la al lekòl. Li asire l tipitit la benyen, rad sou li pwòp e byen ranje. Sa ap ede pitit la rete an sante e lòt moun ap wè li gen paran k ap pran swen l.

2 Jewova, Papa nou, vle pou nou pwòp (Sòm 18:26). Li konnen lè nou pwòp, sa bon pou nou. E lè nou pwòp, sa onore l. — Ezekyèl 36:22; li 1 Pyè 2:12.

3 Ki sa sa vle di pou nou pwòp? E nan ki sans lè nou pwòp, sa bon pou nou? Pandan n ap chèche repons kesyon sa yo, nou ka wè nou dwe fè kèk chanjman.

POUKISA NOU DWE PWÒP?

4, 5. a) Poukisa nou dwe pwòp? b) Ki sa kreyasyon an aprann nou sou fason Jewova konsidere kesyon pwòp la?

4 Jewova ban nou egzanp sou fason pou nou pwòp (Levitik 11:44, 45). Ki fè, pi gwo rezon nou genyen pou nou pwòp se paske nou vle “imite Bondye”. — Efezyen 5:1.

5 Kreyasyon an aprann nou anpil bagay sou fason Jewova konsidere kesyon pwòp la. Jewova mete yon seri kondisyon natirèl anplas ki pèmèt lè a ak dlo yo rete pwòp (Jeremi 10:12). Reflechi sou diferan fason tè a netwaye tèt li, malgre lèzòm fin sal li. Pa egzanp, Jewova kreye yon seri bagay ki gen vi ladan yo ki rele mikwòb, yo tèlman piti se ak yon aparèy ki rele mikwoskòp sèlman moun ka wè yo. Gen mikwòb ki bon e yo kapab fè yon pwodui ki danjere vin pa danjere ankò. Se yon metòd ki efikas anpil. Gen syantifik ki menm sèvi ak kèk nan bon mikwòb sa yo pou yo defèt efè salte lèzòm lakòz nan lanati. — Women 1:20.

6, 7. Ki jan Lwa Moyiz la montre moun k ap adore Jewova yo dwe pwòp?

6 Epitou, Lwa Jewova te bay Izrayelit yo pa mwayen Moyiz la fè n konprann ki jan kesyon pwòpte a enpòtan. Pa egzanp, pèp la te dwe pwòp nan domèn fizik pou Jewova te aksepte adorasyon y ap ba li a. Nan Jou Pirifikasyon an, gran prèt la te dwe benyen de fwa (Levitik 16:4, 23, 24). E anvan prèt yo ofri sakrifis, yo te dwe lave men yo ak pye yo (Egzòd 30:17-21; 2 Kwonik 4:6). Gen kèk ka kote lè yon moun pa t obeyi lwa sou pwòpte a, se touye yo te dwe touye l. — Levitik 15:31; Nonb 19:17-20.

7 E jodi a? Nou ka aprann anpil bagay nan Lalwa sou prensip Jewova yo (Malachi 3:6). Selon Lalwa, li klè moun k ap adore Jewova yo te dwe pwòp. Prensip Jewova yo pa chanje. Li toujou atann pou moun k ap adore l nan epòk nou an pwòp. — Jak 1:27.

KI SA SA VLE DI POU NOU PWÒP?

8. Nan ki domèn nou dwe pwòp?

8 Selon Jewova, se pa sèlman lè kò yon moun, rad li ak kay li pwòp ki vle di moun sa a pwòp. Nou dwe pwòp tout jan nan lavi a. Sa gen ladan l adorasyon n ap bay Bondye a, fason nou aji ak panse nou. Wi, pou Jewova konsidere nou kòm moun ki pwòp, nou dwe pwòp nan chak ti detay nan lavi nou.

9, 10. Ki sa sa vle di pou adorasyon n ap bay Bondye a pwòp?

9 Adorasyon ki pwòp. Nou pa dwe pran pa ak fo relijyon nan okenn fason. Lè Izrayelit yo te prizonye nan Babilòn, te chaje moun ki t ap pratike relijyon payen ki imoral bò kote yo. Pwofèt Ezayi te fè konnen Izrayelit yo t ap gen pou yo tounen ann Izrayèl e yo t ap rekòmanse pratike adorasyon ki pwòp la, vrè adorasyon an. Jewova te di yo: “Soti la a! Pa manyen anyen ki sal! Soti ladan l! Rete pwòp.” Adorasyon yo t ap bay Bondye a pa t dwe gen ansèyman ak koutim fo relijyon ki nan Babilòn nan. — Ezayi 52:11.

10 Jodi a, vrè kretyen yo tou pa mele ak fo relijyon. (Li 1 Korentyen 10:21.) Toupatou nan monn nan, gen anpil tradisyon, koutim ak kwayans ki chita sou ansèyman ki soti nan fo relijyon. Pa egzanp, nan anpil kilti, moun yo kwè gen yon bagay anndan moun ki kontinye viv apre yo fin mouri, e gen anpil koutim ki chita sou kwayans sa a (Eklezyas 9:5, 6, 10). Kretyen yo bezwen evite koutim sa yo. Moun nan fanmi nou kapab fè presyon sou nou pou n patisipe nan kèk nan koutim sa yo. Men, kòm nou vle pou Jewova konsidere nou kòm moun ki pwòp, nou pa pran nan presyon sa yo. — Travay 5:29.

11. Ki sa sa vle di pou nou pwòp nan fason nou aji?

11 Aji yon fason ki pwòp. Pou Jewova konsidere nou kòm moun ki pwòp, nou dwe evite tout kalite imoralite seksyèl. (Li Efezyen 5:5.) Nan Bib la, nou jwenn pawòl Jewova ki di nou pou n “kouri pou imoralite seksyèl”. Li fè konnen aklè moun ki imoral e ki pa repanti “pap benefisye Wayòm Bondye a”. — 1 Korentyen 6:9, 10, 18; gade nòt 22.

12, 13. Poukisa nou dwe gen panse ki pwòp?

12 Panse ki pwòp. Byen souvan, panse mennen nan aksyon (Matye 5:28; 15:18, 19). Panse ki pwòp ap ankouraje nou aji yon fason ki pwòp. Bon, nou enpafè, sa ki fè tanzantan, move panse ap vin nan tèt nou. Lè sa rive, nou ta dwe voye yo ale tousuit. Si nou pa fè sa, rive yon lè, n ap vin wè kè nou pa pwòp ankò. Nou ka kòmanse vle fè sa nou konn ap panse yo. Li pi bon pou nou mete bon panse nan lespri nou. (Li Filipyen 4:8.) Se poutèt sa, nou dwe evite yon seri bagay tankou distraksyon ki imoral oswa ki vyolan. Nou dwe byen chwazi sa n ap li, sa n ap gade ak sijè n ap pale. — Sòm 19:8, 9.

13 Pou nou rete nan lanmou Bondye, adorasyon n ap ba li a dwe pwòp, nou dwe aji yon fason ki pwòp e nou dwe gen panse ki pwòp. Men, pwòpte fizik la enpòtan pou Jewova tou.

KI JAN NOU KA PWÒP NAN DOMÈN FIZIK?

14. Poukisa li enpòtan pou nou pwòp nan domèn fizik?

14 Lè nou kenbe kò nou ak kote nou abite pwòp, sa ap bon ni pou nou ni pou moun ki bò kote nou. Nou santi nou byen, e lòt moun ap renmen ret kote nou. Men, nou dwe rete pwòp pou yon rezon ki pi enpòtan toujou. Lè nou pwòp, sa onore Jewova. Si yon timoun toujou sal, ou pap panse byen de paran l. Se menm jan an tou, si nou pa byen pran swen tèt nou e nou pa rete pwòp, moun ka panse mal de Jewova. Pòl te di: “Nan okenn fason, nou pap bay okenn okazyon pou moun bite, pou yo pa kritike sèvis nou an. Men nan tout domèn, nou rekòmande tèt nou kòm sèvitè Bondye.” — 2 Korentyen 6:3, 4.

Antanke pèp Jewova, nou dwe kenbe ni kò nou ni kay nou pwòp.

15, 16. Ki sa nou ka fè pou nou rete pwòp?

15 Kò nou ak rad nou. Nou ta dwe pran abitid kenbe kò nou pwòp chak jou. Pa egzanp, nou dwe benyen regilyèman, chak jou si sa posib. Nou dwe lave men nou ak dlo ak savon, sitou anvan nou fè manje oswa anvan nou manje, e natirèlman, apre nou sot nan twalèt oswa nou fin manyen yon bagay ki pa pwòp. Lave men parèt yon bagay ki senp, men li nesesè pou anpeche move mikwòb ak maladi gaye. Sa ka sove lavi moun. Si nou pa gen yon twalèt oswa yon latrin, nou ka toujou jwenn yon fason pou nou debarase nou ak matyè yo. Izrayelit nan tan lontan yo pa t gen latrin, se sa k fè yo te konn antere matyè yo, kote ki lwen kay ak sous dlo. — Detewonòm 23:12, 13.

16 Rad nou pa bezwen estravagan, koute chè oswa dènye modèl. Yo ta dwe pwòp epi byen ranje. (Li 1 Timote 2:9, 10.) Nou vle pou aparans nou toujou onore Jewova. — Tit 2:10.

17. Poukisa kay nou ak kote nou pase tan nou dwe pwòp?

17 Kay nou ak kote nou pase tan. Kèlkeswa kote n ap viv, nou dwe kenbe kay nou pwòp. Nou dwe asire nou tou machin nou, bisiklèt nou, moto nou oswa nenpòt lòt bagay nou itilize pou nou deplase pwòp, sitou si nou sèvi avèk yo lè nou pral nan reyinyon oswa lè nou pral preche. Dayè, lè n ap fè travay predikasyon an, n al pale moun yo de tè a ki pral yon paradi ki pwòp (Lik 23:43; Revelasyon 11:18). Aparans kay nou ak kote nou pase tan nou kapab montre si n ap prepare nou depi kounye a pou n viv nan yon monn nouvo ki pwòp.

18. Poukisa kote nou adore Bondye a dwe pwòp?

18 Kote nou adore Bondye. Nou montre nou bay pwòpte enpòtans lè nou kenbe kote nou adore Bondye yo pwòp, kit se yon Sal Wayòm kit se kote nou fè asanble yo. Lè moun vini nan yon Sal Wayòm pou premye fwa, byen souvan yo remake jan li pwòp. Sa onore Jewova. Antanke moun ki fè pati kongregasyon an, nou tout gen posiblite pou n patisipe nan netwayaj Sal Wayòm nou an e pou n ede l rete an bon eta. — 2 Kwonik 34:10.

DEBARASE NOU AK ABITID KI SAL

19. Ki sa nou dwe evite?

19 Menm lè Bib la pa pale sou tout vye abitid nou ta dwe evite, li bay prensip ki ede nou konprann fason Jewova wè abitid sa yo. Jewova pa vle nou fimen ni pran dwòg ni bwè twòp bwason ki gen alkòl. Si nou se zanmi Bondye, n ap evite fè bagay sa yo. Poukisa? Paske nou bay lavi ki se yon kado anpil enpòtans. Abitid sa yo ka fè nou pa viv lontan, yo ka gen move efè sou sante nou e yo ka fè moun ki bò kote nou mal. Gen anpil moun ki eseye kanpe sou abitid sa yo akoz sante yo. Men, antanke zanmi Jewova, nou gen yon pi bon rezon pou n kanpe sou yo. Rezon an se paske nou renmen Bondye. Men sa yon dam di: “Grasa èd Jewova mwen te netwaye lavi m e m te sispann ak vye abitid mwen yo. [...] Mwen panse li t ap enposib pou m fè chanjman sa yo poukont mwen.” Annou pale de senk prensip nan Bib la k ap ede yon moun kite vye abitid ki pa bon pou li.

20, 21. Ki kalite abitid Jewova vle w kite?

20 “Kidonk, byenneme, piske nou gen pwomès sa yo, annou pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal kò a ak lespri a, e n ap vin sen nèt nan lakrentif pou Bondye.” (2 Korentyen 7:1). Jewova vle nou libere nou anba abitid k ap gen move efè sou lespri nou oswa sou kò nou.

21 Nou jwenn yon bonjan rezon pou nou “pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal” nou nan 2 Korentyen 6:17, 18. Jewova di nou: “Sispann manyen bagay ki pa pwòp la.” Epi men pwomès li fè nou: “Epi m ap akeyi nou. M ap vin yon papa pou nou, e n ap vin pitit gason m ak pitit fi m.” Pa gen dout nan sa, Jewova ap renmen nou menm jan yon papa renmen pitit li si nou evite tout bagay ki ka fè nou pa pwòp nan je l.

22-25. Ki prensip nan Bib la ki ka ede nou evite move abitid?

22 “Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou.” (Matye 22:37). Nan tout kòmandman yo se kòmandman sa a ki pi enpòtan (Matye 22:38). Jewova merite pou nou renmen l ak tout nou menm. Si nou chwazi fè yon bagay k ap retire sou lavi nou oswa k ap andomaje sèvo nou, èske nou ka di nou renmen l ak tout nou menm? Non. Se poutèt sa, nou dwe chwazi fè tout sa nou kapab pou n montre nou respekte lavi li ban nou an.

23 “Se [Jewova] ki bay tout moun lavi ak souf ak tout bagay.” (Travay 17:24, 25). Si yon zanmi ba w yon kado espesyal, ou pa t ap voye l jete oswa kraze l, pa vre? Ebyen, lavi se yon bèl kado Jewova ban nou. Nou apresye kado sa a anpil. Se sa k fè, nou vle sèvi ak lavi nou yon fason k ap bay Bondye glwa. — Sòm 36:9.

24 “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.” (Matye 22:39). Se pa nou menm sèlman move abitid fè mal. Yo ka fè moun bò kote nou mal tou, e byen souvan, moun sa yo se moun nou pi renmen yo. Pa egzanp, yon moun k ap viv nan menm kay ak yon moun ki fimen kapab vin gen gwo pwoblèm sante senpleman paske li respire lafimen an. Men, lè nou sispann move abitid yo, nou montre moun bò kote nou nou renmen yo. — 1 Jan 4:20, 21.

25 “Kontinye fè yo sonje pou yo soumèt devan gouvènman yo ak otorite yo.” (Tit 3:1). Nan anpil peyi, se yon bagay ki ilegal pou yon moun posede oswa sèvi ak kèk dwòg. Kòm Jewova mande nou pou n respekte gouvènman yo, nou obeyi lwa sa yo. — Women 13:1.

Lè nou pwòp, nou onore Jewova.

26. a) Ki sa nou bezwen fè pou Jewova aksepte adorasyon n ap ba li a? b) Sa k fè lè nou rete pwòp nan je Bondye, se pi bon fason pou nou viv?

26 Si nou vle zanmi Jewova, nou ka wè nou bezwen fè kèk chanjman. Si se sa, nou dwe kòmanse tousuit. Li pa toujou fasil pou nou kite move abitid nou genyen, men nou ka reyisi! Jewova pwomèt l ap ede nou. Li di: “Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w, Sila a k ap anseye w pou byen w lan, Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a.” (Ezayi 48:17). Lè nou fè sa nou kapab pou nou rete pwòp, nou kapab gen asirans nou onore Bondye nou an.