Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 4

Poukisa nou dwe respekte otorite?

Poukisa nou dwe respekte otorite?

“Onore tout kalite moun, renmen tout frè nou yo, gen lakrentif pou Bondye, onore wa a.” — 1 PYÈ 2:17.

1, 2. a) Direksyon kiyès nou dwe suiv? b) Sou ki kesyon nou pral pale nan chapit sa a?

LÈ W te timoun, siman pafwa paran w te konn mande w fè yon bagay ou pa t anvi fè. Ou renmen paran w e w te konnen ou dwe obeyi yo. Poutan, ou pa t toujou anvi obeyi yo.

2 Nou konnen Jewova, Papa nou, renmen nou. Li pran swen nou e li asire l nou gen tout sa n bezwen pou n pwofite lavi a. Li ban nou direksyon nou bezwen pou nou reyisi. Pafwa, li sèvi ak moun parèy nou pou l ban nou direksyon. Nou dwe respekte otorite Jewova (Pwovèb 24:21). Men, sa k fè li difisil pafwa pou n aksepte direksyon nou jwenn? Poukisa Jewova mande nou suiv direksyon nou resevwa yo? E ki jan nou ka montre nou respekte otorite Jewova? — Gade nòt 9.

POUKISA SA DIFISIL?

3, 4. Kòman lèzòm fè vin enpafè? Sa k fè li ka difisil pou nou aksepte direksyon lòt moun ban nou?

3 Antanke moun, nou gen tandans fè rebèl. Se konsa sa ye depi lè Adan ak Èv, premye gason an ak premye fi a, te peche. Alòske yo te pafè, yo pa t soumèt anba otorite Jewova. Depi lè sa a, tout moun sou tè a fèt enpafè. Kòm nou pa pafè, se youn nan rezon ki fè l ka difisil pou n aksepte pou Jewova ak lòt moun dirije nou. Yon lòt rezon ankò, se paske moun Jewova mete pou ban nou direksyon yo se moun ki enpafè menm jan ak nou. — Jenèz 2:15-17; 3:1-7; Sòm 51:5; Women 5:12.

4 Kòm nou enpafè, nou gen tandans gen ògèy. E ògèy fè l difisil pou n suiv direksyon yo ban nou. Pa egzanp, nan Izrayèl tan lontan an, Jewova te chwazi Moyiz pou l dirije pèp Li a. Gen yon mesye ki te rele Kora, ki te gen lontan depi l ap sèvi Jewova, ki te vin gen ògèy e ki pa t gen okenn respè pou Moyiz. Byenke Moyiz t ap dirije pèp Bondye a, li pa t gen ògèy. Dayè, yo pale de li kòm moun ki te gen plis imilite nan epòk li a. Men, Kora pa t vle aksepte pou Moyiz dirije l. Li te menm rive pran tèt yon foul moun pou met avè l nan rebelyon li t ap fè kont Moyiz la. Ki sa k te pase Kora ak lòt rebèl yo? Bondye te touye yo (Nonb 12:3; 16:1-3, 31-35). Nan Bib la, nou jwenn anpil egzanp ki fè nou konnen ògèy se yon danje. — 2 Kwonik 26:16-21; gade nòt 10.

5. Ki jan kèk moun mal sèvi ak pouvwa yo genyen?

5 Gen moun ki konn di: “Pouvwa gate moun.” Pandan tout listwa, gen anpil moun ki te mal sèvi ak pouvwa yo. (Li Eklezyas 8:9.) Pa egzanp, Sayil te yon bon moun e li te gen imilite lè Jewova te chwazi l pou l vin wa ann Izrayèl. Men, li te kite ògèy ak jalouzi grandi nan kè l, e sa te pouse l pèsekite David, ki te yon inosan (1 Samyèl 9:20, 21; 10:20-22; 18:7-11). Annapre, David te vin wa, e li te youn nan pi bon wa Izrayèl te genyen. Epoutan, gen yon lè, menm David te mal sèvi ak pouvwa l te genyen. Li te gen relasyon seksyèl ak Batcheba, madanm yon mesye ki te rele Ouri, epi li te voye Ouri al mouri nan lagè yon fason pou l eseye kache peche a. — 2 Samyèl 11:1-17.

REZON KI FÈ N RESPEKTE OTORITE JEWOVA

6, 7. a) Ki sa lanmou nou gen pou Jewova a pouse n fè? b) Ki sa k ap ede nou obeyi menm lè sa pa fasil?

6 Nou respekte direksyon Jewova bay paske nou renmen l. Piske nou renmen Jewova plis pase tout lòt moun oswa tout bagay, nou vle fè kè l kontan. (Li Pwovèb 27:11; Mak 12:29, 30.) Depi lè de premye moun yo t ap viv nan jaden Edenn nan, Satan vle pou moun gen dout sou otorite Jewova. Dyab la vle nou panse Jewova pa gen dwa di nou sa pou n fè. Men, nou konnen se yon manti. Nou dakò ak pawòl sa yo ki di: “Jewova, Bondye nou an, ou merite pou w resevwa glwa, onè ak pisans, paske ou kreye tout bagay.” — Revelasyon 4:11.

7 Lè w te timoun, siman paran w te fè w konnen ou dwe obeyi yo menm lè w pa anvi fè sa. Menm jan an tou, antanke sèvitè Jewova, pafwa li ka pa fasil pou nou obeyi. Men, kòm nou renmen Jewova e nou gen respè pou li, nou fè tout sa nou kapab pou nou obeyi l. Jezi ban nou egzanp nan sans sa a. Li te obeyi Jewova menm lè sa pa t fasil e sa pa t nan avantaj li. Se sa k fè li te di Papa l: “Se pa volonte pa m ki pou fèt, men se volonte pa w.” — Lik 22:42; gade nòt 11.

8. Bay kèk fason Jewova ban nou direksyon. (Gade kare ki gen tit “ Koute konsèy” la.)

8 Nan epòk nou an, Jewova ban nou direksyon plizyè fason. Pa egzanp, li ban nou Labib. Li ban nou ansyen yo nan kongregasyon an tou. Nou montre nou respekte otorite Jewova lè nou respekte moun li mete pou dirije nou yo. Si nou pa aksepte èd yo ban nou, nan yon sans, se Jewova nou rejte. Lè Izrayelit yo te rejte Moyiz, Jewova te pran sa vrèman oserye. Li te konsidere se li menm menm yo rejte. — Nonb 14:26, 27; gade nòt 12.

9. Ki jan lanmou ap pouse nou suiv direksyon Jewova bay?

9 Lè nou respekte otorite, sa montre nou renmen frè ak sè n yo tou. Annou fè yon ti reflechi. Lè gen yon katastwòf natirèl ki frape, byen souvan, gen yon ekip sekou ki travay ansanm pou yo sove plis moun yo kapab. Pou ekip sa a reyisi, dwe gen yon moun k ap bay direksyon, e chak moun nan ekip la dwe suiv sa l di. E si yon moun pa suiv direksyon l epi l annik fè sa l vle? Menmsi moun sa a gen bon entansyon, lefètke li refize koute, sa ka lakòz pwoblèm pou rès moun nan ekip la, petèt menm sa ka lakòz yo an danje. Konsa tou, si nou pa suiv direksyon Jewova bay pa mwayen moun li bay otorite pou sa, sa ka lakòz lòt moun soufri. Men, lè n obeyi Jewova, nou montre n renmen frè ak sè n yo e n montre n respekte dispozisyon Jewova mete anplas. — 1 Korentyen 12:14, 25, 26.

10, 11. Sou ki sa nou pral pale kounye a?

10 Kèlkeswa sa Jewova mande nou fè se pou byen nou. Lè nou demontre respè pou moun ki gen otorite nan fanmi nou, nan kongregasyon an ak moun ki gen otorite nan Leta yo, sa bon pou tout moun. — Detewonòm 5:16; Women 13:4; Efezyen 6:2, 3; Ebre 13:17.

11 Lè nou konprann poukisa Jewova vle nou demontre respè pou lòt moun, sa ka ede nou fè sa. Ann wè ki jan nou ka demontre respè nan twa domèn nan lavi a.

RESPÈ NAN FANMI

12. Ki jan yon mari ka demontre li respekte otorite Jewova?

12 Jewova kreye fanmi e li bay chak moun wòl pa yo nan fanmi an. Lè chak moun nan fanmi an konprann ki sa Jewova vle l fè, fanmi an ap mache swa, e sa ap bon pou tout moun nan fanmi an (1 Korentyen 14:33). Jewova mete mari a chèf fanmi an. Sa vle di, Jewova vle pou mari a pran swen madanm li ak pitit li e pou l dirije yo yon fason ki montre li renmen yo. Donk, yon mari gen kont pou l rann Jewova sou fason li pran swen yo. Yon mari ki kretyen dwe janti, li dwe gen lanmou e li dwe trete fanmi l menm jan Jezi trete kongregasyon an. Lè yon mari fè sa, li montre li respekte Jewova. — Efezyen 5:23; gade nòt 13.

Lè yon papa ki kretyen pran swen fanmi l, li imite Kris.

13. Ki jan yon madanm ka demontre li respekte otorite nan fanmi an?

13 Yon sè ki marye gen yon wòl enpòtan tou nan fanmi an. Li soutni mari l k ap fè efò pou l yon bon chèf fanmi. Li menm ak mari l gen responsablite pou yo leve timoun yo. Youn nan fason l ap ede timoun yo pou yo respekte otorite se lè li ba yo bon egzanp (Pwovèb 1:8). Li respekte mari l e li soutni l lè l pran yon desizyon. Menm lè li pa dakò avèk mari a sou yon bagay, l ap esplike sa l santi yon fason ki janti e ki demontre respè. Lè mari yon sè pa Temwen Jewova, sè sa a jwenn yon seri difikilte lòt sè pa jwenn. Men, si l kontinye demontre lanmou ak respè pou mari l, petèt yon lè mari a ap deside aprann konnen Jewova tou e l ap vin sèvi l. — Li 1 Pyè 3:1.

14. Ki jan timoun yo ka demontre yo respekte otorite nan fanmi an?

14 Timoun yo gen anpil valè pou Jewova, e se sitou yo menm ki bezwen pwoteksyon ak direksyon. Lè timoun yo obeyi paran yo, sa fè paran yo kontan. Sa k pi enpòtan an, lè yo obeyi paran yo, yo montre respè pou Jewova e yo fè kè l kontan (Pwovèb 10:1). Nan anpil fanmi, se yon sèl paran k ap leve timoun yo. Sa kapab vrèman difisil ni pou paran an ni pou timoun yo. Men, lè timoun yo obeyisan e yo kolabore ak paran sa a, fanmi an ap viv pi byen. Kèlkeswa sitiyasyon fanmi an, pa gen okenn fanmi ki bon nèt. Men, tout fanmi kapab viv pi byen lè chak moun suiv direksyon Jewova bay. Sa bay Jewova glwa, li menm ki te kreye fanmi. — Efezyen 3:14, 15.

RESPÈ NAN KONGREGASYON AN

15. Ki jan nou ka demontre nou respekte otorite nan kongregasyon an?

15 Jewova ban nou direksyon pa mwayen kongregasyon an e li mete Jezi chèf kongregasyon an (Kolosyen 1:18). Jezi li menm bay “esklav fidèl ki prevwayan an” responsablite pou l pran swen pèp Bondye a sou tè a (Matye 24:45-47). Jodi a, “esklav fidèl ki prevwayan an” se Kolèj santral la. Kolèj santral la fè nou jwenn sa nou bezwen nan bon moman pou lafwa nou ka rete djanm. Toupatou sou tè a, ansyen yo, sèvitè ministeryèl yo ak siveyan sikonskripsyon yo ede kongregasyon yo e yo jwenn direksyon nan men Kolèj santral la. Tout frè sa yo gen responsablite pou yo pran swen nou. Se sa k fè, lè nou respekte yo, se Jewova nou respekte. — Li 1 Tesalonisyen 5:12; Ebre 13:17; gade nòt 14.

16. Sa k fè nou ka di se lespri sen ki chwazi ansyen yo ak sèvitè ministeryèl yo?

16 Ansyen yo ak sèvitè ministeryèl yo ede kongregasyon an rete fidèl e rete ini. Kòm nou konnen, mesye sa yo se moun ki enpafè menm jan avèk nou. Donk, ki jan yo chwazi yo? Bib la bay yon seri kondisyon pou frè sa yo ranpli (1 Timote 3:1-7, 12; Tit 1:5-9). Jewova te sèvi ak lespri sen l pou l ede moun ki te ekri Bib la pou yo esplike sa kondisyon sa yo ye. Ansyen yo priye Jewova pou l ba yo lespri sen l lè yo reyini pou yo pale de frè yo dwe chwazi pou sèvi kòm ansyen oswa sèvitè ministeryèl. Li klè, se Jezi ak Jewova k ap dirije kongregasyon yo (Travay 20:28). Mesye yo nome pou ede nou e pou pran swen nou yo se kado Bondye ban nou. — Efezyen 4:8.

17. Pafwa, ki sa yon sè ka bezwen fè pou l montre li respekte otorite?

17 Pafwa, gendwa pa gen ansyen oswa sèvitè ministeryèl ki disponib pou yon asiyasyon nan kongregasyon an. Nan ka sa yo, lòt frè batize kapab fè l. Men, si pa gen okenn frè batize ki disponib, yo ka mande yon sè fè yon travay nòmalman se yon frè ki te dwe fè l. Si sa rive, sè a ap kouvri tèt li ak yon bagay, se kapab yon foula oswa yon chapo (1 Korentyen 11:3-10). Lè sa a, li montre li gen respè pou dispozisyon Jewova pran anrapò ak otorite ni nan fanmi an ni nan kongregasyon an. — Gade nòt 15.

RESPÈ POU OTORITE NAN MONN NAN

18, 19. a) Ki sa nou aprann nan Women 13:1-7? b) Ki jan nou ka demontre respè pou otorite nan monn nan?

18 Nan epòk nou an, Jewova pèmèt gouvènman yo gen yon sèten otorite, e nou dwe respekte yo. Yo òganize bagay yo nan peyi yo e nan zòn yo dekwa pou tout bagay mache byen e pou moun yo jwenn sèvis ak sa yo bezwen. Kretyen yo obeyi sa ki di nan Women 13:1-7 la. (Li l.) Nou respekte “otorite yo” e nou obeyi lwa peyi oswa zòn kote n ap viv la. Lwa sa yo kapab gen efè sou fanmi nou, biznis nou oswa byen nou posede. Pa egzanp, nou peye taks e nou byen ranpli tout dokiman oswa fòmilè gouvènman yo mande n ranpli. Men, ki sa nou dwe fè si gouvènman yo mande nou fè yon bagay ki pa ann amoni ak lwa Bondye yo? Apot Pyè te di: “Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm.” — Travay 5:28, 29.

19 Si n ap trete ak yon moun ki gen otorite nan monn nan tankou yon jij oswa yon polisye, nou dwe toujou fè sa avèk respè. Jèn ki kretyen yo dwe respekte pwofesè yo ak lòt moun k ap travay nan lekòl yo. Nan travay nou, nou dwe respekte patwon nou, menmsi lòt moun pa respekte l. Lè nou fè sa, nou imite apot Pòl, ki te demontre respè pou otorite yo menm lè pafwa sa te difisil (Travay 26:2, 25). Nou dwe toujou demontre respè pou lòt moun menm lè yo pa byen boule avèk nou. — Li Women 12:17, 18; 1 Pyè 3:15.

20, 21. Ki bon efè sa ka genyen lè nou demontre respè pou lòt moun?

20 Chak jou, nan monn nan, moun vin ap plis pa gen respè pou lòt moun. Men, pèp Jewova a diferan. Nou vle toujou respekte tout moun. Nou suiv direksyon apot Pyè te bay la lè l te di: “Onore tout kalite moun.” (1 Pyè 2:17). Lè nou respekte lòt moun, yo remake sa. Jezi te di nou: “Se pou limyè nou briye devan lèzòm, konsa y ap ka wè bèl aksyon nou yo e y ap ka bay Papa nou ki nan syèl la glwa.” — Matye 5:16.

21 Lè nou demontre respè nan fanmi nou, nan kongregasyon nou ak lòt kote ankò, bon egzanp nou bay kapab fè lòt moun anvi aprann plis bagay sou Jewova. E lè nou respekte lòt moun, nou montre nou respekte Jewova. Sa fè Jewova kontan, e konsa nou montre l nou renmen l.