Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 17

Rete nan lanmou Bondye

Rete nan lanmou Bondye

“Fòtifye nou nan lafwa nou ki sen anpil [...]. Rete nan lanmou Bondye.” — JID 20, 21.

1, 2. Ki sa nou ka fè pou nou rete nan lanmou Bondye?

NOU tout vle gen fòs e nou vle an sante. Se sa k fè, nou fè efò pou n manje bon manje, pou n fè egzèsis regilyèman e pou n byen pran swen kò nou. Se vre sa mande efò, men lè nou wè rezilta yo, nou kontan e sa fè nou pa bay vag. Se konsa tou nou bezwen gen fòs nan yon lòt domèn e nou vle an sante nan domèn sa a.

2 Menm lè nou deja kòmanse aprann konn Jewova, nou bezwen kontinye fè relasyon nou gen avè l la vin pi solid. Lè disip Jid te ankouraje kretyen yo pou yo “rete nan lanmou Bondye”, li te esplike ki jan yo ka fè sa. Li te di yo: “Fòtifye nou nan lafwa nou ki sen anpil.” (Jid 20, 21). Nan ka sa a, ki jan nou ka vin gen yon lafwa ki solid?

KONTINYE FÒTIFYE LAFWA W

3-5. a) Ki jan Satan ta renmen w konsidere prensip Jewova yo? b) Ki jan w konsidere lwa ak prensip Jewova bay yo?

3 Li enpòtan pou w gen konviksyon fason Jewova aji se pi bon fason an. Satan vle w panse prensip Bondye yo twò difisil pou w suiv, e w ap gen plis kè kontan si se ou menm ki deside sa ki bon ak sa ki pa bon pou tèt ou. Depi nan jaden Edenn, Satan ap eseye fè moun kwè sa (Jenèz 3:1-6). E l ap eseye fè sa toujou jodi a.

4 Èske Satan gen rezon? Èske prensip Jewova yo ban nou twòp limit? Non. Ann pran yon egzanp: imajine w ap mache nan yon bèl jaden. Ou wè yon gwo kloti ki anpeche w al nan yon pati nan jaden an. Petèt ou ka ap mande tèt ou poukisa yo mete kloti sa a ki anpeche w al kote w vle. Men, menm moman an, ou tande yon lyon ki gwonde pa lòtbò kloti a. Ki jan w t ap konsidere kloti a kounye a? Ou byen kontan li la pou l pwoteje w pou lyon an pa manje w! Prensip Jewova yo menm jan ak kloti sa a, e Dyab la tankou lyon an. Pawòl Bondye a di nou: “Kenbe tèt nou anplas. Se pou nou veyatif. Advèsè nou an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore yon moun.” — 1 Pyè 5:8.

5 Jewova vle nou viv pi bon fason ki te ka genyen an. Li pa vle Satan twonpe nou. Se poutèt sa, li ban nou lwa ak prensip pou pwoteje nou e pou fè n gen kè kontan (Efezyen 6:11). Men sa Jak te ekri: “Yon moun k ap gade nan lwa pafè a, lwa libète a, avèk atansyon e ki pèsevere ladan l, ap kontan nan sa l ap fè.” — Jak 1:25.

6. Ki jan nou ka vin gen konviksyon sa Bondye di yo se yo ki pi bon?

6 Lè nou suiv direksyon Jewova, nou viv pi byen, e amitye nou avè l vin pi solid. Pa egzanp, sa bon pou nou lè nou aksepte envitasyon li fè nou pou n priye l (Matye 6:5-8; 1 Tesalonisyen 5:17). Nou kontan lè nou suiv direksyon li bay pou n reyini ansanm pou n adore l, pou youn ankouraje lòt e lè nou patisipe nan travay predikasyon an ak travay ansèyman an (Matye 28:19, 20; Galat 6:2; Ebre 10:24, 25). Lè nou reflechi sou fason bagay sa yo bon pou nou, sa ede nou kenbe lafwa nou solid e nou vin gen plis konviksyon sa Jewova di nou yo se yo ki pi bon.

7, 8. Ki sa k ap ede nou evite enkyete nou konsènan eprèv nou ka rankontre pi devan?

7 Nou kapab ap enkyete nou konsènan sitiyasyon nou pral jwenn pi devan k ap teste lafwa nou e k ap twò difisil pou nou. Si sa konn rive w, sonje sa Jewova di: “Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w, Sila a k ap anseye w pou byen w lan, Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a. Si w te annik suiv kòmandman m yo! Ebyen, lapè ou t ap genyen an t ap anpil tankou dlo nan yon rivyè ki pa janm seche, e aksyon ki dwat ou t ap fè yo t ap anpil tankou lanm lanmè ki pa sispann fè mouvman.” — Ezayi 48:17, 18.

8 Lè nou obeyi Jewova, lapè nou genyen ap tankou yon rivyè ki pa janm seche, e aksyon ki dwat n ap fè yo ap tankou lanm lanmè ki pa janm sispann fè mouvman. Kèlkeswa sa lavi a pote pou nou, nou kapab rete fidèl. Labib di: “Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w. Li pap janm kite moun ki jis la tonbe.” — Sòm 55:22.

‘FÈ EFÒ POU W VIN GEN MATIRITE’

9, 10. Ki sa sa vle di gen matirite?

9 Tank w ap fè efò pou relasyon w ak Jewova vin pi solid, se tank w ap “fè efò pou [w] vin gen matirite”. (Ebre 6:1.) Ki sa sa vle di gen matirite?

10 Se pa paske n ap pran laj ki vle di n ap vin gen matirite antanke kretyen. Pou nou vin gen matirite, nou dwe fè Jewova vin bon zanmi nou e n dwe eseye wè bagay yo menm jan avè l (Jan 4:23). Men sa Pòl te ekri: “Moun k ap mache selon lachè fikse panse yo sou bagay lachè, men moun k ap mache selon lespri fikse panse yo sou bagay lespri.” (Women 8:5). Yon moun ki gen matirite pa konsantre lavi l sou plezi oswa bagay materyèl. Men, li konsantre l sou sèvi Jewova e li pran desizyon ki saj nan lavi l. (Pwovèb 27:11; li Jak 1:2, 3.) Li fè efò pou l pa kite yo fè l fè sa ki mal. Yon moun ki gen matirite konnen sa ki byen e l detèmine pou l fè l.

11, 12. a) Ki sa Pòl te di sou “kapasite [kretyen] yo genyen pou yo konprann nan”? b) Nan ki sans yon kretyen k ap fè efò pou l vin gen matirite sanble ak yon moun k ap travay pou l vin yon atlèt?

11 Sa mande efò pou yon moun vin gen matirite. Apot Pòl te ekri: “Gwo manje se pou moun ki gen matirite, pou moun ki rive fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal paske yo antrene kapasite yo genyen pou yo konprann nan afòs yo sèvi avè l.” (Ebre 5:14). Mo “antrene” a ka fè nou panse ak antrènman yon atlèt.

12 Lè n ap gade yon atlèt ki fò ki ann aksyon, nou konnen sa te pran tan e li te oblije antrene pou l rive fò konsa. Li pa t fèt tou atlèt. Lè yon tibebe fèt, li pa fin konn ki jan pou l sèvi ak bra l ak janm li. Men, rive yon lè, li aprann kenbe bagay ak men l e l aprann mache. Afòs li antrene, li ka vin yon atlèt. Menm jan an tou, sa pran tan e sa mande pou yon moun antrene pou l vin gen matirite antanke kretyen.

13. Ki sa k ap ede nou aprann panse menm jan ak Jewova?

13 Nan liv sa a, nou te wè fason nou ka panse menm jan ak Jewova ak fason pou n wè bagay yo menm jan avè l. Nou te aprann apresye prensip Jewova bay yo epi renmen yo. Lè n ap pran desizyon, nou dwe mande tèt nou: ‘Ki lwa oswa ki prensip nan Bib la ki mache ak sitiyasyon sa a? Ki jan m ka aplike yo? Ki sa Jewova ta renmen m fè?’ — Li Pwovèb 3:5, 6; Jak 1:5.

14. Ki sa nou dwe fè si nou vle fòtifye lafwa nou?

14 Nou pap janm sispann fòtifye lafwa nou nan Jewova. Menm jan lè nou manje manje ki bon pou kò nou, sa fè nou gen fòs, se konsa tou, lè nou aprann konn Jewova, sa ede nou fòtifye lafwa nou. Lè nou te kòmanse etidye Labib, nou te aprann konn verite fondamantal sou Jewova ak fason l aji. Men, tank tan ap pase, nou bezwen konprann bagay ki pi pwofon. Se sa Pòl te vle di lè l te di: “Gwo manje se pou moun ki gen matirite.” Lè nou aplike sa nou aprann yo, nou vin gen sajès. Labib di nou: “Sajès se bagay ki pi enpòtan.” — Pwovèb 4:5-7; 1 Pyè 2:2.

15. Ki enpòtans sa genyen pou n renmen Jewova ansanm ak frè ak sè n yo toutbon?

15 Yon moun kapab gen fòs e l ka an sante, men pou l ret konsa, li konnen li dwe kontinye byen pran swen tèt li. Menm jan an tou, yon moun ki gen matirite konnen li bezwen fè efò pou l kenbe relasyon l ak Jewova djanm. Men sa Pòl di nou: “Kontinye verifye si nou nan lafwa, kontinye teste sa nou menm nou ye.” (2 Korentyen 13:5). Anfèt, nou bezwen plis pase yon lafwa ki solid. Nou dwe kontinye gen plis lanmou pou Jewova e pou frè ak sè nou yo. Pòl te di: “Si m [...] gen tout konesans, si mwen tèlman gen lafwa mwen ka deplase mòn, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen.” — 1 Korentyen 13:1-3.

TOUJOU KENBE ESPERANS OU GENYEN AN NAN LESPRI W

16. Ki jan Satan vle nou santi nou?

16 Satan vle nou panse nou pap janm bon ase pou n fè Jewova plezi. Li ta renmen nou dekouraje, e pou n panse pa gen solisyon pou pwoblèm nou yo. Li pa vle nou fè kretyen parèy nou yo konfyans e li pa vle nou gen kè kontan (Efezyen 2:2). Satan konnen panse negatif kapab gen move efè ni sou nou ni sou relasyon nou ak Bondye. Men, Jewova ban nou yon bagay pou ede n konbat panse negatif. Li ban nou esperans.

17. Ki enpòtans esperans genyen?

17 Nan 1 Tesalonisyen 5:8, Labib konpare esperans nou genyen an ak yon kas k ap pwoteje tèt yon sòlda nan lagè, li di nou pou n ‘mete esperans lan kòm yon kas’. Esperans nou gen nan pwomès Jewova yo kapab pwoteje lespri nou e li ka ede nou reziste devan panse negatif yo.

18, 19. Ki jan esperans Jezi te genyen an te ba l fòs?

18 Esperans Jezi te genyen an te ba l fòs. Nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a, li te fè fas ak plizyè sitiyasyon difisil youn apre lòt. Youn nan bon zanmi l yo te trayi l. Yon lòt te nye l. Lòt yo te abandone l yo kouri. Moun pwòp peyi l te leve kont li, yo te mande pou yo fè l soufri jis li mouri. Ki sa k te ede l andire bagay sa yo ki te fè l mal? “Poutèt kè kontan ki te rezève pou li a, li andire anba lanmò sou yon poto soufrans, li meprize lawont, epi li chita adwat twòn Bondye a.” — Ebre 12:2.

19 Jezi te konnen lè l rete fidèl, sa ap fè Papa l jwenn glwa e sa ap montre Satan se yon mantè. Esperans sa a te ba l anpil kè kontan. Li te konnen tou anvan lontan li t ap tounen al jwenn Papa l nan syèl la. Esperans sa a te ede l andire. Menm jan ak Jezi, nou dwe toujou kenbe esperans nou an nan lespri nou. Sa ap ede nou andire kèlkeswa sa k ta rive.

20. Ki sa ki ka ede w byen wè bagay yo?

20 Jewova wè lafwa w ak andirans ou. (Ezayi 30:18; li Malachi 3:10.) Li fè w pwomès l ap ba w “tout sa w swete nan kè w”. (Sòm 37:4.) Donk, toujou kenbe esperans ou an nan lespri w. Satan vle w pèdi espwa e l vle w panse pwomès Jewova yo pap janm reyalize. Men, ou pa dwe kite panse negatif anvayi w! Si w remake esperans ou an kòmanse pa reyèl pou ou, mande Jewova èd. Sonje pawòl nou jwenn nan Filipyen 4:6, 7 yo: “Pa enkyete nou pou anyen, men fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon toutpandan n ap di l mèsi. E lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann, ap pwoteje kè nou ak lespri nou pa mwayen Kris Jezi.”

21, 22. a) Ki objektif Jewova gen pou tè a? b) Ki sa w detèmine pou w fè?

21 Pran tan regilyèman pou w medite sou bèl avni ki devan w lan. Talè konsa, tout moun ki vivan pral adore Jewova (Revelasyon 7:9, 14). Fè yon ti imajine lavi a nan monn nouvo a. Li pral pi bon pase tout sa w ka imajine! Satan, demon yo ak tout kalite mechanste pap la ankò. Ou pap malad e ou pap mouri. Okontrè, chak jou w ap leve ak plis fòs e w ap kontan viv. Tout moun pral travay ansanm pou yo fè tè a vin yon paradi. Tout moun ap gen bon manje pou yo manje ak bon kote pou yo rete. Pa gen moun k ap mechan oswa k ap vyolan, men tout moun ap vrèman janti youn ak lòt. Rive yon lè, tout moun sou tè a pral “gen libète pitit Bondye yo genyen an nan laglwa”. — Women 8:21.

22 Jewova vle w fè l vin pi bon zanmi w. Kidonk, fè tout sa w kapab pou w obeyi Jewova e pou w vin pi pwòch li chak jou. Wi, nou swete pou nou tout rete nan lanmou Bondye pou toutan! — Jid 21.