Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 5

Fason pou n rete separe ak monn nan

Fason pou n rete separe ak monn nan

“Nou pa fè pati monn nan.” — JAN 15:19.

1. Ki sa k te enkyete Jezi nan nuit anvan l te mouri a?

NAN nuit anvan Jezi te mouri a, kòm li te konnen l t apral kite disip li yo e l te enkyete l pou sa k ka rive yo, li te di yo: “Nou pa fè pati monn nan.” (Jan 15:19). Annapre, li te priye Papa l pou yo, men sa l te di: “Yo pa fè pati monn nan, menm jan mwen menm, mwen pa fè pati monn nan.” (Jan 17:15, 16). Ki sa Jezi te vle di?

2. Ki sa “monn” Jezi te pale de li a ye?

2 Nan vèsè sa yo, “monn nan” se moun ki pa konnen Bondye e ki anba pouvwa Satan (Jan 14:30; Efezyen 2:2; Jak 4:4; 1 Jan 5:19). Ki sa n ka fè pou n “pa fè pati monn nan”? Nan chapit sa a, nou pral egzamine plizyè bagay nou ka fè: Rete fidèl ak Wayòm Bondye a e rete net, sa vle di pa nan politik. Pa kite lespri monn nan gen efè sou nou. Abiye, penyen e gen yon aparans ki montre nou gen respè, epi gen ekilib nan fason n konsidere lajan. Epitou, mete ekipman konba Bondye ban nou an sou nou. — Gade nòt 16.

RETE FIDÈL AK WAYÒM BONDYE A

3. Ki jan Jezi te konsidere politik?

3 Lè Jezi te sou tè a, li te wè moun yo gen anpil pwoblèm e lavi a pa t fasil pou yo. Li te vrèman gen sousi pou yo e l te vle ede yo. Èske l te vin yon lidè politik? Non. Li te konnen sa moun yo te bezwen toutbon se te Wayòm Bondye a, sètadi gouvènman Bondye a. Jezi t apral vin Wa nan Wayòm sa a, e l te plis pale ak moun yo sou Wayòm nan lè l t ap preche (Dànyèl 7:13, 14; Lik 4:43; 17:20, 21). Jezi pa t antre nan politik e li te toujou rete net. Lè Jezi te devan Pons Pilat, gouvènè Wòm nan, men sa l te di: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a.” (Jan 18:36). Disip li yo te rete net tou. Liv ki rele “Sou chemen sivilizasyon an” (anglè) fè konnen premye kretyen yo “pa t janm aksepte pòs politik”. Jodi a, vrè kretyen yo fè menm bagay la. Nou soutni Wayòm Bondye a e nou fidèl avè l, epi nou rete net nan politik ki gen nan monn nan. — Matye 24:14.

Èske w kapab esplike poukisa w ap soutni Wayòm Bondye a avèk fidelite?

4. Ki jan vrè kretyen yo soutni Wayòm Bondye a?

4 Anbasadè yo se moun ki reprezante gouvènman peyi pa yo nan yon peyi etranje, se sa k fè yo pa mele nan politik peyi sa a. Kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo, ki gen esperans pou y al dirije ak Kris nan syèl la, fè menm jan an tou. Men sa Pòl te ekri kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo: “Nou se anbasadè k ap travay nan plas Kris.” (2 Korentyen 5:20). Moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo reprezante gouvènman Bondye a. Yo pa antre nan politik e yo pa mele nan bagay ki gen rapò ak gouvènman ki nan monn nan (Filipyen 3:20). Okontrè, moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ede plizyè milyon moun aprann konnen gouvènman Bondye a. “Lòt mouton” yo, ki gen esperans pou yo viv pou toutan nan monn nouvo Bondye a, soutni moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo nan travay sa a. Yo menm tou yo rete net (Jan 10:16; Matye 25:31-40). Li klè, pa gen okenn vrè kretyen k ap antre nan politik ki gen nan monn nan. — Li Ezayi 2:2-4.

5. Bay youn nan rezon ki fè kretyen yo pa patisipe nan lagè.

5 Vrè kretyen yo konsidere frè ak sè yo tankou se fanmi yo e yo ini kèlkeswa peyi y ap viv ladan l lan oubyen kèlkeswa kilti yo (1 Korentyen 1:10). Si nou ta patisipe nan lagè, nou t ap goumen ak fanmi nou, frè ak sè espirityèl nou yo, yo menm Jezi te ban nou kòmandman pou nou renmen an (Jan 13:34, 35; 1 Jan 3:10-12). Mete sou sa, Jezi te mande disip li yo pou yo renmen menm moun ki ènmi yo. — Matye 5:44; 26:52.

6. Ki jan sèvitè Jewova yo ki vwe lavi yo ba li konsidere gouvènman yo?

6 Byenke antanke kretyen nou pa nan politik, nou fè efò pou nou se bon sitwayen. Pa egzanp, nou montre n gen respè pou gouvènman yo lè nou obeyi lwa yo bay e nou peye enpo. Men, nou toujou veye pou n “bay Bondye sa k pou Bondye”. (Mak 12:17; Women 13:1-7; 1 Korentyen 6:19, 20). Nan “sa k pou Bondye” yo, gen lanmou nou pou li, obeyisans nou anvè l ak adorasyon nou dwe l. Nou aksepte pèdi lavi nou olye n dezobeyi Jewova. — Lik 4:8; 10:27; li Travay 5:29; Women 14:8.

PA KITE “LESPRI MONN NAN” GEN EFÈ SOU OU

7, 8. Ki sa “lespri monn nan” ye e ki jan li gen efè sou moun?

7 Si nou vle rete separe ak monn Satan an, nou pa dwe kite “lespri monn nan” dirije nou. Lespri monn nan se fason Satan fè moun yo panse ak fason l fè yo konpòte yo, e se lespri sa a k ap dirije moun ki pap sèvi Jewova yo. Men, kretyen yo pa kite lespri sa a gen efè sou yo. Jan Pòl te di sa, “nou menm, se pa lespri monn nan nou te resevwa, men se lespri ki soti nan Bondye a”. — 1 Korentyen 2:12; Efezyen 2:2, 3; gade nòt 17.

8 Lespri monn nan fè moun yo egoyis, li fè yo gen ògèy e yo rebèl. Li fè yo panse yo pa bezwen obeyi Bondye. Satan vle moun yo fè sa yo vle san yo pa panse ak konsekans sa ap genyen. Li vle moun yo kwè se ‘dezi lachè ak dezi je’ ki pi enpòtan nan lavi a (1 Jan 2:16; 1 Timote 6:9, 10). Dyab la ap fè tout sa l kapab pou l twonpe sèvitè Jewova yo e l ap chèche twonpe nou pou l fè n panse menm jan avè l. — Jan 8:44; Travay 13:10; 1 Jan 3:8.

9. Ki efè lespri monn nan ka gen sou nou?

9 Menm jan lè nou ap respire a toutotou nou, se konsa tou lespri monn nan toutotou nou. Si nou pa fè gwo efò pou n reziste kont li, l ap gen efè sou nou. (Li Pwovèb 4:23.) Li ka kòmanse antre nan nou yon fason ki parèt san danje, pa egzanp, nou ka kite panse ak konpòtman moun ki pap sèvi Jewova yo gen efè sou nou (Pwovèb 13:20; 1 Korentyen 15:33). Oubyen bagay tankou pònografi, apostazi, sa vle di lè yon moun kite Bondye, ak spò ki mande pou moun k ap jwe yo vyolan anpil ka gen efè sou nou. — Gade nòt 18.

10. Ki sa n ka fè pou n pa kite lespri monn nan gen efè sou nou?

10 Donk, ki jan n ka veye pou lespri monn nan pa dirije nou? Nou bezwen rete pwòch ak Jewova epi kite sajès li gide nou. Nou dwe toujou priye Jewova pou n gen lespri sen e nou dwe toujou gen anpil travay nan sèvis n ap fè pou li a. Jewova se Moun ki pi pisan nan linivè a. Nou gen konfyans l ap ede n pa kite lespri monn nan gen efè sou nou. — 1 Jan 4:4.

ABIYE YON FASON KI BAY BONDYE GLWA

11. Ki jan lespri monn nan gen efè sou fason moun yo abiye?

11 Nou montre nou pa fè pati monn nan tou nan fason nou abiye, fason n fè cheve nou ak aparans nou. Anpil moun nan monn nan abiye yon fason pou atire atansyon sou yo, pou fè lòt moun gen panse ki imoral, pou montre yo kont sosyete a oswa pou montre yo se moun ki gen kòb. Gen lòt moun ki pa bay aparans yo okenn enpòtans. Yo konn neglijan oswa yo sal. Nou pa ka kite mantalite sa yo gen efè sou rad n ap chwazi mete sou nou, fason n ap fè cheve nou ak aparans nou.

Èske m bay Jewova glwa nan fason m abiye?

12, 13. Ki prensip ki dwe ede nou lè n ap chwazi rad n ap mete?

12 Antanke sèvitè Jewova, nou toujou vle abiye yon fason pou rad nou byen ranje, pou l pwòp, pou l byen bèl e pou l apwopriye pou okazyon an. Nou abiye “yon fason ki montre respè e avèk bonsans”, konsa, nou montre nou “gen atachman pou Bondye”. — 1 Timote 2:9, 10; Jid 21.

13 Fason nou abiye ka gen efè sou fason lòt moun konsidere Jewova ak pèp li a. Nou vle fè “tout bagay pou glwa Bondye”. (1 Korentyen 10:31.) Nou vle abiye yon fason ki montre respè pou santiman lòt moun ak sa yo panse. Se sa k fè, lè n ap chwazi rad n ap mete oswa lè n ap deside ki aparans nou vle genyen, nou dwe sonje sa nou chwazi yo gen efè sou lòt moun. — 1 Korentyen 4:9; 2 Korentyen 6:3, 4; 7:1.

14. Lè n ap chwazi rad n ap mete pou n al nan aktivite nou fè antanke kretyen yo, sou ki sa n dwe reflechi?

14 Ki jan nou abiye lè nou pral nan reyinyon oswa nan predikasyon? Èske nou atire atansyon sou nou twòp? Èske rad nou mete yo fè lòt moun santi yo jennen? Èske n panse fason n abiye se nou sèl sa gade, sa pa gade lòt moun (Filipyen 4:5; 1 Pyè 5:6)? Natirèlman, nou vle parèt byen bèl, men, sa k ap fè n atiran toutbon se kalite nou genyen antanke kretyen yo. Se kalite sa yo Jewova wè lè l ap gade nou. Yo pèmèt lòt moun wè ki moun nou ye pa anndan, sa vle di “moun nou ye nan fon kè nou an [...], sa ki gen anpil valè nan je Bondye”. — 1 Pyè 3:3, 4.

15. Poukisa Jewova pa di nou egzakteman ki jan pou n abiye e ki aparans pou n genyen?

15 Jewova pa ban nou yon lis règ konsènan sa pou n met sou nou ak sa pou n pa mete. Okontrè, li ban nou prensip ki nan Bib la, e prensip sa yo ka ede n fè bon chwa (Ebre 5:14). Lè n ap pran desizyon, kit yo gwo, kit yo piti, li vle se lanmou nou gen pou li ak lanmou nou gen pou lòt moun ki pouse nou pran yo. (Li Mak 12:30, 31.) Toupatou sou tè a, Temwen Jewova yo abiye yon fason ki diferan selon kilti yo e selon fason yo ta renmen parèt. Sa bèl e sa ankourajan!

YON BON FASON POU W KONSIDERE LAJAN

16. Ki jan lespri monn nan sou lajan depaman ak sa Jezi te anseye? Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou?

16 Satan vle moun panse se lajan ak bagay materyèl k ap fè yo gen kè kontan, men sèvitè Jewova yo konnen se pa vre. Nou kwè nan pawòl Jezi te di ki annapre yo: “Menm lè yon moun ap viv nan abondans, lavi l pa depann de bagay li posede yo.” (Lik 12:15). Lajan pa ka fè nou gen bonjan kè kontan. Li pa ka fè n gen bon zanmi, li pa ka fè lespri n anpè toutbon ni li pa ka fè n gen lavi ki pap janm fini an. Natirèlman, nou bezwen kèk bagay materyèl, e nou vle jwi lavi a. Men, Jezi fè konnen n ap gen kè kontan si n gen bon relasyon ak Bondye e si se adorasyon n ap ba li a ki gen plis valè nan lavi n (Matye 5:3; 6:22, nòt). Mande tèt ou: ‘Èske fason monn nan konsidere lajan an gen efè sou mwen? Èske se sou lajan mwen plis reflechi oswa m plis pale?’ — Lik 6:45; 21:34-36; 2 Jan 6.

17. Ki jan w ka amelyore lavi w lè w pa konsidere lajan menm jan ak monn nan?

17 Si n konsantre n sou sèvis Jewova a e nou pa konsidere lajan menm jan ak monn nan, lavi nou ap gen plis sans (Matye 11:29, 30). N ap gen kè kontan e ni lespri nou ni kè nou ap anpè (Matye 6:31, 32; Women 15:13). Nou pap enkyete nou twòp pou bagay materyèl. (Li 1 Timote 6:9, 10.) N ap jwenn anpil kè kontan lè nou bay lòt moun (Travay 20:35). Fason n ap viv la ap fè n gen plis tan pou n pase ak moun nou renmen. E nou ka menm dòmi pi byen. — Eklezyas 5:12.

“TOUT EKIPMAN KONBA BONDYE BAY LA”

18. Ki sa Satan ap chèche fè nou?

18 Satan ap chèche kraze relasyon nou gen ak Jewova a, se sa k fè nou dwe fè tout sa n kapab pou n pwoteje relasyon sa a. Nou gen yon konba n ap mennen “kont espri mechan yo”. (Efezyen 6:12.) Satan ak demon l yo pa vle n gen kè kontan e yo pa vle n viv pou toutan (1 Pyè 5:8). Ènmi sa yo ki pisan ap mennen yon konba kont nou, men n ap pote laviktwa grasa èd Jewova!

19. Ki jan Efezyen 6:14-18 pale de “ekipman konba” kretyen yo genyen an?

19 Nan tan lontan, sòlda yo te gen yon ekipman sou yo pou pwoteje yo nan lagè. Menm jan an tou, nou dwe mete “ekipman konba” Jewova ban nou an sou nou (Efezyen 6:13). Ekipman sa a ap pwoteje n. Men sa nou li nan Efezyen 6:14-18 sou “ekipman konba” a: “Kenbe fèm, epi mare laverite nan ren nou tankou se yon sentiwon. Mete pwotèj pwatrin jistis la sou nou. Mete bagay nan pye nou pou nou pare pou nou anonse bon nouvèl lapè a. Anplis tout bagay sa yo, se pou nou pran gwo boukliye lafwa a. Se avè l n ap kapab etenn tout flèch Mechan an ap voye tou limen sou nou. Epitou, aksepte kas delivrans lan ak epe lespri a, sètadi pawòl Bondye a, toutpandan n ap kontinye priye nan tout okazyon ak tout kalite priyè ak siplikasyon, ann amoni ak lespri a.”

20. Ki sa nou dwe fè pou “ekipman konba” a ka ede nou?

20 Si yon sòlda ta bliye mete yon bagay nan ekipman konba l la e li ta kite yon pati nan kò l san pwoteksyon, se nan pati sa a ènmi an t ap frape l. Si nou vle “ekipman konba” a pwoteje n, nou pa dwe bliye menm yon pati ladan l. Nou dwe mete l sou nou toutan e nou dwe travay pou l rete anfòm. N ap gen pou n kontinye mennen konba sa a jiskaske Bondye detwi monn Satan an e l retire Satan ak demon yo sou tè a (Revelasyon 12:17; 20:1-3). Kidonk, si n ap lite ak move dezi oswa ak kèk feblès nou genyen, nou pa dwe bay vag! — 1 Korentyen 9:27.

21. Ki jan nou ka genyen konba n ap mennen an?

21 Nou menm poukont nou, nou pa gen fòs pou n lite avèk Satan. Men, grasa èd Jewova, nou kapab fè sa! Pou n rete fidèl, nou dwe priye Jewova, etidye Pawòl li a epi pase tan ak frè ak sè nou yo (Ebre 10:24, 25). Bagay sa yo ap ede n rete fidèl ak Bondye e y ap ede nou pou nou pare pou n defann lafwa nou.

SE POU W PARE POU W DEFANN LAFWA W

22, 23. a) Ki jan nou ka toujou pare pou n defann lafwa nou? b) Sou ki sa nou pral pale nan chapit ki vin apre a?

22 Nou dwe toujou pare pou n defann lafwa nou (Jan 15:19). Nan kèk sitiyasyon, Temwen Jewova yo pran pozisyon ki pa menm ditou ak pifò moun. Mande tèt ou: ‘Èske m vrèman konprann rezon ki fè n pran pozisyon sa a? Èske m gen konviksyon ni sa Bib la di ni sa esklav fidèl ki prevwayan an di egzak? Èske m fyè lefètke m Temwen Jewova? (Sòm 34:2; Matye 10:32, 33). Èske m ka esplike lòt moun kwayans mwen?’ — Matye 24:45; Jan 17:17; li 1 Pyè 3:15.

23 Nan anpil sitiyasyon, li konn parèt byen klè nou dwe rete separe ak monn nan. Men, nan kèk lòt sitiyasyon, sa konn pa parèt twò klè. Satan ap chèche pran nou nan pyèj diferan fason. Youn nan pyèj li itilize se detant. Ki jan n ka byen chwazi detant nou yo? N ap wè sa nan chapit ki vin apre a.