Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 14

Se pou nou onèt nan tout bagay

Se pou nou onèt nan tout bagay

“Nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay.” — EBRE 13:18.

1, 2. Ki jan Jewova santi l lè l wè n ap fè gwo efò pou nou onèt?

IMAJINE yon tigason k ap mache pou l al lekòl, epi li jwenn yon bous atè ki chaje kòb. Ki sa l ka fè? Li ka kenbe l. Men, li pa fè sa, li remèt mèt bous la li. Lè manman tigason an tande sa pitit li a fè, li santi l fyè de li anpil.

2 Pifò paran kontan lè pitit yo onèt. Jewova, Papa nou ki nan syèl la, se “Bondye verite a”, e li kontan lè l wè nou onèt (Sòm 31:5). Nou vle fè l plezi e nou vle “konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay”. (Ebre 13:18.) Ann pale sou kat domèn nan lavi a kote li ka difisil pou nou onèt. Apre sa, n ap wè kèk byenfè n ap jwenn lè nou onèt malgre sa difisil.

SE POU N ONÈT AK TÈT NOU

3-5. a) Ki sa si nou fè k ap montre n pa onèt ak tèt nou? b) Ki sa k ap ede nou onèt ak tèt nou?

3 Pou nou onèt ak lòt moun, nou dwe onèt ak tèt nou anvan. E sa pa toujou fasil. Nan premye syèk la, frè yo nan kongregasyon Lawodise a te bay tèt yo manti lè yo te panse yo t ap fè Bondye plezi, alòske an reyalite yo pa t fè l plezi vre (Revelasyon 3:17). Nou menm tou nou ta ka twonpe tèt nou konsènan moun nou ye toutbon.

4 Men sa disip Jak esplike: “Si yon moun panse l ap adore Bondye, epoutan li pa bride lang li, se twonpe l ap twonpe tèt li, e adorasyon l ap bay la pa gen valè.” (Jak 1:26). Nou t ap twonpe tèt nou si nou ta panse depi nou fè kèk bon aksyon, Bondye ap aksepte pou n aji yon fason ki montre nou pa respekte moun, pou n di pawòl ki fè moun soufri oubyen pou n bay manti. Ki sa k ap ede nou evite twonpe tèt nou?

5 Lè nou gade nan yon glas, nou ka wè jan nou parèt. Lè nou li Bib la, nou ka wè moun nou ye pa anndan an. Labib ka ede nou konnen sa nou genyen lakay nou ki bon ak sa nou genyen lakay nou ki pa bon. Nou kapab wè chanjman nou bezwen fè nan fason nou panse, nan fason nou aji ak nan fason nou pale. (Li Jak 1:23-25.) Men, si nou panse nou pa gen defo, nou pap ka fè chanjman nou dwe fè yo. Kidonk, nou bezwen sèvi ak Bib la pou n egzamine tèt nou yon fason ki onèt (Lamantasyon 3:40; Aje 1:5). Lapriyè tou kapab ede nou wè tèt nou jan nou ye toutbon. Nou ka priye Jewova pou n mande l egzamine nou epi ede nou wè defo nou yo pou n ka korije yo (Sòm 139:23, 24). Se pou n sonje “Jewova pa vle wè moun k ap fè sa k pa sa, men, li bon zanmi ak moun ki dwat”. — Pwovèb 3:32.

SE POU N ONÈT AK FANMI NOU

6. Poukisa yon mari ak madanm li dwe onèt youn ak lòt?

6 Li vrèman nesesè pou moun nan yon fanmi onèt youn ak lòt. Lè yon mari ak madanm li di youn lòt sa yo panse, sa fè yo santi yo an sekirite e youn ka fè lòt konfyans toutbon. Gen plizyè fason yon moun ka montre li pa onèt ak moun li marye avè l la. Pa egzanp, yon moun ki marye ka ap flète ak yon lòt moun oswa li ka gade pònografi oswa li ka gen yon relasyon santimantal an kachèt ak yon lòt moun. Remake sa youn nan moun ki te ekri Sòm yo di: “Mwen pa mele ak moun k ap twonpe moun, e mwen pa pran pa ak moun k ap kache sa yo ye.” (Sòm 26:4). Si w pa onèt ak moun ou marye avè l la, menmsi se nan panse w, sa ap gen move efè sou maryaj ou.

Pa pran tan pou w rejte nenpòt bagay ki ka fè w pa gen bon relasyon ak moun ou marye avè l la.

7, 8. Ki jan w ka sèvi ak Bib la pou w fè timoun yo konprann jan li enpòtan pou yo onèt?

7 Timoun yo tou dwe aprann jan li enpòtan pou yo onèt. Paran yo ka sèvi ak Bib la pou yo montre yo sa. Labib gen egzanp moun ki pa t onèt tankou Akan, ki te vin yon vòlè; Geyazi, ki te bay manti pou l te ka jwenn lajan; ak Jida, ki te vòlè lajan e ki te trayi Jezi pou 30 pyès monnen ann ajan. — Jozye 6:17-19; 7:11-25; 2 Wa 5:14-16, 20-27; Matye 26:14, 15; Jan 12:6.

8 Men tou, Bib la gen egzanp anpil moun ki te onèt tankou: Jakòb, ki te ankouraje pitit gason l yo pou yo remèt lajan yo te jwenn nan; Jefte ak pitit fi l la, yo menm ki te kenbe pwomès yo te fè Bondye; ak Jezi, ki te onèt menm nan sitiyasyon difisil (Jenèz 43:12; Jij 11:30-40; Jan 18:3-11). Egzanp sa yo kapab ede timoun yo konprann jan li enpòtan pou yo onèt.

9. Lè paran yo onèt, ki jan sa ka ede timoun yo?

9 Paran yo ka aprann yon leson enpòtan nan prensip ki vin annapre a nou jwenn nan Bib la: “W ap anseye lòt moun, epi w pa anseye tèt ou? Ou menm k ap preche: ‘Pa vòlè’, w ap vòlè?” (Women 2:21). Timoun yo konnen lè paran yo di yon bagay, men yo pa fè sa yo di a. Si nou mande timoun nou yo pou yo onèt, epi nou menm nou pa onèt, timoun yo pap konn sa pou yo fè. Si timoun yo remake paran yo ap bay manti, menmsi se pou bagay ki toupiti, gen anpil chans pou yo fè menm bagay la. (Li Lik 16:10.) Yon lòt bò, lè timoun yo wè paran yo onèt, sa ka ede yo pou yo vin paran ki onèt lè yo menm yo vin gen pitit. — Pwovèb 22:6; Efezyen 6:4.

SE POU N ONÈT NAN KONGREGASYON AN

10. Ki jan nou ka onèt nan konvèsasyon nou genyen ak kretyen parèy nou?

10 Nou dwe onèt tou ak frè ak sè nou yo. Li fasil pou konvèsasyon n ap fè ak lòt moun tounen tripotay oswa menm medizans. Si nou repete yon bagay san n pa chèche konnen si se vre, petèt se manti n ap gaye. Li pi bon lontan pou n “kontwole bouch” nou (Pwovèb 10:19). Onèt pa vle di pou nou di tout sa nou panse, tout sa nou konnen oswa tout sa nou tande. Menmsi sa nou pral di a se laverite, petèt se yon bagay ki pa konsène nou, oswa petèt li pa nesesè pou n di l oswa li pa janti pou nou repete l (1 Tesalonisyen 4:11). Gen kèk moun ki pale di ak moun epi kòm eskiz yo di se onèt yo onèt. Men, antanke moun ki fè pati pèp Jewova a, nou vle pou pawòl nou bèl e pou yo janti. — Li Kolosyen 4:6.

11, 12. a) Lè yon moun fè yon peche, ki jan l ka fè sitiyasyon an pi mal lè l pa onèt? b) Si w vin konnen yon zanmi w fè yon peche grav, ki kalite panse ou dwe evite, e poukisa? c) Ki jan nou ka onèt ak òganizasyon Jewova a?

11 Jewova bay ansyen yo responsablite pou yo ede kongregasyon an. Li pi fasil pou ansyen yo ede nou lè nou onèt avè yo. Sa k fè sa? Si w malad e w al kay doktè, èske w t ap kache doktè a sa w santi? Si w ta fè sa, ki jan l t ap fè ede w? Menm jan an tou, si nou fè yon peche grav, nou pa dwe bay manti. Men pito, nou dwe al kot ansyen yo epi di yo tout laverite (Sòm 12:2; Travay 5:1-11). Kounye a, imajine ou vin aprann yon zanmi w fè yon peche grav (Levitik 5:1). Èske w panse ou pa t ap montre w se yon bon zanmi si w ta fè ansyen yo konn sa? Oswa èske w t ap sonje ansyen yo la pou ba l èd li bezwen yon fason pou l ka reprann li e pou relasyon l ak Jewova vin solid? — Ebre 13:17; Jak 5:14, 15.

12 Nou bezwen onèt tou ak òganizasyon Jewova a lè n ap mete enfòmasyon nan yon seri rapò, tankou rapò aktivite nou te fè nan travay predikasyon an. E nou dwe onèt lè n ap ranpli fòmilè pou sèvis pyonye oswa pou nenpòt lòt sèvis. — Li Pwovèb 6:16-19.

13. Ki jan nou ka onèt si nou nan biznis ak yon kretyen parèy nou?

13 Frè ak sè yo pa dwe mele biznis ak adorasyon y ap bay Jewova a. Pa egzanp, nou pa regle kesyon biznis lè nou nan Sal Wayòm nan oswa lè nou nan travay predikasyon an. E nou pa ta dwe pwofite fè benefis sou tèt frè ak sè yo. Si w gen Temwen k ap travay pou ou, peye yo alè, ba yo kantite lajan ou te antann avè yo a epi ba yo tout avantaj lalwa egzije. Petèt se kapab asirans medikal oswa peye yo mwa vakans yo (1 Timote 5:18; Jak 5:1-4). E si w ap travay pou yon Temwen Jewova parèy ou, pa atann pou l trete w yon fason espesyal (Efezyen 6:5-8). Ou dwe travay kantite tan ou te antann ou ak moun nan pou w travay la epi fè travay yo peye w pou w fè a. — 2 Tesalonisyen 3:10.

14. Ki sa kretyen yo dwe fè anvan yo fè biznis ansanm?

14 E si nou vle fè biznis ak yon frè oswa yon sè? Sa ka gen ladan l envesti lajan oswa prete lajan. Nan sitiyasyon konsa, gen yon prensip nan Bib la ki vrèman itil: Ekri tout bagay! Lè pwofèt Jeremi te achte yon tè, li te ekri sa sou de papye, li te fè temwen siyen youn e li te sere toude dokiman yo pou yo ka sèvi kòm prèv (Jeremi 32:9-12; gade tou Jenèz 23:16-20). Gen kèk moun ki santi lè yo ekri yon papye sa ka parèt kòmkwa yo pa fè frè yo konfyans. An reyalite, lè nou ekri antant nou fè a, sa ka evite anpil bagay tankou pou youn mal konprann lòt, pou nou regrèt e sa ka evite mezantant. Menm nan kesyon biznis, sonje lapè kongregasyon an pi enpòtan pase nenpòt akò. — Li 1 Korentyen 6:1-8; gade nòt 30.

SE POU N ONÈT AK MOUN NAN MONN NAN

15. Ki jan Jewova santi l anrapò ak pratik malonèt nan kesyon biznis?

15 Nou dwe onèt ak tout moun, menm ak moun ki pa Temwen Jewova. Pou Jewova, sa enpòtan pou nou onèt. “Fo balans bay Jewova degoutans, men, yon pèz ki egzak fè l plezi.” (Pwovèb 11:1; 20:10, 23). Nan epòk yo t ap ekri Bib la, yo te konn sèvi ak balans anpil nan komès. Men, gen kèk machann ki te konn twonpe kliyan yo lè yo ba yo mwens pase sa yo antann pou yo ba yo oswa lè yo fè yo peye plis pase sa yo ta dwe peye. Jodi a, menm jan ak nan epòk yo t ap ekri Bib la, anpil moun pa onèt nan kesyon biznis. Menm jan Jewova pa t renmen sa nan epòk sa a, li toujou pa renmen sa jodi a.

16, 17. Ki fason moun montre yo pa onèt jodi a nou dwe evite?

16 Nou tout konn nan yon sitiyasyon kote nou te ka pa onèt, tankou lè n ap aplike pou yon travay, lè n ap ranpli yon seri papye Leta oswa lè n ap konpoze lekòl. Anpil moun kwè pa gen anyen mal nan bay manti, nan mete pase genyen oswa bay repons pou twonpe moun. Sa pa etone nou. Labib te gentan fè konnen nan dènye jou yo, moun yo t ap ‘renmen pwòp tèt yo, yo t ap renmen lajan, yo pa t ap renmen sa ki byen’. — 2 Timote 3:1-5.

17 Pafwa, moun ki pa onèt yo ka parèt gen plis siksè nan monn nan jodi a (Sòm 73:1-8). Yon kretyen ka menm pèdi travay li, li ka pèdi lajan oswa yo ka pa byen boule avè l paske li onèt. Men, sa vo lapèn. Sa k fè sa?

BENEDIKSYON N AP JWENN LÈ N ONÈT

18. Sa k fè yon bon repitasyon enpòtan konsa?

18 Nan monn sa a, se yon bagay ki ra e ki gen anpil valè lè yon moun gen repitasyon moun ki onèt, moun yo ka fè konfyans, moun yo ka konte sou li. Nou chak gen posiblite pou nou vin gen yon repitasyon konsa (Miche 7:2). Se vre, gen kèk moun ki pase nou nan rizib paske nou onèt e yo ka di nou sòt. Men, gen lòt moun k ap apresye sa e y ap fè nou konfyans poutèt sa. Toupatou sou tè a, yo konnen Temwen Jewova yo kòm moun ki onèt. Gen kèk patwon ki pito anplwaye Temwen Jewova paske yo konnen y ap onèt. E byen souvan, menm lè yo revoke lòt anplwaye paske yo pa onèt, Temwen yo pa pèdi travay yo.

Nou ka bay Jewova glwa lè nou travay di.

19. Lè w se yon moun ki onèt, ki efè sa ap genyen sou amitye w ak Jewova?

19 Lè nou onèt nan tout bagay, sa ap fè nou gen yon konsyans ki klè e lespri nou ap anpè. N ap ka di menm jan ak Pòl: “Nou gen konviksyon konsyans nou klè.” (Ebre 13:18). Sa k pi enpòtan an, Jewova, Papa nou ki nan syèl la, ap wè efò nou fè pou nou onèt nan tout bagay e l ap apresye sa. — Li Sòm 15:1, 2; Pwovèb 22:1.