Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 8

Bondye renmen moun ki pwòp

Bondye renmen moun ki pwòp

“Ou aji byen ak moun ki gen kè yo pwòp.” — SÒM 18:26.

1-3. a) Poukisa yon manman veye pou pitit li pwòp e pou l byen abiye? b) Poukisa Jewova vle pou moun k ap adore l yo pwòp, e ki sa ki ankouraje nou pou nou rete pwòp?

YON manman ap prepare ti pitit gason l pou l soti. Li benyen l e li mete rad pwòp sou li. Li konnen li enpòtan pou pitit gason l lan pwòp. Li konnen tou aparans pitit li a ap gen yon efè sou fason moun konsidere paran l.

2 Jewova, Papa nou ki nan syèl la, vle pou sèvitè l yo pwòp. Pawòl li a fè konnen ‘li aji byen ak moun ki gen kè yo pwòp *’. (Sòm 18:26.) Jewova renmen nou e li konnen, lè nou rete pwòp, sa pwofitab pou nou anpil. Mete sou sa, piske nou se Temwen l, li atann pou enpresyon nou fè sou lòt moun fè yo pale an byen de li. Vrèmanvre, lè nou pwòp e nou gen yon bon konduit, se glwa sa pote pou Jewova e pou non l ki sen. — Ezekyèl 36:22; li 1 Pyè 2:12.

3 Lefètke nou konnen Bondye renmen moun ki pwòp, sa ankouraje nou pou n rete pwòp. Nou ta renmen pou fason nou viv onore Bondye paske nou renmen l. Anplis de sa, nou vle rete nan lanmou Bondye. Kounye a, ann egzamine rezon ki fè nou dwe rete pwòp, ki sa sa mande pou n rete pwòp e ki sa nou ka fè pou n rete pwòp. Sa ap ede nou wè nan ki domèn nou bezwen pote amelyorasyon.

POUKISA NOU DWE RETE PWÒP?

4, 5. a) Ki prensipal rezon ki fè nou dwe rete pwòp? b) Ki jan bagay Jewova kreye yo montre aklè li se yon Bondye ki pwòp?

4 Youn nan fason Jewova gide nou, se lè li ban nou egzanp. Pawòl li a di “pou nou imite Bondye”. (Efezyen 5:1.) E nou konnen Jewova se yon Bondye ki pwòp, ki sen nan tout domèn. Sa se prensipal rezon ki fè nou dwe rete pwòp. — Li Levitik 11:44, 45.

5 Jewova se yon Bondye ki pwòp. Sa parèt nan tout sa l kreye, menm jan lòt kalite li yo parèt nan sa li kreye yo (Women 1:20). Li kreye tè a yon fason pou l ka yon kote ki pwòp pou lèzòm abite. Jewova fè tè a yon fason ki pèmèt li netwaye ni lè a ni dlo. Gen kèk bakteri ak lòt ti bèt toupiti moun pa ka wè yo rele mikwoòganis ki transfòme dechè e ki fè yo pa danjere ankò. Gen kèk syantifik ki itilize kèk nan mikwoòganis voras sa yo pou yo netwaye gwo kantite petwòl ki koule yon kote pa aksidan e pou yo elimine lòt polisyon lèzòm lakòz lefètke yo egoyis e yo ava. Li klè, zafè pwòpte a enpòtan pou “Sila a ki fè tè a”. (Jeremi 10:12.) Sa ta dwe enpòtan pou nou tou.

6, 7. Ki jan Lwa Moyiz la te mete aksan sou nesesite pou moun k ap adore Jewova yo pwòp?

6 Yon lòt rezon ki fè nou dwe rete pwòp, se paske Jewova, Souvren linivè a, mande moun k ap adore l yo pou yo pwòp. Nan Lwa Jewova te bay Izrayelit yo, pwòpte ak adorasyon se de bagay ki te mache ansanm. Lalwa te presize, nan jou Pirifikasyon an, gran prèt la te dwe benyen, pa yon fwa sèlman, men de fwa (Levitik 16:4, 23, 24). Prèt ki t ap ofri sakrifis bay Jewova yo te dwe lave men yo ak pye yo anvan yo ofri sakrifis yo (Egzòd 30:17-21; 2 Kwonik 4:6). Lalwa te pale de 70 bagay ki te ka fè yon moun pa pwòp. Yon Izrayelit ki te nan yon eta kote li pa t pwòp pa t gen dwa patisipe nan adorasyon y ap bay Jewova a. Nan kèk ka, si li pa t pwòp, sa te ka lakòz li mouri (Levitik 15:31). Nenpòt moun ki te refize fè sa li te dwe fè pou l vin pwòp, sa ki gen ladan l benyen ak lave rad li, yo te dwe “retire moun sa a nan kongregasyon an”. — Nonb 19:17-20.

7 Byenke nou pa anba Lwa Moyiz la ankò, Lwa sa a ede nou wè pi byen sa Bondye panse sou kesyon pwòpte a. Li klè, Lalwa te mete anpil aksan sou enpòtans pou moun k ap adore Jewova yo pwòp. Jewova pa chanje (Malaki 3:6). L ap aksepte adorasyon n ap ba li a akondisyon li ‘pwòp e li san salte’. (Jak 1:27.) Kidonk, nou bezwen konnen sa Jewova vle nou fè nan domèn sa a.

SA SA MANDE POU NOU PWÒP NAN JE BONDYE

8. Nan ki domèn Jewova atann pou nou rete pwòp?

8 Nan Bib la, ide pwòpte a vle di plis pase pwòpte nan domèn fizik. Pou nou pwòp nan je Bondye, sa mande pou nou pwòp nan tout aspè nan lavi nou. Jewova atann pou nou rete pwòp nan kat domèn enpòtan: nan fason n ap ba li adorasyon, nan konduit nou, nan lespri nou ak nan domèn fizik. Annou egzamine ki sa sa mande pou nou pwòp nan chak domèn sa yo.

9, 10. Ki sa sa vle di pou yon moun rete pwòp nan adorasyon l ap bay Bondye, e ki sa vrè kretyen yo evite?

9 Nan fason n ap ba li adorasyon. Yon fason senp, nou ka di: yon moun ki bay Jewova yon adorasyon ki pwòp se yon moun ki pa mele vrè adorasyon an ak fo adorasyon. Lè Izrayelit yo te kite Babilòn pou yo retounen Jerizalèm, yo te dwe suiv yon lòd Bondye te ba yo ki te di: “Soti la a! Pa manyen anyen ki sal! [...] Rete pwòp.” ​(Ezayi 52:11). Prensipal rezon ki fè Izrayelit yo t ap retounen nan peyi yo se te pou yo retabli adorasyon Jewova a. Adorasyon sa a te dwe pwòp, li pa t dwe kontamine ak okenn bagay ki soti nan relijyon moun Babilòn yo, tankou ansèyman, bagay moun sa yo t ap pratike ak koutim ki dezonore Bondye.

10 Jodi a, antanke vrè kretyen, nou menm tou nou dwe fè atansyon pou adorasyon n ap bay Bondye a pa vin kontamine. (Li 1 Korentyen 10:21.) Li enpòtan anpil pou nou fè atansyon, piske enfliyans fo relijyon an gaye toupatou. Nan anpil peyi, gen divès tradisyon, divès aktivite ak divès pratik ki gen rapò ak ansèyman ki soti nan fo relijyon, tankou kwayans ki fè konprann gen yon bagay ki anndan nou ki kontinye viv apre nou fin mouri (Eklezyas 9:5, 6, 10). Vrè kretyen yo evite tout koutim ki baze sou kwayans ki soti nan fo relijyon *. Nou pap kite presyon lòt moun fè sou nou lakòz nou pa respekte prensip Bib la bay pou adorasyon ki pwòp la. — Travay 5:29.

11. Ki sa sa mande pou nou pwòp nan konduit nou, e poukisa li enpòtan anpil pou nou rete pwòp nan domèn sa a?

11 Nan konduit nou. Pou yon moun kontinye gen yon konduit ki pwòp, sa mande pou l evite tout fòm imoralite seksyèl. (Li Efezyen 5:5.) Li enpòtan anpil pou nou toujou gen yon konduit ki pwòp. Jan nou pral wè sa nan chapit ki vin apre a, pou nou rete nan lanmou Bondye, nou dwe “kouri pou imoralite seksyèl”. Moun k ap pratike fònikasyon e ki pa repanti “pap benefisye Wayòm Bondye a”. (1 Korentyen 6:9, 10, 18.) Nan je Bondye, moun sa yo fè pati moun ki “repiyan nan fè salte”. Si yo pa fè efò pou yo vin gen yon konduit ki pwòp, ‘pòsyon pa yo se pral dezyèm lanmò a’. — Revelasyon 21:8.

12, 13. Ki rapò ki genyen ant panse nou ak aksyon nou, e ki sa nou ka fè pou nou rete pwòp nan lespri nou?

12 Nan lespri nou. Se panse nou ki pouse nou aji. Si nou kite move panse pran rasin nan lespri nou ak nan kè nou, yon lè kanmenm n ap fè aksyon ki pa pwòp (Matye 5:28; 15:18-20). Men, si nou ranpli lespri nou ak panse ki pwòp, sa ap ede nou pou nou toujou gen yon konduit ki pwòp. (Li Filipyen 4:8.) Ki sa nou ka fè pou nou rete pwòp nan lespri nou? Toudabò, nou dwe evite tout divètisman ki ka kòwonp lespri nou *. Anplis de sa, nou dwe ranpli lespri nou ak panse ki pwòp lè nou etidye Pawòl Bondye a regilyèman. — Sòm 19:8, 9.

13 Pou nou rete nan lanmou Bondye, li enpòtan anpil pou nou toujou rete pwòp nan fason n ap ba li adorasyon, nan konduit nou ak nan lespri nou. Yo egzamine aspè sa yo pi plis toujou nan lòt chapit nan liv sa a. Men kounye a, annou egzamine katriyèm aspè a: pwòpte fizik.

KI SA NOU KA FÈ POU NOU RETE PWÒP NAN DOMÈN FIZIK?

14. Ki sa k fè pwòpte nan domèn fizik se pa yon bagay pèsonèl?

14 Pou nou pwòp nan domèn fizik, sa mande pou kò nou ak anviwònman nou pwòp. Èske pwòpte nan domèn sa a se yon bagay pèsonèl lòt moun pa gen dwa mele ladan l? Yon moun k ap adore Jewova pap reflechi konsa. Jan nou te wè sa, Jewova vle pou nou pwòp nan domèn fizik, nonsèlman paske sa bon pou nou, men tou paske sa gen efè sou jan lòt moun konsidere Jewova. Reflechi sou egzanp ki nan kòmansman chapit sa a. Lè w wè yon timoun ki toujou sal, ki toujou mal abiye, èske sa pa fè w poze tèt ou kesyon konsènan paran timoun sa a? Nou pa ta renmen pou anyen nan aparans nou oswa nan fason nou viv fè moun pale Papa nou ki nan syèl la mal, ni fè yo pa bay mesaj n ap preche a valè. Pawòl Bondye a di: “Nan okenn fason, nou pap bay okenn okazyon pou moun bite, pou yo pa kritike sèvis nou an. Men nan tout domèn, nou rekòmande tèt nou kòm sèvitè Bondye.” (2 Korentyen 6:3, 4). Kidonk, ki sa nou ka fè pou nou rete pwòp nan domèn fizik?

15, 16. Ki sa yon bonjan abitid nan kesyon ijyèn gen ladan l, e ki jan rad nou ta dwe ye?

15 Ijyèn ak aparans nou. Byenke kilti yo ak kondisyon moun viv varye selon peyi a, an jeneral, li toujou posib pou nou jwenn ase dlo ak savon pou nou benyen regilyèman e pou nou asire nou nou menm ak pitit nou pwòp. Bonjan abitid nan kesyon ijyèn gen ladan l lave men nou ak dlo ak savon anvan nou manje, anvan nou manyen bagay moun pral manje, lè nou sot nan twalèt, lè nou fin benyen yon tibebe oswa lè nou fin chanje kouchèt sou li. Lè nou lave men nou ak savon ak dlo, sa ka pèmèt nou evite tonbe malad, e sa ka menm sove lavi nou. Sa ka pèmèt nou evite simaye mikwòb ak viris ki danjere, e konsa, n ap ede lòt moun evite pran maladi mikwòb sa yo lakòz, tankou dyare. Nan zòn kote kay yo pa gen twalèt ijyenik ak fòs septik, yo ka fouye twou pou yo antere poupou ak fatra, menm jan sa te konn fèt ann Izrayèl nan tan lontan. — Detewonòm 23:12, 13.

16 Li enpòtan tou pou nou lave rad nou regilyèman e pou yo prezantab. Rad yon kretyen pa oblije koute chè, ni li pa oblije dènye modèl, men li dwe kòrèk, li dwe pwòp e li dwe senp. (Li 1 Timote 2:9, 10.) Kèlkeswa kote nou ye, nou vle pou aparans nou “anbeli ansèyman Bondye, Sovè nou an”. — Tit 2:10.

17. Poukisa kay nou ak lòt bagay nou posede dwe pwòp e yo dwe prezantab?

17 Kay nou ak lòt bagay nou posede. Menmsi kay nou pa gwo e li pa gen yon pakèt bagay ladan l ki koute chè, li ta dwe toujou pwòp e li ta dwe toujou prezantab. Menm jan an tou, si nou itilize yon machin pou n al nan reyinyon ak nan predikasyon, nou dwe fè tout sa n kapab pou l toujou pwòp, ni anndan ni deyò. Nou pa dwe bliye sa, lè kay nou ak byen nou posede toujou pwòp, sa bay yon bon temwayaj sou Bondye. Dayè, n ap anseye moun yo Jewova se yon Bondye ki pwòp, li pral “detwi moun k ap detwi tè a”, e Wayòm li an pral fè tè a tounen yon paradi pou nou abite (Revelasyon 11:18; Lik 23:43). Se sèten, nou vle pou kay nou ak lòt bagay nou posede yo fè lòt moun rann yo kont depi kounye a nou renmen fè pwòpte, yon bagay nou pral kontinye fè nan monn nouvo a.

Pou nou pwòp nan domèn fizik, sa mande pou ni kò nou, ni anviwònman nou, ni bagay nou posede toujou pwòp.

18. Ki sa nou ka fè pou nou montre nou gen respè pou Sal Wayòm nan?

18 Kote nou adore Bondye a. Lanmou nou gen pou Jewova pouse nou montre respè pou Sal Wayòm nan ki se sant vrè adorasyon an nan zòn kote li ye a. Lè nouvo yo vini nan Sal la, nou vle yo gen yon bon enpresyon. Li enpòtan pou se regilyèman nou netwaye Sal la e nou fè reparasyon ki nesesè ladan l, yon fason pou l ka toujou atiran e pou l ka toujou bèl. N ap montre nou gen respè pou Sal Wayòm nan si nou fè tout sa nou kapab pou n toujou kenbe l nan bon kondisyon. Se yon privilèj nou genyen pou nou pote nou volontè pou nou netwaye kote nou adore Jewova a e pou nou “repare” l (2 Kwonik 34:10). Menm prensip la valab pou Sal asanble yo ak lòt lokal nou itilize pou nou fè kongrè.

SE POU NOU PIRIFYE TÈT NOU LÈ NOU REJTE TOUT VYE ABITID AK VYE PRATIK K AP SAL NOU

19. Pou nou rete pwòp nan domèn fizik, ki sa nou dwe evite, e ki jan prensip biblik yo ede nou nan sans sa a?

19 Pou nou rete pwòp nan domèn fizik, nou dwe evite move abitid oswa pratik, tankou fimen, bwè bwason ki gen alkòl san kontwòl, oswa pran dwòg, sa ki ka fè nou vin esklav oswa ki ka deranje sèvo nou. Bib la pa pale sou tout abitid oswa pratik, ki pa pwòp e ki bay degoutans ki genyen jodi a, men li gen prensip ladan l ki ka ede nou konprann fason Jewova wè bagay sa yo. Lefètke nou konnen pwennvi Jewova sou bagay sa yo, lanmou nou gen pou li pouse nou aji yon fason ki fè l plezi e k ap pèmèt nou gen favè l. Annou egzamine senk prensip ki nan Bib la.

20, 21. Ki kalite pratik Jewova vle nou evite, e ki gwo rezon nou genyen pou nou fè sa?

20 “Kidonk, byenneme, piske nou gen pwomès sa yo, annou pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal kò a ak lespri a, e n ap vin sen nèt nan lakrentif pou Bondye.” ​(2 Korentyen 7:1). Jewova vle pou nou rejte abitid oswa pratik ki sal kò nou e ki gen move enfliyans sou lespri nou, sètadi mantalite nou. Se sa k fè nou dwe evite tout abitid oswa pratik ki ka fè nou vin esklav yo, abitid ki pa bon ni pou kò nou ni pou lespri nou.

21 Bib la ban nou yon lòt gwo rezon ki fè nou dwe “pirifye tèt nou anba tout sa ki ka sal” nou. Nan kòmansman 2 Korentyen 7:1 an, Bib la di: “Piske nou gen pwomès sa yo.” De ki pwomès y ap pale la a? Men sa Jewova pwomèt nan vèsè ki vin anvan yo: “M ap akeyi nou. M ap vin yon papa pou nou.” ​(2 Korentyen 6:17, 18). Imajine sa: Jewova pwomèt pou l akeyi w, pou l pwoteje w e pou l renmen w, menm jan yon papa fè pou pitit li. Men, Jewova ap akonpli pwomès sa a li fè w la sèlman si w evite sa ki sal “kò a ak lespri a”. Kidonk, se t ap yon foli pou w ta kite yon abitid oswa yon pratik ki bay degoutans fè w pèdi bon relasyon w gen ak Jewova a ki gen anpil valè!

22-25. Ki prensip nou jwenn nan Bib la ki kapab ede nou evite abitid ak pratik ki pa pwòp yo?

22 “Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou.” ​(Matye 22:37). Jezi te di se kòmandman sa a ki pi gwo pami tout lòt yo (Matye 22:38). Jewova merite pou nou renmen l ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou. Pou nou fè sa, nou dwe evite tout bagay ki ka diminye nan kantite tan n ap viv oswa ki ka febli kapasite Bondye ban nou pou nou reflechi a.

23 “[Se Jewova] ki bay tout moun lavi ak souf ak tout bagay.” ​(Travay 17:24, 25). Lavi se yon kado Bondye ban nou. Nou renmen Sila a ki ban nou kado sa a. Se sa k fè nou montre respè pou kado sa a. Nou evite tout abitid ak tout pratik ki ka gen move konsekans sou sante nou, paske nou konnen si nou pa evite yo, n ap montre nou pa respekte lavi. — Sòm 36:9.

24 “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.” ​(Matye 22:39). Souvan, abitid ak pratik ki pa pwòp yo gen efè nonsèlman sou moun ki pratike yo a, men tou yo afekte moun ki nan antouraj moun sa yo. Pa egzanp, lè yon moun ap fimen, nonsèlman lafimen sigarèt la pa bon pou li, men li pa bon pou moun ki bò kote l yo tou. Yon moun ki fè moun ki nan antouraj li ditò se yon moun ki vyole kòmandman Bondye bay la, kòmandman ki di pou nou renmen pwochen nou. Anplis de sa, menmsi moun sa a pretann li renmen Bondye, aksyon l montre se pa vre. — 1 Jan 4:20, 21.

25 “Kontinye fè yo sonje pou yo soumèt devan gouvènman yo ak otorite yo, e pou yo obeyi yo.” ​(Tit 3:1). Nan anpil peyi, lalwa entèdi moun posede dwòg epi pran dwòg. Antanke vrè kretyen, nou pap ni posede dwòg, ni pran dwòg. — Women 13:1.

26. a) Ki sa nou dwe fè pou nou rete nan lanmou Bondye? b) Ki sa k fè, lè nou rete pwòp nan je Bondye, se pi bon fason pou nou viv?

26 Pou nou rete nan lanmou Bondye, nou dwe rete pwòp, pa sèlman nan kèk domèn, men nan tout domèn. Li ka pa fasil pou nou rejte vye abitid ak vye pratik ki ka sal nou e pou nou pa retonbe ladan yo ankò, men sa posib *. An reyalite, pa gen yon pi bon fason pou nou viv, paske Jewova toujou anseye nou pou byen nou. (Li Ezayi 48:17.) Sa ki pi enpòtan, sèke lè nou rete pwòp n ap kontan lefètke nou konnen nou pèmèt moun fè lwanj pou Bondye nou an nou renmen, e konsa n ap rete nan lanmou l.

^ § 2 Mo ki nan tèks orijinal la lè yo tradui l yo mete “pwòp” pou li a pa sèlman gen rapò ak pwòpte fizik, men li gen rapò tou ni ak yon konduit ki pwòp ni ak yon adorasyon ki pwòp.

^ § 26 Gade kare ki gen tit “ Èske mwen lite pou m fè sa ki dwat?” ak kare ki gen tit “ Pou Bondye, tout bagay posib”.

^ § 67 Yo chanje non moun nan.