Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 6

Fason pou nou chwazi bon divètisman

Fason pou nou chwazi bon divètisman

“Fè tout bagay pou glwa Bondye.” — 1 KORENTYEN 10:31.

1, 2. Ki chwa nou dwe fè anrapò ak divètisman?

IMAJINE ou pral kole dan nan yon fwi ki parèt byen gou, epi menm kote a ou wè gen yon pati ladan l ki pouri. Ki sa w t ap fè? Ebyen, se swa w t ap manje tout fwi a ak tout pati ki pa bon an, swa w t ap jete tout fwi a nèt, oubyen ou t ap koupe pati ki pa bon an epi ou manje sa ki bon an. Ki chwa w t ap fè?

2 Nan yon sans, divètisman tankou fwi sa a. Pafwa, ou gendwa anvi detann ou, men, ou rann ou kont pifò divètisman ki genyen jodi a se divètisman ki pa bon, pou nou pa di yo pouri. Kidonk, ki sa pou w fè? Gen moun ki tolere pati ki pa bon an, sa vle di yo aksepte tout kalite divètisman monn nan ofri. Gen lòt moun ki evite tout kalite divètisman pou yo ka sèten yo pa kite anyen gen move enfliyans sou yo. Gen lòt toujou ki pran prekosyon, yo evite divètisman ki pa bon, men, pafwa yo aksepte sa ki pa twò mal yo. Ki chwa w ta dwe fè pou w ka rete nan lanmou Bondye?

3. Ki sa nou pral egzamine kounye a?

3 Pifò nan nou t ap chwazi twazyèm posiblite a. Nou konsyan nou bezwen detant, men, nou vle pou detant nou chwazi yo se detant ki pwòp nan domèn moral. Se sa k fè nou dwe egzamine ki jan nou ka rive konnen si yon divètisman bon oswa si li pa bon. Sepandan, anvan nou fè sa, annou egzamine ki efè divètisman nou chwazi yo ka gen sou adorasyon n ap bay Jewova a.

“FÈ TOUT BAGAY POU GLWA BONDYE”

4. Ki jan ve nou te fè Jewova a ta dwe enfliyanse nou lè n ap chwazi divètisman?

4 Sa gen kèk tan, men sa yon Temwen Jewova ki aje, ki te batize an 1946, te di: “Mwen toujou fè efò pou m la nan chak diskou batèm, mwen koute avèk atansyon, kòmsi se te jou batèm pa m.” Poukisa? Men sa li esplike: “Lefètke mwen toujou kenbe ve mwen te fè Jewova a nan lespri m, sa ede m anpil pou m rete fidèl.” Sandout ou panse sa Temwen sa a fè a bon. Lè w sonje ou te pwomèt Jewova w ap itilize tout vi w pou w sèvi l, sa ap ede w andire. (Li Eklezyas 5:4.) Anfèt, lè w medite sou ve ou te fè Jewova a, nonsèlman sa ap enfliyanse w nan sèvis w ap ba li antanke kretyen an, men tou sa ap enfliyanse w nan lòt domèn nan lavi w, san wete divètisman. Nan yon lèt apot Pòl te ekri kretyen nan epòk li a, li te atire atansyon yo sou verite sa a, li te di yo: “Kit n ap manje, kit n ap bwè, kit n ap fè nenpòt lòt bagay, fè tout bagay pou glwa Bondye.” — 1 Korentyen 10:31.

5. Ki jan Levitik 22:18-20 ede nou wè gen yon avètisman endirèk nan Women 12:1?

5 Tout sa w ap fè nan lavi w gen rapò ak adorasyon w ap bay Jewova a. Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen Wòm yo, li te pale sou sa avèk yo yon fason ki te montre yo jan sa enpòtan. Men sa l te di yo: “Prezante kò nou kòm yon sakrifis ki vivan, ki sen, ki fè Bondye plezi. Konsa, n ap ba li yon sèvis sakre avèk kapasite nou genyen pou nou rezone.” ​(Women 12:1). Ekspresyon “kò nou” an gen rapò ak lespri nou, kè nou ak fòs fizik nou. Ou sèvi ak tout bagay sa yo nan adorasyon w ap bay Bondye a (Mak 12:30). Pòl pale de adorasyon sa a w ap bay Bondye ak tout ou menm nan kòm yon sakrifis ou bay ak tout nanm ou. Ekspresyon sa a gen yon avètisman endirèk ladan l. Sou Lalwa Moyiz la, Bondye pa t aksepte sakrifis ki pa t kòrèk (Levitik 22:18-20). Se menm jan an tou, si adorasyon n ap bay Bondye a pa kòrèk, Bondye pap aksepte l. Men, ki sa k ka fè adorasyon n ap bay Bondye a pa kòrèk?

6, 7. Ki jan yon kretyen ta ka kontamine kò l, e ki konsekans sa t ap genyen?

6 Men yon konsèy Pòl te bay kretyen Wòm yo: “Pa kontinye prezante kò nou [“manm nou”, nòt] bay peche.” Pòl te di yo tou ‘move bagay kò a ap pratike yo, se pou yo fè yo mouri’. (Women 6:12-14; 8:13.) Nan lèt sa a, anvan Pòl te di pawòl sa yo, li te pale de kèk “move bagay kò a ap pratike”. Konsènan lèzòm ki enpafè, li te fè konnen “bouch yo chaje madichon”, “yo prese pou y al fè san koule” e “yo pa gen lakrentif pou Bondye”. (Women 3:13-18.) Yon kretyen t ap kontamine kò l si l ta sèvi ak “manm” li, sa vle di pati nan kò l, pou l pratike peche sa yo. Pa egzanp, si yon kretyen ta chwazi gade yon seri imaj ki pa bon, tankou pònografi oswa gwo zak vyolans, li t ap “prezante [je l] bay peche”, e konsa li t ap kontamine tout kò l. Adorasyon l ap bay Bondye a pa t ap kòrèk, kidonk, Bondye pa t ap aksepte adorasyon sa a (Detewonòm 15:21; 1 Pyè 1:14-16; 2 Pyè 3:11). Ala chè nou t ap peye sa chè si nou ta chwazi divètisman ki pa kòrèk!

7 Li klè, divètisman yon kretyen chwazi gen gwo konsekans sou li. Kidonk, se sèten nou vle chwazi divètisman ki pap kontamine adorasyon n ap bay Bondye a. Kounye a, annou wè ki jan nou ka konnen ki divètisman ki kòrèk e ki divètisman ki pa kòrèk.

“GEN DEGOUTANS POU SA KI MAL”

8, 9. a) Site de kategori divètisman ki genyen. b) Ki kalite divètisman nou rejte, e poukisa?

8 An jeneral, nou ka di gen de kategori divètisman: gen divètisman kretyen yo evite nèt, e gen divètisman kèk kretyen panse ki bon, alòske gen lòt kretyen ki pa panse yo bon. Toudabò, annou egzamine premye kategori a: divètisman kretyen yo evite nèt.

9 Jan nou te wè sa nan chapit 1 an, gen kèk divètisman ki gen yon seri bagay ladan yo Bib la kondane aklè. Pa egzanp, gen sit Entènèt, fim, pwogram nan televizyon, kote yo montre moun y ap fè vyolans sou yo pou yo fè yo soufri, ki gen sèn kote moun ap pran kontak ak demon, oubyen kote y ap montre aklè moun k ap fè sèks oswa yon seri lòt bagay ki pa bon. Gen mizik tou ki ankouraje moun fè vyolans, ki ankouraje moun pran kontak ak demon, oubyen ki ankouraje moun fè sèks oswa yon seri lòt bagay ki pa bon. Piske move divètisman sa yo gen yon seri bagay ladan yo ki vyole prensip biblik yo, oswa ki pase lwa Jewova yo anba pye, e yo prezante bagay sa yo kòm bagay ki akseptab, kretyen yo ta dwe evite yo (Travay 15:28, 29; 1 Korentyen 6:9, 10; Revelasyon 21:8). Lè w rejte jan de divètisman sa yo ki pa kòrèk, ou montre Jewova ou “gen degoutans pou sa ki mal” e w “vire do bay sa ki mal”. Konsa, w ap montre ou gen “yon lafwa ki san ipokrizi”. — Women 12:9; Sòm 34:14; 1 Timote 1:5.

10. Konsènan divètisman, ki rezònman ki danjere, e poukisa?

10 Sepandan, gen kèk moun ki ka panse yo ka gade sèn ki prezante bagay imoral san sa pa reprezante yon danje pou yo. Men ki rezònman yo fè: ‘Mwen ka gade l nan fim oswa nan televizyon, men mwen pap janm fè yon bagay konsa.’ Lè yon moun rezone konsa, se twonpe l ap twonpe tèt li, e sa se yon danje pou li. (Li Jeremi 17:9.) Si nou pran plezi ap gade bagay Jewova kondane, èske nou vrèman “gen degoutans pou sa ki mal”? Si nou gen abitid chwazi divètisman ki pa bon, sa ap fè nou pèdi bonsans nou (Sòm 119:70; 1 Timote 4:1, 2). Abitid sa a ka enfliyanse nou pou n fè sa k pa bon e sa ka enfliyanse fason nou konsidere move konduit lòt moun genyen.

11. Sa k fè pawòl ki nan Galat 6:7 la se yon verite nan kesyon divètisman?

11 Malerezman, sa rive jodi a. Gen kèk kretyen ki chwazi move divètisman, e sa konn fè yo tonbe nan imoralite. Kretyen sa yo se move eksperyans yo fè ki fè yo vin konprann, “kèlkeswa sa yon moun simen, se sa l ap rekòlte tou”. (Galat 6:7.) Men ou menm, ou ka evite fè move eksperyans sa yo. Si w veye pou w toujou simen sa ki pwòp nan lespri w, w ap rekòlte bon rezilta. — Gade kare ki gen tit: “ Ki divètisman mwen dwe chwazi?

DESIZYON PÈSONÈL KI BAZE SOU PRENSIP BIBLIK YO

12. Ki jan nou ka aplike Galat 6:5 nan kesyon divètisman, e ki sa ki ka gide nou lè n ap pran desizyon pèsonèl?

12 Kounye a, annou egzamine dezyèm kategori divètisman yo: divètisman ki prezante yon seri aktivite Pawòl Bondye a pa ni kondane aklè ni li pa di yo bon. Se chak kretyen ki pou pran desizyon l lè l ap chwazi pami kalite divètisman sa yo. (Li Galat 6:5.) Sepandan, lè nou gen pou nou chwazi, nou pa san direksyon. Bib la gen prensip ladan l, sètadi yon seri verite fondamantal, ki ka ede nou rive konprann fason Jewova panse. Si nou suiv prensip sa yo, n ap kapab konnen “sa volonte Jewova ye” nan tout domèn, san wete divètisman. — Efezyen 5:17.

13. Ki sa k ap ede nou pou nou evite divètisman ki pa fè Jewova plezi?

13 Natirèlman, se pa tout kretyen ki devlope kapasite yo genyen pou yo konprann sa ki byen ak sa ki mal la nan menm degre (Filipyen 1:9). Anplis de sa, nan domèn divètisman, kretyen yo konsyan tout moun pa gen menm gou. Se sa k fè nou pa ka atann pou tout kretyen pran menm desizyon nan domèn sa a. Malgre sa, plis nou kite prensip Bondye yo enfliyanse panse nou ak kè nou, se plis n ap anvi evite nenpòt divètisman ki pa fè Jewova plezi. — Sòm 119:11, 129; 1 Pyè 2:16.

14. a) Ki sa nou ta dwe pran an konsiderasyon lè n ap chwazi divètisman? b) Ki sa nou ka fè pou nou toujou bay Wayòm nan premye plas nan lavi nou?

14 Lè w ap chwazi divètisman, gen yon lòt bagay enpòtan ou dwe pran an konsiderasyon: se tan w. Kalite divètisman ou chwazi a montre ki sa w konsidere kòm bagay ki akseptab, men, kantite tan w pase ladan l montre ki sa w bay plis enpòtans. Natirèlman, pou yon kretyen, sa ki pi enpòtan se adorasyon l ap bay Bondye a. (Li Matye 6:33.) Kidonk, ki sa w ka fè pou w asire w se Wayòm nan ki toujou gen premye plas nan lavi w? Men sa apot Pòl di: “Byen veye sou fason n ap mache a, pou nou pa mache tankou moun ki pa saj, men pou nou mache tankou moun ki saj. Se pou nou byen sèvi ak tan nou.” ​(Efezyen 5:15, 16). Vrèmanvre, lè w fikse limit nan kantite tan w ap pase nan detant, sa ap ede w jwenn ase tan pou “bagay ki pi enpòtan yo”, sètadi aktivite k ap ede w sèvi Bondye pi byen. — Filipyen 1:10.

15. Poukisa lè n ap chwazi divètisman li bon pou nou pran bonjan prekosyon?

15 Lè n ap chwazi divètisman, li saj tou pou nou pran bonjan prekosyon. Ki sa sa vle di? Ann pran egzanp fwi a ankò. Pou w evite manje bagay ki pouri san w pa rann ou kont, ou pap annik koupe mezi pati ki pa bon an, men tou w ap koupe tout arebò l. Se menm jan an tou, lè n ap chwazi divètisman, li saj pou nou pran anpil prekosyon. Nonsèlman yon kretyen ki saj ap evite divètisman ki vyole prensip biblik yo aklè, men tou l ap evite ni divètisman li gen dout sou yo, ni divètisman ki gen bagay ki pa bon pou relasyon l ak Bondye (Pwovèb 4:25-27). Se egzakteman sa Pawòl Bondye a ap ede w fè si w rete atache avè l.

“TOUT BAGAY KI PWÒP”

Si nou aplike prensip biblik yo lè n ap chwazi divètisman, sa ap pwoteje relasyon nou ak Bondye.

16. a) Ki sa k ap fè nou wè bagay yo menm jan ak Jewova nan domèn moral? b) Ki sa k ap fè nou vin gen abitid pou nou aplike prensip biblik yo?

16 Lè kretyen yo ap chwazi divètisman, premye bagay yo pran an konsiderasyon se sa Jewova panse de divètisman an. Bib la fè nou konnen prensip Jewova yo ak fason Jewova panse. Pa egzanp, wa Salomon te site plizyè bagay Jewova rayi, tankou “lang moun k ap bay manti, men moun k ap fè san inosan koule, kè moun k ap fè konplo pou fè sa ki mal, pye moun k ap prese al fè mechanste”. (Pwovèb 6:16-19.) Ki efè fason Jewova panse ta dwe genyen sou fason w panse? Men sa yon salmis te di: “Nou menm ki renmen Jewova, rayi sa ki mal.” ​(Sòm 97:10). Kalite divètisman w chwazi dwe montre ou vrèman rayi sa Jewova rayi (Galat 5:19-21). Yon lòt bagay ou bezwen toujou sonje, sèke se sa w fè lè w poukont ou ki plis montre ki kalite moun ou ye toutbonvre, se pa sa w fè devan moun (Sòm 11:4; 16:8). Kidonk, si nan tout sa w ap fè ou vle respekte ak tout kè w sa Bondye di konsènan sa ki byen ak sa ki mal, w ap toujou fè chwa ki ann amoni ak prensip biblik yo, e sa ap tounen yon abitid pou ou nan lavi w. — 2 Korentyen 3:18.

17. Anvan nou chwazi yon divètisman, ki kesyon nou dwe poze tèt nou?

17 Ki sa w ka fè ankò pou w asire w w ap toujou aji ann amoni ak sa Jewova di lè w ap chwazi divètisman? Men yon kesyon ou ka reflechi sou li: ‘Ki efè sa ap gen sou mwen e sou relasyon m ak Bondye?’ Pa egzanp, anvan w deside si w ap gade yon fim, ou ka mande tèt ou: ‘Ki efè fim sa a ap gen sou konsyans mwen?’ Kounye a, annou egzamine ki prensip nou ka aplike nan domèn sa a.

18, 19. a) Ki jan prensip ki nan Filipyen 4:8 la ka ede w konnen si divètisman w chwazi yo bon? b) Ki lòt prensip ki ka ede w chwazi bon divètisman? (Gade nòt anba paj la.)

18 Nan Filipyen 4:8, nou jwenn yon prensip ki enpòtan anpil. Men sa l di: “Kontinye reflechi sou tout bagay ki vrè, tout bagay ki merite konsiderasyon, tout bagay ki jis, tout bagay ki pwòp, tout bagay ki merite pou yo renmen yo, tout bagay ki gen bon repitasyon, tout bagay ki se bèl kalite e tout bagay ki merite louwanj.” Se vre, se pa konsènan divètisman Pòl t ap pale la a, men se konsènan bagay nou ta dwe ap medite sou yo nan kè nou, bagay k ap fè Bondye plezi (Sòm 19:14). Sepandan, nou ka aplike prensip ki nan pawòl sa yo nan domèn divètisman tou. Ki jan?

19 Mande tèt ou: ‘Èske divètisman mwen chwazi yo, tankou fim, jwèt videyo, mizik ak lòt kalite divètisman ankò, ap ranpli lespri m ak “bagay ki pwòp”?’ Pa egzanp, lè w fin gade yon fim, ki imaj ki ret nan lespri w? Si se imaj ki fè kè w kontan, ki pwòp e ki ankouraje w, konnen ou te chwazi yon bon divètisman. Sepandan, si fim ou fin gade a fè w ap plede panse ak bagay ki pa pwòp, konnen ou te chwazi yon divètisman ki pa bon, e ki ka menm ba w pwoblèm (Matye 12:33; Mak 7:20-23). Poukisa nou di sa? Se paske lè w ap panse ak bagay ki pa pwòp, sa ka lakòz lespri w pa anpè, sa ka twouble konsyans ou ki fòme grasa Labib, e sa ka menm detwi relasyon w ak Bondye (Efezyen 5:5; 1 Timote 1:5, 19). Piske kalite divètisman sa yo ka gen move efè sou ou pèsonèlman, se pou w pran detèminasyon pou w evite yo * (Women 12:2). Se pou w fè menm jan ak yon salmis ki te priye Jewova e ki te di l: “Pa kite je m ret ap gade sa k pa vo anyen.” — Sòm 119:37.

CHÈCHE AVANTAJ LÒT MOUN

20, 21. Ki jan nou ka aplike 1 Korentyen 10:23, 24 lè n ap chwazi divètisman?

20 Apot Pòl pale de yon prensip biblik ki enpòtan anpil nou bezwen sonje lè n ap pran desizyon pèsonèl. Li di: “Nou gen dwa fè tout bagay, men se pa tout bagay ki fòtifye moun. Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men avantaj pa lòt moun.” ​(1 Korentyen 10:23, 24). Ki jan nou ka aplike prensip sa a lè n ap chwazi divètisman? Men yon kesyon nou bezwen poze tèt nou: ‘Ki efè divètisman mwen chwazi a ap gen sou lòt moun?’

21 Konsyans ou ka pèmèt ou chwazi yon divètisman, yon divètisman ou panse ou “gen dwa” chwazi, oswa ou twouve ki akseptab. Sepandan, si w remake gen yon kwayan parèy ou konsyans li pa pèmèt li chwazi divètisman sa a, oswa ki twouve divètisman w chwazi a ba l pwoblèm, ou ka deside fè yon lòt chwa. Poukisa? Paske, jan Pòl te di sa, ou pa vle ‘peche kont frè’ w, ni ou pa vle ‘peche kont Kris’, lè w ta fè l difisil pou yon kwayan parèy ou rete fidèl ak Bondye. Anplis de sa, ou pa bliye konsèy ki di ‘veye pou nou pa lakòz [okenn moun] peche’ a (1 Korentyen 8:12; 10:32). Jodi a, vrè kretyen yo koute konsèy Pòl te bay la, konsèy li te bay avèk byenveyans e ki montre jan li te wè lwen, lè yo evite divètisman yo “gen dwa” pou yo chwazi, men ki pa “fòtifye moun”. — Women 14:1; 15:1.

22. Poukisa kretyen yo pa dwe ensiste pou lòt kretyen parèy yo wè bagay yo menm jan ak yo nan kesyon kote chak moun ka fè chwa pa yo?

22 Sepandan, gen yon lòt aspè nan kesyon chèche avantaj lòt moun nan. Yon kretyen ki gen yon konsyans ki pa pèmèt li chwazi yon divètisman kèlkonk pa ta dwe ensiste pou tout lòt kretyen nan kongregasyon an wè bagay yo menm jan avè l. Si l ta fè sa, li t ap sanble ak yon chofè ki sou yon wout e k ap ensiste pou tout lòt chofè ki sou wout la kondui ak menm vitès avè l. Yon atitid konsa pa t ap rezonab. Si yon kretyen gen yon konsyans ki pa pèmèt li aksepte yon seri divètisman, lanmou li gen pou kwayan parèy li yo ap fè l respekte chwa yo fè nan domèn sa a, depi chwa yo fè yo rete nan limit prensip ki nan Bib la. Konsa, ‘tout moun ap konnen l kòm moun ki rezonab’. — Filipyen 4:5; Eklezyas 7:16.

23. Ki jan w ka asire w ou chwazi bon divètisman?

23 An rezime, ki jan w ka asire w ou chwazi bon divètisman? Se lè w rejte tout kalite divètisman ki gen bagay ki sal e ki imoral ladan yo, bagay Pawòl Bondye a kondane aklè. Se pou w suiv prensip ki nan Bib la ou ka aplike pou divètisman Bib la pa di anyen sou yo. Evite tout divètisman ki ka twouble konsyans ou, epi se pou w dispoze vire do bay divètisman lòt moun gen pwoblèm ak yo, sitou kwayan parèy ou yo. Si w aji konsa, desizyon w pran yo ap bay Bondye glwa e y ap pèmèt ni ou menm ni fanmi w rete nan lanmou Bondye.

^ § 19 W ap jwenn kèk lòt prensip ou ka aplike nan domèn divètisman nan Pwovèb 3:31; 13:20; Efezyen 5:3, 4; ak Kolosyen 3:5, 8, 20.