Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

APENDIS

Fason pou nou konpòte nou ak yon moun ki eskominye

Fason pou nou konpòte nou ak yon moun ki eskominye

Youn nan bagay ki ka fè nou mal anpil se lè nou gen yon fanmi nou oubyen yon bon zanmi nou ki eskominye nan kongregasyon an paske li fè yon peche grav e li pa repanti. Fason nou reyaji devan direksyon Bib la bay nan domèn sa a kapab montre jis nan ki pwen nou renmen Bondye. Sa ka montre tou jis nan ki pwen nou fidèl ak dispozisyon Bondye pran *. Ann egzamine kèk kesyon moun konn poze sou sijè sa a.

Ki jan nou dwe konpòte nou ak yon moun ki eskominye? Bib la di pou nou “sispann frekante nenpòt moun ki di li se yon frè, men k ap fè imoralite seksyèl, oubyen ki ava, oubyen k ap adore zidòl, oubyen k ap joure moun, oubyen ki bwasonyè, oubyen ki dechèpiyè, e pou nou pa menm manje ak yon moun konsa”. (1 Korentyen 5:11.) Konsènan nenpòt moun ki “pa rete nan ansèyman Kris la”, men sa nou li: “Pa resevwa l lakay nou, e pa salye l. Paske, yon moun ki salye l patisipe nan move aksyon l yo.” ​(2 Jan 9-11). Nou pa dwe pale ak moun ki eskominye yo sou anyen ki gen rapò ak vrè adorasyon an ni nou pa dwe zanmi yo. Gade sa Toudegad 15 desanm 1981 (fransè) di nan paj 23 a: “Yon senp ‘bonjou’ gendwa se premye pa ki mennen nan yon konvèsasyon oswa ki ka fè vin gen yon amitye. Èske nou ta renmen fè premye pa sa a avèk yon moun ki eskominye?”

Èske li vrèman nesesè pou nou evite tout kontak ak yon moun ki eskominye? Wi, e gen plizyè rezon pou sa. Premyèman, se yon kesyon ki gen rapò ak fidelite anvè Bondye ak respè pou Pawòl li. Nou pa obeyi Jewova sèlman lè li fasil pou nou fè sa, men nou fè sa tou menm lè sa difisil anpil. Lanmou nou gen pou Bondye pouse nou obeyi tout kòmandman l yo. Nou rekonèt li se yon Dye ki jis, ki gen lanmou, e lwa l yo se pou byen nou (Ezayi 48:17; 1 Jan 5:3). Dezyèmman, lè nou pran distans nou ak yon moun ki peche e ki pa repanti, sa pwoteje nou e sa pwoteje lòt moun nan kongregasyon an. Konsa, n ap kenbe bon relasyon nou gen ak Bondye, nou pap tonbe nan fè sa k pa sa e n ap pèmèt kongregasyon an toujou gen bon repitasyon (1 Korentyen 5:6, 7). Twazyèmman, lefètke nou respekte prensip biblik yo, sa ka menm nan avantaj moun ki eskominye a. Lè nou soutni desizyon komite disiplin nan pran an, nou ka touche kè moun ki fè sa k mal la, alòske li pa t byen reyaji devan efò ansyen yo fè pou yo ede l. Lefètke li pèdi bèl amitye li te gen ak moun li renmen, sa ka ede l retounen nan “bonsans li”, sa ka fè l wè gravite fot li fè a, e konsa li ka pran dispozisyon pou l retounen vin jwenn Jewova. — Lik 15:17.

Bon, e si se yon fanmi nou ki eskominye? Nan ka sa a, relasyon sere ki ini nou nan fanmi an ka fè li difisil pou n kenbe fidelite nou. Kòman nou dwe konpòte nou ak yon moun nan fanmi nou ki eskominye? Nan liv sa a, nou pap ka pale sou tout sitiyasyon ki ka prezante, men nou pral atire atansyon nou sou de sitiyasyon.

Nan kèk ka, petèt moun ki eskominye a toujou rete nan menm kay avèk nou antanke manm fanmi an. Etandone eskominikasyon l lan pa met fen nan relasyon familyal yo, nou gendwa kontinye gen kontak avè l nan aktivite fanmi an genyen chak jou. Sepandan, moun ki peche a montre nan konpòtman l li chwazi pa adore Bondye ansanm ak fanmi an ankò. Kidonk, moun nan fanmi an ki fidèl yo pa dwe kite moun sa a patisipe nan aktivite fanmi an genyen ki gen rapò ak adorasyon y ap bay Bondye a. Pa egzanp, lè moun nan fanmi an reyini ansanm pou yo fè adorasyon an fanmi, si moun ki eskominye a la, li pap ka patisipe nan adorasyon an. Sepandan, si moun ki eskominye a se yon minè, paran yo toujou gen responsablite pou yo ba l fòmasyon e pou yo disipline l. Pou rezon sa a, paran ki gen lanmou yo ap pran dispozisyon pou yo fè yon etid biblik ak timoun ki minè a *. — Pwovèb 6:20-22; 29:17.

Nan kèk lòt ka, moun nan fanmi an ki eskominye a te gendwa pap viv nan kay la. Byenke pafwa li ka nesesè pou nou gen kontak ak moun sa a si gen kesyon familyal pou nou regle, nou dwe limite kontak sa yo otank posib. Kretyen ki fidèl yo pap chèche eskiz pou yo frekante yon fanmi yo ki eskominye e ki pa rete nan menm kay ak yo. Okontrè, fidelite yo anvè Jewova e anvè òganizasyon l lan ap fè yo soutni dispozisyon pou eskominye moun nan ki baze sou sa Bib la di. Lè yo montre yo fidèl konsa, se pou byen moun ki te peche a, e sa ka fè disiplin moun nan resevwa a bay bon rezilta *. — Ebre 12:11.

^ § 1 Prensip Bib la bay anrapò ak moun ki eskominye yo valab tou pou moun ki fè konnen yo pa Temwen Jewova ankò.

^ § 2 Pou nou jwenn plis enfòmasyon nan ka kote se yon timoun ki minè ki eskominye, gade Toudegad 1ye oktòb 2001, paj 16-17 (fransè) ak Toudegad 15 novanm 1988, paj 20 (fransè).

^ § 1 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou nou konpòte nou ak fanmi nou ki eskominye, gade konsèy biblik ki nan Toudegad 15 avril 1988, paj 26-31 (fransè) ak Toudegad 15 desanm 1981, paj 25-30 (fransè).