Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 1

“Men sa lanmou pou Bondye vle di”

“Men sa lanmou pou Bondye vle di”

“Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo. Epoutan, kòmandman l yo pa lou.” — 1 JAN 5:3.

1, 2. Ki sa k fè w renmen Jewova Dye?

ÈSKE W renmen Bondye? Si w deja vwe lavi w bay Jewova, se sèten repons w ap bay la se yon wi k ap soti nan fon kè w, e se nòmal pou se konsa w reponn. Li toutafè natirèl pou nou renmen Jewova. Anfèt, se paske Bondye renmen nou ki fè nou renmen l. Men sa Labib di ki montre sa: “Nou demontre lanmou, paske li [Jewova] te demontre lanmou pou nou an premye.” — 1 Jan 4:19.

2 Se Jewova ki te pran inisyativ pou l demontre lanmou pou nou. Li ban nou yon bèl tè pou nou abite. Li pran swen nou nan domèn materyèl (Matye 5:43-48). Sa ki pi enpòtan, li pran swen nou nan domèn espirityèl. Li ban nou Pawòl li a, Labib. Mete sou sa, li envite nou pou nou priye l e li ban nou garanti l ap koute nou e l ap ban nou lespri sen l pou ede nou (Sòm 65:2; Lik 11:13). Anplis de tout bagay sa yo, li te voye Pitit li a, Pitit li pi atache avè l la, vin bay lavi l kòm ranson pou nou ka delivre anba peche ak lanmò. Ala yon kokenn lanmou Jewova gen pou nou! — Li Jan 3:16; Women 5:8.

3. a) Ki sa nou dwe fè pou nou toujou benefisye lanmou Bondye? b) Ki kesyon enpòtan nou dwe poze tèt nou, e ki kote n ap jwenn repons kesyon sa a?

3 Jewova vle nou benefisye lanmou l pou toutan. Sepandan, se nou menm ki pou chwazi si n ap benefisye lanmou Jewova pou toutan oswa si nou pap benefisye l. Men yon ankourajman Pawòl Bondye a ban nou: “Rete nan lanmou Bondye, [...] avèk je nou fikse sou lavi ki pap janm fini an.” ​(Jid 21). Mo “rete” a fè nou konprann, pou nou toujou benefisye lanmou Bondye, nou dwe aji. Nou bezwen byen reyaji devan lanmou li montre pou nou lè nou fè yon seri bagay byen presi. Yon kesyon enpòtan nou bezwen poze tèt nou se: ‘Ki jan m ka demontre lanmou mwen gen pou Bondye?’ Nou jwenn repons kesyon sa a nan pawòl Bondye te enspire apot Jan pou l ekri yo. Men sa Jan te ekri: “Men sa lanmou pou Bondye vle di: se pou nou obeyi kòmandman l yo. Epoutan, kòmandman l yo pa lou.” ​(1 Jan 5:3). Li bon pou nou chèche byen konprann ki sa pawòl sa yo vle di, piske nou vle montre Bondye nou an jan nou renmen l.

“MEN SA LANMOU POU BONDYE VLE DI”

4, 5. Esplike ki jan lanmou te kòmanse grandi nan kè w pou Jewova.

4 “Lanmou pou Bondye”: Ki sa apot Jan te gen nan lespri l lè l te ekri pawòl sa yo? Li t ap pale de gwo lanmou nou genyen pou Bondye. Èske w sonje ki lè lanmou te kòmanse grandi nan kè w pou Jewova?

Ve ak batèm se kòmansman yon vi kote lanmou nou gen pou Jewova pouse nou obeyi l.

5 Eseye sonje lè w te fèk aprann laverite sou Jewova ak sou objektif li yo e lè w te fèk kòmanse gen lafwa. Ou te vin konprann, malgre w te fèt nan peche e ou te lwen Jewova, li te sèvi ak Jezi Kris pou l ba w posiblite pou w vin pafè, menm jan Adan te pafè anvan li te peche a, e pou w jwenn lavi ki pap janm fini an (Matye 20:28; Women 5:12, 18). Ou te kòmanse konprann ki gwosè sakrifis Jewova te fè lè l te voye Pitit li a, Pitit li pi atache avè l la, vin mouri pou ou. Sa te touche kè w e w te kòmanse santi w renmen Bondye sa a ki demontre yon lanmou konsa pou ou. — Li 1 Jan 4:9, 10.

6. Ki jan yon moun ka demontre li gen vrè lanmou an, e ki sa lanmou w gen pou Bondye te pouse w fè?

6 Sepandan, santiman sa a se te sèlman kòmansman yon lanmou sensè ou t apral vin gen pou Jewova. Lanmou pa yon senp santiman, ni se pa yon bagay nou ka annik di nan bouch. Pou nou demontre yon vrè lanmou pou Bondye, sa mande plis pase annik di: “Mwen renmen Jewova.” Menm jan ak lafwa, sa ki demontre nou gen vrè lanmou an se aksyon nou fè (Jak 2:26). An reyalite, yon moun demontre li renmen yon moun lè li fè aksyon ki fè moun li renmen an plezi. Se sa k fè lè lanmou pou Jewova te kòmanse pran rasin nan kè w, ou te santi w pouse pou w viv yon fason ki fè Papa w ki nan syèl la plezi. Èske w se yon Temwen Jewova batize? Si se sa, konnen se lanmou pwofon sa a ou te vin genyen pou Jewova a ak fidelite w anvè l ki te pouse w pran desizyon sa a, desizyon ki pi enpòtan ou te ka pran nan lavi w. Ou te vwe lavi w bay Jewova pou w fè volonte l e ou te batize pou w montre ou te fè ve sa a. (Li Women 14:7, 8.) Pou w viv ann amoni ak pwomès sa a ou te fè Jewova a, sa mande pou w fè sa apot Jan mansyone annapre a.

“SE POU NOU OBEYI KÒMANDMAN L YO”

7. Site kèk nan kòmandman Bondye yo, e di ki sa nou dwe fè pou nou obeyi yo.

7 Apot Jan te esplike ki sa lanmou pou Bondye vle di. Li te di: “Se pou nou obeyi kòmandman l yo.” Ki sa kòmandman Bondye yo ye? Jewova ban nou plizyè kòmandman byen presi nan Pawòl li a, Labib. Pa egzanp, li kondane kèk pratik tankou bwè pou sou, imoralite seksyèl, idolatri, vòl ak bay manti (1 Korentyen 5:11; 6:18; 10:14; Efezyen 4:28; Kolosyen 3:9). Pou nou obeyi kòmandman Bondye yo, sa mande pou nou viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la, yon seri prensip ki byen klè ki fè nou konnen sa ki byen ak sa ki mal.

8, 9. Ki jan n ap fè konnen sa k ap fè Jewova plezi menm nan sitiyasyon kote Bib la pa bay yon lwa byen presi? Bay yon egzanp.

8 Sepandan, pou nou fè Jewova plezi, nou bezwen fè plis pase annik obeyi kòmandman presi li ban nou yo. Jewova pa ban nou yon pakèt lwa pou kontwole tout ti detay nan lavi nou. Se sa k fè, nan lavi n ap mennen chak jou, nou ka rankontre yon seri sitiyasyon kote pa gen kòmandman nan Bib la ki pale egzakteman de sitiyasyon sa yo pou di nou ki sa pou n fè. Nan ka sa yo, ki jan n ap fè konnen ki sa k ap fè Jewova plezi? Bib la fè nou konnen aklè fason Bondye panse. Ofiramezi n ap etidye Bib la, n ap aprann ki sa Jewova renmen ak ki sa li rayi. (Li Sòm 97:10; Pwovèb 6:16-19.) Konsa, n ap rive konnen ki jan pou nou panse ak ki jan pou nou aji pou nou fè l plezi. Plis n ap aprann sou pèsonalite Jewova e sou fason li aji, se plis n ap anmezi pou nou kite panse l yo enfliyanse desizyon nou ak aksyon nou. Kidonk, menm nan sitiyasyon kote Bib la pa bay yon lwa byen presi, nou ka toujou rive konnen “sa volonte Jewova ye”. — Efezyen 5:17.

9 Pa egzanp, Bib la pa gen okenn kòmandman ki di aklè pou nou pa gade fim oubyen pwogram yo pase nan televizyon ki gen vyolans oswa imoralite seksyèl ladan yo. Men, èske nou vrèman bezwen yon lwa presi ki pou di nou pa gade bagay sa yo? Nou konnen pwennvi Jewova sou bagay sa yo. Pawòl li a di nou aklè: “[Jewova] rayi nenpòt moun ki renmen vyolans.” ​(Sòm 11:5). Pawòl Jewova a di tou: “Bondye pral jije [...] moun k ap fè imoralite seksyèl.” ​(Ebre 13:4). Si nou reflechi sou pawòl sa yo, pawòl Bondye enspire, n ap ka wè ki sa volonte Bondye ye. Piske Bondye rayi bagay sa yo, nou chwazi pa gade fim ak pwogram kote yo montre vyolans ak imoralite seksyèl byen klè ladan yo. Nou konnen nou fè Jewova plezi lè nou evite bagay sal monn nan ap eseye fè pase pou divètisman ki nòmal *.

10, 11. Poukisa nou chwazi obeyi Jewova nan lavi nou, e ki kalite obeyisans nou ba li?

10 Ki prensipal rezon ki fè nou obeyi kòmandman Bondye yo? Poukisa li bon pou chak jou nou viv ann amoni ak sa nou konnen ki se panse Bondye? Nou pa chwazi viv konsa tou senpleman paske nou pa vle jwenn pinisyon, oswa paske nou vle evite konsekans grav moun ki pa suiv lwa Bondye yo rekòlte (Galat 6:7). Olye de sa, nou konsidere obeyisans nou anvè Jewova kòm yon bèl okazyon nou genyen pou nou demontre nou renmen l. Menm jan ak yon timoun ki vle pou l gen favè papa l, se konsa tou nou ta renmen pou nou gen favè Jewova (Sòm 5:12). Li se Papa nou e nou renmen l. Pa gen anyen ki ka ban nou plis jwa oswa ki ka ban nou plis satisfaksyon pase lè nou konnen n ap viv yon fason ki pèmèt ‘Jewova fè nou favè’. — Pwovèb 12:2.

11 Kidonk, se pa nan fòse n ap obeyi Jewova, nou pa chwazi ki lè pou nou obeyi l, ni nou pa bay kondisyon pou nou obeyi l *. Nou pa chwazi kòmandman n ap obeyi, kòmkwa pou nou ta obeyi sèlman lè nou panse sa ap bon pou nou, oswa lè nou panse sa pap ban nou twò gwo pwoblèm oswa sa pap ban nou okenn pwoblèm. Okontrè, nou ‘obeyi ak tout kè nou’. (Women 6:17.) Nou santi nou menm jan ak salmis lan ki te ekri: “Mwen renmen kòmandman w yo, wi, mwen renmen yo.” ​(Sòm 119:47). Wi, nou renmen obeyi Jewova. Nou rekonèt li vrèman merite pou nou obeyi l nan tout domèn e san kondisyon, e li atann pou nou fè sa (Detewonòm 12:32). Sa Bib la di konsènan Noye a, nou ta renmen pou Jewova di sa pou nou tou. Men sa Bib la di konsènan patriyach sa a ki te obeyi Bondye pandan plizyè dizèn ane paske li te renmen Bondye: “Noye te fè tout sa Bondye te ba l lòd fè. Se egzakteman sa l te fè.” — Jenèz 6:22.

12. Ki lè obeyisans nou fè kè Jewova kontan?

12 Ki jan Jewova santi l lè nou obeyi l ak tout kè nou? Pawòl li a di nou lè nou fè sa, nou ‘fè kè l kontan’. (Pwovèb 27:11.) Èske se toutbon kè Seyè ki Souvren linivè a kontan lè nou chwazi obeyi l? Wi, se toutbon, e Jewova gen bonjan rezon pou kè l kontan! Jewova te kreye nou avèk kapasite pou nou deside. Kidonk, nou gen libète pou nou chwazi. Nou ka chwazi obeyi Bondye, oswa nou ka chwazi dezobeyi l (Detewonòm 30:15, 16, 19, 20). Lè nou chwazi obeyi Jewova e lè se lanmou nou gen pou li nan fon kè nou ki pouse nou pran desizyon sa a, nou fè kè Papa nou ki nan syèl la kontan anpil (Pwovèb 11:20). Anplis de sa, lè nou aji konsa, se chwazi nou chwazi viv pi bon fason ki genyen pou moun viv la.

“KÒMANDMAN L YO PA LOU”

13, 14. Ki sa k fè nou ka di ‘kòmandman Bondye yo pa lou’, e ki egzanp nou ka pran pou nou montre sa?

13 Apot Jan di nou yon bagay konsènan egzijans Jewova yo, yon bagay ki vrèman ankouraje nou: “Kòmandman l yo pa lou.” Men ki jan yon lòt tradiksyon Labib tradui pati sa a nan vèsè a: “Kòmannman li yo pa yon chay.” ​(Bib Kreyòl La). Egzijans Jewova yo pa derezonab, ni yo pa yon pwa lou. Byenke lèzòm enpafè, li pa enposib pou yo obeyi lwa Jewova yo.

14 Nou ka pran yon egzanp pou nou montre sa. Imajine ou gen yon bon zanmi w k ap demenaje pou l al rete nan yon lòt kay e li mande w pou w ede l paske li gen anpil bwat pou l transpòte. Gen nan bwat sa yo ki lejè, e yon sèl moun ka pote yo byen fasil. Men gen lòt ki lou e se de moun ki ka leve yo. Imajine se zanmi w lan k ap chwazi ki bwat pou w pote. Èske se bwat li konnen ki twò lou pou w pote yo li t ap mande w leve? Non. Li pa t ap renmen pou yon bagay mal rive w nan eseye pote bwat sa yo poukont ou. Se menm jan an tou, Bondye nou an ki renmen nou e ki bon anvè nou pa mande nou pou nou obeyi yon seri kòmandman ki twò difisil pou nou (Detewonòm 30:11-14). Li pa t ap janm mande nou pote yon chay ki lou konsa. Jewova konnen limit nou, paske “li byen konnen ki jan nou fèt. Li sonje se pousyè nou ye.” — Sòm 103:14.

15. Ki sa k fè nou ka sèten kòmandman Jewova ban nou yo se pou byen nou?

15 Kòmandman Jewova yo pa lou ditou, e se pou byen nou Jewova ban nou yo. (Li Ezayi 48:17.) Se sa k fè Moyiz te di pèp Izrayèl tan lontan an: “Jewova te mande pou nou obeyi tout kòmandman sa yo e pou nou gen lakrentif pou Jewova, Bondye nou an, pou tout bagay ka toujou ale byen pou nou yon fason pou nou ka rete an vi jan nou ye jodi a.” ​(Detewonòm 6:24). Nou menm tou, nou sèten se nan enterè nou Jewova ye lè li ban nou lwa l yo, e se pou tout bagay ka toujou ale byen pou nou ki fè li ban nou yo. An reyalite, èske Jewova ta ka mande nou fè yon bagay ki pap bon pou nou? Jewova se yon Bondye ki gen yon sajès ki pa gen limit (Women 11:33). Se sa k fè se li menm ki konnen sa ki pi bon pou nou. Anplis de sa, Jewova se lanmou an pèsòn (1 Jan 4:8). Lanmou se prensipal kalite Jewova gen lakay li, se lanmou ki enfliyanse tout sa l di ak tout sa l fè. Se lanmou ki pouse l bay tout kòmandman li bay sèvitè l yo.

16. Ki sa k fè nou ka kontinye obeyi Bondye malgre enfliyans vye monn sa a gen sou nou e malgre enpèfeksyon nou gen nan nou?

16 Sepandan, sa pa vle di li toujou fasil pou nou obeyi Bondye nan lavi nou. Pou nou obeyi Bondye, nou dwe reziste kont enfliyans vye monn sa a ki “anba pouvwa Mechan an”. (1 Jan 5:19.) Mete sou sa, nou dwe lite ak enpèfeksyon nou gen nan nou ki fè nou gen tandans vyole lwa Bondye yo (Women 7:21-25). Men, lanmou nou gen pou Bondye ka ede nou reyisi. Jewova beni moun ki obeyi l paske yo vle demontre yo gen lanmou pou li. Li bay “moun ki obeyi l antanke chèf yo” lespri sen l (Travay 5:32). Lespri sen pwodui yon bèl fwi lakay nou, sa vle di yon seri kalite ki gen anpil valè e ki ka ede nou kontinye obeyi Bondye. — Galat 5:22, 23.

17, 18. a) Ki sa nou pral egzamine nan liv sa a, e pandan n ap fè sa, ki sa nou dwe sonje? b) Sou ki sa chapit ki vin apre a pral pale?

17 Nan liv sa a, nou pral egzamine prensip Jewova yo, lwa li bay konsènan sa ki byen ak sa ki mal ak lòt fason li fè nou konnen volonte l. Pandan n ap fè sa, gen plizyè bagay enpòtan n ap bezwen sonje. N ap bezwen sonje Jewova pa fòse nou obeyi lwa l yo ak prensip li yo. Li vle nou obeyi l paske kè nou pouse nou fè sa. Nou pa dwe janm bliye sa, Jewova mande nou pou nou viv yon fason k ap pèmèt nou jwenn benediksyon depi kounye a e k ap pèmèt nou jwenn lavi ki pap janm fini an alavni. Se pou nou konsidere obeyisans n ap bay Jewova ak tout kè nou an pou sa l ye a: yon fason nou montre Jewova jan nou renmen l.

18 Pou Jewova ka ede nou konnen sa ki byen ak sa ki mal, avèk amou, li ban nou yon konsyans. Sepandan, pou konsyans nou ka yon gid ki fyab, nou bezwen fòme l. Se sou sa chapit ki vin apre a pral pale.

^ § 9 Pou w egzamine ki jan w ka chwazi divètisman ki kòrèk, gade chapit 6 nan liv sa a.

^ § 11 Menm espri mechan yo konn obeyi nan fòse. Lè Jezi te bay demon yo lòd pou yo soti sou kèk moun ki te anba pouvwa yo, demon yo te oblije rekonèt otorite Jezi e yo te oblije obeyi, byenke yo pa t vle fè sa. — Mak 1:27; 5:7-13.