Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 5

Fason pou nou rete separe ak monn nan

Fason pou nou rete separe ak monn nan

“Nou pa fè pati monn nan.” — JAN 15:19.

1. Ki sa Jezi te montre ki enpòtan pou li nan dènye nuit li te pase sou tè a?

NAN dènye nuit Jezi te pase sou tè a, li te montre li gen sousi pou disip li yo. Li te menm priye sou sa. Men sa l te di Papa l: “Mwen pa mande w pou w retire yo nan monn nan, men mwen mande w pou w voye je sou yo akoz Mechan an. Yo pa fè pati monn nan, menm jan mwen menm, mwen pa fè pati monn nan.” ​(Jan 17:15, 16). Nan priyè sa a Jezi te fè ak tout kè l, nonsèlman li te montre li renmen disip li yo anpil, men tou li te montre enpòtans yon pawòl li te di kèk nan yo anvan sa, nan menm nuit lan: “Nou pa fè pati monn nan.” ​(Jan 15:19). Li klè, pou Jezi, li enpòtan anpil pou disip li yo pa fè pati monn nan!

2. De ki “monn” Jezi t ap pale?

2 “Monn” Jezi t ap pale de li a se tout moun ki lwen Bondye yo, moun Satan ap dirije yo, ki gen yon mantalite ki soti nan Satan, ki fè yo egoyis e ki fè yo gen ògèy (Jan 14:30; Efezyen 2:2; 1 Jan 5:19). Anfèt, “lè yon moun fè zanmi ak monn nan li vin ènmi ak Bondye”. (Jak 4:4.) Men, ki jan moun ki vle rete nan lanmou Bondye yo ka nan monn nan e anmenmtan pou yo rete separe avè l? Nou pral egzamine senk fason yo ka fè sa: lè yo rete fidèl ak Wayòm Bondye a Kris ap dirije a e yo pa mele nan zafè politik, lè yo reziste kont lespri monn nan, lè yo abiye yon fason ki senp e yo gen yon aparans ki kòrèk, lè yo mennen yon vi ki senp, e lè yo abiye ak tout ekipman konba Bondye bay la.

LÈ NOU RETE FIDÈL E NOU PA MELE NAN ZAFÈ POLITIK

3. a) Ki jan Jezi te konsidere politik nan epòk li a? b) Ki sa k fè nou ka di disip Jezi ki pral nan syèl yo ap jwe wòl anbasadè? (Gade nòt anba paj la.)

3 Olye pou Jezi te patisipe nan zafè politik nan epòk li a, li te pito konsantre l sou travay li te genyen pou l preche Wayòm Bondye a, yon gouvènman ki t ap nan syèl la, e se li ki t ap Wa ladan l (Dànyèl 7:13, 14; Lik 4:43; 17:20, 21). Se sa k fè, lè Jezi te devan Pons Pilat, gouvènè women an, li te kapab di: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a.” ​(Jan 18:36). Disip fidèl Jezi yo imite egzanp li, yo rete fidèl ak li e ak Wayòm li an e yo pale ak lòt moun de Wayòm sa a (Matye 24:14). Apot Pòl te ekri: “Nou se anbasadè k ap travay nan plas Kris. [...] Antanke reprezantan Kris, nou mande nou tanpri: ‘Vin rekonsilye ak Bondye *.’” — 2 Korentyen 5:20.

4. Ki jan tout vrè kretyen yo demontre yo fidèl ak Wayòm Bondye a? (Gade kare ki gen tit: “ Premye kretyen yo pa t mele nan zafè politik.”)

4 Piske anbasadè ki nan yon peyi se reprezantan yon lòt dirijan oswa reprezantan yon lòt peyi, yo pa mele nan zafè peyi kote yo ye a. Sepandan, anbasadè yo defann gouvènman peyi yo reprezante a. Se menm bagay la pou disip Kris ki pral nan syèl yo ki gen ‘sitwayènte pa yo nan syèl la’. (Filipyen 3:20.) Lefètke yo chofe nan preche Wayòm nan, sa fè yo ede plizyè milyon moun ki fè pati “lòt mouton” Kris yo “vin rekonsilye ak Bondye”. (Jan 10:16; Matye 25:31-40.) “Lòt mouton” sa yo ap sèvi antanke moun Kris voye, yo soutni frè Jezi yo ki gen pou y al nan syèl. Toule de gwoup moun sa yo fòme yon sèl twoupo ki ini e k ap defann Wayòm Mesi a, e yo pa mele nan zafè politik monn nan. — Li Ezayi 2:2-4.

5. Nan ki sans kongregasyon kretyen yo fòme jodi a diferan parapò ak Izrayèl tan lontan an, e nan ki domèn kretyen yo demontre diferans sa a?

5 Se pa sèlman paske vrè kretyen yo vle rete fidèl ak Kris ki fè yo pa mele nan politik. Kontrèman ak nasyon Izrayèl tan lontan an ki te gen yon peyi Bondye te ba li, nou menm nou fè pati yon fanmi entènasyonal ki sou tout tè a (Matye 28:19; 1 Pyè 2:9). Se sa k fè, si nou ta pran pozisyon pou pati politik ki nan peyi nou, nou t ap mal plase pou nou preche Wayòm Bondye a. Nou pa t ap ka di nou ini antanke kretyen (1 Korentyen 1:10). Anplis de sa, si nou ta aji konsa, nan peryòd lagè, nou t ap oblije goumen ak kwayan parèy nou yo, alòske nou resevwa lòd pou nou renmen yo (Jan 13:34, 35; 1 Jan 3:10-12). Kidonk, Jezi te gen rezon di disip li yo pou yo depoze epe yo. Li te menm di yo pou yo renmen ènmi yo. — Matye 5:44; 26:52; gade kare ki gen tit: “ Èske m rete san m pa mele nan zafè monn nan?

6. Lefètke w vwe lavi w bay Bondye, ki sa w bay Seza?

6 Antanke vrè kretyen, nou vwe lavi nou bay Bondye, nou pa vwe lavi nou bay yon moun sou tè a, ni bay yon òganizasyon lèzòm ap dirije, ni bay yon nasyon. Men sa 1 Korentyen 6:19, 20 di: “Nou pa mèt tèt nou, paske yo te peye yon pri pou yo achte nou.” Se sa k fè disip Jezi yo bay “Seza” sa k pou li, sa vle di yo ba l onè, taks e yo soumèt devan l lè sa pap fè yo dezobeyi Bondye. Konsa tou, yo “bay Bondye sa k pou Bondye”. (Mak 12:17; Women 13:1-7.) Se sa k fè yo adore l, yo renmen l ak tout nanm yo, yo obeyi l e yo fidèl ak li. Lè sa nesesè, yo prè pou yo bay lavi yo pou Bondye. — Lik 4:8; 10:27; li Travay 5:29; Women 14:8.

LÈ NOU REZISTE KONT “LESPRI MONN NAN”

7, 8. Ki sa “lespri monn” nan ye, e ki jan li “aji” nan moun ki dezobeyisan yo?

7 Yon lòt fason kretyen yo rete separe ak monn nan se lè yo reziste kont lespri monn nan. Men sa apot Pòl te ekri: “Se pa lespri monn nan nou te resevwa, men se lespri ki soti nan Bondye a.” ​(1 Korentyen 2:12). Men sa Pòl te ekri Efezyen yo tou: “Te gen yon epòk, se nan bagay sa yo nou t ap mache, selon [...] monn sa a, selon chèf k ap dirije mantalite monn nan ki tankou lè ki toutotou nou, chèf k ap dirije lespri k ap aji kounye a nan moun ki dezobeyisan yo.” — Efezyen 2:2, 3.

8 “Lè” ki nan monn nan, oswa lespri monn nan, se yon fòs envizib ki pouse moun dezobeyi Bondye e ki eksite ‘dezi lachè ak dezi je’. (1 Jan 2:16; 1 Timote 6:9, 10.) Lespri sa a enfliyanse moun paske li pouse yo aji selon lachè, li la anba anba, li pa lage yo yon may, e menm jan ak lè a, li toupatou. Anplis de sa, li “aji” nan moun ki dezobeyisan yo lè l fè yo devlope tikras pa tikras yon pèsonalite ki pa fè Bondye plezi. Pa egzanp, li fè yo egoyis, li fè yo ògeye, li fè yo ava, li fè yo gen anbisyon, li fè yo gen tandans fè sa yo vle e li fè yo gen tandans rebele kont otorite *. An gwo, nou kapab di, lespri monn nan lakòz moun vin gen menm pèsonalite ak Dyab la tikras pa tikras. — Jan 8:44; Travay 13:10; 1 Jan 3:8, 10.

9. Ki jan lespri monn nan ka antre nan panse nou ak nan kè nou?

9 Èske lespri monn nan ka pran rasin nan panse w ak nan kè w? Wi, men se sèlman si w ba l okazyon pou l fè sa, sa vle di si w pa veye kò w. (Li Pwovèb 4:23.) Souvan, li kapab kòmanse enfliyanse w san w pa menm wè sa, petèt akoz ou fè zanmi ak moun ou panse ki bon moun, men ki pa renmen Jewova vre (Pwovèb 13:20; 1 Korentyen 15:33). Lòt bagay ki ka fè lespri sa a enfliyanse w tou se liv ki pa pou kretyen, sit Entènèt aposta yo itilize oswa sit ki gen pònografi, divètisman ki pa bon pou ou ak spò ki mande pou moun k ap jwe yo agresif anpil. Anfèt, lespri sa a kapab vin gen enfliyans sou ou akoz nenpòt moun oswa nenpòt bagay ki kapab fè yon moun panse menm jan ak Satan oswa menm jan ak moun ki nan monn Satan an.

10. Ki jan nou ka reziste kont lespri monn nan?

10 Ki jan nou ka reziste kont lespri monn nan ki danjere, e ki jan nou ka rete nan lanmou Bondye? Se sèlman lè nou byen pwofite sa Jewova ban nou pou ede nou gen bon relasyon avè l e lè nou toujou priye pou nou jwenn lespri sen. Jewova pi pisan lontan pase Dyab la ak monn mechan an ki anba kontwòl li a (1 Jan 4:4). Kidonk, li enpòtan anpil pou nou rete pwòch ak Jewova grasa lapriyè!

LÈ NOU ABIYE YON FASON KI SENP E NOU GEN YON APARANS KI KÒRÈK

11. Ki jan lespri monn nan enfliyanse fason moun abiye?

11 Lòt bagay ki kapab montre si lespri monn nan enfliyanse yon moun se fason moun nan abiye, aparans li ak fason li pran swen kò l. Nan anpil peyi, moun yo tèlman abiye mal, gen yon kòmantatè nan televizyon ki te di talè konsa pwostitye yo pap jwenn rad pou yo met sou yo ankò. Menm tifi ki poko menm rive nan laj adolesans gen tandans abiye konsa tou. Men sa yon jounal te di: “De jou an jou, gen plis moun k ap mache ak po kò yo deyò, san yo pa santi yo jennen.” Yon lòt tandans moun yo genyen tou se tandans pou yo abiye yon fason ki montre yo gen yon mantalite ki rebèl, ki montre yo pa gen diyite e yo pa respekte tèt yo.

12, 13. Ki prensip ki ta dwe dirije nou nan fason nou abiye e anrapò ak aparans nou?

12 Antanke sèvitè Jewova, nou gen tout rezon pou nou byen abiye, sa vle di pou rad nou byen ranje, pou l pwòp, pou l pa chokan e pou l apwopriye pou kote nou prale a. Antanke moun “ki di yo gen atachman pou Bondye” e k ap fè “bon aksyon”, nan tout okazyon, nou dwe abiye “yon fason ki senp e avèk bonsans”, kit nou se fi, kit nou se gason. Natirèlman, sa k pi enpòtan pou nou se pa atire atansyon sou nou, men se “rete nan lanmou Bondye”. (1 Timote 2:9, 10; Jid 21.) Wi, nou vle pou abiman nou se “moun nou ye nan fon kè nou an [...], sa ki gen anpil valè nan je Bondye”. — 1 Pyè 3:3, 4.

13 Yon lòt bagay nou bezwen sonje tou, sèke fason nou abiye ak aparans nou ka enfliyanse fason lòt moun wè vrè adorasyon an. Lè yo te ekri pawòl ki nan 1 Timote 2:9, 10 la nan lang grèk la, mo grèk lè yo tradui l yo mete “yon fason ki senp” pou li nan vèsè 9 la te vle di nou dwe gen respè ak konsiderasyon pou lòt moun. Se sa k fè nou ta dwe dispoze pase sou dwa nou pou nou ka respekte konsyans lòt moun. Men, sa k ta dwe pi enpòtan pou nou se onore Jewova ak pèp li a epi rekòmande tèt nou kòm minis Bondye, lè nou fè “tout bagay pou glwa Bondye”. — 1 Korentyen 4:9; 10:31; 2 Korentyen 6:3, 4; 7:1.

Èske aparans mwen onore Jewova?

14. Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou anrapò ak aparans nou ak ijyèn kò nou?

14 Fason nou abiye, aparans nou ak fason nou pran swen kò nou pi enpòtan toujou lè n ap patisipe nan ministè a ak lè n ap asiste reyinyon yo. Li ta bon pou nou mande tèt nou: ‘Èske aparans mwen ak odè kò m bay move enpresyon sou mwen? Èske yo deranje lòt moun? Èske mwen bay dwa mwen genyen nan domèn sa yo plis enpòtans pase posiblite pou m ta vin kalifye pou m jwenn privilèj nan kongregasyon an?’ — Sòm 68:6; Filipyen 4:5; 1 Pyè 5:6.

15. Poukisa Pawòl Bondye a pa bay yon lis règ anrapò ak abiman, aparans ak ijyèn?

15 Bib la pa bay yon lis règ pou kretyen yo suiv anrapò ak abiman, aparans ak ijyèn. Jewova pa vle pran libète nou genyen pou nou chwazi a nan men nou, li pa vle anpeche nou itilize kapasite nou genyen pou nou reflechi a. Li vle pou nou vin moun ki gen matirite, moun ki ka rezone selon prensip biblik e ‘ki rive fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal paske nou antrene kapasite nou genyen pou nou konprann nan afòs nou sèvi avè l’. (Ebre 5:14.) Sa ki pi enpòtan, Jewova vle pou nou kite lanmou dirije nou, anpalan de lanmou pou Li ak lanmou pou pwochen nou. (Li Mak 12:30, 31.) Menm lè nou rete nan limit prensip biblik yo, nou gen divès chwa nou ka fè anrapò ak abiman nou ak aparans nou. Nou kapab wè sa lè nou nan mitan pèp Jewova a, kèlkeswa kote yo ye sou tè a, lè yo rasanble ak kè kontan e yo abiye ak yon seri bèl rad tout koulè.

LÈ NOU TOUJOU MENNEN YON VI KI SENP

16. Ki jan lespri monn nan depaman ak ansèyman Jezi yo, e ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou?

16 Lespri monn nan twonpe moun, li fè plizyè milyon moun panse yo ka viv ak kè kontan lè yo chèche gen lajan ak byen materyèl. Alòske Jezi te di: “Menm lè yon moun ap viv nan abondans, lavi l pa depann de bagay li posede.” (Lik 12:15). Byenke Jezi pa t ankouraje moun vire do bay tout plezi ki gen nan lavi a, li te fè konnen moun k ap jwenn lavi e k ap vrèman gen kè kontan se moun ki “pran konsyans yo bezwen Bondye” e ki mennen yon vi ki “senp”, kote moun nan plis konsantre sou relasyon l ak Bondye (Matye 5:3; 6:22, nòt). Poze tèt ou kesyon sa yo: ‘Èske mwen kwè toutbon nan sa Jezi te anseye yo, oubyen mwen kite “papa manti” a enfliyanse m (Jan 8:44)? Ki sa pawòl mwen, objektif mwen, priyorite m ak fason mwen viv demontre konsènan ki kalite moun mwen ye?’ — Lik 6:45; 21:34-36; 2 Jan 6.

17. Site kèk byenfè moun ki mennen yon vi senp ap jwenn.

17 Jezi te di: “Se bagay ki jis yon moun fè ki montre li gen sajès.” ​(Matye 11:19). Ann egzamine kèk byenfè moun ki mennen yon vi senp jwenn. Yo jwenn vrè rekonfò nan sèvis Wayòm nan (Matye 11:29, 30). Yo pa gen twòp enkyetid, e konsa yo evite yon seri tètchaje ak sitiyasyon ki mennen nan desepsyon. (Li 1 Timote 6:9, 10.) Yo kontante yo ak sa ki nesesè pou yo viv. Konsa, yo gen plis tan pou fanmi yo ak kretyen parèy yo. Kòm rezilta, sa ka fè yo dòmi pi byen (Eklezyas 5:12). Yo fè efò pou yo donan nan tout domèn, e sa ba yo anpil jwa (Travay 20:35). Anplis de sa, yo “gen esperans ann abondans”, lespri yo anpè, e kè yo kontan (Women 15:13; Matye 6:31, 32). Bagay sa yo vrèman pa gen pri!

LÈ NOU ABIYE AK “TOUT EKIPMAN KONBA” A

18. Ki jan Bib la dekri ènmi nou yo, metòd yo itilize yo ak “konba” nou ladan l lan?

18 Moun ki rete nan lanmou Bondye yo jwenn pwoteksyon nan domèn espirityèl kont Satan, li menm ki vle fè nou pèdi nonsèlman lajwa nou genyen an, men tou lavi ki pap janm fini Bondye pwomèt la (1 Pyè 5:8). Apot Pòl te di: “Nou nan yon konba, men se pa kont lèzòm, ki fèt ak chè ak san, se kont gouvènman yo, kont otorite yo, kont sila yo ki chèf monn nan, yo menm k ap dirije fènwa sa yo, e kont espri mechan yo ki nan syèl la.” ​(Efezyen 6:12). Mo “konba” a fè nou konprann batay n ap mennen an se pa yon batay a distans, kote nou kache nan yon fò senbolik, men se mare nou mare batay ak ènmi nou yo. Anplis de sa, ekspresyon tankou “gouvènman”, “otorite” ak “chèf monn nan” fè nou konprann atak espri mechan yo fè kont nou yo se atak yo byen òganize e yo byen planifye.

19. Dekri ekipman konba Bondye bay la.

19 Antanke imen, nou frajil e nou gen limit, men malgre sa, nou ka ranpòte laviktwa. Ki jan? Se lè nou abiye ak “tout ekipman konba Bondye bay la”. (Efezyen 6:13.) Men jan Efezyen 6:14-18 dekri ekipman sa a: “Kidonk, kenbe fèm, epi mare laverite nan ren nou tankou se yon sentiwon. Mete pwotèj pwatrin jistis la sou nou. Mete bagay nan pye nou pou nou pare pou nou anonse bon nouvèl lapè a. Anplis tout bagay sa yo, se pou nou pran gwo boukliye lafwa a. Se avè l n ap kapab etenn tout flèch Mechan an ap voye tou limen sou nou. Epitou, aksepte kas delivrans lan ak epe lespri a, sètadi pawòl Bondye a, toutpandan n ap kontinye priye nan tout okazyon ak tout kalite priyè ak siplikasyon, ann amoni ak lespri a.”

20. Ki diferans ki genyen ant sitiyasyon pa nou an ak sitiyasyon sòlda ki nan lame lèzòm yo?

20 Piske se Bondye ki ban nou ekipman konba sa a, ekipman sa a ap toujou pwoteje nou, akondisyon nou toujou abiye avè l. Sòlda ki nan lame lèzòm yo konn fè yon bon tan san yo pa al nan lagè, men, kretyen yo nan yon gè san pran souf ki pap sispann toutotan Bondye pa detwi monn Satan an e toutotan li pa jete tout espri mechan yo nan twou san fon an (Revelasyon 12:17; 20:1-3). Kidonk, pinga w bay legen si w ap lite ak kèk feblès oubyen ak kèk move dezi, paske se nou tout ki oblije ‘benyen kò nou ak kou’ pou nou ka rete fidèl ak Jewova (1 Korentyen 9:27). Anfèt, se lè nou sispann lite, nou ta dwe enkyete!

21. Ki sèl fason nou kapab ranpòte laviktwa nan gè nou ladan l lan?

21 Anplis de sa, nou pa ka ranpòte laviktwa nan batay sa a grasa pwòp fòs nou. Se sa k fè apot Pòl fè nou sonje li nesesè pou nou priye Jewova “nan tout okazyon [...], ann amoni ak lespri a”. Anmenmtan tou, nou dwe koute Jewova lè nou etidye Pawòl li a e lè nou pwofite tout okazyon nou jwenn pou nou reyini ansanm ak “sòlda” parèy nou yo, paske nou pap goumen poukont nou (Filemon 2; Ebre 10:24, 25)! Moun ki toujou fè tout bagay sa yo, nonsèlman y ap ranpòte laviktwa, men tou y ap anmezi pou yo defann lafwa yo avèk kouraj lè sa nesesè.

SE POU NOU PARE POU NOU DEFANN LAFWA NOU

22, 23. a) Poukisa nou dwe toujou pare pou nou defann lafwa nou, e ki kesyon nou dwe poze tèt nou? b) Ki sijè nou pral egzamine nan chapit ki vin apre a?

22 Jezi te di: “Kòm nou pa fè pati monn nan, [...] se pou rezon sa a monn nan rayi nou.” ​(Jan 15:19). Se sa k fè kretyen yo dwe toujou pare pou yo defann lafwa yo e pou yo fè sa avèk respè e avèk dousè. (Li 1 Pyè 3:15.) Mande tèt ou: ‘Èske mwen konprann poukisa pafwa Temwen Jewova yo gen yon pozisyon ki kontrè ak opinyon pifò moun genyen? Lè mwen oblije adopte yon pozisyon konsa, èske mwen gen konviksyon toutbonvre se sa Bib la di ak sa esklav fidèl la di sou kesyon an ki kòrèk (Matye 24:45; Jan 17:17)? Nan kesyon fè sa ki dwat nan je Jewova, èske m prepare m nonsèlman pou m montre mwen diferan, men tou pou m montre m fyè dèske mwen diferan?’ — Sòm 34:2; Matye 10:32, 33.

23 Sepandan, menm lè nou vle rete separe ak monn nan, souvan n ap jwenn kèk bagay k ap teste nou nan domèn sa a. Pa egzanp, jan nou te mansyone sa anvan, Dyab la sèvi ak divètisman ki gen nan monn nan pou l eseye rale sèvitè Jewova yo. Ki jan nou ka chwazi bon divètisman k ap ede nou santi batri nou rechaje e ki pap fè konsyans nou repwoche nou? Se sijè sa a chapit ki vin apre a pral egzamine.

^ § 3 Depi nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, Kris ap dirije kongregasyon kretyen ki pral nan syèl yo pandan yo sou tè a (Kolosyen 1:13). An 1914, Kris te resevwa otorite sou “wayòm monn nan”. Kidonk, jodi a tou, kretyen ki pral nan syèl yo ap jwe wòl anbasadè pou Wayòm Mesi a. — Revelasyon 11:15.

^ § 8 Gade nan liv Comment raisonner à partir des Écritures la, nan paj 140-143. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

^ § 65 Gade Apendis la, nan atik ki gen tit: “Salye drapo, vote, fè sèvis sivil.”