Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 1

Fè yon bon entwodiksyon

Fè yon bon entwodiksyon

Travay 17:22.

SA POU W FÈ: Entwodiksyon w lan dwe kapte atansyon moun k ap koute w yo, li dwe montre sou ki sa w ap pale e l dwe montre rezon ki fè moun yo dwe enterese nan li.

FASON POU W FÈ SA:

  • Kapte atansyon moun yo. Chwazi yon kesyon, yon deklarasyon, yon eksperyans ki te rive toutbon oswa yon nouvèl k ap kapte atansyon moun k ap koute w yo.

  • Montre sou ki sa w ap pale. Nan entwodiksyon w ap fè a, asire w moun k ap koute w yo rive wè aklè sou ki sijè w ap pale ak objektif prezantasyon w lan.

  • Montre moun yo rezon ki fè sijè a enpòtan. Adapte sa w ap di a selon bezwen moun k ap koute w yo. Yo dwe byen konprann ki jan sijè a ka ede yo pèsonèlman.