Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 10

Fè varyasyon nan son vwa w

Fè varyasyon nan son vwa w

Pwovèb 8:4, 7.

SA POU W FÈ: Fè ide yo parèt klè epi montre sa w santi lè w varye volim vwa w, ton vwa w ak vitès w ap pale a.

FASON POU W FÈ SA:

  • Varye volim vwa w. Ogmante volim vwa w pou w met aksan sou pwen prensipal yo e pou w ankouraje moun k ap koute w yo. Fè menm bagay la lè w ap li vèsè ki gen yon mesaj jijman. Diminye volim vwa w pou w fè moun yo anvi konnen sa w pral di oubyen lè w ap pale sou yon sitiyasyon ki bay laperèz oswa enkyetid.

  • Varye ton vwa w. Si lang ou pale a pèmèt sa, monte ton vwa w pou w mete vi nan sa w ap di a oswa lè w ap pale sou gwosè ak distans. Bese ton vwa w lè w ap pale sou yon sitiyasyon ki bay lapenn oswa enkyetid.

  • Varye vitès w ap pale. Pale pi vit pou w montre kontantman. Pale pi dousman lè w ap atire atansyon sou pwen enpòtan yo.