Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 11

Mete vi nan sa w ap di

Mete vi nan sa w ap di

Women 12:11.

SA POU W FÈ: Pale ak tout kè w pou w chofe moun yo e pou w motive yo.

FASON POU W FÈ SA:

  • Se pou ansèyman w ap bay la touche kè w. Pandan w ap prepare pou w fè yon prezantasyon, byen reflechi sou enpòtans mesaj ou pral bay la. Chèche byen konnen sijè w ap egzamine a yon fason pou w ka pale ak tout kè w.

  • Panse ak moun k ap koute w yo. Reflechi sou fason enfòmasyon w pral li oswa w pral anseye a ap fè lòt moun jwenn byenfè. Chèche wè ki jan pou w prezante enfòmasyon an yon fason k ap fè moun k ap koute w yo apresye l plis toujou.

  • Fè prezantasyon w lan yon fason ki vivan. Pale ak tout kè w. Fè jès ki natirèl epi demontre santiman ki sensè sou vizaj ou.