Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 14

Fè pwen prensipal yo parèt byen klè

Fè pwen prensipal yo parèt byen klè

Ebre 8:1.

SA POU W FÈ: Ede moun yo suiv diskou w ap fè a, epi montre aklè ki jan chak pwen prensipal gen rapò ak objektif ou fikse a ansanm ak tèm nan.

FASON POU W FÈ SA:

  • Fikse yon objektif. Chèche konnen si objektif diskou a se pou enfòme, konvenk oswa motive moun yo, epi devlope l selon objektif la. Asire w tout pwen prensipal yo ede w atenn objektif ou fikse a.

  • Met aksan sou tèm diskou w la. Fè referans ak tèm nan pandan tout diskou a lè w repete mo kle ki nan tèm nan oswa lè w sèvi ak kèk sinonim.

  • Prezante pwen prensipal yo yon fason ki klè e ki senp. Chwazi sèlman pwen prensipal ki gen rapò ak tèm nan e w ap ka byen anseye nan kantite tan w genyen an. Pa pran twòp pwen prensipal, fè chak pwen prensipal parèt aklè, fè yon ti poz ant pwen yo epi lè w ap sot nan youn pou w al nan yon lòt fè sa byen swa.