Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 16

Se pou w ankourajan e se pou w pozitif

Se pou w ankourajan e se pou w pozitif

Jòb 16:5.

SA POU W FÈ: Ret konsantre sou bagay k ap amelyore yon sitiyasyon e k ap fè moun yo vin gen konfyans.

FASON POU W FÈ SA:

  • Chèche gen yon pwennvi pozitif sou moun k ap koute w yo. Se pou w gen konviksyon kwayan parèy ou yo vle fè Jewova plezi. Menmsi w dwe ba yo konsèy, anvan w fè sa, felisite yo ak tout kè w depi sa posib.

  • Pa pale twòp sou bagay negatif. Pale konsènan bagay negatif nan yon sijè sèlman si y ap itil. An jeneral, ou ta dwe gen yon ton pozitif pandan tout prezantasyon w lan.

  • Byen sèvi ak Pawòl Bondye a. Atire atansyon moun yo sou sa Jewova fè, sa l ap fè ak sa l pral fè pou lèzòm. Ankouraje moun k ap koute w yo epi fòtifye yo.