Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 19

Fè efò pou w touche kè moun yo

Fè efò pou w touche kè moun yo

Pwovèb 3:1.

SA POU W FÈ: Ede moun k ap koute w yo konprann enpòtans sa y ap aprann nan genyen e pou yo aji ann amoni avè l.

FASON POU W FÈ SA:

  • Ede moun k ap koute w yo egzamine tèt yo. Poze kèk kesyon pou w ede moun k ap koute w yo egzamine santiman yo.

  • Ankouraje yo gen bon mobil. Ankouraje moun k ap koute w yo pou yo analize rezon ki pouse yo fè bon aksyon. Ede yo vin gen mobil ki pi bon yo, sètadi lanmou pou Jewova, pou pwochen yo ak pou ansèyman biblik yo. Rezone ak yo, pa kritike yo. Olye w fè yo wont, yo dwe santi yo ankouraje apre prezantasyon w lan e yo motive pou yo fè tout sa yo kapab.

  • Atire atansyon yo sou Jewova. Montre fason ansèyman ak prensip ki nan Bib la ansanm ak kòmandman yo reflete kalite Bondye genyen yo ak lanmou l gen pou nou. Ankouraje yo pou yo pran santiman Jewova an konsiderasyon e pou yo fè l plezi.